Konferans Jeneral
Kè yo makonnen ansanm nan Lajistis ak Inite
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Kè yo makonnen ansanm nan Lajistis ak Inite

Nan peryòd 200 zan enpòtan sa a nan istwa Legliz nou an, annou pran angajman antanke manm Legliz Senyè a pou nou viv nan ladwati epi ini jan nou pa t janm te konn fè oparavan.

Lajistis ak Inite pwofondeman siyifikatif. 1 Lè moun renmen Bondye ak tout kè yo epi yo efòse yo avèk jistis pou yo vin menmjan avèk Li, gen mwens konfli ak kontansyon nan sosyete a. Gen plis inite. Mwen konn yon istwa vrè ki ilistre prensip sa a.

Antanke yon jènòm ki pa t manm Legliz nou an, Jeneral Thomas L. Kane te ede ak defann Sen yo nan nivo federal enpòtan lè yo te mande yo pou yo te kouri kite Novou a. Li te yon avoka pou Legliz la pandan plizyè ane. 2

An 1872, Jeneral Kane, madanm ni, Elizabeth Wood Kane, ak de pitit gason yo te vwayaje soti lakay yo nan Pensylvanie pou yo te vini Salt Lake. Yo te akonpaye Brigham Young ak asosye l yo nan yon vwayaj apye ale nan Sid nan St. George, Utah Elizabeth te apwoche premye vizit li nan Utah a avèk rezèv osijè fi yo. Li te etone pa kèk bagay li te aprann. Paegzanp, li te dekouvri ke tout karyè kote fi yo te ka travay pou lavi yo te ouvè pou yo nan Utah. 3 Li te wè tou ke manm Legliz yo te janti ak konpreyansif anvè Native Ameriken yo. 4

Pandan vwayaj la, yo te rete nan Filmore lakay Thomas R. ak Matilda Robinson King. 5

Elizabeth te ekri ke pandan Matilda t ap prepare yon repa pou Prezidan Young avèk moun ki te akonpaye l yo, senk Endyen Ameriken te antre nan sal la. Malgre ke yo pa t envite yo, sa te klè ke yo te espere vin chita avèk gwoup la. Sè King te pale avèk yo “nan lang yo.” Yo te chita avèk dra yo avèk vizaj yo satisfè. Elizabeth te mande youn nan timoun King yo, “Kisa manman w te di moun sa yo…?”

Pitit gason Matilda a te reponn: “Li di yo, Etranje sa yo te rive anpremye, e m kuit manje ase pou yo sèlman, men manje pa nou an sou dife kounyea, e m ap rele nou osito ke l pare.”

Elizabeth te mande: “Èske se vre l ap fè sa, oubyen l ap jis ba yo rès manje nan pòt kuizin nan?” 6

Pitit gason Matilda a te reponn: “Manman m ap sèvi yo jan l sèvi w la epi l ap fè yo chita sou tab la.”

Epi se sa l te fè, epi “yo te manje avèk politès.” Elizabeth te eksplike ke admirasyon l pou metrès mezon an te grandi rive 100 pou san. 7 Inite ogmante lè w trete moun avèk diyite ak respè menm si yo diferan nan aparans eksteryè yo.

Antanke dirijan, nou pa p bay tèt nou ilizyon ke nan lepase tout relasyon te pafè, tout konduit te kretyen, oubyen tout desizyon te jis. Sepandan, relijyon nou an anseye ke nou tout se pitit Papa nou ki nan Syèl la, epi nou adore Li ak Pitit Gason L lan, Jezikri, ki se Sovè nou. Dezi nou se pou kè nou ak lespri nou ini ansanm nan lajistis ak inite, epi pou nou vin fè youn avèk Yo. 8

Lajistis se yon tèm ki laj anpil men li pi sètènman enkli viv kòmandman Bondye yo. 9 Li kalifye nou pou òdonans sakre yo ki sou chemen alyans lan epi li beni nou pou n ka gen Lespri a pou ba nou direksyon nan lavi nou. 10

Lè nou jis sa pa vledi ke nou gen tout benediksyon nan lavi nou nan moman sa a. Nou gen dwa pa marye ni gen pitit ni gen lòt benediksyon nou ta renmen yo kounyea. Men Senyè a pwomèt ke moun jis ki fidèl yo “kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap janm fini.” 11

Inite se yon tèm ki elaji anpil tou, men li pi sètènman egzanplifye premye ak dezyèm gran kòmandman pou nou renmen Bondye ak renmen pwoche nou an. 12 Li demontre yon pèp Siyon ki gen kè yo ak lespri yo makònen ansanm nan inite. 13

Kontèks mesaj mwen an se konparezon ak leson ki nan ekriti sakre yo.

