Konferans Jeneral
Se pa jan Mond lan bay li a
Konferans Jeneral Avril 2021


Se pa jan Mond lan bay li a

Enstriman nou bezwen pou nou ka kreye yon pi bèl demen epi fè grandi yon ekonomi bonte sensè a, nou jwenn yo an abondans nan levanjil Jezikri a.

Anvan premye Pak sa a, lè Jezi t ap tèmine nouvo òdonans sentsèn Li te administre bay Douz yo, Li te kòmanse gwo diskou adye L la epi Li te dirije L vè Jetsemane, trayizon an ak krisifiksyon an. Men, Jezi ki te santi enkyetid e petèt bonjan laperèz kèk nan mesye sa yo dwe te santi, te di yo bagay sa a (e pou noumenm tou):

“Pa kite bagay sa yo toumante nou. …: Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. …

“M pap kite nou san rekonfò: M ap vin jwenn nou. …

“M ap ba nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”1

Moman difisil vini nan mond mòtèl sa a, enkli pou moun ki fidèl tou, men mesaj rasiran Kris la sèke Limenm, anyo paskal la ta prale tankou “yon timouton y ap mennen nan labatwa,”2 Li t apral leve apresa pou L vin tounen, jan Salmis la te di a, “refij nou ak tout fòs nou, ki pare pou ba [nou] sekou [lè nou] anba tray.”3

Pandan n ap reyalize ki kalite lè difisil ki t ap tann Kris la pandan L ta pral afwonte kwa a ak disip Li yo pandan yo t ap pote levanjil Li a bay mond lan nan midi tan yo, annou ale avèk mwen kounyea nan yon mesaj menmjan an pou manm Legliz Sovè a nan dènye jou yo. Mesaj sa a chita nan kantite vèsè enpresyonan nan Liv Mòmon an ki konsakre a yon kalite konfli oswa yon lòt, soti nan konpòtman konstamman annuiyan Laman ak Lemyèl pou rive nan batay final yo ki enkli dè santèn de milye sòlda. Youn nan rezon pi evidan ki fè yo mete aksan sou lagè konsa se paske etandone Liv Mòmon an te ekri pou gwoup moun nan dènye jou yo, otè sa yo (ki te wè si anpil lagè yomenm) pwofetikman avèti nou ke vyloans ak konfli ap yon karakteristik prensipal nan relasyon nan dènye jou yo.

Byensi ke teyori m nan sou kontansyon nan dènye jou yo pa trè orijinal. Sa gen prèske 2000 an, Sovè a te avèti ke nan dènye jou yo t ap gen “lagè ak bri lagè,”4 apre Li te di ke “pa [t ap] gen lapè sou tè a, epi dyab la [t ap] gen pouvwa sou pwòp teritwa li.”5 Sovè a, Prens Lapè a ki te anseye ak ensistans ke kontansyon soti nan dyab la,6 dwe siman ap kriye ansanm avèk Papa Diven L la pou moun nan fanmi imèn nan nan epòk pa nou yo ki “pa gen afeksyon,” yo , jan ekriti a di a, epi ki pa konn kijan pou yo viv ansanm nan lanmou.7

Frè m ak sè m yo, nou vrèman wè anpil konfli, kontansyon, ak mank politès jeneral bò kote nou. Erezman, jenerasyon aktyèl la pa t gen yon Twazyèm Gè Mondyal pou yo te batay, ni nou pa t fè eksperyans yon krach ekonomik mondyal menmjan ak sa nan ane 1929 la ki te lakoz Gran Depresyon an. Men, n ap fè fas ak yon kalite Gè Mondyal ki se pa yon konba pou kraze enmi nou men yon mobilizasyon ki aple pitit Bondye yo pou yo vin pi konpatisan youn ak lòt epi pou yo ede geri blesi nou jwenn nan yon mond ki si an konfli konsa. Gran Depresyon n ap afwonte kounyea gen mwens pou l wè avèk pèt aparan ekonomi nou epi l gen plis pou l wè avèk pèt andedan nou, avèk defisi reyèl nan lafwa, lesperans, ak charite ki nan tout bò kote nou. Men, enstriman nou bezwen pou nou ka kreye yon pi bèl demen epi fè grandi yon ekonomi bonte sensè nan sosyete a, nou jwenn yo an abondans nan levanjil Jezikri a. Nou pa kapab pèmèt—epi mond sa a pa kapab pèmèt—nou echwe nan mete konsèp levanjil ak alyans fòtifyan sa yo an aplikasyon total yo pèsonèlman ak piblikman.

