Konferans Jeneral
Renmen Ènmi Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Renmen Ènmi Ou

Lefèt ke nou konnen ke nou tout se pitit Bondye a ba nou yon vizyon divin sou valè tout lòt moun ak volonte ak kapasite pou elve nou pi wo pase prejije ak rasis.

Ansèyman Sovè a se pou letènite ak pou tout pitit Bondye. Nan mesaj sa a mwen pral bay kèk egzanp nan Etazini, men prensip yo anseye yo aplikab pou tout kote.

N ap viv nan yon epòk ki gen anpil kòlè ak rayiman nan relasyon ak pratik politik yo. Nou te santi sa ete sa a nan anpil andwa kote kèk moun te ale odela manifestasyon pasifik epi yo te angaje yo nan konpòtman destriktè. Nou santi l nan kanpay elektoral k ap fèt aktyèlman pou pozisyon piblik yo. Malerezman, kèk nan bagay sa yo menm filtre antre nan deklarasyon politik ak referans pa janti nan reyinyon Legliz nou yo.

Nan yon gouvènman demokratik, ap toujou gen diferans ant kandida ak politik ki pwopoze yo. Sepandan, antanke disip Kris la, nou dwe renonse a kòlè ak rayiman ki karakterize fason deba fèt oubyen fason yo denonse chwa politik nan anpil kote.

Imaj
Diskou sou Mòn nan

Men youn nan ansèyman Sovè a bay, pwobableman youn tout moun konnen men ke yo raman mete an pratik:

“Nou te tande ke yo te di, Renmen pwochen nou, epi rayi ènmi nou.

“Men, m di nou, renmen enmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou, ak moun ki pèsekite nou” (Matye 5:43–44). 1

Pandan dè jenerasyon, yo te anseye Juif yo pou rayi ènmi yo, epi lè sa a yo t ap soufri anba dominasyon ak kriyote okipasyon Wowen yo. Men, Jezi te anseye yo “Renmen enmi nou” epi “fè byen pou moun … ki maltrete nou.”

Imaj
Jezi k ap anseye nan Amerik yo

Ala yon ansèyman revolisyonè pou relasyon pèsonèl ak politik! Men se toujou sa Sovè a kòmande pou nou fè. “Paske anverite anverite, m ap di nou, yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt” (3 Nefi 11:29).

Renmen ènmi nou ak advèsè nou pa fasil. “Pifò nan nou poko rive nan nivo … lanmou ak padon sa a,” Prezidan Hinckley te di, li te ajoute, “Sa mande yon otodisiplin ki prèske pi gran pase sa nou kapab.” 2 Men, kalite lanmou sa a siman dwe esansyèl, paske li fè pati de gran kòmandman Sovè a “pou renmen Senyè Bondye w la” epi “renmen pwochen w tankou tèt pa w” la (Matye 22:37, 39 Epi sa siman posib, paske Li te anseye tou, “Mande, epi y ap ba ou; chèche, epi w ap jwenn” (Matye 7:7). 3

Kijan nou ka kenbe kòmandman diven sa yo nan yon mond kote nou toujou anba lalwa lèzòm? Erezman, nou gen pwòp ansèyman ak egzanp Sovè a sou fason pou nou jwenn balans ant lwa etènèl li yo avèk ijan pou n pratike lwa lòm kreye yo. Lè advèsè L yo te chèche pyeje L avèk yon kesyon konsènan si Juif yo te dwe peye Wòm taks, li te lonje men sou foto Seza a sou pyès lajan yo a epi L te deklare: “Se poutèt sa, bay Seza bagay ki pou Seza, e bay Bondye bagay sa ki pou Bondye” (Lik 20:25). 4

Imaj
Bay Seza

Se poutèt sa, nou dwe suiv lwa lèzòm yo (bay Seza) pou nou ka viv pezibleman anba otorite sivil la, epi tou nou dwe suiv lwa Bondye yo pou n avanse rive nan destinasyon etènèl nou. Men kijan nou dwe fè sa, espesyalman kijan nou dwe aprann renmen advèsè nou yo ak ènmi nou yo?

