Konferans Jeneral
Kite Bondye Dirije
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Kite Bondye Dirije

Èske wdispoze pou w kite Bondye gen priyorite nan lavi ou? Èske wdispoze pou w kite Bondye vin pigran enfliyans nan lavi w?

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan anpil pou bèl mesaj yo nan konferans sa a ak pou privilèj mwen genyen pou pale avèk nou la a kounyea.

Depi plis pase 36 zan m Apot la, doktrin rasanbleman Izrayèl la te toujou atire atansyon m.1 Tout bagay konsènan li entrige mwen, enkli ministè ak non2 Abraham, Isaac, ak Jacob; lavi yo ak madanm yo; alyans Bondye te fè avèk yo a ki etann atravè lineyaj yo;3 dispèsyon douz tribi yo; ak pil kantite pwofesi osijè rasanbleman an nan epòk pa nou an.

M te etidye rasanbleman an, m te priye konsènan li, m te fè festen avèk chak ekriti ki anrapò avèk li, epi m te mande Senyè a pou l te ban m plis konpreyansyon sou li.

Konsa, imajine kontantman m lè m te resevwa yon nouvo enspirasyon tou dènyèman. Avèk èd de ekspè nan lang Ebre a, m te aprann ke youn nan siyifikasyon Ebrayik mo Izrayèl la se “kite Bondye dirije.”4 Konsa, non Israyèl la fè referans ak yon moun ki dispoze pou l kite Bondye dirije lavi li. Konsèp sa a touche nanm mwen!

Mo dispoze a enpòtan nan entèpretasyon sa a sou Izrayèl.5 Nou tout gen libabit nou. Nou ka chwazi pou nou se Izrayèl, ou pa. Nou ka chwazi pou nou kite Bondye dirije lavi nou, ou pa. Nou ka chwazi pou nou kite Bondye rete enfliyans ki pi puisan nan lavi nou, ou pa.

Annou pran yon ti moman pou nou raple nou yon moman enpòtan nan lavi Jakòb, pitit pitit gason Abraram. Nan kote Jakòb te rele Peniel la (ki vledi “fas Bondye”),6 Jakòb te goumen avèk yon defi serye. Libabit li te teste. Atravè lit sa a, Jakòb te pwouve sa k te pi enpòtan pou li. Li te demontre ke l te dispoze pou l te kite Bondye pran premye plas nan lavi li. Kòm repons, Bondye te chanje non Jakòb vin Izrayèl,7 ki vledi “kite Bondye dirije.” Lè sa a, Bondye te pwomèt Izrayèl ke tout benediksyon ki te pwononse sou tèt Abraham yo t ap pou li tou.8

Malerezman, posterite Izrayèl la te kraze alyans yo te fè avèk Bondye a. Yo te lapide pwofèt yo epi yo pa t vle Bondye dirije lavi yo ankò. Kòm konsekans, Bondye te dispèse yo nan kat kwen tè a.9 Avèk mizèrikòd, Li te pwomèt yo an apre ke L t ap rasanble yo ankò, jan sa rapòte nan Ezayi a: “Paske, pou yon ti moman mwen bliye ou [Izrayèl]; men, avèk gwo mizèrikòd m ap rasanble w ankò.”10

Avèk definisyon Ebrayik Izrayèl la nan lespri nou, rasanbleman Izrayèl la pran yon lòt siyifikasyon anplis. Senyè a ap rasanble moun ki dispoze pou yo kite Bondye dirije lavi yo. Senyè a ap rasanble moun ki ap chwazi pou yo kite Bondye gen enfliyans ki pi enpòtan an nan lavi yo.

Pandan dè syèk, pwofèt yo te predi rasanbleman sa a,11 epi sa ap fèt kounyea menm! Kòm yon prelid anvan Dezyèm Vini Senyè a, li se travay ki pi enpòtan nan mond lan!

Rasanbleman anvan mileniyòm sa a se yon avanti endividyèl ki enplike progresyon lafwa ak kouraj spirityèl pou dè milyon moun. Epi, antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, oubyen “Izrayèl alyans dènye jou a,”12 nou gen responsablite pou nou ede Senyè a nan travay enpòtan sa a.13

Lè nou pale de rasanbleman Izrayèl nan toulède bò vwal la, natirèlman nou fè referans a travay misyonè, travay tanp, ak istwa familyal. Nou fè referans ak bati lafwa ak temwayaj nan kè moun ke n ap viv avèk yo, travay avèk yo ak sèvi yo tou. Chak fwa nou fè yon bagay ki ede yon moun—nan kèlkeswa bò vwal la—fè ak kenbe alyans avèk Bondye, se ede n ap ede rasanble Izrayèl.

