Konferans Jeneral
Fè Kè Nou Kontan
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Fè Kè Nou Kontan

Lafwa inebranlab nou nan doktrin levanjil retabli Jezikri a gide pa nou e ba nou lajwa.

Nan finisman lavi mòtèl Li Jezikri te pale Apot Li yo de pèsekisyon ak move moman yo ta pral soufri. 1 Li te konkli avèk gran asirans sa a: ”Nou gen pou n soufri anpil tribilasyon nan mond lan; men, pran kouraj, mwen venk mond lan.” (Jan 16:33. Se mesaj Sovè a pou tout pitit Papa nou ki nan syèl la. Se pi gwo bòn nouvèl pou nou chak nan lavi mòtèl nou.

Fè kè nou kontan, sete yon asirans ki te nesesè nan mond kote Sovè resisite a te voye Apot Li yo tou. Apot Pòl te di Korentyen yo nan apre, “Nou twouble toupatou,” “men nou pa nan detrès; nou etone, men nou pa nan dezespwa; yo pèsekite nou, men nou pa abandone; yo desann nou, men nou pa detwi” (2 Korentyen 4:8–9).

Imaj
Jezi sèvi moun youn pa youn

De mil ane apre, noumenm tou nou “twouble toupatou,” e noumenm tou nou bezwen menm mesaj sa a pou nou pa dezespere, men, pou fè kè nou kontan. Senyè a gen yon amou ak sousi espesyal pou pitit fi presye L yo. Li konn bezwen ou, nesesite ou, ak krent ou. Senyè a toupuisan. Fè L konfyans.

Pwofèt Joseph Smith te aprann ke “travay, ak entansyon, ak objektif Bondye pa kapab kontrarye, ni yo pa kapab pase pou anyen” (Doktrin ak Alyans 3:1). Senyè a te bay pitit Li k ap trebiche yo gwo asirans sa yo:

“Reyèlman, se pwomès Senyè a fè nou, nou menm sèvitè m yo.

“Se poutèt sa, fè kè nou kontan, epi pa krenn, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou; epi nou dwe rann temwayaj konsènan mwen, Jezikri menm, pou fè konnen m se Pitit Gason Bondye vivan an” (Doktrin ak Alyans 68:5–6).

Senyè a kanpe bò kote nou, epi Li di:

“Sa m di youn, m di tout moun, fè kè nou kontan, timoun piti m yo; paske m nan mitan nou, epi m pa abandone nou” (Doktrin ak Alyans 61:36).

“Paske, apre anpil tribilasyon, benediksyon vini” (Doktrin ak Alyans 58:4).

Sè m yo, mwen temwaye nou ke pwomès sa yo, ke yo te resevwa nan mitan pèsekisyon ak trajedi pèsonèl yo, aplike pou nou chak nan sikonstans twoublan nou yo jodia. Yo enpòtan epi yo raple nou chak pou nou fè kè nou kontan epi gen lajwa nan plenitid levanjil la pandan n ap avanse atravè difikilte mòtalite yo.

Tribilasyon ak difikilte se eksperyans tout moun nan mòtalite a. Opozisyon se yon pati esansyèl nan plan diven an pou ede nou pwogrese, 2 epi nan mitan pwosesis sa a, nou gen asirans Bondye ke nan vizyon long letènite a, opozisyon p ap gen otorizasyon pou l simonte nou. Avèk èd Li epi avèk fidelite ak andirans nou, n ap gen viktwa. Menmjan avèk lavi mòtèl ki vin avèk yo a, tout tribilasyon tanporè. Nan dezagreman ki te fèt anvan yon lagè terib, Prezidan Etazini an, Abraham Lincoln, te raple asanble l la ansyen pwovèb saj sa a “bagay sa gen pou l pase tou.” 3

Kòm nou deja konnen, advèsite mòtalite m ap pale yo—ki fè l difisil pou nou gen kè kontan an—pafwa tonbe sou nou ansanm avèk anpil lòt moun, tankou dèmilyon moun k ap soufri kounyea atravè kèk nan pil efè devastan epidemi KOVID-19 la. Menmjan tou, nan Etazini, dèmilyon moun ap soufri nan yon epòk ostilite ak kontansyon ki toujou sanble l akonpaye eleksyon prezidansyèl yo, men peryòd sa a pi grav pase anpil nan pami nou ki pi gran yo ka sonje.

