Konferans Jeneral
Se poutèt sa, Veye, epi Toujou Priye
Konferans Jeneral Oktòb 2020


Se poutèt sa, Veye, epi Toujou Priye

Jodi a, m ap etann apèl pou priyè m nan a tout moun nan tout peyi ki nan mond lan.

Chè frè m ak sè mwen yo, pandan dènye semèn nan ministè mòtèl Li a, Jezi te anseye disip Li yo pou yo te “kontinye Veye, epi toujou priye, pou yo ka konte yo diy pou yo chape anba tout bagay ki pral pase yo, epi pou kanpe devan Pitit Gason lòm nan.”1

Pami “bagay ki pral pase yo” avan Dezyèm Vini an genyen “lagè ak rimè sou lagè[,] … grangou, ak nuizans, ak tranblemandtè, nan divès andwa.”2

Nan Doktrin ak Alyans Sovè a te di, Epi tout bagay pral an boulvès; … paske laperèz pral tonbe sou tout moun.”3

Sètènman, n ap viv nan yon epòk kote bagay yo an boulvès. Anpil moun gen krent pou lavni, epi anpil kè detounen ale lwen lafwa yo nan Bondye ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Rapò nouvèl yo ranpli avèk istwa sou vyolans. Anpil denigreman moral ap pibliye anliy. Simityè, legliz, moske, sinagòg, ak sanktyè relijye vandalize.

Yon pandemi global atenn pratikman chak kwen sou latè—dè milyon moun enfekte, plis pase milyon moun mouri. Gradyasyon lekòl, sèvis adorasyon nan legliz, maryaj, travay misyonè, ak yon pakèt lòt evenman enpòtan nan lavi a deranje. Anplis, yon kantite moun santi yo abandone poukont yo e izole.

Boulvès ekonomik lakòz pwoblèm pou anpil moun, espesyalman pou sa ki pi vilnerab nan pitit Pè Selès nou yo.

Nou wè moun ki, avèk pasyon, egzèse dwa yo genyen pou yo pwoteste pezibleman, epi nou wè foul moun ankolè.

An menm tan an, nou kontinye wè konfli tout kote nan mond lan.

Mwen panse souvan ak sila nan nou yo ka p soufri, ki enkyete, ki pè, oubyen ki santi yo poukont yo. M ap asire chak nan nou ke Senyè a konnen nou, ke li konsyan de sousi ak angwas nou yo, epi li renmen nou—espesyalman e pèsonèlman, pwofondeman epi pou tout tan.

Chak swa lè m ap priye, mwen mande Senyè a pou L beni tout moun ki chaje ak soufrans, lapenn, solitid, ak tristès. Mwen konnen ke lòt dirijan yo nan Legliz la adrese menm priyè sa a tou. Kè nou, endividyèlman ak kolektivman, santi doulè ou epi priyè nou al jwenn Bondye pou ou.

Mwen te pase plizyè jou nan ane k sot pase a nan pati nòdès Etazini kote m t ap vizite sit ameriken yo ak sit istwa Legliz yo, asiste reyinyon avèk misyonè nou yo ak manm nou yo, epi ap vizite dirijan gouvènman ak biznis.

Jou dimanch, 20 Oktòb la, mwen te pale devan yon gwo asistans nan Boston, Massachusetts. Pandan m t ap pale a, m te santi m enspire pou m te di, “M ap sipliye nou … pou nou priye pou peyi sa a, pou dirijan nou yo, pou pèp nou an, ak pou fanmi yo k ap viv nan gran nasyon sa a Bondye te fonde a.”4

Mwen te di tou ke Amerika ak anpil lòt nasyon sou tè a, tankou nan tan lontan, rive nan yon kafou kritik epi li bezwen priyè nou.5

Siplikasyon sa a pa t nan nòt m te prepare pou m te di yo. Pawòl sa yo te vin jwenn mwen pandan m te santi Lespri a pouse m pou m te envite moun ki te prezan yo pou yo priye pou peyi yo ak dirijan yo.

