Konferans Jeneral
Rekòmande bay Senyè a
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Rekòmande bay Senyè a

Kòmanse pwosesis pou w vin yon moun yo ka “rekòmande bay Senyè a” kounyeya, pou Lespri L ka avèk ou an abondans.

Bonjou, frè m ak sè m yo. Antanke disip Sovè nou an, Jezikri, mwen te enpasyan pou nou te rasanble vityèlman apati de kat kwen mond lan pou konferans sa a.

Imaj
Tanp Durban nan Afrik diSid

Sa a se ane ki te pi inabityèl ki egziste. Pou mwenmenm li te kòmanse avèk yon tach Premye Prezidans lan pou m te konsakre yon tanp sakre pou Senyè a nan Durban, Afrik di Sid. Mwen p ap janm bliye grandè batiman an. Men plis ke kote a, mwen ap toujou bay anpil valè a diyite moun ki te prepare si byen pou yo antre nan edifis sakre sa a. Yo te vini pare pou yo resevwa youn nan pi gwo benediksyon Retablisman an: konsekrasyon yon kay Senyè a. Yo te vini avèk kè yo ranpli avèk lanmou pou Li ak Ekspyasyon L lan. Yo te vini ranpli avèk gratitid pou Papa nou ki nan Syèl la paske Li ba yo òdonans sakre ki t ap kondui yo nan egzaltasyon. Yo te vini diy.

Imaj
Manm nan Tanp Durban an, nan Afrik diSid

Kèlkeswa kote yo ye, tanp yo eleve pi wo ke nivo mond lan. Chak tanp Sen Dènye Jou nan mond lan —tout 168 yo—kanpe kòm temwayaj pou lafwa nou nan lavi etènèl ak lajwa pou nou pase l avèk fanmi nou yo ak Papa nou ki Nan Syèl la. Ale nan tanp ogmante konpreyansyon nou sou Divinite ak levanjil etènèl la, sou angajman nou pou nou viv ak anseye laverite ak dispozisyon nou pou nou suiv egzanp Senyè nou an ak Sovè nou an, Jezikri.

Imaj
Sentete pou Senyè a

Sou deyò chak tanp nan Legliz la gen bèl mo sa yo: “Sentete pou Senyè a.” Tanp lan se kay Senyè a epi se yon sanktyè pou nou lwen mond lan. Espri l anvlope moun ki ap adore anndan mi sakre sa yo. Li fikse nòm ki pèmèt nou antre kòm envite L yo.

Imaj
Blaine Twitchell

Bòpè m, Blaise Twitchell, youn nan pi bon gason ke janm konnen, te anseye m yon gwo leson. Sè Rasband ak mwen t al vizite l lè l te prèske nan fen vi vwayaj li nan mòtalite a. Lè nou te antre nan chanm li an, evèk li te apèn ap kite l. Pandan nou t ap salye evèk la, mwen te panse, “Ala yon bon evèk. Li vin fè sèvis pastoral li bò kot yon manm fidèl nan pawas li a.”

Mwen te di Blaine, “Èske sa pa bèl dèske evèk la te vin vizite w la a?”

Blaine te gade m epi li te reponn: “Se te byen plis ke sa. Mwen te mande pou evèk la pou l te vini paske m te vle fè entèvyou rekòmandasyon tanp mwen. Mwen vle alediy pou yo rekòmande m bay Senyè a” E li te fè sa!

Fraz sa a, “rekòmande bay Senyè a,” rete nan tèt mwen. Li ban m yon nouvo pèspektiv sou entèvyou nou genyen regilyèman avèk dirijan Legliz nou yo. Yon rekòmandasyon tanp sitèlman enpòtan ke lè Legliz la te fèk kòmanse, jiska 1891, chak rekòmandayson tanp te siyen 1 pa Prezidan Legliz la.

Ke se pou jèn oswa pou adilt, entèvyou rekòmandasyon pou tanp ou a se pa yon kesyon de fè ak pa fè. Yon rekòmandasyon se pa yon lis kontwòl, yon lesepase, oubyen yon tikè pou yon syèj espesyal. Li gen yon bi ki pi elve e pi sakre. Pou w kalifye pou onè ki se gen yon rekòmandasyon tanp lan, ou dwe viv an amoni avèk ansèyman Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Nan entèvyou w la ou gen opòtinite pou w sonde nanm ou konsènan lafwa pèsonèl ou nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan. Ou gen benediksyon pou w eksprime temwayaj ou konsènan levanjil retabli a, dispozisyon w pou w soutni moun Senyè aple pou dirije Legliz Li yo, lafwa w nan doktrin levanjil la, akonplisman w nan responsablite familyal ou yo, kalite w nan zafè onètete, chastete, fidelite, obeyisans, respè Pawòl Sajès la, lwa dim nan, ak sanktifikasyon jou Saba a. Bagay sa yo se prensip fondamantal yon vi ki konsakre a Jezikri ak travay Li a.