Ansèyman Sovè a pou nou pa “fè kerèl avèk kòlè” a se yon bon premye pa. Dyab la se papa kontansyon, epi se li ki pouse lèzòm fè kontansyon avèk kòlè. Pou divize nou, li fè pwomosyon relasyon inimitye ak rayiman nan mitan moun ak andedan gwoup, enkli fanmi yo tou. Prezidan Thomas S. Monson te anseye ke kòlè se “zouti Satan,” paske “lè n ankòlè se lage nou lage bay enfliyans Satan. Pèsonn pa kapab nou ankòlè. Sa se chwa pa nou.” 5 Kòlè se chemen ki mennen nan rayiman ak divizyon. Nou avanse nan direksyon pou nou renmen advèsè ak ènmi nou yo lè nou evite kòlè epi nou evite ostilite kont moun nou pa dakò avèk yo sou prensip ak politik. Sa ap ede tou si nou menm dispoze pou nou aprann nan men yo.

Pami lòt mwayen pou nou devlope kapasite pou n renmen lòt moun nan, gen yon metòd senp ke yo dekri nan pawòl yon ansyen komedi mizikal. Lè n ap eseye konprann ak mete nou nan plas yon moun ki gen yon kilti diferan, nou dwe eseye aprann konnen moun nan. Nan anpil sikonstans, soupson ou menm ostilite ou genyen kont etranje a konn vin fè plas a amitye ou menm lanmou lè kontak pèsonèl avèk etranje sa yo pwodui konpreyansyon ak respè youn pou lòt. 6

Yon pi gran èd toujou nan aprann renmen advèsè nou ak ènmi nou yo se chèche konprann pouvwa lanmou. Men twa nan anpil ansèyman pwofèt te bay konsènan sa.

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke “gen yon adaj ki reziste tan yo ki di lanmou anjandre lanmou. An nou repann lanmou—montre jantiyès nou a tout limanite.” 7

Prezidan Howard W. Hunter te anseye: “Mond kote n ap viv la t ap benefisye anpil si gason ak fi tout kote t ap egzèse lanmou pur Kris la, ki bon, dou ak enb. Li san lanvi ni ògèy. … Li pa chèche anyen an retou. … Li pa gen plas pou sektaris, rayiman, ni vyolans. … Li ankouraje moun diferan pou yo viv ansanm nan lanmou kretyen, kèlkeswa kwayans relijye, ras, nasyonalite, sitiyasyon finansyè, edikasyon, oswa kilti yo.” 8

Epi Prezidan Russell M. Nelson te egzòte nou pou nou “elaji sèk lanmou nou pou anbrase tout fanmi imèn nan.” 9

Yon pati esansèl nan renmen ènmi nou yo se bay Seza sa k pou li nan respekte lwa ki nan diferan peyi nou yo. Malgre ansèyman Jezi yo te revolisyonè, Li pa t anseye revolisyon ni kraze lalwa. Li te anseye yon pi bon fason. Revelasyon modèn nan anseye menm bagay la tou:

Pa kite pèsonn vyole lwa peyi a, paske yon moun ki obeyi lwa Bondye, li pa gen nesesite pou l dezobeyi lwa peyi a.

Sepoutèt sa, soumèt nou anba pouvwa ki egziste yo” (Doktrin ak Alyans 58:21-22).

Epi, Atik Lafwa nou, ke Pwofèt Joseph Smith te ekri apre premye Sen yo te fin soufri gwo pèsekisyon anba men lalwa ak otorite ofisyèl Missouri yo, deklare ”Nou kwè nan dwe soumèt nou devan wa yo, prezidan yo, dirijan yo, ak majistra yo, nan obeyi, onore, ak soutni lalwa” (Atik Lafwa 1:12).

Sa pa vle di pou nou dakò avèk tout sa ki fèt avèk fòs lalwa. Sa vle di ke nou obeyi lwa ki egziste a epi nou itilize mwayen pasifik pou chanje li. Sa vle di tou ke nou aksepte rezilta eleksyon yo pasifikman. Nou pa p patisipe nan vyolans ke moun ki desi pa rezilta yo ap menase fè a. 10 Nan yon sosyete demokratik, nou toujou gen posiblite ak devwa pou nou pèsiste pasifikman jiska pwochen eleksyon an.