Jodi a, m ap etann apèl pou priyè m nan a tout moun nan tout peyi ki nan mond lan. Kèlkeswa fason ou priye oubyen kèlkeswa moun ou adrese priyè w la, tanpri egzèse lafwa ou—kèlkeswa relijyon ou—epi priye pou peyi ou ak pou dirijan nasyonal ou yo. Jan m te di an Oktòb nan Massachusetts la, nou kanpe jodia nan yon gwo kafou nan listwa, epi nasyon yo sou tè a gen bezwen dezespere pou enspirasyon ak gidans divin. Sa pa gen anyen pou wè avèk politik ni règleman. Sa gen pou wè avèk lapè ak gerizon ki ka vini pou chak grenn moun ansanm ak pou tout peyi yo—vil, ti vil, ak vilaj yo—atravè Prens Lapè a ak sous tout gerizon an, Senyè Jezikri.

Pandan kèk mwa ki sot pase yo, mwen te gen yon enpresyon ki te fè m santi ke pi bon mwayen pou nou ede nan sitiyasyon aktyèl mond lan se pou tout moun konte pi konplètman sou Bondye epi tounen kè yo al jwenn Li atravè priyè sensè. Imilye tèt nou ak chèche enspirasyon selès pou andire oswa simonte sa ki devan nou yo se ap fason pi asire ak pi san danje pou nou avanse avèk konfyans atravè tan difisil sa yo.

Ekriti yo souliyen priyè Jezi te ofri yo ansanm avèk ansèyman L te bay konsènan priyè pandan ministè mòtèl Li a. Nou pral raple w priyè Senyè a:

“Papa nou ki nan Syèl la, se pou yo respekte non ou.

“Se pou rèy ou an rive. Se pou volonte ou fèt sou tè a, tankou nan syèl la.

“Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a.

“Epi padone peche nou yo menm jan nou padone moun ki fè nou ditò.

“Epi pa kite nou tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba sa ki mal: Paske wayòm, ak pouvwa a, ak laglwa se pou ou, pou tout tan gen tan. Amèn.”6

Bèl priyè konsantre sa a, ke yo repete souvan atravè Krisyanis la, rann klè ke sa apwopriye pou nou dirèkteman adrese “Papa nou ki nan syèl la” pou nou ka jwenn repons pou sa ki ap twouble nou yo. Se poutèt sa, an nou priye pou gidans divin.

Mwen envite w pou w toujou priye.7 Priye pou fanmi w. Priye pou dirijan nasyon yo. Priye pou moun plen kouraj ki nan premye ran nan batay aktyèl kont fleyo sosyal, anviwònmantal, politik, ak byolojik sa yo ki gen enpak sou tout moun nan tout mond lan, rich ak pòv, jèn ak granmoun.

Sovè a te anseye pou nou pa limite kantite moun pou nou priye pou yo. Li te di, “Renmen ènmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou.”8

Sou kwa Kalvè a, kote Jezi te mouri pou peche nou yo, Li te mete sa L te anseye a an pratik lè L te priye, “Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè.”9

Sensèman priye pou moun ke nou ka konsidere kòm ènmi nou yo demontre kwayans nou ke Bondye ka chanje kè nou ak kè lòt moun. Kalite priyè sa yo ta dwe ranfòse rezolisyon nou pou nou fè kèlkeswa chanjman ki nesesè yo nan pwòp lavi nou, nan fanmi nou ak nan kominote nou yo.

Kèlkeswa kote w ap viv, kèlkeswa lang ou pale, oubyen difikilte w ap rankontre, Bondye tande epi reponn ou nan pwòp fason pa li ak nan pwòp tan pa li. Paske nou se pitit Li, nou ka apwoche Li pou n chèche èd, soulajman, ak yon dezi renouvle pou nou fè yon diferans pozitif nan mond lan.

Souvan, priye pou jistis, lapè, pou pòv yo, ak malad yo pa ase. Apre nou fin mete nou ajenou pou nou priye, nou bezwen leve kanpe epi fè sa nou kapab pou n ede—pou n ede tèt nou ak lòt moun.10

Ekriti yo chaje ak egzanp moun ki gen lafwa ki te konbine priyè avèk aksyon pou fè yon diferans nan pwòp lavi yo ak nan lavi lòt moun. Nan Liv Mòmon an, pa egzanp, nou li konsènan Enòs. Yo te obsève ke “apeprè de-tyè nan ti liv kout li a dekri yon priyè, oubyen yon seri priyè, epi rès la pale de sa li te fè kòm konsekans repons li te resevwa yo.”11

