Konferans Jeneral
Je pou nou wè
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Je pou nou wè

Atravè pouvwa Sentespri a, Kris la ap ba nou kapasite pou nou wè tèt nou ak lòt moun jan L wè yo a.

Wè men Bondye

Mwen renmen istwa Ansyen Testaman an konsènan yon jènjan ki t ap sèvi pwofèt Elize a. Yon maten byen bonè jènjan an te leve, li te soti deyò a, epi li te wè vil la ki antoure pa yon gwo lame ki te gen entansyon pou te detwi yo. Li te kouri al jwenn Elize: “Ay, mèt mwen! ki jan nou pral fè?”

Elize te reponn, “Ou pa bezwen pè! Paske Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun ki avèk yo.”

Elize te konnen jènjan an te bezwen plis pase yon asirans pou kalme li; li te bezwen vizyon. Epi “Elize te priye, … Senyè, … tanpri louvri je l, pou l ka wè. Epi Senyè a te ouvri je jènjan an; epi l te wè: epi, gade, mòn nan te chaje avèk cheval ak charyo dife ki te antoure Elize.” 1

Ka gen kèk fwa kote w santi w, tankou sèvitè a, ou gen difikilte pou wè kijan Bondye ap travay nan lavi w—kote w santi w sènen toupatou—kote eprèv mòtalite yo fè w tonbe sou jenou ou. Rete trankil epi fè Bondye konfyans avèk tan pa Li, paske ou ka fè kè L konfyans avèk tout kè pa w. Men gen yon dezyèm leson la a. Chè frè m ak sè m yo, oumenm tou, ou ka priye pou Bondye louvri je w pou w ka wè sa w pa t ap ka wè nòmalman.

Wè tèt nou jan Bondye wè nou.

Petèt bagay ki pi enpòtan pou nou wè klèman yo se kiyès Bondye ye ak kiyès nou ye reyèlman—pitit gason ak pitit fi paran selès ki gen yon “nati diven ak yon desten etènèl.” 2 Mande Bondye pou l revele w verite sa yo, ansanm ak kijan li santi L konsènan ou. Plis ou konprann vrè idantite w ak objektif ou, nan fon nanm ou, se plis sa pral enfliyanse tout bagay nan lavi w.

Wè lòt moun

Konprann kijan Bondye wè nou prepare chemen an pou ede nou wè lòt moun men jan Li wè yo. Jounalis David Brooks te di: “Anpil nan gwo pwoblèm sosyete nou an soti nan moun ki santi ke yo pa remake yo ni rekonèt yo. … Gen yon karakteristik … fondamantal ke nou tout bezwen … pi byen posede, se karakteristik ki ap pèmèt nou youn wè lòt an pwonfondè a epi pou moun wè nou an pwofondè tou” 3

Jezikri wè moun an pwofondè. Li wè chak endividi, bezwen yo, ak sa yo ka devni. Kote lòt moun te wè pechè pwason, pechè, oswa kolèktè taks, Jezi te wè disip; kote lòt moun te wè yon nonm ki te gen movèzespri sou li, Jezi te gade pi lwen pase detrès sou deyò a, li te pote atansyon, epi l te geri li. 4

Menm nan lavi okipe nou yo, nou ka suiv egzanp Jezi a epi wè moun endividyèlman—ak bezwen yo, lafwa yo, lit yo, ak ki moun yo ka devni. 5

Lè m ap priye pou Senyè a ouvri je m pou m ka wè bagay m gen dwa pa wè nòmalman, mwen souvan poze tèt mwen de kesyon epi m pote atansyon a enpresyon m resevwa yo: “Kisa m ap fè ke m ta dwe sispann fè?” ak “Kisa m p ap fè ke m ta dwe kòmanse fè?” 6

Sa gen kèk mwa, pandan Reyinyon Sentsèn nan, mwen te poze tèt mwen kesyon sa yo epi m te sezi pa enpresyon ki te vini an. “Sispann gade telefòn ou lè w kanpe ap tann nan yon liy.” Gade nan telefòn mwen lè m kanpe nan yon liy te vin prèske otomatik; m te twouve ke sete yon bon moman pou m te fè plizyè bagay alafwa, verifye imèl mwen, gade nouvèl, oubyen gade sa k pibliye sou rezo sosyal.

