Konferans Jeneral
Senyè a Grandman Favorize M
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Senyè a Grandman Favorize M

Tan afliksyon ak desepsyon yo pa chanje vijilans zye Senyè a pandan L ap gade sou nou ak beni nou favorableman.

Yon jou, sa gen kèk ane, pandan nou te jèn misyonè ki t ap sèvi nan yon ti branch tou piti nan zile Amani Oshima a, nan Japon, konpayon m avèk mwen te eksite lè nou te aprann Prezidan Spencer W. Kimball t ap vin vizite Azi epi yo te envite tout manm ak misyonè nan Japon yo pou yo te al Tokyo pou yo te ka tande pwofèt la nan yon konferans zòn. Avèk manm branch yo, konpayon m avèk mwen te kòmanse fè plan avèk eksitasyon pou konferans lan, ki t ap mande pou n te pran yon bato pandan 12 èdtan pou n te travèse Lanmè Lès La Chin nan pou n te rive Japon, ki t ap suiv pa yon trajè nan tren 15 èdtan pou nou te rive Tokyo. Men, tristeman, sa pa t gen pou l te rive. Nou te resevwa mesaj prezidan misyon nou ki te di akoz distans lan ak tan an, konpayon m avèk mwen pa t ap kapab asiste konferans nan Tokyo a.

Imaj
Èldè Stevenson ak konpayon misyonè l la

Pandan ke manm nan ti branch nou yo te anbake pou yo t al Tokyo, nou te oblije rete. Jou k te suiv yo te parèt kalm ak vid. Nou te fè reyinyon sentsèn poukont nou nan ti chapèl la pandan ke Sen Dènye Jou ak misyonè nan Japon yo t ap asiste konferans lan.

Imaj
Konferans Zòn Asie a

Santiman desepsyon pèsonèl mwen an te vin pi plis malgre m te kontan koute manm branch nou yo lè yo te retounen sot nan konferans lan kèlke jou apre, ap rakonte ke Prezidan Kimball te anonse yon tanp nan Tokyo. Yo te plen antouzyas pandan yo t ap pale de akonplisman rèv yo. Yo te dekri kijan, lè yo te anonse tanp lan, manm yo ak misyonè yo pa t kapab kenbe lajwa yo e spontaneman yo tou te kanpe ap aplodi.

Imaj
Prezidan Kimball k ap anonse yon tanp nan Tokyo

Ane te pase, men m ka ankò sonje desepsyon m te santi a lè m te rate reyinyon istorik sa a.

Nan mwa k sot pase yo, m t ap reflechi sou eksperyans sa a pandan m t ap obsève figi lòt moun ki te gen gwo desepsyon ak chagren—ki te pi gran ak pi pwofon pase sa m te janm santi lè m te jèn misyonè a—ki te lakoz pa pandemi COVID-19 mondyal la.

Nan kòmansman ane sa a, pandan pandemi an t ap akselere, Premye Prezidans lan te deklare ke “Legliz la ak manm li yo t ap fidèlman montre angajman nou pou nou bon sitwayen ak bon vwazen”1 epi nou t ap “pran anpil prekosyon.”2 Konsa, nou te wè tout reyinyon Legliz sispann nan tout mond lan, nou te wè plis pase mwatye nan fòs misyonè Legliz la retounen lakay yo, epi nou te wè yo te fèmen tout tanp nan tout Legliz la. Plizyè milye nan nou t ap prepare pou nou te antre nan tanp pou nou t al fè òdonans pou vivan—enkli sèlman nan tanp. Gen lòt nan nou ki te fini sèvis nou kòm misyonè anvan lè oubyen ki te relve tanporèman epi reyasiyen.

Imaj
Misyonè k ap retounen nan mitan COVID

Pandan tan sa a, lidè gouvènman ak etablisman skolè yo te fèmen tout lekòl—sa ki te lakoz gradyasyon te chanje epi rankont ak aktivite spòtif, sosyal, kiltirèl, ak skolè yo ta anile. Anpil nan nou te prepare pou spektak nou pa t ka asiste, konpetisyon nou pa t ka tande, sezon atletik ke nou pa t ka jwe.

