Ekriti yo
2 Nefi 9


Chapit 9

Jakòb eksplike ke Juif yo pral rasanble nan tout tè pwomiz yo—Ekspyasyon an rachte lèzòm anba Chit Adan an—Kò mò yo pral sòti nan tonb yo epi lespri yo pral sòti nan lanfè ak paradi—Yo pral jije—Ekspyasyon an sove moun anba lanmò, lanfè, dyab la ak touman san fen an—Jis yo pral sove nan wayòm Bondye a—Chatiman pou peche tabli—Sen Izrayèl la se gadyen pòt la. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 E, frè byenneme m yo, m te li bagay sa yo pou Nou kapab konnen konsènan aalyans Senyè a te fè avèk tout kay Izrayèl la—

2 Alyans li te pale Juif yo pa mwayen bouch pwofèt sen li yo, menm depi nan kòmansman, pran depi nan yon jenerasyon jis nan yon lòt jenerasyon, jistan lè a rive pou yo aretabli vrè legliz la, ak twoupo Bondye a; lè yo brasanble lakay yo sou c eritaj yo a, e lè yo etabli nan tout tè pwomiz yo a.

3 Gade, frè byenneme m yo, m pale nou pawòl sa yo pou nou kapab rejwi, e pou nou aleve tèt nou pou tout tan, poutèt benediksyon Senyè Bondye a pral vide sou tèt pitit nou yo.

4 Paske m konnen anpil moun nan pami nou te chèche konnen bagay ki dwe rive yo; se poutèt sa m konnen nou konnen kò nou dwe vyeyi pou l mouri, men, malgre sa, n ap wè Bondye avèk a fizik nou.

5 Wi, m konnen nou konnen, avèk kò fizik li a, li pral fè moun ki nan Jerizalèm yo, kote nou te sòti a wè l; paske li nesesè pou sa fèt nan pami yo; paske li te nesesè pou gran aKreyatè a kite kò fizik li soumèt devan lèzòm, pou l mouri pou btout moun, pou tout moun kapab vin soumèt yo devan l.

6 Paske, kòm lanmò te pase sou tout moun, pou akonpli aplan mizèrikòd gran Kreyatè a, dwe gen yon pouvwa brezirèksyon, e rezirèksyon an dwe vini pou lèzòm, poutèt cchit Adan an; e chit Adan an te fèt poutèt transgresyon; e poutèt lèzòm te vin dtonbe, Senyè a te rejte yo nan prezans li.

7 Se poutèt sa, dwe gen yon aekspyasyon benfini—si pa t gen yon ekspyasyon enfini koripsyon sa a pa t ap kapab vin enkoriptib. Se poutèt sa, cpremye jijman ki te tonbe sou lèzòm nan t ap ddire pou tout tan. Epi konsa, kò sa a t ap tonbe pou l pouri, pou l tounen pousyè tankou manman l, ki se tè a, pou l pa janm leve ankò.

8 O asajès Bondye, bmizèrikòd li ak clagras li! Paske si d a pa t ap janm leve, lespri nou t ap soumèt li anba zanj sa a ki te etonbe sòti nan prezans Bondye Etènèl la e ki te vin tounen fdyab la, pou l pa janm leve ankò.

9 Epi lespri nou t ap vin tankou l, e nou t ap vin tounen dyab, azanj yon dyab, pou yo bfèmen nou deyò nan prezans Bondye nou an, e pou nou rete avèk papa cmanti yo nan mizè tankou limenm; wi, anba èt sa ki te dtwonpe premye paran nou yo, ki te etransfòme kò l prèske tankou yon fzanj limyè, e k ap eksite pitit lèzòm nan gkonbinezon sekrè asasina ak tout kalite zèv sekrè fènwa.

10 O, bonte Bondye nou an gran anpil, li prepare yon fason pou nou chape anba priz mons terib sa a; wi, mons sa a, alanmò ak blanfè m rele lanmò kò a ak lanmò lespri a.