Nan denmen maten, mwen te twouve m ap tann nan yon liy long nan yon magazen. M te rale telefòn mwen epi m te sonje enpresyon m te resevwa a. M te mete telefòn mwen la, epi m te gade bò kote m. Mwen te wè yon mesye aje devan m nan liy nan. Charyo l la te gen kèk bwat manje chat ladan l sèlman. Mwen te santi m yon ti jan jennen, men m te di yon bagay vrèman entelijan tankou, “Mwen ka wè ke w gen yon chat.” Li te di ke yon tanpèt t ap vini, epi li pa t vle tanpèt la bare l san manje chat. Nou te pale pou yon ti moman, epi apresa li te vire gade m epi l te di, “Ou konnen, m pa di pyès moun sa, men jodi a se fèt mwen.” Kè m te touche. Mwen te swete l yon bòn fèt epi m te fè yon priyè remèsiman nan kè m dèske m pa t nan telefòn mwen epi m pa t rate yon opòtinite pou m te vrèman wè ak konekte avèk yon lòt moun ki te bezwen sa toutbon.

Avèk tout kè m, mwen pa vle fè tankou prèt la oswa Levit la sou wout Jeriko a—yon moun ki gade epi ki pase ale. 7 Men, twò souvan mwen panse m se yo.

Wè misyon Bondye pou mwen

Dènyèman, m te aprann yon leson enpòtan sou fason pou m wè an pwofondè, nan men yon jènfi ki rele Rozlyn.

Se yon zanmi m ki te devaste paske mari l te genyen depi 20 tan an te kite kay la ki te pataje istwa sa avè m. Avèk timoun li yo ki te oblije separe tan yo ant de paran yo, pèspektiv pou l t al legliz poukont li a te parèt redoutab. Li rakonte:

“Nan yon legliz kote fanmi gen enpòtans siprèm, chita poukont ou ka fè w mal anpil. Premye Dimanch sa a, m te mache antre ap priye pou pesonn pa t pale avèk mwen. Mwen te apèn ka kenbe tèt mwen, epi dlo te nan pwent je m. Mwen te chita kote m toujou chita a, avèk espwa ke pèsonn pa t ap remake ki jan ban an te parèt vid.

“Yon jènfi nan pawas nou an te vire gade m.” Mwen te fè tankou m t ap souri. Li te souri tou. Mwen te ka wè enkyetid la nan figi li. Mwen te priye nan kè m pou l pa t vin pale avèk mwen—mwen pa t gen anyen pozitif pou m te di epi m te konnen m ta p tonbe kriye. M te bese tèt mwen epi m te evite fè kontak zye.

“Pandan dezyèm èdtan an, m te remake ke l t ap voye je gade m tanzantan. Osito reyinyon an te fini, li pwoche bò kote m. M te mimire ‘Bonswa Rozlyn.‘ Li ban m yon akolad epi l te di, ‘Sè Smith, mwen ka wè jodi a se yon move jou pou ou. Mwen dezole. Mwen renmen w.‘ Jan m te prevwa a, dlo te koule nan je m pandan l t ap anbrase m ankò. Men, pandan m t ap mache ale, mwen te panse nan tèt mwen, ‘Petèt m ka fè sa, apretou.‘

Imaj
Rozlyn ak Sè Smith

“Jènfi 16 zan sa a, ki te gen mwens pase mwatye laj mwen, te vin jwenn mwen chak Dimanch pandan rès ane a pou l te ban m yon akolad epi mande m, ‘Kijan w ye?’ Sa te fè yon gwo diferans nan jan m te santi m konsènan al legliz. Laverite sèke m te komanse konte sou akolad sa yo. Yon moun te remake mwen. Yon moun te konnen m te la. Yon moun te sousye de mwen.”