Rekòmandasayon tanp ou an reflete yon entansyon pwofon, espirityèl ke w ap fè efò pou w viv lwa Senyè bay yo epi pou w renmen sa Li renmen: Imilite, dousè, fèmte, charite, kouraj, konpasyon, padon, ak obeyisans. E ou pran angajman pou w suiv prensip sa yo lè w siyen non w nan dokiman sakre sa a.

Rekòmandasyon tanp ou a ouvri pòt syèl yo pou oumenm ak lòt moun atravè dwa ak òdonans ki gen siyifikasyon etènèl, ki enkli batèm, dotasyon, maryaj, ak sèlman.

“Rekòmande yon moun bay Senyè a” se fè l sonje sa Senyè a atann de yon Sen Dènye Jou k ap respekte alyans li. Bòpè m, Blaine, te wè sa kòm yon preparasyon enpòtan pou jou l ta pral kanpe enbleman devan Senyè a.

Imaj
Buisson ardent an

Reflechi sou lè Moyiz te monte sou Mòn Orèb la epi Senyè a te parèt devan nan yon touf bwa ki t ap boule a. Bondye te di l: “Retire soulye nan pye w, paske kote ou kanpe a se yon tè ki sen.” 2

Retire soulye nou nan pòt tanp lan vle di abandone dezi ak plezi monden ki distrè nou nan kwasans espirityèl nou, ki mete akote bagay k ap detounen nou yo nan mòtalite presye nou an, ki eleve nou anwo konpòtman kontansyon, e ki fè nou chèche tan pou nou vin sen.

Dapre dekrè diven, kò fizik nou se yon kreyasyon Bondye, yon tanp pou lespri nou, e nou dwe trete l avèk reverans. Pawòl sa yo ki nan chan Primè a vrè anpil: “Kò m se yon tanp ki bezwen pi gran swen ki egziste.” 3 Lè Senyè a te parèt devan Nefit yo, Li te kòmande yo pou yo te “sanktifye nan resevwa Sentespri a, pou yo kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a.” 4 Senyè a te mande “Ki kalite moun nou dwe ye?” epi Li te reponn “Menm jan avèk mwen.” 5 Pou yo “rekòmande nou bay Senyè a,” nou dwe fè efò pou nou vin tankou L.

Mwen sonje m te tande Prezidan Howard W. Hunter nan premye diskou l kòm 14èm Prezidan Legliz la. Li te di: “Pi gwo dezi kè m se pou chak manm nan Legliz la diy pou yo antre nan tanp. Sa t ap fè Senyè a plezi si chak manm adilt ta diy—pou yo genyen—yon rekòmandasyon tanp valid.” 6 Mwen ta ajoute ke yon rekòmandasyon a izaj limite ap fikse yon wout klè pou jèn presye nou yo.

Prezidan Nelson te repete pawòl Prezident Hunter yo: “Depi jou sa a, 6 jen 1994 la, rekòmandasyon tanp nou genyen an te vin yon objè diferan nan bous mwen. Anvan sa, sete yon mwayen pou m te atenn yon bi. Se te mwayen pou te pèmèt mwen antre nan kay sakre Senyè a; men apre li te fin fè deklarasyon sa a, rekòmandasyon an te vin tounen yon fen an limenm. Li te vin tounen senbòl obeyisans mwen devan pwofèt Bondye a.” 7

Imaj
Tanp Nauvoo A

Si w poko resevwa yon rekòmandasyon oubyen si rekòmandasyon w lan ekspire, kanpe nan liy devan biwo evèk la egzakteman men jan premye Sen yo te konn kanpe nan liy devan pòt Tanp Nauvoo a an 1846 la. 8 Zanzèt mwen yo te pami moun fidèl sa yo. Yo t apral abandone bèl vil yo a pou yo t ale nan lwès, men yo te konnen ke te gen ekesperyans sakre ki tap tann yo nan tanp lan. Sou tèt pik aksidante nan Iowa yo, Sarah Rich Iowa te ekri: “San lafwa ak konesans ke nou te resevwa nan tanp sa a … , vwayaj nou an tap tankou … fè yon so nan lenkoni.” 9 Se sa n ap manke si n ap travèse lavi sa a poukont nou san enspirasyon ak lapè yo pwomèt nan tanp lan.

Kòmanse pwosesis pou w vin yon moun yo “rekòmande bay Senyè a” kounyea pou Lespri L ka avèk ou an abondans epi prensip Li yo ap pote “lapè konsyans” pou ou. 10

Dirijan jèn ou yo, prezidan Kowòm Ansyen, prezidant Sosyete Sekou, ak frè ak sè sèvis pastoral ou ap ede w prepare w, epi evèk ou oswa prezidan branch ou ap gide w avèk lanmou.