Sa k menm pi tris la se panse a fanmi ki pèdi moun ki chè pou yo pandan tan sa a; pifò ladan yo pa t ka menm fè antèman ni reyini pou selebre yo jan yo te espere.

Anbrèf, anpil, anpil nan nou te fè fas ak desepsyon, tristès, ak dekourajman ki dechiran. Konsa, kijan pou nou geri, pèsevere, ak kontinye avanse lè bagay yo sanble yo si rèd konsa?

Pwofèt Nefi te kòmanse grave ti plak yo lè l te gen laj adilt. Pandan l t ap repanse ak lavi li ak ministè li, li te fè yon remak enpòtan nan premye vèsè nan Liv Mòmon an. Vèsè sa a demontre yon prensip enpòtan pou nou ta konsidere nan epòk pa nou an. Selon mo familye l yo, men sa l te di: “Mwen menm, Nefi, mwen te gen bon paran” epi “… m te wè anpil afliksyon nan lavi m, men Senyè te favorize m anpil nan tout lavi m.”3

Nou menm k ap etidye Liv Mòmon an, nou familye avèk pil afliksyon Nefi fè referans yo. Poutan, apre l fin rekonèt afliksyon l yo nan lavi li, Nefi di ke, gras ak pèspektiv li sou levanjil la, Senyè a te favorize l anpil nan lavi li. Tan afliksyon ak desepsyon yo pa chanje vijilans zye Senyè a pandan L ap gade sou nou ak beni nou favorableman.

Imaj
Reyinyon misyon virtuel
Imaj
Reyinyon misyon virtuel avèk Èldè ak Sè Stevenson
Imaj
Reyinyon misyon virtuel avèk Èldè ak Sè Stevenson

Dènyèman, Lesa avèk mwen te vityèlman reyini avèk prèske 600 misyonè nan Australie, pifò nan yo oblije nan konfinman oubyen anba restriksyon ki anrapò avèk COVID-19, anpil ap travay apati apatman yo. Ansanm nou te konsidere pèsonaj nan Nouvo Testaman, Liv Mòmon , ak Doktrin ak Alyans yo ke Senyè a te bay benediksyon pou yo te akonpli gwo bagay nan advèsite. Yo tout te pi defini pa sa yo te kapab fè avèk èd Senyè a pase sa yo pa t kapab fè paske yo te nan konfinman ak restriksyon.

Nou li ke Pòl ak Silas, pandan yo te anchene nan prizon, te priye, chante, anseye, ak temwaye—yo te menm batize gadyen prizon an.4

Epi ankò, nan Rome, Pòl te oblije pase dezan nan prizon siveye lakay li; pandan tan sa a, li te kontinyèlman “anonse ak temwaye de wayòm Bondye a,”5 kote l te “anseye tout sa ki konsène Senyè a, Jezikri.”6

Nou li apwopo Nefi ak Leyi, pitit gason Elaman yo, ki, apre yo te fin maltrete yo e mete yo nan prizon, te ansèkle pa yon dife pwotektè pandan ke “yo tande Senyè a, se te yon ti vwa trankil nèt … ki te pèse [moun ki te mete yo nan prizon yo] jis nan nanm yo.”7

Nou li apwopo Alma ak Amilèk nan Amoniya, ki te dekouvri ke anpil “moun te kwè” … epi yo te kòmanse repanti, epi yo te sonde ekriti yo,”8 malgre yo t ap moke yo epi yo te san manje ni dlo, ni rad, epi yo te anchene epi fèmen nan prizon.9

Imaj
Joseph Smith nan Prizon Libète a

E finalman Joseph Smith, nan prizon Libète a, ki te santi l abandone e bliye, epi l te tande Senyè a di l pawòl sa yo: “tout bagay sa yo … se ap pou byen w.”10 epi “Bondye ap avèk ou pou toujou ajamè.”11

Chak nan moun sa yo te konprann sa Nefi te konnen an: ke malgre yo te wè anpil afliksyon pandan lavi yo, Senyè a te favorize yo anpil.