Ansèyman Sovè a pou nou renmen ènmi nou yo baze sou reyalite ke tout kretyen vivan se pitit byeneme Bondye, ki pa ta dwe separe pa divizyon. Prensip etènèl sa a ak kèk nan prensip debaz lalwa yo te teste lè Ameriken yo te patispe oswa obsève pwotestasyon ki te fèt resamman yo nan plizyè vil.

Imaj
Manifestasyon pezib

Nan yon ekstrèm, kèk moun te sanble yo bliye ke Premye Amandman nan Konstitisyon Etazini an garanti ”dwa pou tout moun reyini pasifikman epi prezante petisyon yo bay Gouvènman an pou reparasyon pwoblèm ki egziste.” Sa se mwayen legal pou sansibilize opinyon piblik la ak denonse enjistis ki gen nan kontni ak adninistrasyon lwa yo. E te gen enjistis ki te fèt. Nan aksyon piblik yo ak nan atitid pèsonèl nou, te gen rasis ak tò ki konekte avèk rasis. Nan yon atik pèsonèl, Reveran Theresa A. Dear ki nan Asosyasyon Nasyonal pou Avansman Moun Koulè yo (NAACP) te raple nou ke “rasis pwospere nan rayiman, nan opresyon, pasivite, endiferans ak silans.” 11 Antanke sitwayen e antanke manm legliz Jezikri pou Sen dènye Jou yo, nou dwe aji pi byen pou n ede derasinen rasis totalman.

Imaj
Vyolans ilegal

Nan yon lòt ekstrèm, gen yon minorite patisipan ak sipòtè nan pwotestasyon ak zak ilegal ki te fèt nan apre yo ki sanble yo te bliye ke manifestasyon Konstitisyon an pwoteje se manifestasyon ki pasifik yo. Manifestan yo pa gen okenn dwa pou yo detwi, defigire, oswa vòlè byen oswa menase lejitimite pouvwa lapolis nan gouvènman an. Konstitisyon an ak lwa yo pa gen okenn envitasyon pou revolisyon ni anachi. Nou tout—polisye, manifestan, sipòtè, ak spektatè—nou ta dwe konprann limit dwa nou ak enpòtans devwa nou pou nou rete nan limit lwa ki egziste yo. Abraham Lincoln te di l byen: “Pa gen okenn tò ki se yon rezon valab pou yon popilas eseye korije li.” 12 Si nou kite se popilas k ap korije bagay ki pa bon, se mwayen ilegal sa ye. Se anachi, yon sitiyasyon kote pa gen okenn gouvènman efikas ni polis efikas, sa ki menase olye l pwoteje dwa endividyèl moun.

Youn nan rezon ki fè dimansyon manifestasyon resan sa yo nan Etazini an te chokan pou anpil moun se paske ostilite ak enjistis diferan gwoup etnik ap sibi nan lòt peyi yo pa ta dwe egziste nan Etazini. Peyi sa a ta dwe fè pi byen pou l elimine rasis, non sèlman kont Ameriken ki Nwa yo, ki te pi evidan nan pwotestasyon resan yo, men kont Latino, Azyatik, ak lòt gwoup yo tou. Istwa rasis nan peyi sa a se yon istwa tris e nou dwe aji pi byen.

Imaj
Ellis Island
Imaj
Imigran

Se imigran ki te soti nan diferant nasyonalite ak koulè ki te fonde Etazini. Objektif inyon sa a se pa t pou te etabli yon relijyon patikilye ni perenize youn nan diferan kilti oswa lwayote tribi yo nan peyi dorijin yo. Jenerasyon moun ki te fonde peyi nou yo te chèche pou yo te ini anba yon nouvo konstitisyon ak nouvo lwa. Sa pa vle di ke dokiman pou inite yo te prepare pou nou yo, oswa konpreyansyon yo alepòk sou siyifikasyon dokiman sa yo, te pafè. Istwa de premye syèk Etazini yo te montre nesesite pou yo te fè anpil remaniman, tankou dwa pou fi yo vote e, patikilyèman, abolisyon esklavaj, ak asirans ke moun ki te nan esklavaj yo ta dwe benefisye tout kondisyon pou libète yo.

