Konferans Jeneral
Avanse avèk lafwa
Konferans Jeneral Avril 2020


Avanse avèk lafwa

Mwen beni nou avèk lapè ak yon ogmantasyon lafwa nan Senyè a.5

Chè frè ak sè byenneme m yo, pandan nou rive nan fen konferans istorik sa a, nou eksprime rekonesans nou pou Senyè a. Mizik la te siblim, epi mesaj yo te enspiran.

Pandan konferans sa a, nou te viv anpil bagay ekstraòdinè. Nan okazyon anivèsè bisantnè sa a, nou pibliye yon pwoklamasyon pou mond lan ki deklare reyalite Retablisman levanjil Jezikri a nan totalite li.

Nou te komemore Retablisman an avèk Kri Ozana a.

Nou te devwale yon nouvo senbòl ki endike lafwa nou nan Senyè Jezikri epi ki pral sèvi kòm yon senbòl vizyèl pou pèmèt nou rekonèt enfòmasyon ak dokimantasyon ofisyèl Legliz la.

Nou te mande yon jounen mondyal pou jèn ak lapriyè, pou yo ka metrize epidemi n ap travèse a, pou moun k ap bay swen yo ka pwoteje, pou ekonomi an ka fòtifye, epi pou lavi retounen nòmal. Jèn sa a ap fèt jou Vandredi Sen ki 10 Avril la. E ala yon bèl Vandredi Sen sa pral ye!

Dimanch pwochen se Dimanch Pak, kote nou pral selebre Ekspyasyon ak Rezirèksyon Senyè nou an, Jezikri, yon fwa ankò. Gras avèk Ekspyasyon L lan, kado rezirèksyon L lan disponib pou tout moun ki te janm viv sou tè a. Epi kado lavi etènèl la ap disponib pou tout moun ki kalifye yo atravè fidelite yo nan òdonans ak alyans yo te fè nan tanp sakre L yo.

Tout bagay enspire yo nan konferans jeneral Avril 2020 sa a—ak semèn sakre nou ap kòmanse la a—kapab rezime pa de mo ki te divinman deklare: “Koute Li.”1 Nou priye pou atansyon nou te pote sou Papa nou ki nan Syèl la, ki te di pawòl sa yo, ak sou Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri a, ka demere vivan nan souvni nou de tout sa nou te viv la yo. Nou priye pou nou vrèman rekòmanse koute, tande, ak suiv pawòl Sovè a.2 Mwen pwomèt ke si nou fè sa, laperèz ap diminye epi lafwa nou ap ogmante.

Mèsi pou dezi nou pou nou fè fwaye nou tounen veritab sanktyè lafwa, kote Lespri Senyè a kapab abite. Pwogram etid levanjil nou an, Vini, Suiv Mwen an pral kontinye beni lavi nou. Efò konsistan nou nan domèn sa a—menm nan moman kote nou ka gen enpresyon ke nou pa patikilyèman gen siksè ladan li—ap chanje lavi nou, lavi fanmi nou, ak mond lan. Nou pral fòtifye pandan n ap vin plis anplis disip vanyan Senyè a, ki ap kanpe pou Li e ki ap pale pou Li, kèlkeswa kote nou ye.

Kounyea, annou pale de tanp Nou gen 168 tanp ki konsakre atravè tout mond lan. Gen lòt ki nan diferan stad planifikasyon ak konstriksyon. Lè nou anonse plan pou konstwi yon nouvo tanp, li vin fè pati istwa sakre nou an.

Sa ka sanble etranj pou ou ke n ap anonse nouvo tanp pandan tout tanp nou yo fèmen pou moman an.

Sa gen plis pase yon syèk, Prezidan Willford Woodruf te prevwa yon sitiyasyon tankou sa n ap viv la a, jan sa ekri nan priyè konsekrasyon Tanp Salt Lake la, ki te fèt an 1893 la. Kèk nan nou siman te wè kèk ekstrè nan priyè remakab sa a sou medya sosyal.

Lè pèp Ou a p ap gen opòtinite pou yo antre nan kay sakre sa a … epi yo oprime epi yo nan difikilte, antoure pa pwoblèm … epi yo vire tèt yo gade kay sakre W sa a, epi yo mande W delivrans, èd ou, pou pouvwa W kapab egzèse pou yo, nou enplore Ou, pou w poze yon rega mizèrikòd sou yo, apati abitasyon sakre W la, … epi koute kri yo. Oubyen, lè pitit pèp ou a, nan ane k ap vini yo, pral oblije, pou kèlkeswa rezon an, separe de andwa sa a, … epi yo kriye ba ou nan pwofondè afliksyon yo ak soufrans yo pou mande w sekou ak delivrans, nou sipliye W enbleman pou W … tande kri yo, epi akòde yo benediksyon y ap mande yo.”3

Frè m ak sè m yo, nan moman detrès nou ap travèse a kote tanp yo fèmen an, nou ka kanmèm rele pouvwa alyans ak dotasyon tanp nou yo si nou onore alyans nou yo. Tanpri, itilize tan sa a kote tanp yo fèmen an pou nou kontinye viv yon lavi ki diy pou tanp oubyen pou nou vin diy pou tanp.

