2010–2019
Verite a ak plan an
Oktòb 2018


Verite a ak plan an

Lè n ap chèche laverite osijè relijyon, nou dwe itilize metòd espirityèl apwporiye pou rechèch sa a.

Revelasyon modèn nan defini laverite kòm yon “konesans bagay jan yo ye, ak jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye” (Doktrin ak Alyans 93:24). Sa se yon definisyon pafè pou plan sali a ak “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.”

N ap viv nan yon tan ki ranpli ak enfòmasyon ki gaye toupatou. Men se pa tout enfòmasyon sa yo ki vre. Nou bezwen pran prekosyon lè n ap chèche laverite ak lè n ap chwazi sous kote nou ka jwenn ni. Nou pa dwe konsidere renome ak otorite pwofàn kòm sous kalifye pou n jwenn laverite. Nou dwe pran prekosyon pou n pa apiye sou enfòmasyon oubyen konsèy ki ofri pa vedèt nan mond spektak yo, atlèt renome yo, oubyen sous entènèt anonim. Nou pa dwe konfonn espesyalizasyon nan yon domèn avèk espesyalizasyon nan zafè verite nan yon lòt domèn.

Nou dwe fè atansyon a sa k motive moun nan k ap bay enfòmasyon an. Se poutèt sa ekriti yo avèti nou kont entrig deprèt (gade 2 Nephi 26:29). Si sous la anonim oubyen enkoni, enfòmasyon an ka sispèk tou.

Desizyon pèsonèl nou dwe baze sou enfòmasyon ki soti nan sous konpetan ki kalifye sou sijè a epi ki pa soti nan motivasyon egoyis.

I.

Lè n ap chèche laverite osijè relijyon, nou dwe itilize metòd espirityèl ki apwporiye yo pou rechèch sa a: lapriyè, temwayaj Sentespri a, ak etid ekriti yo ak pawòl pwofèt modèn yo. M toujou tris lè m tande yon moun di l pèdi lafwa relijye li akoz ansèyman pwofàn. Moun ki te gen vizyon espirityèl yon fwa ka vin soufri anba avègleman espirityèl yo enflije tèt yo. Jan Prezidan Henry B. Eyring te di: “Pwoblèm yo genyen yo pa repoze sou sa yo panse yo wè; men, li chita sou sa yo poko ka wè.”1

Metòd syantifik yo mennen nou nan sa nou rele verite syantifik. Men “verite syantifik” se pa ansanb lavi a. Moun ki pa aprann pa “letid epi pa lafwa yo” (Doktrin ak Alyans 88:118) limite konpreyansyon yo sou laverite selon sa yo ka pwouve syantifikman. Sa mete baryè atifisyèl nan rechèch laverite yo a.

Prezidan James E. Fauts te di: “Moun ki batize yo riske mete nanm yo andanje si yo neglijamman suiv sous aprantisaj pwofàn sèlman. Nou kwè ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen plenitid levanjil Kris la, yon levnajil ki se esans laverite ak limyè etènèl.”2

Nou jwenn vrè lajwa dirab nan aprann laverite sou idantite nou, sou sans lavi nan mòtalite a, ak sou destinasyon nou lè nou mouri epi lè nou aji konfòmeman avèk yo. Nou pa ka aprann verite sa yo pa metòd syantifik oubyen pwofàn.

II.

Kounyeya, m pral pale nou de verite levanjil retabli yo ki fondamantal nan doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Tanpri, konsidere verite sa yo atantivman. Yo eksplike anpil bagay sou doktrin nou an ak pratik nou yo, petèt menm kèk ke nou poko konprann.

Gen yon Bondye, ki se Papa eman espri tout moun ki te janm viv oubyen k ap janm viv.

Sèks maskilen oubyen feminen se bagay ki etènèl. Anvan nou te fèt sou tè sa a, nou tout te viv antanke espri maskilen ak feminen nan prezans Bondye.