Nou menm tou, endividyèlman e antanke Legliz, nou ka fè paralèl a fason Senyè a grandman favorize nou pandan tan difisil nou t ap viv nan mwa k sot pase yo. Pandan m ap site egzanp sa yo, kite m fòtifye temwayaj nou konsènan don vwayan pwofèt vivan nou an, ki te prepare nou avèk anpil chanjman anvan nou potko menm gen okenn siy pandemi, sa k te pèmèt nou sipòte difikilte k te vini yo.

Premyèman, vin santre plis sou fwaye a e sipòte pa Legliz la.

Sa gen dezan, Prezidan Russell M. Nelson te di: “Nou vin twò abitye panse a ‘legliz’ la kòm yon bagay ki fèt nan chapèl nou yo, sipòte pa sa k pase lakay nou. Nou bezwen yon ajisteman nan chema sa a. … Yon Legliz santre sou fwaye, ki sipòte pa sa k ap pase andedan … bilding nou yo.”12 Ala yon ajisteman pwofesik! Aprantisaj levanjil santre sou fwaye a te mete an pratik avèk fèmti tanporè chapèl nou yo. Menm nan moman kote mond lan kòmanse ap retounen nòmal epi n ap retounen nan chapèl nou yo, n ap toujou vle kenbe modèl etid levanjil santre sou fwaye sa a ke nou te devlope pandan pandemi an.

Yon dezyèm egzanp sou jan Senyè a grandman favorize nou se revelasyon konsènan sèvis pastoral nan yon fason ki pi elve ak pi sen an.

Imaj
Sèvis pastoral

An 2018, Prezidan Nelson te prezante sèvis pastoral kòm yon ajisteman “nan fason pou nou chak pran swen lòt.”13 Pandemi an ba nou anpil okazyon pou nou devlope talan nou pou sèvis pastoral. Frè ak sè sèvis pastoral, jènfi ak jènjan, ak lòt te lonje lamen pou pran kontak, fè konvèsasyon, netwaye lakou, prepare manje, voye mesaj atravè teknoloji, ak pote sentsèn pou beni moun ki nan bezwen. Legliz la limenm fè sèvis pastoral pou lòt moun pandan pandemi an avèk yon distribisyon san presedan ke l te bay soti nan abri rive nan manje, nan refij pou sanzabri, ak sant sipò imigran, epi avèk lòt pwojè ki la pou sitiyasyon grangou grav nan mond lan. Sè Sosyete Sekou yo ak fanmi yo te reponn defi pou yo te fabrike dè milyon mask pou pèsonèl nan sante yo.

Imaj
Pwojè imanitè
Imaj
Moun k ap fè mask

Yon dènye egzanp sou benediksyon pandan advèsite se jwenn pi gwo lajwa nan retou òdonans tanp yo.

Imaj
Sè Kaitlyn Palmer

M ka pi byen dekri sa avèk yon istwa. Lè Sè Kaitlyn Palmer te resevwa apèl misyon li Avril pase, li te eksite dèske l te aple kòm misyonè men li te santi sa te egalman enpòtan ak espesyal pou l t ale nan tanp pou l te resevwa dotasyon li ak fè alyans sakre. Tousuit apre l te pran randevou pou dotasyon l lan, anons lan te vini ke tout tanp yo t ap fèmen tanporèman poutèt pandemi mondyal la. Apre l te fin resevwa enfòmasyon dechiran sa a, li te aprann ke l ta pral oblije fè (MTC) virtyèlman apati lakay li. Malgre desepsyon sa yo, Kaitlyn te konsantre sou kenbe lespri l wo.