Sou yon baz pèsonèl, nou chak endividyèlman ap lite anba kèk nan anpil advèsite mòtalite yo, tankou povretre, rasis, move sante, pèdi travay oubyen desepsyon, pitit ki egare, move maryaj oubyen pa janm marye, ak fado peche—pa nou oubyen pa lòt moun’.

Malge sa, nan mitan tout bagay sa yo, nou resevwa konsèy selès sa a, pou nou gen kè kontan epi pou nou jwenn lajwa nan prensip ak pwomès levanjil la ak nan fwi travay nou. 4 Konsèy sa a te toujou konsa, pou pwofèt yo ak pou nou tout. Nou konn sa gras ak eksperyans predesesè nou yo ak sa Senyè a te di yo.

Imaj
Frè Joseph

Sonje sikonstans Pwofèt Joseph Smith. Lè nou gade atravè linèt advèsite a, lavi l sete yon lavi povrete, pèsekisyon, fristrasyon, tristès familyal, epi finalman yo te matirize l. Pandan l t ap soufri nan prizon, madanm ni ak pitit li yo ak lòt Sen yo te soufri mizè enkwayab pandan moun t ap chase yo soti nan Missouri.

Lè Joseph te sipliye pou mande sekou, Senyè a te reponn:

”Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

Epi apre sa, si ou sipòte byen, Bondye ap leve ou anlè; w ap triyonfe sou tout ènmi ou yo” (D&A 121:7–8).

Sete konsèy pèsonèl etènèl sa a ki te ede Pwofèt Joseph Smith kenbe tanperaman kè kontan natirèl li a, avèk amou l, ak lwayote l pou pèp li a. Menm kalite sa yo te ranfòse dirijan ak pyonye ki te vini apre yo, epi yo ka ranfòse nou tou.

Imaj
Premye misyonè k ap mache nan mitan gwo nèj

Panse a premye manm sa yo! Anpil fwa, yo te chase yo pasi pala. Finalman, yo te fè fas a difikilte pou yo te etabli fwaye yo ak Legliz la nan dezè a. 5 Dezan apre premye gwoup pyonye yo te rive nan vale Great Salt Lake la, chans pou pyonye yo te siviv nan anviwònman ostil sa a te toujou minim. Majorite manm yo te toujou sou wout ap travèse plèn yo oubyen yo t ap lite pou yo te jwenn resous pou fè sa. Malgresa, dirijan ak manm yo te toujou gen espwa epi yo te gen kè kontan.

Malgre yo p at etabli nan nouvo fwaye yo, nan konferans jeneral Oktòb 1849 la, yon nouvo gwoup misyonè te pati nan misyon ale Skandivav, an Frans, an Almay, an Itali ak Pasific Du Sud, 6 Nan sa yo moun ta ka konsidere kòm piba nivo yo, pyonye yo te leve nan nivo pi wo. Epi jis twazan apre, yon lòt 98 te aple tou pou yo te kòmanse rasanble Izrayèl dispèse a. Yonn nan dirijan Legliz yo te eksplike ke lè sa a, misyon sa yo p at “generalman long; pwobableman ant 3 a 7 ane, sete kantite tan yon gason ta pral absan nan fanmi l.” 7

Sè m yo, Premye Prezidans la sousye pou pwoblèm nou. Nou renmen ou epi n ap priye pou ou. An menm tan, nou bay remèsiman souvan poutèt difikilte fizik nou yo—eksepte pou tranbleman tè, ak dife, inondasyon, ak siklòn—ki abityèlman mwens pase sa predesesè nou yo te rankontre.