Konsa, nan yon mond ki “sekwe pa tanpèt, e san konsolasyon,” jan Jewova te di l t ap ye a, kijan nou ka jwenn sa L rele “alyans … lapè a”? N ap jwenn ni nan vire al jwenn Limenm sa a ki te di L t ap gen mizèrikòd pou nou “avèk yon jantiyès etènèl” epi lapè pitit nou yo ap gran.8 Malgre lòt pwofesi efreyan ak ekriti twoublan ki deklare ke lapè ap anlve sou tout latè a, pwofèt yo,enkli pwòp pwofèt byenneme nou an Russell M. Nelson, anseye ke sa pa vle di ke y ap anlve l nan men nou endividyèlman!9 Konsa, pou Pak sa a, annou eseye pratike lapè nan yon fason pèsonèl, pandan n ap aplike lagras ak remèd gerizon Sakrifis Ekspyatwa Senyè Jezikri a sou noumenm ak fanmi nou ak tout moun bò kote nou ke nou ka atenn. Erezman, e sa ki menm etonan, pomàd gerizon sa a disponib pou nou “san lajan epi san pri.”10

Nou bezwen kalite èd ak esperans sa a paske nan asanble mondyal sa a jodia, gen anpil moun k ap lite anba yon kalite pwoblèm oswa yon lòt—fizik oswa emosyonèl, mantal oswa finansye, oswa yon douzèn lòt kalite pwoblèm. Men pou anpil nan pwoblèm sa yo, nou pa fò ase pou nou ka adrese yo ni fè fas avèk yo poukont nou, paske èd ak lapè nou bezwen an se pa kalite sa “mond lan bay la.”11 Non, pou pwoblèm vrèman difisil yo, nou bezwen sa ekriti yo rele “pouvwa syèl yo,” epi, pou nou gen aksè nan pouvwa sa yo nou bezwen viv pa sa menm ekriti sa yo rele “prensip lajistis” la.12 Kounyea, konprann koneksyon ki egziste ant prensip ak pouvwa a se yon leson fanmi imèn nan sanble l pa janm kapab aprann, selon sa Bondye syèl la ak tè a di!13

E ki prensip sa yo ye? Ebyen, yo repete yo plizyè fwa nan ekriti yo, yo anseye yo konstamman nan konferans tankou sa a, epi nan dispansasyon pa nou an, yo te anseye Pwofèt Joseph Smith yo kòm repons pou pwòp vèsyon pa li sou kri “Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?” a14 Nan kacho frèt e maltrete prizon Libète a, yo te anseye li ke prensip lajistis yo enkli vèti tankou pasyans, andirans, dousè, ak lanmou sensè.15 San prensip sa yo, sete sèten ke nou t ap fini pa gen diskòd ak ostilite.