Sa gen 200 zan depi Papa a ak Pitit Gason an te premye parèt epi te kòmanse Retablisman levanjil Jezikri a an 1820. Istwa nan 4 Nefi a nan Liv Mòmon an gen yon peryòd 200 zan menmjan tou ak apre Sovè a te fin parèt epi etabli Legliz Li a nan ansyen Amerik la.

Rapò istorik nou li nan 4 Nefia dekri yon pèp ki pa t gen anvi, ni mètdam, ni lobo, ni manti, ni asasina, ni okenn kalite anvi sal nan mitan yo. Istwa a deklare ke, akoz lajistis sa a: “… reyèlman pa t kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye” 14

Konsènan inite, 4 Nefidi nou: “Pa t gen chirepit nan peyi a, poutèt lanmou Bondye ki te nan kè pèp la.” 15

Malerezman apresa, 4 Nefidekri yon chanjman dramatik ki te kòmanse nan “desan-inyèm ane sa a.” 16 lè inikite ak divizyon te detwi lajistis ak inite. Pwofondè koripsyon moral ki te rive lè sa a te lakoz telman mechanste ke alafen pwofèt Mòmon te kriye bay pitit gason l lan, Mowoni:

“Men, O, pitit gason m nan, kouman yon pèp fè konsa, pran plezi nan abominasyon konsa—

“Kouman nou ka espere pou Bondye revoke jijman li kont nou?” 17

Nan dispansasyon sa a, byenke n ap viv nan yon tan espesyal, mond lan pa gen benediksyon lajistis ak inite yo dekri nan 4 Nefi a. Anfèt, n ap viv nan yon epòk ki patikilyèman gen gwo divizyon. Men, milyon moun ki aksepte levanjil Jezikri a pran angajman pou yo atenn lajistis ak inite. Nou tout konsyan ke nou ka fè pi byen, epi sa se defi nou nan epòk sa a. Nou ka vin yon fòs pou elve ak beni sosyete a annantye. Nan peryòd 200 zan enpòtan sa a nan istwa Legliz nou an, annou pran angajman antanke manm Legliz Senyè a pou nou viv nan ladwati epi ini jan nou pa t janm te konn fè oparavan. Prezidan Russell M. Nelson mande pou nou “montre plis politès, ak plis amoni rasyal ak respè youn pou lòt.” 18 Sa vle di pou youn renmen lòt ak Bondye epi aksepte tout moun kòm frè ak sè epi kòm pati yon pèp Siyon.

Gras ak tout doktrin nou yo an jeneral nou kapab devni yon sanktyè inite epi selebre divesite. Inite ak divèsite pa opoze youn ak lòt. Nou ka rive gen pi gwo inite si nou ankouraje yon atmosfè enklizyon ak respè pou divèsite. Pandan peryòd 15 zan m te sèvi nan Prezidans Pieu San Francisco a nan Californie, nou te gen kongregasyon moun ki te pale Espanyòl-, Tongan-, Samoan-, Tagalòg-, and Mandarin. Pawas ki te pale Anglè nou yo te konpoze pa moun ki te soti nan plizyè ras ak kilti. Te gen lanmou, lajistis, ak inite.

Pawas ak branch nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo divize jewografikman oubyen selon lang yo, 19 non pa an fonksyon de ras ak kilti yo. Nou pa mete ras sou rejis manm nou yo.