Menm jan ak tout don Papa a volontèman ofri, don pou nou wè an pwofondè a mande pou nou mande li—epi apresa pou nou aji. Mande pou nou wè lòt moun jan L wè yo a—vrè pitit gason ak pitit fi li ki gen potansyèl enfini ak diven. Apresa aji nan renmen, sèvi, ak asire yo de valè yo ak potansyèl yo, selon jan Lespri a enspire nou. Lè sa vin tounen yon modèl nan lavi nou, n ap vin wè ke nou vin “vrè disip … Jezikri.” 8 Lòt moun ap kapab fè kè nou konfyans avèk kè pa yo. Epi nan chema sa a nou pral dekouvri pwòp vrè idantite ak objektif pa nou.

Imaj
Sovè a k ap geri

Zanmi m nan te raple l yon lòt eksperyans pandan l te chita nan menm ban vid sa a, poukont li, ap mande tèt li si 20 ane efò pou viv levanjil la nan fwaye l la sete pou anyen. Li te bezwen plis pase yon asirans pou te kalme li; li te bezwen vizyon tou. Li te santi yon kesyon pèse kè l: “Poukisa w te fè bagay sa yo? Èske w te fè yo pou rekonpans lan, pou lwanj lòt moun, oubyen pou rezilta w te vle a?” Li te ezite pou yon ti moman, li te sonde kè li, epi lè sa a li te kapab reponn avèk asirans, “Mwen te fè yo paske m renmen Sovè a. Epi m renmen levanjil Li a.” Senyè a te louvri zye l pou L te ede l wè. Chanjman vizyon senp men puisan sa a, te ede l kontinye avanse avèk lafwa nan Kris la, malgre sikonstans li yo.

Mwen temwaye ke Jezikri renmen nou e li ka ban nou je pou nou wè—menm lè sa difisil, menm lè nou fatige, menm lè nou poukont nou, menm lè rezilta yo pa sa nou te espere a. Atravè gras li, L ap beni nou ak ogmante kapasite nou. Atravè pouvwa Sentespri a, Kris la ap ba nou kapasite pou nou tèt nou epi lòt moun jan L wè yo a. Avèk èd li, nou ka disène sa ki pi nesesè. Nou ka kòmanse wè men Senyè a k ap travay nan detay òdinè lavi nou yo—n ap wè an pwonfondè.

Epi apresa, nan gran jou sa a pou “lè l parèt, pou nou kapab tankou l, paske nou ap wè li jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a” 9 mwen priye, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. 2 Wa 6:15—17.

  2. Kat tèm Jènfi yo, ChurchofJesusChrist.org.

  3. David Brooks, “Jwenn Wout Karaktè a” (diskou nan forum Inivèsite Brigham Young, 22 Okt. 2019), speeches.byu.edu.

  4. Gade Mak 5:1–15.

  5. “Se yon bagay serye pou nou viv nan konpayi dye ak deyès potansyèl, pou nou sonje ke moun ki pi pa annuiyan ak pi pa enteresan w ap pale avèk li a kapab yon jou vin yon kreyati ki, si w ta wè l kounyeya, ou ta tante pou w adore li… Pa gen moun ki òdinè.” Pa gen okenn moun ki òdinè ” (C. S. Lewis, The Weight of Glory [2001], 45–46).

  6. Kim B. Clark, “Ansèkle avèk Dife” (retransmisyon satelit pou Seminè ak Enstiti Relijyon, 4 Out 4, 2015), ChurchofJesusChrist.org.

  7. Gade Lik 10:30–32.

  8. Mowoni 7:48.

  9. Mowoni 7:48; italik ajoute.