Sou menm sijè sa a, kite m pale onètman de absans kèk nan prensip lajistis sa yo nan epòk pa nou an. An règ jeneral, mwen se yon moun ki optimis ak jovyal, epi gen anpil bagay ki bon ak bèl nan mond nou an. Sètènman nou gen plis benediksyon materyèl pase tout lòt jenerasyon nan listwa, men nan kilti 21 nyèm syèk la an jeneral e twò souvan nan Legliz la, nou kontinye ap viv lavi ki boulvèse, avèk konpwomi ki soti nan twòp alyans ki kraze ak twòp kè ki brize. Ann konsidere langaj gwosye ki mete transgresyon seksyèl yo an paralèl yo, toulède prezan ni nan sinema ni nan televizyon, oubyen annou note pèsekisyon (harcèlement) seksyèl ak tout lòt fòm bagay ki pa apwopriye nou si tande k ap pase nan lye travay yo. Nan zafè pite alyans la, yo twò souvan fè bagay ki sakre yo vin komen epi yo fè bagay ki sen yo vin parèt pwofàn. A nenpòt nan nou ki ta tante pou l ta mache oubyen ki ap mache oubyen ki ap konpòte l nan fason sa yo— “jan mond la bay la,” pou m repete apre yo—pa atann ke sa ap mennen nou nan eksperyans ki pezib; Mwen pwomèt nou nan non Senyè a, ke sa p ap kapab. “Inikite pa t janm te bonè,”16 jan yon ansyen pwofèt te di yon fwa. Lè dans lan fini, fòk nou peye mizisyen an, e pi souvan lajan pou nou peye a se kriye ak remò.17

Ou petèt nou konn wè lòt fòm abi oswa endiyite. Nou dwe veye doubleman pou ke, antanke disip Senyè a, Jezikri, nou pa patisipe nan kalite konpòtman konsa. Pou okenn rezon, nou pa dwe koupab de dominasyon enjis ni de okenn fòm abi oswa kontrent imoral—fizik, mantal, emosyonèl, relijye, oswa nenpòt lòt kalite. Mwen sonje emosyon Prezidan Gordon B. Hinckley, sa gen kèk ane, lè l te pale avèk mesye yo nan Legliz la konsènan moun li te rele “tiran nan pwòp fwaye yo”:18

Li te di, “Ala yon trajedi ak yon abominasyon degoutan se vyolans kont yon madanm.” “Nenpòt gason nan Legliz sa a ki maltrete madanm ni, ki minimize li, ki ensilte li, ki egzèse dominyon enjis sou li, li pa diy pou l detni prètriz la. … [Li] pa diy pou l genyen yon rekòmandasyon tanp.”19 Sa ki pi meprizab ankò, li te di, sete tout lòt fòm abi kont timoun—oswa tout lòt kalite move tretman.20

Twò souvan tou gen menm gason ak fi nòmalman fidèl, e menm timoun, ki ka koupab de pale lèd, menm nan yon fason destriktè, avèk moun ki sele avèk yo pa yon òdonans sakre nan tanp Senyè a. Tout moun gen dwa pou yo santi moun renmen yo, pou yo santi lapè, epi pou yo an sekirite nan fwaye yo. Tanpri, se pou nou eseye kenbe atmosfè sa a nan fwaye nou. Pwomès yo fè nou si nou se yon patizan lapè sèke n ap gen Sentespri a kòm konpanyon nou toutan epi benediksyon ap devèse sou nou “epi san presyon l ap koule” pou toujou ajamè.21 Okenn moun pa ka ap itilize yon lang file oswa pawòl ki pa janti epi atann ke li ka “chante kantik lanmou redanmtè” a.22

M ap fini kote m te kòmanse a. Demen se Pak, yon moman kote prensip jis levanjil Jezikri yo ak Sakrifis Ekspyatwa a dwe “pase sou nou”—pase sou konfli ak kontansyon, pase sou dezespwa ak transgresyon, epi alafen sou lanmò. Se yon moman pou nou pwomèt fidelite total, nan pawòl ak nan aksyon, pou Anyo Bondye a, k ap “pote” chagren nou yo, e ki te pote soufrans nou yo”23 nan detèminasyon Li pou L fini travay sali a an favè nou an.

Malgre trayizon ak doulè, malgre move tretman ak mechanste, epi pandan L t ap pote peche ak doulè akimile tout fanmi imèn an, Pitit vivan Bondye vivan an te kapab gade chemen long mòtalite a, wè nou epi di: “M ap ban nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan mond lan. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”24 Mwen swete nou yon Pak ki beni, jwaye ak plen lapè. Posiblite inonbrab li ouvri pou nou yo peye deja pa Prens Lapè a, ke m renmen ak tout kè mwen e mwen rann temwayaj konsènan Li, nan non Li, Senyè a, Jezikri, amèn.