Nan kòmansman Liv Mòmon an, anviwon 550 ane anvan nesans Kris la, yo anseye nou kòmandman fondamantal ki konsène relasyon ant pitit Pè Selès yo. Tout moun dwe respekte kòmandman Senyè a bay yo, epi yo envite tout moun pou vin goute bonte Senyè a; “e li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; e li sonje payen yo; e tout moun se menm pou Bondye, ni Juif, ni Janti.” 20

Ministè Sovè a ak mesaj Li toujou deklare ke tout ras ak koulè se pitit Bondye. Nou tout se frè ak sè. Nan doktrin nou an, nou kwè ke nan peyi kote Retablisman an te fèt la, Etazini, Konstitisyon Etazini an 21 ak dokiman anrapò yo, 22 ki te ekri pa moun enpafè, se Bondye ki te enspire yo pou benefis tout pèp. Jan nou li nan Doktrin ak Alyans yo, dokiman sa yo te “etabli, e yo dwe rete pou dwa ak pwoteksyon tout kò fizik, dapre prensip ki jis epi ki sen.” 23 De nan prensip sa yo sete libabit ak responsablite pou pwòp peche yon moun. Senyè a te deklare:

“Se poutèt sa, li pa jis pou okenn moun ta nan esklavaj youn anba lòt.

“Epi se nan objektif sa a m tabli Konstitisyon peyi sa a, anba men moun ki saj m leve pou objektif sa a menm, epi m rachte peyi a nan fè san koule.” 24

Revelasyon sa a te resevwa an 1833 lè Sen nan Missouri yo t ap soufri anba gwo pèsekisyon. Antèt Doktrin ak Alyans seksyon 101 an di anpati: “Popilas la te chase yo deyò lakay yo nan Jackson County. … Menas lanmò kont [manm] Legliz yo te anpill.” 25

Sete yon epòk tansyon nan plizyè domèn. Anpil nan moun Missouri yo te konsidere Native Ameriken yo kòm enmi enplakab epi yo te vle chase yo soti nan peyi a. Epitou, anpil nan kolon Missouri yo sete pwopriyetè esklav epi yo te santi yo menase pa moun ki te opoze a esklavaj yo.

An kontras, doktrin nou an te respekte Native Ameriken yo epi dezi nou sete pou n te anseye yo levanjil Jezikri a. Konsènan esklavaj, ekriti nou yo te klèman di ke okenn moun pa ta dwe nan esklavaj youn anba lòt. 26

Finalman, yo te chase Sen yo avèk vyolans soti nan Missouri 27 epi apresa yo te fòse yo deplase al nan Lwès. 28 Sen yo te pwospere epi yo te jwenn lapè ki soti nan lajistis, inite, ak viv levanjil Jezikri a.

Mwen rejwi nan Priyè Entèsesyon Sovè a ki nan Levanjil Jan an. Sovè a te rekonèt ke Papa a te voye L epi Limenm, Sovè a, te fini travay Li te voye L vin fè a. Apresa, Li te priye pou moun ki t apral kwè nan Kris la: “Pou yo ka fè yon sèl; menmjan oumenm, Papa, ou nan mwen, epi mwen nan ou a, pou yomenm tou yo ka fè youn avèk nou.” 29 Inite se sa Kris la te mande pou nou anvan trayizon L ak krisifiksyon L lan.

Nan premye ane Retablisman levanjil Jezikri a, ki ekri nan seksyon 38 Doktrin ak Alyans yo, Senyè a pale de lagè ak mechanste epi l deklare “M di nou, nou dwe fè youn; epi si nou pa fè youn nou pa moun mwen.” 30

Kilti Legliz nou an se levanjil Jezikri a. Epit Pòl te voye bay Women yo pwofon anpil. 31 Premye Legliz nan Rome nan te konpoze pa Juif ak Janti. Premye Juif sa yo te gen yon kilti Jidayik epi yo te “pran emansipasyon yo epi yo te kòmanse miltipliye ak fleri.” 32

Janti nan Rome yo te gen yon kilti ki te gen enfliyans sivilizasyon Elenik (Grèk) la, ke Apot Pòl te konprann byen gras ak eksperyans li nan Athène ak Korent yo.