11 Epi poutèt chemen adelivrans Bondye nou an, Sen Izrayèl la, blanmò m te pale a, ki se lanmò tanporèl la, pral delivre mò li yo; lanmò sa ki se tonb la.

12 Epi alanmò sa m te pale a, ki se lanmò espirityèl la pral delivre mò l yo; lanmò espirityèl sa a se blanfè; se poutèt sa, lanmò ak lanfè dwe delivre mò yo, e lanfè dwe delivre lespri prizonye li yo, e tonb la dwe delivre kò prizonye li yo, e kò lèzòm ak clespri yo pral vin drestore youn nan lòt; e se avèk pouvwa rezirèksyon Sen Izrayèl la.

13 O, aplan Bondye nou an gran anpil! Paske, nan yon lòt sans, bparadi Bondye a dwe delivre lespri moun ki jis yo, epi tonb la dwe delivre kò moun ki jis yo; e lespri a ak kò a crestore ansanm ankò, e tout moun pral vin enkoriptib, dimòtèl, e yo se nanm vivan, yo gen yon ekonesans fpafè tankou nou menm ki nan kò fizik la, eksepte, konesans nou pral vin pafè.

14 Se poutèt sa, nou pral gen yon akonesans pafè konsènan tout bfòt nou, ak salte nou ak ctoutouni nou; e moun ki jis yo pral gen yon konesans pafè konsènan bonè yo, e djistis yo, paske yo pral ekouvri avèk fsentete, wi, reyèlman avèk gwòb lajistis la.

15 E, se pral konsa, lè tout moun fin sòti anba premye lanmò a pou yo gen lavi, jistan yo vin imòtèl, yo dwe prezante yo devan afotèy jijman Sen Izrayèl la; lè sa a, bjijman an pral vini, lè sa a, yo dwe jije daprè jijman sen Bondye a.

16 Epi asireman, menm jan Senyè a vivan, paske Senyè Bondye a te pale sa, e se apawòl letènèl li, ki pa kapab bfini, li te di, moun ki jis yo ap toujou rete jis, e moun ki csal yo ap toujou rete sal; konsa, moun ki dsal yo se edyab la ak zanj li yo; e yo prale nan fdife san fen an, ki te prepare pou yo; e touman yo tankou yon glak dife ak souf, flanm dife sa monte pou tout tan e li pa gen finisman.

17 O, grandè ak ajistis Bondye nou an! Paske li egzekite tout pawòl li yo, yo te sòti nan bouch li e lalwa li dwe akonpli.

18 Men, gade, moun ki jis yo, asen yo ki pou Sen Izrayèl la, moun yo ki te kwè nan Sen Izrayèl la, moun yo ki te pote bkwa mond lan, e ki te meprize wont mond lan, cy ap eritye dwayòm Bondye a, ki te prepare pou yo edepi nan fondasyon mond la, e lajwa yo ap total fpou tout tan.

19 O, grandè mizèrikòd Bondye nou an, Sen Izrayèl la! Paske li adelivre sen li yo anba bmons terib sa a, dyab la, ak lanmò, ak clanfè, ak lak dife ak souf sa a, ki se touman san fen an.

20 O, asentete Bondye nou an gran anpil! Paske li bkonnen tout bagay e pa gen anyen li pa konnen.

21 Epi li vini nan mond lan pou l kapab asove tout moun ki koute vwa l; paske gade, li soufri doulè tout moun, wi bdoulè tout kreyati vivan, ni gason, ni fi, ak timoun ki fè pati nan fanmi cAdan an.

22 Epi li soufri sa a pou rezirèksyon an kapab vini pou tout moun, pou tout moun kapab kanpe devan l nan gran jou jijman an.

23 Epi li kòmande tout moun pou yo arepanti, e pou yo bbatize nan non l, pou yo gen yon lafwa pafè nan Sen Izrayèl la, san sa yo pa kapab sove nan wayòm Bondye a.