Nou fèk sot tande Kè Tabònak la nan Temple Square la chante: “Je veux suivre le plan de Dieu.” 3 Sa se plan Bondye etabli pou tout pitit lespri l yo ka pwogrese etènèlman. Plan sa a enpòtan pou nou chak.

Selon plan sa a, Bondye te kreye tè sa a kòm yon lye kote pitit espri byeneme l yo te ka fèt nan mòtalite a pou yo te resevwa yon kò fizik epi pou yo gen opòtinite pou yo pwogrese etènèlman nan fè bon chwa.

Pou yo ka siyifikan, chwa nan mòtalite yo dwe fèt ant de fòs opoze byen ak mal yo. Dwe gen opozisyon, epi konsa, yo te pèmèt advèsè a, ki te chase poutèt rebelyon an, tante pitit Bondye yo pou fè yo aji kontrèman a plan Bondye a.

Objektif plan Bondye a sete pou bay pitit li yo opòdinite pou yo chwazi lavi etènèl. Sa te ka akonpli sèlman atravè eksperyans nan mòtalite a, epi apre lanmò, atravè pwogresyon nan mond dèzespri a.

Pandan lavi nou nan mòtalite a, nou t ap vin sal anba peche paske nou t ap sede anba tantasyon malfezan advèsè a, epi nou t ap finalman mouri. Nou te aksepte difikilte sa yo paske nou te konte sou asirans plan Bondye Papa nou an t ap ba nou yon Sovè, Sèl Pitit Literal li a, ki t ap vin sekouri nou atravè yon rezirèksyon inivèsèl pou ofri nou yon lavi kòporèl apre lanmò. Sovè a t ap ofri nou yon ekspyasyon pou peye pri pou tout moun ka pirifye anba peche yo selon kondisyon ke l t ap preskri. Kondisyon sa yo te enkli lafwa nan Kris la, repantans, batèm, don Sentespri a, ak lòt òdonans ki akonpli pa otorite prètriz la.

Gran plan bonè Bondye a ofri yon balans pafè ant jistis etènèl la ak mizèrikòd nou ka jwenn atravè Ekspyasyon Jezikri a. Li pèmèt nou transfòme vin tounen nouvo kreyati nan Kris la tou.

Yon Bondye eman lonje lamen bay nou tout. Nou konnen ke, gras ak lanmou li epi gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sèl Pitit Literal li a, “tout limanite ka sove, si yo obeyi lwa ak òdonans levanjil li yo” (Atik Lafwa 1:3; italik ajoute).

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo rekonèt kòm yon Legliz ki santre sou fanmi. Men, sa yo pa byen konprann sèke konsantrasyon sou fanmi nou an fokis sou plis pase relasyon nan mòtalite a. Relasyon etènèl yo fondamantal nan teyoloji nou an tou. “Se Bondye ki òdone fanmi.”4 Selon gran plan Kreyatè eman nou an, misyon Legliz retabli l la se pou ede pitit Bondye yo atenn benediksyon egzaltasyon nan wayòm selès la, ke nou ka atenn sèlman atravè yon maryaj etènèl ant yon gason ak yon fi (gade Doktrin ak Alyans 131:1–3). Nou afime ansèyman Senyè a ki di: “Maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou moun ki premòtèl, ki mòtèl, epi se yon idantite ak yon objektif etènèl” la epi “Maryaj ant gason ak fi se yon bagay endispansab pou plan etènèl li a.”5

Finalman, lanmou Bondye si gran ke, sof pou kèk moun ki delibereman vin tounen pitit pèdisyon, li prevwa yon destine laglwa pou tout pitit li. “Tout piti li“ enkli tout sa ki mouri yo. Nou fè òdonans pa pwokirasyon pou yo nan tanp nou yo. Objektif Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pou kalifye tout pitit li yo pou degre laglwa ki pi wo a, ki se egzaltasyon oswa lavi etènèl. Pou moun ki pa vle oubyen ki pa kalifye tèt yo pou sa yo, Bondye prevwa lòt wayòm laglwa ki mwen gloriye.