Nan mitan kalamite, asirans diven an se toujou “fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou. Wayòm nan se pou nou epi benediksyon ki ladan l yo se pou nou, epi richès letènite yo pou nou” (Doktin ak Alyans 78:18). Kòman sa fèt? Kòman sa te fèt pou pyonye yo? Kòman sa pral fèt pou fi Bondye yo jodia? Si nou suiv direksyon pwofetik yo, “pòt lanfè yo pap gen pouvwa sou [nou],” Senyè a te di pa revelasyon an Avril 1830. “Wi,” Li te di, “… Senyè Bondye a ap dispèse pouvwa tenèb yo devan nou, epi l ap fè syèl yo souke pou byen nou, ak pou laglwa non li” (Doktrin ak Alyans 21:6). “Pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa” (Doktrin ak Alyans 6:34).

Avèk pwomès Senyè a bay yo, nou “leve kè [nou] [] epi nou rejwi” (Doktrin ak Alyans 25:13), epi “avèk kè kontan epi avèk bon aparans” (Doktrin ak Alyans 59:15), n ap mache annavan sou chemen alyans la. Majorite pami nou pa fè fas ak gwo gwo desizyon jeyan, tankou kite kay nou pou n al tounen pyonye nan yon peyi enkoni. Desizyon nou yo se plis nan woutin jounalye lavi yo, men, jan Senyè a di nou an, “Pa fatige fè byen, paske se fondasyon yon gran travay w ap poze. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti” (Doktrin ak Alyans 64:33).

Gen pouvwa an abondans nan doktrin levanjil retabli Jezikri a. Lafwa fèm nou nan doktrin sa a ap gide pa nou epi ba nou lajwa. L ap eklere panse nou epi ba nou fòs ak konfyans nan aksyon nou. Gid sa a, limyè sa a, pouvwa sa a, se don nou resevwa ke Papa nou ki nan Syèl la te pwomèt nou. Lè nou konprann doktrin sa a epi nou konfòme lavi avèk li, ansanm avèk don repantans diven an, nou ka fè kè nou kontan pandan n ap kenbe tèt nou sou chemen destine etènèl nou—ki se reyinyon ak egzaltasyon avèk paran selès byenneme nou yo.

“Ou ka ap rankontre difikilte ki akablan,” jan Èldè Richard G. Scott te anseye. “Kèkfwa, yo sitèlman konsantre, sitèlman pèsistan ke w ka santi yo depase kapasite w pou kontwole yo. Pa afwonte mond la poukont ou. “Konfye w nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou’ [Pwovèb 3:5]. … Yo te prevwa ke lavi a t ap yon defi, non pa pou nou echwe, men pou nou ka reyi atravè pèseverans.” 8

Tout sa fè pati plan Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, konsènan Limenm mwen temwanye, pandan m ap priye pou nou tout pèsiste al nan destinasyon selès nou an, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade nan Jan 13–16.

  2. Gade nan 2 Nefi 2:11.

  3. Abraham Lincoln, address to the Wisconsin State Agricultural Society, Milwaukee, Sept. 30, 1859; in John Bartlett, Bartlett’s Familiar Quotations 18th ed. (2012), 444.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 6:31

  5. See Lawrence E. Corbridge, “Siviv ak travay tankou Pyonye,” Ensign, Jiyè 2020, 23–24.

  6. Gade “Minutes of the General Conference of 6 October 1849,” General Church Minutes Collection, Historical Department, The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, Salt Lake City.

  7. George A. Smith, nan Journal History of The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, 28 Out 1852, 1, Church History Library, Salt Lake City.

  8. Richard G. Scott, Finding Peace, Happiness, and Joy (2007), 248–49.