Nou genyen anpil egzanp sou fason priyè te fè yon diferans nan istwa Legliz pa nou an, kòmanse avèk premye priyè awotvwa Joseph Smith la nan yon ti boskè toupre kay anbwa paran l yo nan prentan 1820 an. Nan chèche padon ak direksyon espirityèl, priyè Joseph la te ouvri syèl yo. Jodi a, nou benefisye de Joseph Smith ak lòt gason ak fi Sen Dènye Jou fidèl ki te priye epi ki te aji pou etabli Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Souvan, mwen reflechi sou priyè fi moun fidèl tankou Mary Fielding Smith ki, avèk èd Bondye, te dirije fanmi l kourajezman pou yo te soti anba pèsekisyon ki t ap ogmante nan Illinois yo pou yo te rive an sekirite nan vale sa a, kote fanmi li te pwospere espirityèlman ak tanporèlman. Apre l te fin priye sensèman sou jenou li, li te travay di pou l te simonte difikilte l yo ak pou beni fanmi li.

Lapriyè ap rekonfòte nou epi rasanble nou ansanm endividyèlman, kòm fanmi, kòm yon Legliz, epi kòm yon mond. Lapriyè ap enfliyanse syantis yo epi ede yo pou fè yo dekouvri vaksen ak medikaman ki pral mete fen a pandemi sa a. Lapriyè ap rekonfòte moun ki pèdi yon moun yo renmen. L ap gide nou pou n konn kisa pou nou fè pou pwòp pwoteksyon pèsonèl nou.

Frè m ak sè m yo, mwen egzòte nou pou nou redouble angajman nou pou nou priye a. Mwen egzòte nou pou nou priye nan chanm nou, pandan na p mache chak jou, nan fwaye nou, nan pawas nou yo, epi, toujou, nan kè nou.12

Nan non dirijan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, mwen remèsye nou pou priyè nou yo pou nou. Mwen egzòte nou pou nou kontinye priye pou nou ka resevwa enspirasyon ak revelasyon pou gide Legliz la nan moman difisil sa yo.

Priyè ka chanje lavi nou. Motive pa priyè sensè, nou ka amelyore ak ede lòt moun pou yo fè menmjan an.

Mwen konn pouvwa lapriyè atravè pwòp eksperyans pa m. Resamman mwen te poukont mwen nan biwo m. Mwen te fèk sibi yon operasyon nan men. Men an te tou nwa e ble, anfle, epi li t ap fè m mal. Lè m te chita dèyè biwo m nan, mwen pa t ka konsantre sou bagay enpòtan ak vital yo paske doulè sa a t ap distrè mwen.

Mwen te mande Senyè a pou L te ede m konsantre pou m te ka fè travay mwen. Mwen te leve epi m te retounen nan pil papye yo sou biwo m nan. Prèske imedyatman, espri m te vin klè e m te ka konsantre, epi mwen te gen posiblite pou m te konplete bagay ki te presan pou mwen yo.

Sitiyasyon kawotik aktyèl mond lan ka sanble l entimidan lè nou konsidere pakèt pwoblèm ak difikilte yo. Men mwen gen yon temwayaj fèvan ke si nou priye epi nou mande Pè Selès la benediksyon ak gidans ki nesesè a, n ap rive konn kijan nou ka beni fanmi nou, vwazen, ak kominote nou yo, e menm peyi kote n ap viv la.

Sovè a te priye epi apresa li te “ale toupatou ap fè byen”13 nan nouri pòv yo, bay kouraj ak sipò pou sila yo ki te bezwen, epi apwoche moun nan lanmou, padon, lapè, ak repo tout moun ki ta vin jwenn li. Li kontinye ap lonje lamen ba nou.

Mwen envite tout manm Legliz la, ansanm ak vwazen ak zanmi nou yo nan lòt gwoup relijye yo nan mond lan, pou yo aji jan Sovè a te konseye disip Li yo: “Se poutèt sa, veye, epi toujou priye14 pou lapè, pou rekonfò, pou sekirite, ak opòtinite pou youn sèvi lòt.

Ala pouvwa lapriyè a gran epi ala priyè nou fè avèk lafwa nan Bondye ak nan Pitit Gason Byenneme L yo nesesè nan mond lan jodia! Annou sonje ak apresye pouvwa lapriyè. Nan non Jezikri, amèn.