Konferans Jeneral
Lapè, rete trankil
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Lapè, rete trankil

Sovè a anseye nou kijan pou nou santi lapè ak trankilite menm lè van yo ap soufle avèk vyolans bò kote nou epi vag toubouyon menase koule espwa nou.

Lè timoun nou yo te piti, fanmi nou t al pase kèk jou sou yon bèl lak. Yon aprèmidi, kèk nan timoun yo te mete jilè sovtaj sou yo epi yo te sote lage kò yo nan dlo a. Pi piti pitit fi nou an t ap gade avèk ezitasyon, li t ap obsève frè ak sè l yo avèk anpil atansyon. Avèk tout kouraj li te kapab ranmase, li te bouche nen l avèk yon sèl men epi li te plonje. Imedyatman li te monte anlè dlo a epi avèk yon ti panik nan vwa l, li te rele, “Ede m! Ede m!”

Li pa t nan okenn danje mòtèl; jilè sovtaj li a t ap fè travay li epi li t ap flote an sekirite. Nou te ka lonje men nou epi rale l vin tounen sou pon an san pwoblèm. Men, nan pespektif pa l, li te bezwen èd. Petèt sa te soti nan dlo a ki te frèt oswa nan nouvote eksperyans la. Antouka, li te grenpe retounen epi nou te vlope l nan yon sèvyèt sèk epi nou te konplimete l pou kouraj li.

Kit nou granmoun, kit nou jèn, anpil nan nou, nan moman detrès yo, konn repete avèk ijans mo tankou “Ede m!” “Sove m!” oswa “Tanpri, reponn priyè m!”

Yon evènman konsa te pase avèk disip Jezi yo pandan ministè Li nan mòtalite a. Nan Mak nou li ke Jezi “te kòmanse anseye ankò bò lanmè a: e te gen yon gwo foul moun rasanble bò kote l”1 Foul la te vin sitèlman anpil ke Jezi “te antre nan yon bato”2 epi Li te pale sou pon bato a. Pandan tout jounen an, Li te anseye moun yo an parabòl pandan yo te chita sou rivaj la.

“Lè [aswè] rive,” Li te di disip Li yo, “Ann pase sou lòt bò a. Lè yo te fin voye foul moun yo ale,”3 yo te kite rivaj la, yo te fè wout yo pou travèse lanmè Galile a. Jezi te jwenn yon plas nan dèyè bato a, epi Li te kouche epi dòmi te pran L byen vit. Byento “te gen yon gwo tanpèt van, ak vag yo bat bato a, jiskaske li te [prèske] plen”4 dlo.

Anpil nan disip Jezi yo sete pechè ki gen eksperyans epi yo te konn kijan pou yo te manevre yon bato nan yon tanpèt. Yo sete disip li te fè konfyans—anfèt—Li te renmen yo anpil. Yo te kite travay yo, enterè pèsonèl yo, ak fanmi yo pou yo te suiv Jezi. Lafwa yo nan Li te evidan pa prezans yo nan bato a. Epi, koulyea bato yo a te nan mitan yon tanpèt epi sou wout pou l te koule.

Nou pa konn konbyen tan yo te batay pou yo te kenbe bato a aflo anba tanpèt la, men yo te reveye Jezi avèk yon ti panik nan vwa yo, yo te di:

“Mèt, èske w pa pè pou nou pa peri?”5

“Senyè, sove nou: n ap peri.”6

Yo te rele l “Mèt”, e se sa Li ye. Epi tou Li se “Jezikri, Pitit Gason Bondye a, Papa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman”7

Imaj
Lapè, rete trankil

Kote l te kouche nan bato a, Jezi te leve, li te reprimande van an epi li di lanmè a ki te an kòlè a: “Lapè, rete trankil. Epi van an [te sispann], epi te gen yon gwo kalmi.”8 Lè sa a, kòm gran Mèt Pedagòg Li ye a, Jezi te anseye disip li yo atravè de kesyon senp plen lanmou. Li te mande:

“Poukisa nou pè konsa?”9

“Kote lafwa nou?”10

Gen yon tandans lakay nou, menm yon tantasyon, lè nou twouve nou nan mitan eprèv, pwoblèm, oswa afliksyon, pou nou rele, “Mèt, èske w pa pè pou m pa peri? Sove m.” Menm Joseph Smith te sipliye nan yon prizon terib, “O Bondye, kote ou ye?” Epi kote paviyon ki kouvri kote ou kache a?11

Sètènman, Sovè mond lan konprann limitasyon mòtèl nou, paske Li anseye nou kijan pou nou santi lapè ak trankilite menm lè van yo ap soufle avèk vyolans bò kote nou epi vag toubouyon menase koule espwa nou.