Sa pa gen lontan, madanm youn nan pitit pitit gason m yo t ap lite spirityèlman. M ap rele l “Jill.” Malgre jèn, lapriyè, ak benediksyon prètriz, papa Jill ta pral mouri. Li te pè anpil pou l pa t pèdi ni papa l ni temwayaj li.

Yon jou swa, madanm mwen, Sè Wendy Nelson, te pale m de sitiyasyon Jill la. Nan demen maten, Wendy te santi l pouse pou l te pataje avèk Jill ke repons m te ba li pou lit espirityèl li a sete yon grenn mo! Mo a sete myòp.

Nan apre, Jill te admèt Wendy ke toudabò li te devaste pou repons mwen an. Li te di: “M te espere Granpapa ta pral pwomèt mwen yon mirak pou papa m. M pa t ka sispann mande tèt mwen poukisa mo myòp la sete yon mo l te santi l pouse pou l te di.”

Lè papa Jill te fin mouri, mo myòp la pa t sispann vin nan lespri li. Li te louvri kè l pou l te ka konprann pi pwofondeman ke myòp te vledi “ti vizyon kout.” Epi panse l te kòmanse chanje. Jill te di lè sa a, “Myòp la te lakoz mwen te fè yon poze, pou m panse, epi geri. Kounyea, mo sa a ranpli m ak lapè. Li raple m pou m elaji pèspektiv mwen pou m chèche sa k etènèl. Li raple m ke gen yon plan diven epi papa m toujou vivan epi l renmen m e l ap veye sou mwen. Myòp te mennen m bay Bondye.”

Mwen fyè anpil de bèlfi presye nou sa a. Pandan move moman sa a nan lavi l la, Jill te aprann pou l te anbrase volonte Bondye pou papa li, avèk yon pèspektiv etènèl pou pwòp lavi pa l. Nan chwazi pou l kite Bondye dirije a, li jwenn lapè.

Si nou pèmèt sa, gen anpil fason entèpretasyon Ebrayik sa a sou Izrayèl la ka ede nou. Imajine kijan priyè nou pou misyonè nou yo—ak pou pwòp efò pa nou pou n rasanble Izrayèl—ka chanje avèk konsèp sa a nan lespri nou. Nou souvan priye pou noumenm ak misyonè yo ka dirije vè moun ki prepare pou yo resevwa verite levanjil retabli Jezikri yo. M ap mande m, vè kimoun y ap dirije nou si nou priye pou nou jwenn moun ki dispoze pou yo kite Bondye pran premye plas nan lavi yo?

Nou ka petèt resevwa direksyon pou nou jwenn kèk moun ki pa t janm kwè nan Bondye ni nan Jezikri men ki kounyea anvi aprann sou Yomenm ak plan bonè Yo a. Gen lòt moun ki te petèt “fèt nan alyans la”14 men ki egare ale lwen chemen alyans lan. Yo gen dwa petèt pare kounyea pou yo repanti, retounen, epi kite Bondye dirije lavi yo. Nou ka ede nan akeyi yo avèk bra nou ak kè nou louvri. Epi nou ka dirije vè kèk moun ki petèt te toujou santi yo te gen yon bagay ki manke nan lavi yo. Yomenm tou, y ap tann amoni ak lajwa moun ki dispoze pou yo kite Bondye dirije nan lavi yo jwenn nan.

Nas levanjil la pou rasanble Izrayèl dispèse a laj anpil. Gen plas pou chak moun ki dispoze pou yo anbrase levanjil Jezikri a totalman. Chak konvèti vin tounen yon pitit alyans Bondye,15 keseswa pa nesans oubyen pa adopsyon. Yo chak vin yon eritye pou tout sa Bondye pwomèt pitit fidèl Izrayèl yo!16

Nou chak gen yon potansyèl diven paske nou chak se yon pitit Bondye. Nou tout egal nan je Li. Enplikasyon verite sa a pwofon anpil. Frè m ak sè m yo, tanpri koute byen sa m pral di nou la a. Bondye pa renmen yon ras plis pase yon lòt. Doktrin ni sou zafè bagay sa a klè. Li envite tout moun pou vin jwenn Li, “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi.”17

Mwen asire nou ke eta nou devan Bondye pa detèmine pa koulè po nou. Pou w anfavè oubyen pa anfavè devan Bondye, sa depann de devosyon w pou Bondye ak kòmandman L yo, sa pa depann de koulè po ou.

Sa fè m mal anpil ke frè ak sè nou yo ki gen koulè nwa yo nan mond lan ap andire doulè rasis ak prejije. Jodia, m ap mande manm nou yo toupatou nan mond lan pou yo bay egzanp lan nan abandone atitid ak aksyon prejidis. Mwen priye nou pou nou ankouraje respè pou tout pitit Bondye.