N ap travèse yon epòk kote tanp yo fèmen oswa yo limite nan izaj yo. Pou Prezidan Nelson ak sila nan pami nou ki ap sèvi bò kote l yo, desizyon enspire pou fèman tanp yo te “douloure” e li “te koze enkyetid.” Prezidan Nelson te twouve l ap mande: “Kisa m t ap di Pwofèt Joseph Smith? Kisa m t ap di Brigham Young, Wilford Woodruff, ak lòt prezidan yo, rive sou Prezidan Thomas S. Monson?” 11

Kounyeya, nou ap reouvri tanp yo gradyèlman pou sèlman ak dotasyon nan yon kantite limite.

Sepandan, diy pou nou ale nan tanp pa sispann. Kite m aksantye, ke w gen aksè a tanp ou non, ou bezwen gen yon rekòmandasyon tanp valid pou w ka rete djanm sou wout alyans lan.

Imaj
Yon gwoup nan Nouvelle Zélande

Nan fen ane ki sot pase a, Sè Rasband avèk mwen te gen yon tach nan Nouvèl Zeland kote nou te gen pou n te pale avèk yon gwo gwoup jèn adilt sèl. Yo pa t gen aksè fasil a yon tanp; sa ki Hamilton nan t ap renove, e yo te toujou ap tann seremoni poz premye pyè tanp Auckland nan. Sepandan, m te santi m pouse pou m te ankouraje yo pou yo te renouvle oswa resevwa rekòmandasyon tanp yo.

Menm si yo pa t kapab prezante rekòmandasyon yo a nan tanp lan, yo t ap ka prezante tèt yo devan Senyè a epi prepare pou yo sèvi Li. Diy pou gen yon rekòmandasyon tanp validb se yon pwoteksyon kont advèsè, paske, ou te pran yon angajman fèm avèk Senyè a konsènan lavi ou, avèk pwomès ke Lespri a ap avèk ou.

Nou fè travay tanp lè nou chèche zansèt nou yo epi nou soumèt non yo pou òdonans. Menmsi tanp nou yo fèmen, nou toujou kapab chèche fanmi nou. Avèk Lespri Bondye nan kè nou, nou kanpe nan plas yo pa pwokirasyon pou nou “rekòmande yo bay Senyè a.”

Lè m t ap sèvi kòm Direktè Egzekitif Depatman Tanp lan, souvan m te konn tande Prezidan Gordon B. Hinkley fè referans a ekrriti sa a ke Senyè a te mansyone konsènan Tanp Nauvou a: “Se pou travay tanp mwen an, ak tout travay m ba nou yo kontinye epi pou yo pa sispann; epi Senyè tout Lame yo di se pou dilijans nou, ak pèseverans nou, ak pasyans nou ak zèv nou yo redouble, epi nou p ap pèdi rekonpans nou nan okenn fason. Epi si yo pèsekite nou, se konsa yo te pèsekite pwofèt yo ak moun ki jis yo ki te vin anvan nou yo. Pou tout bagay sa yo gen rekonpans nan syèl la.” 12

Travay nou nan tanp lan makònen avèk rekònpans etènèl nou. Resamman nou te nou sibi tès la. Senyè a envite nou pou nou travay nan tanp yo avèk “dilijans… pèseverans, ak pasyans.” 13 Pou yo “rekòmande yon moun bay Senyè a,” li dwe gen kalite sa yo. Nou dwe dilijan nan viv kòmandman yo, pèsevere nan atansyon nou pou alyans tanp nou yo, epi rekonesan pou sa Senyè kontinye ap anseye nou konsènan yo, epi gen pasyans pandan nou ap tann pou tanp yo reouvri konplètman.

Lè Senyè a aple nou pou nou “redouble” efò nou an, Li ap mande pou nou pwogrese nan lajistis. Pa egzanp, nou kapab apwofondi etid ekriti nou, fè plis rechèch jeneyalojik, epi priye avèk plis lafwa pou nou kapab pataje lanmou nou pou kay Senyè a avèk moun ki ap prepare yo pou yo resevwa yon rekòmandasyon tanp, manm fanmi nou an patikilye.

Mwen pwomèt nou antanke yon Apot Senyè Jezikri ke si nou fè efò pou nou redouble efò jis nou yo, n ap santi nou renouvle nan devosyon nou pou Bondye Papa ak Jezikri, n ap santi Sentespri a ki ap gide nou an abondans, n ap rekonesan pou alyans sakre yo, epi n ap santi lapè paske nou konnen yo “rekòmande nou bay Senyè a.” Nan non Jezikri, amèn.