Pòl te prezante levanjil Jezikri a nan yon fason konplè. Li te pale de aspè nan kilti Jidayik ak Janti a 33 ki an konfli avèk vrè levanjil Jezikri a. Li esansyèlman mande yo chak pou yo kite dèyè tou obstak kiltirèl ki liye avèk kwayans yo ak kilti yo ki pa annakò avèk levanjil Jezikri a. Pòl egzòte Juif yo ak Janti yo pou yo respekte kòmandman yo, pou youn renmen lòt, epi li afime ke lajistis mennen nan sali. 34

Kilti levanjil Jezikri a se pa yon kilti payen ni yon kilti Jidayik. Li pa detèmine pa koulè po yon moun oubyen ki kote yon moun ap viv. Pandan ke n ap rejwi nan divèsite kilti yo, nou dwe renonse ak aspè nan kilti sa yo ki an konfli avèk levanjil Jezikri a. Manm nou yo ak nouvo konvèti nou yo souvan soti nan divès orijin rasyal ak kiltirèl. Si nou vle suiv egzòtasyon Prezidan Nelson an pou rasanble Izrayèl ki dispèse a nan toulède bò vwal yo, n ap wè ke nou osi diferan ke Juif yo ak Janti yo te ye nan epòk Pòl la. Men nou ka ini nan lanmou nou ak lafwa nou nan Jezikri. Epit Pòl te voye bay Women yo etabli prensip pou nou suiv kilti ak doktrin levanjil Jezikri a. Se modèl la pou nou jodia. 35 Òdonans tanp yo ini nou nan fason espesyal epi yo pèmèt nou fè youn nan tout fason ki etènèlman siyifikatif.

Nou rann omaj a manm pyonye nou yo nan tout mond lan, non pa paske yo te pafè men paske yo te simonte eprèv, yo te fè sakrifis, yo te aspire pou yo te sanble ak Kris, epi yo te efòse yo pou yo te bati lafwa epi fè youn avèk Sovè a. Inite yo avèk Sovè a te fè yo ini yo youn ak lòt. Prensip sa a vrè pou oumenm avèk mwen jodia.

Apèl vibran nou lanse bay manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pou yo fè efò pou yo yon pèp Siyon ki gen yon sèl kè ak yon sèl lespri epi ki demere nan lajistis. 36

Priyè mwen se pou nou jis ak ini epi totalman konsantre sou sèvi ak adore Sovè nou an, Jezikri, konsènan Li mwen temwaye. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 38:27.

  2. Yo toujou dekri sèvis Thomas Kane te rann manm yo “kòm yon sakrifis dezenterese ki te fèt pa yon jenòm ideyalis ki te temwen enjistis yo te enflije sou yon minorite relijye ki te pèsekite pa yon majorite kriyèl ak ostil” (entwodiksyon pou Elizabeth Wood Kane, Douz Kay Mòmon Vizite nan yon vwayaj atravè Utah al Arizona (Twelve Mormon Homes Visited in Succession on a Journey through Utah to Arizona), ed. Everett L. Cooley [1974], viii).

  3. Kane, Twelve Mormon Homes, 5.

  4. Gade Kane, Twelve Mormon Homes, 40.

  5. Gade Lowell C. (Ben) Bennion and Thomas R. Carter, “Touring Polygamous Utah with Elizabeth W. Kane, Winter 1872–1873,” BYU Studies, vol. 48, no. 4 (2009), 162.

  6. Aparaman, Elizabeth te asime ke pifò Ameriken nan epòk sa a te siman bay Endyen yo rès manje epi te trete yo diferan de lòt envite yo te genyen.

  7. Kane,Kane, Twelve Mormon Homes, 40.64–65. Li enpòtan pou nou note ke anpil Native Ameriken, enkli plizyè chèf, te vin manm Legliz la. Gade John Alton Peterson, Utah’s Black Hawk War (1998) 61; Scott R. Christensen, Sagwitch: Shoshone Chieftain, Mormon Elder, 1822–1887 (1999), 190–95.

  8. Nan dispansasyon sa a “moun ki jis yo pral rasanble soti nan pami tout nasyon yo, epi yo pral vini nan Siyon, pou yo chante chan lajwa etènèl” (Doctrine and Covenants 45:71).

  9. Gade Doktrin ak Alyans 105:3–5. Ekriti yo di nou ke pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo se yon eleman ki nesesè nan lajistis.

  10. Gade Alma 36:30; see also 1 Nefi 2:20; Mozya 1:7. Dènye pati Alma 36:30 la di: “Toutotan ou pa respekte kòmandman Bondye yo, l ap chase w nan prezans li. Epi, se dapre pawòl li.”