Kesyon an pou nou chak, kèlkeswa ras nou, se menm nan. Èske w dispoze pou w kite Bondye gen priyorite nan lavi ou? Èske w dispoze pou w kite Bondye vin pi gwo enfliyans nan lavi w? Èske w ap pèmèt pawòl Li, kòmandman L yo, ak alyans Li yo enfliyanse sa w ap fè chak jou? Èske w ap pèmèt vwa Li pran priyorite sou tout lòt vwa? Èske w dispoze pou w kite tout sa L vle pou w fè pran plas sou nenpòt lòt anbisyon w genyen? Èske w dispoze pou w soumèt volonte w anba volonte pa Li?18

Konsidere kijan dispozisyon sa a ta ka beni ou. Si w pa marye epi w ap chèche yon konpayon etènèl, dezi w pou w fè pati “Izrayèl” la ap ede w deside ak kimoun pou w renmen ak ki fason pou w renmen.

Si w marye avèk yon konpayon ki kraze alyans li yo, volonte w pou w kite Bondye dirije lavi w la ap pèmèt alyans ou te fè avèk Bondye yo rete entak. Sovè a ap geri kè brize w la. Syèl yo ap louvri pandan w ap chèche konnen kijan pou w kontinye avanse. Ou pa bezwen ere ni poze tèt ou kesyon.

Si w gen kesyon sensè sou levanjil la oubyen sou Legliz la, si w chwazi pou w kite Bondye dirije, w ap resevwa direksyon pou w ka jwenn ak konprann verite etènèl absoli ki pral gide lavi w epi ede w kanpe fèm sou chemen alyans lan.

Lè w anfas tantasyon—menmsi tantasyon an vini lè w fatige oubyen lè w santi w poukont ou oubyen moun pa konprann ou—imajine kouraj ou ka jwenn si w chwazi pou w kite Bondye pran premye plas nan lavi w e pandan w ap priye Li pou l fòtifye ou.

Lè pi gwo dezi ou se pou w kite Bondye dirije, pou w fè pati Izrayèl, desizyon sa yo ap vin pi fasil. Anpil pwoblèm ap vin pa pwoblèm ankò! Ou vin pi byen konn kijan pou w prezante tèt ou. Ou konn kisa w ap gade ak kisa w ap li, ki kote w ap pase tan w, ak kimoun w ap asosye. Ou konn kisa w vle akonpli. Ou konn ki kalite moun ou reyèlman vle devni.

Kounyea, chè frè m ak sè m yo, sa mande lafwa ak kouraj pou nou kite Bondye dirije nou. Sa mande gwo travay espirityèl ak pèsistans pou nou repanti epi debarase nou de lòm natirèl la atravè Ekspyasyon Jezikri a.19 Sa mande efò konsistan chak jou pou nou devlope abitid pèsonèl pou n etidye levanjil la, pou n aprann plis sou Pè Selès la ak Jezikri, ak pou nou chèche revelasyon pèsonèl epi suiv yo.

Pandan tan twouble sa yo Apot Pòl te pwofetize a,20 Satan pa menm eseye kache atak li yo kont plan Bondye a ankò. Ide mal yo ap jayi. Se poutèt sa, sèl fason pou nou siviv espirityèlman se detèmine pou nou kite Bondye dirije lavi nou, pou n aprann tande vwa Li, epi pou n itilize enèji nou pou n rasanble Izrayèl.

Kounyea, kijan Senyè a santi Li apwopo moun ki ap kite Bondye dirije lavi yo? Nefi te rezime sa byen: “[Senyè] a renmen moun ki chwazi L kòm Bondye yo. Gade, li te renmen zansèt nou yo, e li te fè alyans avèk yo, wi, menm Abraram, Izaak, ak Jakòb; e li sonje alyans li fè yo.”21

Epi kisa Senyè a dispoze pou L pou Izrayèl? Senyè a pwomèt ke L ap “goumen nan batay [nou] yo, ak batay pitit [nou] yo, ak batay pitit pitit [nou] yo … jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon”!22

Pandan n ap etidye ekriti yo pandan pwochen sis mwa yo, mwen ankouraje nou pou nou fè yon lis sou tout sa Senyè a pwomèt L ap fè pou Izrayèl alyans lan. M panse nou pral sezi anpil! Medite sou pwomès sa yo. Pale de yo avèk fanmi nou ak zanmi nou. Epi apresa, viv epi tann pou pwomès sa yo akonpli nan pwòp lavi pa nou.