Pou moun ki gen lafwa epwouve, lafwa timoun, oubyen menm yon ti kras lafwa,12 Jezi envite nou, li di: “Vini, Suiv Mwen.”13 “Kwè nan non m.”14 Aprann nan men m, epi koute pawòl mwen yo.”15 Li kòmande avèk tandrès, “Repanti epi [vin] batize nan non mwen,”16 se pou youn renmen lòt; jan m renmen nou an,”17 epi “toujou sonje mwen.”18 Li rasire, pandan li eksplike, “Bagay sa yo mwen di nou yo pou nou kapab gen lapè nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil tribilasyon nan mond lan; men, pran kouraj, mwen venk mond lan.”19

Mwen ka imajine ke disip Jezi yo nan bato tanpèt la t ap sekwe a, pa nesesite, te okipe ap gade vag yo ki t ap frape sou pon bato a epi ranmase dlo voye jete. Mwen ka imajine yo k ap manevre vwal yo epi k ap eseye kenbe yon sanblan kontwòl sou ti anbakasyon yo a. Konsantrasyon yo sete sou siviv anba moman an, epi kri yo pou èd la te gen yon ijans sensè ladan l.

Anpil nan nou pa diferan nan epòk pa nou an. Evenman resan yo atravè glòb la ak nan nasyon nou, kominote nou yo, ak fanmi nou yote sekwe nou avèk eprèv enprevi. Nan tan twouble, nou ka santi ke lafwa nou detire rive nan limit andirans ak konpreyansyon nou. Vag laperèz ka distrè nou, sa ki ka lakòz nou bliye bonte Bondye, epi konsa kite pèspektiv nou kout ak twouble. Men, se nan eksperyans difisil sa yo lafwa nou ka teste ak ranfòse.

Kèlkeswa sikonstans nou, nou ka fè efò entansyonèlman pou nou bati ak ogmante lafwa nou nan Jezikri. Lafwa nou ranfòse lè nou sonje ke nou se pitit Bondye epi Li renmen nou. Lafwa nou ap grandi pandan n ap fè eksperyans sou pawòl Bondye a avèk espwa ak dilijans, pandan n ap eseye tout sa nou kapab pou nou suiv ansèyman Kris yo. Lafwa nou ogmante lè nou chwazi kwè olye nou doute, padone olye nou jije, repanti olye nou fè rebèl. Lafwa nou rafine lè nou apiye avèk pasyans sou merit ak mizèrikòd ak gras Mesi ki Sen an.20

Èldè Neal A Maxwell te di: “Pandan ke lafwa se pa yon konesans pafè, li pote yon konfyans pwofon nan Bondye, ki gen konesans ki pafè.”21 Menm nan tan ajite, lafwa nan Senyè Jezikri fèm ak inebranlab. Li ede nou filtre bagay ki pote distraksyon san enpòtans yo. Li ankouraje nou pou nou kontinye avanse sou chemen alyans lan. Lafwa pèmèt nou simonte dekourajman epi l pèmèt nou fè fas a demen avèk rezolisyon ak zepòl nou byen kare. Li pouse nou pou nou mande sekou ak soulajman pandan n ap priye Papa a nan non Pitit Gason L lan. Epi lè siplikasyon nou yo sanble yo san repons, lafwa pèsistan nou nan Jezikri pwodui pasyans, imilite, ak kapasite pou nou pwononse pawòl sa yo avèk respè: “Se pou volonte ou fèt.”22

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Nou pa bezwen kite krent nou yo bouskile lafwa nou. Nou ka konbat krent sa yo nan ranfòse lafwa nou.

“Komanse avèk pitit ou yo. … Kite yo santi lafwa ou, menm lè gwo eprèv vide sou ou. Kite lafwa w santre sou Papa eman nou an ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme l la, Senyè a, Jezikri. … Anseye chak pitit gason oswa pitit fi presye ke li se yon pitit Bondye, ki kreye dapre imaj Li, ki gen yon objektif ak yon potansyèl sakre. Yo chak fèt avèk difikilte pou yo simonte ak lafwa pou yo devlope.”23

Dènyèman, mwen te tande de timoun katran ki t ap pataje lafwa yo nan Jezikri lè yo te reponn kesyon “Kijan Jezikri ede w?” la. Premye timoun nan te di, “Mwen konnen Jezi renmen m paske Li te mouri pou mwen. Li renmen granmoun yo tou. ” Dezyèm timoun nan te di, “Li ede m lè m tris oubyen lè m pa kontan. Li ede m lè m ap koule tou.”

Jezi te deklare, “Se poutèt sa, tout moun ki repanti epi ki vin jwenn mwen tankou yon timoun piti, m ap resevwa l; paske, se pou moun konsa wayòm Bondye a ye.”24

“Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”25

Dènyèman, Prezidan Nelson te pwomèt “ke n ap gen mwens krent ak plis lafwa ” si nou “rekòmanse vrèman tande, koute, ak obeyi pawòl Sovè a.”26

Imaj
Jezi k ap kalme lanmè a

Sè m ak frè m yo, sikonstans aktyèl difisil nou yo se pa destinasyon final etènèl nou. Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou pran non Jezikri sou tèt nou atravè alyans. Nou gen lafwa nan pouvwa delivrans Li epi nou gen espwa nan gran pwomès presye L yo. Nou gen tout rezon pou nou rejwi, paske Senyè ak Sovè nou an pafètman konnen pwoblèm nou, traka nou yo, ak lapenn nou yo. Menm jan Jezi te avèk disip Li yo nan tan lontan an, Li nan bato nou an tou! Li te bay lavi Li pou oumenm avèk mwen pa peri. Se pou nou mete konfyans nou nan Li, obeyi kòmandman L yo, epi avèk lafwa tande L k ap di, “Lapè, rete trankil.”27 Nan non sakre Jezikri, amèn.