Pale de tanp avèk fanmi nou ak zanmi nou. Paske Jezikri se santral tout sa nou fè nan tanp lan, pandan n ap panse plis sou tanp lan, n ap vin panse avèk Li plis tou. Etidye epi priye pou nou aprann plis sou pouvwa ak konesans yo te dote nou yo—oubyen ke nou pral resevwa nan dotasyon yo.

Jodia nou kontan anonse plan pou konstwi uit nouvo tanp nan peyi sa yo: Bahía Blanca, (Argentine); Tallahassee, (Floride, Etats-Unis); Lubumbashi, (République Democratic du Congo); Pittsburgh, (Pennsylvanie, Etats-Unis); Benin City, (Nigeria); Syracuse, (Utah, Etats-Unis); Dubai, (Emirats Arabes Unis); ak Shanghai, (République Populaire de Chine).

Nan tout uit andwa sa yo, achitèk Legliz yo pral travay avèk ofisyèl nan peyi yo pou tanp la kapab an amoni avèk chak kominote epi pou l pote yon bèl adisyon nan chak kominote.

Pwojè konstriksyon pou tanp Dubai la vini kòm repons pou yon envitasyon plen koutwazi yo, ke nou aksepte avèk rekonesans.

Kontèks pou konstriksyon tanp nan Shanghai la trè enpòtan. Pandan plis pase ventan, manm ki diy pou al nan tanp ki ap viv nan République Populaire de Chine yo te konn al nan tanp Honk Kong nan nan La Chine. Men, an Jilyè 2019, tanp lan te fèmen pou yon renovasyon ki te planifye lontan, ke tanp lan bezwen anpil.

Nan Shanghai, yo pral prepare yon lye reyinyon modès ki pral sèvi pou plizyè aktivite pou manm Chinwa yo ka jwenn yon mwayen pou yo kontinye patisipe nan òdonans tanp yo—nan République Populaire de Chine—pou yomenm ak zansèt yo.4

Nan chak peyi, Legliz sa a anseye manm li yo pou yo onore, obeyi, ak soutni lalwa.5 Nou anseye enpòtans fanmi, enpòtans pou nou bon paran ak sitwayen egzanplè. Paske nou respekte lwa ak règleman Moun nan République Populaire de Chine yo, Legliz la pa voye misyonè pou preche levanjil nan peyi sa a; ni nou p apral kòmanse fè sa.

Kongegrasyon Ekspatriye yo ak Chinwa yo pral kontinye reyini separeman. Pozisyon legal Legliz la nan peyi sa a pa chanje. Nan yon premye tan, se sou randevou sèlman l ap posib pou yo al nan tanp lan. Kay Senyè a nan Shanghai a pa pral disponib pou touris ki soti nan lòt peyi.

Uit nouvo tanp sa yo pral beni lavi anpil moun nan toulède bò vwal la. Tanp yo se kouwònman Retablisman plenitid levanjil Jezikri a. Nan bonte ak jenewozite Bondye, Li mennen benediksyon tanp yo pi pre pitit Li yo toupatou.

Pandan Retablisman an ap kontinye a, mwen konnen Bondye ap kontinye revele nou anpil gwo bagay enpòtan konsènan wayòm ni an isit sou tè a.6 Wayòm sa a se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Chè frè m ak sè m yo, mwen eksprime lanmou m pou nou. Nan peryòd tansyon ak ensètitid sa a, e pandan m ap envoke otorite mwen detni an, mwen ta renmen ba nou yon benediksyon apostolik.

Mwen beni nou avèk lapè ak yon ogmantasyon lafwa nan Senyè a.7

Mwen beni nou avèk dezi pou nou repanti epi vin yon ti jan pi plis tankou Li chak jou k ap pase.8

Mwen beni nou pou nou ka konnen Pwofèt Joseph Smith se pwofèt Retablisman levanjil Jezikri a nan plenitid li.

Si gen maladi nan pami noumenm oubyen nan moun ki chè pou nou, mwen kite yon benediksyon gerizon sou nou, selon volonte Senyè a.

Mwen beni nou konsa, pandan ke yon fwa ankò m ap eksprime lanmou m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.