Chè frè m ak sè m yo, pandan n ap chwazi pou nou kite Bondye pran premye plas nan lavi nou an, n apral fè eksperyans pou tèt pa nou pou n wè kijan Bondye se “yon Bondye mirak.”23 Antanke pèp, nou se pitit alyans Li, epi nou pral pote non Li. Konsènan sa mwen temwanye, nan non sakre Jezikri, amèn

Nòt

  1. Mwen pale de Izrayèl nan omwen 378 nan plis pase 800 mesaj mwen delivre pandan 36 zan m Apot la.

  2. An Ebre, Abram se yon non nòb ki siyifi “papa egzalte.” Men lè Bondye te chanje non sa a vin Abraam, non an te pran yon pi gwo siyifikasyon toujou, ki vledi “papa yon miltitid.” Anfèt, Abraam t ap vin “papa anpil nasyon.” (Gade Jenèz 17:5; Nehemie 9:7.)

  3. Senyè Bondye a te fè yon alyans avèk Abraam ke Sovè mond lan t ap gen pou soti nan posterite Abraam, moun ta pral eritye kèk peyi, epi tout nasyon ta pral beni atravè lineyaj Abraam (gade Diksyonè Bib la, “Abraham, alyans”).

  4. Gade Diksyonè Bib la, “Izrayèl.”

  5. Mo Izrayèl la parèt plis pase yon milye fwa nan ekriti yo. Li ka aplike pou fanmi douz pitit gason ki nan fanmi Jakòb (Izrayèl] yo, plis pitit fi l yo yo (gade Jenèz 35:23–26; 46:7). Jodia li ka aplike jewografikman kòm yon kote sou planèt Tè a. Men itilizasyon l nan ekriti yo aplike pou moun ki dispoze pou yo kite Bondye dirije lavi yo.

  6. Gade Jenèz 32:30; ki eple kòm Penuel nan Jenèz 32:31.

  7. Gade Jenèz 32:28.

  8. Gade Jenèz 35:11–12.

  9. Pou plis etid toujou, gade Gid pa Sijè, ““Izrayèl, Rasanbleman.”

  10. Ezayi 54:7.

  11. Gade Ezayi 11:11–12; 2 Nefi 21:11–12; Mozya 15:11.

  12. Gade Encyclopedia of Mormonism (1992), “Covenant Israel, Latter-Day,” 1:330–31.

  13. Pandan n ap patisipe nan rasanbleman Izrayèl la, Senyè a gen yon fason mèveye pou l dekri moun ki ap rasanble yo. Li fè referans a noumenm kolektivman kòm “trezò patikilye,” (Egzòd 19:5;” Som 135:4), kòm “jwayo” Li (Malachi 3:17; Doktrin ak Alyans 101:3), epi kòm yon “nasyon sen” (Egzòd 19:6; gade tou Detewonòm 14:2; 26:18),

  14. Fraz sa a fè referans a alyans Bondye te fè avèk Abraam nan, ki di “Tout pèp sou tè a pral beni nan desandan ou yo”(3 Nefi 20:27). “Ne nan alyans lan” vledi ke anvan yon moun te fèt, manman ak papa moun sa a te sele nan tanp.

  15. Se yon pwomès konsa Bondye te anseye Abraram: “Tout moun ki resevwa Levanjil sa a pral pote non ou, epi yo pral konte kòm desandan ou, epi yo pral leve pou yo beni w kòm papa yo;”(Abraham 2:10; gade tou Women 8:14–17; Galat 3:26–29).

  16. Chak manm fidèl ka mande yon benediksyon patriyakal. Atravè enspirasyon Sentespri a, patriyach la deklare linye moun sa a nan kay Izrayèl la. Deklarasyon sa a pa nesesèman pou pwononse ras li, ni nasyonalite l, oubyen kòd jenetik li. Olyesa, lineyaj yo deklare a idantifye atravè ki tribi Izrayèl moun sa a ap resevwa benediksyon l yo.

  17. 2 Nefi 26:33.

  18. Gade Mozya 15:7. Izrayèl se pa moun ki fèb nan kè yo. Pou nou resevwa tout benediksyon Bondye sere pou posterite Abraram yo, yo atann pou nou chak pase pwòp “tès Abraramik” pa nou. Bondye ap teste nou, jan Pwofèt Joseph Smith te anseye a, atravè dechire kòd sansib nou. (Gade souvni John Taylor, nan Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith [2007], 231.)

  19. Gade Mozya 3:19.

  20. Gade 2 Timote 3:1–13.

  21. 1 Nefi 17:40; italik ajoute.

  22. Doktrin ak Alyans 98:37; gade tou Som 31:23; Ezayi 49:25; Doktrin ak Alyans 105:14.

  23. Mòmon 9:11.