De espesyalis nan Yale University te raple nou dènyèman:

“Malgre tout enpèfeksyon l yo, Etazini ekipe pou l ini yon sosyete divèsifye ak divize. …

Sitwayen l yo pa oblije chwazi ant yon idantite nasyonal ak pliralite kiltirèl. Ameriken yo ka gen toulède. Men kle a se patriyotis konstitisyonèl la. Nou dwe rete ini nan Konstitisyon an e atravè Konstitisyon an, kèlkeswa dezakò ideyolojik nou.” 13

Sa gen kèk ane, yon Minis Zafè Etranjè Anglè te bay gran konsèy sa a nan yon deba nan Chanm Depite yo: “Nou pa gen okenn alye etènèl epi nou pa gen okenn enmi pèpetyèl. Enterè nou yo etènèl ak pèpetyèl, epi devwa nou se pou nou pousuiv enterè sa yo.” 14

Sa a se yon bon rezon pwofàn pou pousuiv enterè “etènèl ak pèpetyèl” nan politik. Men, doktrin legliz Senyè a anseye nou yon lòt enterè etènèl ki ta dwe gide nou: se ansèyman Sovè a ba nou yo, ki te enspire Konstitisyon Etazini an ak lwa fondamantal anpil nan peyi nou yo. Lwayote pou lwa ki etabli yo olye de lwayote pou “alye” tanporè, se meyè fason pou nou renmen advèsè nou ak ènmi nou yo pandan n ap chèche inite nan divèsite a.

Lefèt ke nou konnen nou tout se pitit Bondye a ba nou yon vizyon divin sou valè tout lòt moun ak volonte ak kapasite pou elve nou pi wo pase prejije ak rasis. Atravè pil ane m te viv nan diferan eta nan peyi sa a, Senyè a te anseye m ke li posib pou nou non sèlman obeyi lwa peyi nou epi chèche amelyore yo men tou, li posib pou nou renmen advèsè nou ak ènmi nou yo. Sa pa fasil, men sa posib avèk asistans sèten Senyè nou an, Jezikri. Li te bay kòmandman sa a pou nou renmen an, epi Li pwomèt nou èd Li si nou obeyi. Mwen temwaye ke Bondye Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè a, Jezikri, renmen nou epi Y ap dirije nou. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Gade tou Lik 6:27–28, 30.

  2. Gordon B. Hinckley, “The Healing Power of Christ,” Ensign, Nov. 1988, 59; gade tou Enseignements de Gordon B. Hinckley (1997), 230.

  3. Gade tou Doktrin ak Alyans 6:5.

  4. Gade tou Matye 22:21; Mak 12:17.

  5. Thomas S. Monson, “School Thy Feelings, O My Brother,” Lyawona, Nov. 2009, 68.

  6. Gade Becky ak Bennett Borden, “Moving Closer: Loving as the Savior Did,” Ensign, Sept. 2020, 24.

  7. Joseph Smith, nan History of the Church, 5:517. Konsa tou, Martin Luther King èlman limyè ki ka fè sa. Rayisman pa kapab chase rayisman; sèlkman lanmou kapab fè sa” t” (Where Do We Go from Here: Chaos or Community? [2010],, 64–65).

  8. Enseignements des présidents de l’église: Howard W. Hunter (2015), 184.

  9. Russell M. Nelson, “Benediksyon pou moun ki patizan lapè,” Ensign, Nov. 2002, 59; gade tou Ensignements de Russell M. Nelson (2018), 83.

  10. Gade “Yon Kay ki Divize,” Ekonomis lan, Sept. 5, 2020, 17–20.

  11. Theresa A. Dear, “America’s Tipping Point: 7 Ways to Dismantle Racism,” Deseret News, 7 Jen 2020, A1.

  12. Diskou nan Lise Jènjan, Springfield, Illinois (Jan. 27, 1838); sitasyon nan John Bartlett, Bartlett’s Familiar Quotations 18th ed. (2012), 444.

  13. Amy Chua and Jed Rubenfeld, “The Threat of Tribalism,” Atlantic, Oct. 2018, 81, theatlantic.com.

  14. Henry John Temple, Viscount Palmerston, remarks in the House of Commons, Mas. 1, 1848; in Bartlett, Bartlett’s Familiar Quotations, 392; italik ajoute.