  11. Mozya 2:41. Prezidan Lorenzo Snow (1814–1901) te anseye: “Pa gen okenn Sen Dènye Jou ki mouri apre yo fin yon lavi fidèl ki pral pèdi anyen paske yo pa fè kèk bagay lè opòtinite yo te prezante devan yo. Otremandi, si yon jenòm oubyen yon jènfi pa gen opòtinite pou yo marye, epi yo viv fidèl jiskaske yo mouri, y ap jwenn tout benediksyon, egzaltasyon ak laglwa nenpòt lòt fi oswa gason ki te gen opòtinite sa a e ki te pwofite li. Sa asire e pozitif” ( Enseignements des présidents de l église: Lorenzo Snow [2012], 130). Mozya 2:41gade tou Richard G. Scott, “The Joy of Living the Great Plan of Happiness,” Ensign, Nov. 1996, 75.

  12. Gade 1 Jan 2:2

  13. Mozya 18:21gade tou Moyiz 7:18

  14. 1 Nefi 1:16

  15. 2 Nefi 1:15

  16. 1 Nefi 14:24

  17. Mowoni 9:13–14

  18. Russell M. Nelson, nan “First Presidency and NAACP Leaders Call for Greater Civility, Racial HarmonyMay 17, 2018, newsroom.ChurchofJesusChrist.org; see also “President Nelson Remarks at Worldwide Priesthood CelebrationJune 1, 2018, newsroom.ChurchofJesusChrist.org.

  19. Doktrin ak Alyans 90:11 di, “Chak moun dwe tande plenitid levanjil la … e nan pwòp lang pa li.” Konsa, nou abityèlman apwouve inite kongresyon menm lang.

  20. 2 Nefi 26:33.

  21. Gade Konstitisyon Etazini an

  22. Gade United States Declaration of Independence, 1776; Constitution of the United States, Amendments I–X (Bill of Rights).

  23. Doktrin ak Alyans 101:77italik ajoute.

  24. Doktrin ak Alyans 101:79–80

  25. Doktrin ak Alyans 101antèt seksyon an

  26. Gade Saints: The Story of the Church of Jesus Christ in the Latter Days, vol. 1, The Standard of Truth, 1815–1846 (2018), 172–74; James B. Allen and Glen M. Leonard, The Story of the Latter-day Saints, 2nd ed. (1992), 93–94; Ronald W. Walker, “Seeking the ‘Remnant’: The Native American during the Joseph Smith Period,” Journal of Mormon History, vol.19, no. 1 (Spring 1993): 14–16.

  27. Gade Saints, 1:359–83; William G. Hartley, “The Saints’ Forced Exodus from Missouri, 1839,” nan Richard Neitzel Holzapfel and Kent P. Jackson, eds., Joseph Smith, the Prophet and Seer (2010), 347–89; Alexander L. Baugh, “The Mormons Must Be Treated as Enemies,” nan Susan Easton Black and Andrew C. Skinner, eds., Joseph: Exploring the Life and Ministry of the Prophet (2005), 284–95.

  28. Gade Les Saints: Histoire de l église de Jesus-Christ dans les derniers jours, vol. 2, Aucune main impie, 1846–1893 (2020), 3–68; Richard E. Bennett, We’ll Find the Place: The Mormon Exodus, 1846–1848 (1997); William W. Slaughter and Michael Landon, Trail of Hope: The Story of the Mormon Trail (1997).

  29. Jan 16:33.

  30. Doktrin ak Alyans 38:27.

  31. Epit Pòl pou Women yo anpil nan deklare doktrin nan. Women gen sèl kote yon mansyone Ekspyasyon an nan Nouvo Testaman an. M te vin apresye Epit Pòl te voye bay Women yo pou yo ini divès moun atravè levanjil Jezikri a lè m te sèvi kòm prezidan yon pieu ki te gen manm ki te soti nan ras ak kilti diferan epi ki te pale plizyè lang diferan.

  32. Frederic W. Farrar, The Life and Work of St. Paul (1898), 446.

  33. Gade Farrar, The Life and Work of St. Paul, 450.

  34. Gade Women 4:18

  35. Gade Dallin H. Oaks, “The Gospel Culture,” Liahona, Mas. 2012, 22–25; gade tou Richard G. Scott, “Removing Barriers to Happiness,” Ensign, Me 1998, 85–87.

  36. Gade nan Moyiz 7:18.