24 Epi si yo pa repanti, kwè nan anon l, batize nan non l, e bpèsevere jiska lafen, yo dwe cdane; paske Senyè Bondye a, Sen Izrayèl la te di sa.

25 Se poutèt sa, a li te bay alalwa a; e kote ki bpa gen lalwa, pa gen chatiman; e kote ki pa gen chatiman, pa gen kondanasyon; e kote ki pa gen kondanasyon, mizèrikòd Sen Izrayèl la gen pouvwa sou yo, poutèt ekspyasyon an; paske pouvwa l delivre yo.

26 Paske aekspyasyon an satisfè egzijans blajistis li a sou tout moun ki cpa t resevwa dlalwa a, konsa yo delivre anba mons terib sa a, lanmò ak lanfè a, ak dyab la, lak dife ak souf la, ki se touman san fen an; e yo restore pou Bondye sa a ki te ba yo esouf la, ki se Sen Izrayèl la.

27 Men, malè moun ki resevwa alalwa a, wi, ki resevwa tout kòmandman Bondye yo, tankou nou, e ki transgrese yo, e ki gaspiye jou eprèv li yo, paske ka l ap grav!

28 O, aplan mètdam malen an! O, bvanite ak frajilite, ak foli lèzòm! Lè yo csave, yo panse yo gen dlasajès e yo pa koute ekonsèy Bondye, yo voye l sou kote, paske yo panse yo konnen pou tèt pa yo, se poutèt sa, lasajès yo a se foli e li pa sèvi yo anyen. E y ap peri.

29 Men, li bon pou moun save, si yo akoute bkonsèy Bondye.

30 Men malè moun ki arich, ki rich avèk bagay mond lan. Paske, poutèt yo rich, yo meprize bpòv yo, yo pèsekite moun ki dou yo e yo mete lide yo sou trezò; se poutèt sa trezò yo se bondye yo. Epi gade, trezò yo pral peri avèk yo tou.

31 Epi, malè moun soud ki pa vle atande; paske y ap peri.

32 Malè avèg ki pa vle wè; paske y ap peri tou.

33 Malè moun ki pa sikonsi kè yo, paske konesans inikite yo pral frape yo nan dènye jou a.

34 Malè yon amantè, paske l ap desann nan blanfè.

35 Malè yon asasen ki atouye moun ak premeditasyon, paske l ap bmouri.

36 Malè moun ki fè aabominasyon seksyèl, paske y ap voye yo desann nan lanfè.

37 Wi, malè moun k ap aadore zidòl, paske tout dyab yo pran plèzi nan yo.

38 Epi, alafen, malè tout moun ki mouri nan peche yo; paske y ap aretounen jwenn Bondye, e y ap wè figi l, e y ap rete nan peche yo.

39 O, frè byenneme m yo, sonje kòman li terib pou moun ki transgrese kont Bondye Sen sa a, e tou kòman li terib pou moun koute tantasyon nonm amètdam sa a. Sonje, lè moun gen bpanse chanèl, se clanmò, e lè moun gen panse espirityèl, se dlavi eetènèl.

40 O, frè byenneme m yo, koute pawòl mwen yo. Sonje grandè Sen Izrayèl la. Pa di m pale pawòl ki di kont nou; paske si nou di sa a, n ap revòlte kont averite a; paske m te pale pawòl Kreyatè nou an. M konnen pawòl verite yo bdi kont tout salte; men jis yo pa pè pawòl sa yo, paske yo renmen verite a e yo pa tranble.

41 Kounyeya, frè byenneme m yo, avin jwenn Senyè a, Nonm Sen an. Sonje, wout li yo jis. Gade, bchemen an cetwat pou lèzòm, men li dwat devan yo e gadyen dpòt la se Sen Izrayèl la; li pa anplwaye okenn sèvitè nan pòt la; e pa gen okenn lòt chemen eksepte pòt la; paske moun pa kapab twonpe l, paske non li se Senyè Bondye a.