Imaj
Sè Kaitlyn Palmer nan MTC lakay li

Nan mwa apre yo, Sè Palmer pa t janm pèdi espwa pou l t al nan tanp lan. Fanmi l te jene ak priye pou tanp te gen tan ouvri anvan l t al nan misyon an. Kaitlyn te konn souvan kòmanse MTC lakay li a nan repete: “Èske jodia se ap jou n ap resevwa yon mirak epi tanp yo pral reouvri a?”

Jou 10 Out la, Premye Prezidans lan te anonse ke tanp Kaitlyn ta prale a t ap reouvri pou òdonans pou vivan nan egzakteman jou maten l te gen pou l te pran avyon byen bonè pou l t al nan misyon l lan. Li pa t ap kapab ale nan tanp lan e pran avyon an an menm tan. Avèk tikal espwa pou l te reyisi, fanmi l te kontakte prezidan tanp Michael Vellinga pou yo te wè si t ap gen yon mwayen pou mirak yo t ap priye pou li a ta reyalize. Priyè ak jèn yo te fè yo te jwenn repons!

Imaj
Fanmi Palmer nan tanp lan

A 2:00 dimaten, kèk èdtan anvan vòl la, Sè Palmer ak fanmi li, ak dlo nan je, te akeyi nan pòt tanp lan pa yon prezidan tanp ki t ap souri pandan l te di mo sa yo, “Bonjou, fanmi Palme. Byenvini nan tanp lan!” Lè l te fin resevwa dotasyon l lan, yo te ankouraje l pou l te prese, paske te gen yon lòt fanmi ki t ap tann nan pòt tanp lan. Yo te kondui dirèkteman al ayewopò a kote yo te egzakteman alè pou l te pran avyon pou l t al nan misyon an.

Imaj
Sè Palmer nan ayewopò a

Òdonans tanp nou manke pandan plizyè mwa yo sanble yo pi dous pase nou te konn imajine anvan pandan tanp nan tout mond lan ap reouvri an faz yo.

Pandan m ap fini la a, tanpri, koute pawòl ankourajan, antouzyas, ak edifyan Pwofèt Joseph Smith te di yo. Nou pa t ap janm imajine ke l te ekri yo nan afliksyon ak izolman, pandan l te fèmen e konfine nan yon kay nan Novou, kote l t ap kache poutèt moun ki t ap chèche arete l ilegalman.

“Kounyeya, kisa nou tande nan levanjil nou resevwa a? Yon vwa kontantman! Yon vwa mizèrikòd ki soti nan syèl la; epi yon vwa verite ki soti nan tè a; bon nouvèl pou mò yo; yon vwa kontantman pou vivan yo ak mò yo; bon nouvèl ki pote gran lajwa. …

“… Èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, … epi an avan, an avan pou viktwa a! Fè kè nou rejwi, epi kontan anpil. Se pou tè a eklate ap chante.”14

Frè m ak sè m yo, mwen kwè ke yon jou, nou chak pral gade dèyè sou aktivite ki te anile yo, sou tristès, desepsyon, ak solitid ki mache avèk tan difisil sa yo n ap travèse a, epi nou pral wè yo eklipse pa bèl benediksyon ak lafwa ak temwayaj ogmante. Mwen kwè ke, nan lavi sa a, ak nan lavi k ap vini an, afliksyon nou yo, Amoniya nou yo, Prizon Libète nou yo, se pral pou byen nou.15 Mwen priye pou ke, ansanm ak Nefi, nou ka rekonèt afliksyon nan lavi nou yo pandan ke an menm tan nou rekonèt ke Senyè a grandman favorize nou.

M ap fini avèk temwayaj mwen konsènan Jezikri, ki Limenm pa t etranje devan afliksyon epi kòm pati Ekspyasyon enfini L lan, li te desann pi ba pase tout bagay.16 Li konprann doulè nou, chagren nou, ak dezespwa nou. Li se Sovè nou, Redanmtè nou, espwa nou, konsolasyon nou, ak Liberatè nou. Konsènan sa mwen temwaye, nan non sakre Jezikri, amèn.