42 Epi nenpòt moun ki frape, l ap louvri pou li; e moun ki asaj yo, ak moun ki save yo, ak rich yo ki bgonfle kò yo poutèt konesans yo ak lasajès yo, ak richès yo—wi, se moun sa yo li meprize; e si yo pa voye bagay sa sou kote, e si yo pa konsidere tèt yo tankou moun csòt devan Bondye, epi desann nan pwofondè dimilite, li p ap louvri pou yo.

43 Men, zafè moun ki saj yo ak moun ki pridan yo pral akache devan yo pou tout tan—wi, bonè sa a ki te prepare pou sen yo.

44 O, frè byenneme m yo, sonje pawòl mwen yo. Gade, m retire wòb mwen e m souke l devan nou; m priye Bondye sali m nan pou l kapab gade m avèk aje l yo ki wè toupatou a; Se poutèt sa, n ap konnen nan dènye jou yo, lè tout moun ap pase anba jijman pou zèv yo, Bondye Izrayèl la te temwen lè m bretire inikite nou yo nan nanm mwen, e m kanpe avèk klète devan l, e m cdebarase m avèk san nou.

45 O, frè byenneme m yo, vire do bay peche nou yo; souke achenn moun sa a ki ta vle mare nou di a; vin jwenn Bondye sa a ki se bwòch sali nou an.

46 Prepare nanm nou pou jou laglwa sa a, lè alajistis pral administre pou jis yo, jou bjijman sa a menm, pou nou kapab pa fè bak avèk krent terib; pou nou kapab pa sonje aklè tout c nou yo, epi pou nou pa oblije di byen fò: Jijman ou yo sen, yo sen, O, Senyè Bondye dToupuisan an—men m konnen tò mwen; m te transgrese lalwa ou, e transgresyon m yo se pa m, e dyab la te pran m, m anba grif mizè l yo.

47 Men, gade, frè m yo, èske li nesesè pou m fè nou pran konsyans reyalite terib bagay sa yo? Èske m t ap toumante nanm nou si lespri nou te pi? Èske m t ap pale klè devan nou daprè klète verite a si nou te libere anba peche?

48 Gade, si ou te sen, m t ap pale ou konsènan sentete; men kòm ou pa sen e ou konsidere m kòm yon enstriktè, li nesesè pou m aansenye nou konsekans bpeche.

49 Gade nanm mwen degoute peche, e kè m pran plèzi nan lajistis; e m apral louwe non sen Bondye m nan.

50 Vini, frè m yo, chak moun ki swaf, vini nan adlo a; e moun ki pa gen lajan, vin achte, e manje; wi, vin achte diven ak lèt san blajan e san pri.

51 Se poutèt sa a, pa depanse lajan nou pou bagay ki san valè, ni atravay nou pou sa ki pa kapab satisfè nou. Koute m avèk dilijans, e sonje pawòl m te pale yo; e vin jwenn Sen Izrayèl la e b fèt pou sa ki p ap peri, ni tou ki pa t kapab kowonpi e kite nanm ou pran plèzi nan lagras.

52 Gade, frè byenneme m yo, sonje pawòl Bondye nou an; priye l kontinyèlman lajounen, e bay non sen li a aremèsiman lan nuit. Kite kè nou rejwi.

53 E gade, aalyans Senyè a yo gran anpil, e kondesandans li gran anpil pou pitit lèzòm; e poutèt grandè l, ak lagras li ak bmizèrikòd li, li te pwomèt nou pou desandan nou yo pa detwi nèt, nan kò fizik la, okontrè l ap prezève yo; e jenerasyon k ap vini yo pral yon cbranch jis pou kay Izrayèl la.

54 Kounyeya, frè m yo, m ta pale plis avèk nou; men demen m ap pale nou rès pawòl mwen yo. Amèn.