Tout moun ki konprann verite etènèl sa yo ka konprann rezon k fè noumenm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nou panse jan nou panse a ak aji jan nou aji a.

III.

Kounyeya, m pral mansyone kèk aplikasyon pou verite etènèl sa yo, ke nou ka konprann sèlman nan limyè plan Bondye a.

Premyèman, nou respekte libabit. Pifò nan nou konsyan de gwo efò Legliz retabli a ap fè pou pwomouvwa libète relijye nan Etazini ak nan tout mond lan. Efò sa yo pa sèvi enterè pèsonèl nou sèlman men, selon plan l lan, yo chèche ede tout pitit Bondye yo jwi libète pou chwazi a.

Dezyèmman, nou se yon pèp misyonè. Yo mande nou pafwa poukisa nou voye misyonè nan si anpil peyi, menm pami popilasyon kretyèn yo. Yo poze nou menm kesyon yo tou sou rezon k fè nou bay dè milyon dola pou èd imanitè pou moun ki pa manm Legliz nou an ak poukisa nou pa konsakre èd sa a pou travay misyonè nou. Nou fè sa paske nou konsidere tout èt imen kòm pitit Bondye—frè n ak sè nou—epi nou vle pataje abondans espirityèl ak tanporèl nou an avèk tout moun.

Twazyèmman, lavi nan mòtalite a sakre pou nou. Angajman nou anvè plan Bondye a mande pou nou opoze ak avòtman ak euthanasie (kivledi pou yon moun deside mouri paske l ap soufri.)

Katriyèmman, gen moun ki twouble pa kèk nan pozisyon Legliz nou an pran konsènan maryaj ak timoun. Konesans nou de plan sali Bondye revele a mande nou pou n opoze a pil presyon sosyal ak jiridik aktyèl yo ki vize pou abandone maryaj tradisyonèl la ak pote chanjman ki ka lakoz konfizyon oubyen ki ka altere oubyen konfonn sèks oubyen inifòmize diferans ant gason ak fi yo. Nou konnen ke relasyon ant gason ak fi yo, idantite yo, ak fonksyon yo esansyèl pou akonpli gran plan Bondye a.

Senkyèmman, nou gen yon opinyon diferan tou konsènan timoun. Nou konsidere ke fè pitit ak edike yo se yon pati nan plan Bondye a ak yon devwa jwaye e sakre yo akòde moun ki gen posiblite pou patisipe ladan l yo. Nan pwenvi pa nou, pi gwo trezò sou tè a ak nan syèl la se pitit nou ak posterite nou. Se poutèt sa, nou dwe anseye ak defann prensip ak pratik ki ofri pi bon kondisyon pou devlopman ak bonè timoun yo—tout timoun.

Finalman, nou se pitit byeneme yon Pè Selès, ki anseye nou ke, idantite maskilen ak feminen nou, maryaj ant yon gason ak yon fi, ak matènite ak elve timoun se pati esansyèl nan gran plan bonè l la. Pozisyon nou sou bagay fondamantal sa yo souvan pwovoke opozisyon kont Legliz la. Nou estime ke sa inevitab. Lopozisyon fè pati plan an, epi opozisyon pi fò Satan yo dirije kont kèlkeswa sa k enpòtan nan plan Bondye a. L ap chèche detwi travay Bondye a. Metòd prensipal li se pou fè moun doute de Sovè a ak otorite divin ni, pou efase efè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, pou dekouraje repantans, pou tòdye revelasyon, ak kontredi responsablite endividyèl. L ap chèche egalman pou l mete konfizyon sou idantite seksyèl, ak pou l dekouraje moun fè pitit—espesyalman paran k ap elve timoun nan laverite yo.

IV.

Travay Senyè a ap avanse malgre opozisyon òganize ak konstan ki kanpe devan nou pandan n ap efòse nou pou n respekte ansèyman Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Pou moun ki febli anba opozisyon sa a, m ap ofri twa sigjesyon.

Sonje prensip repantans lan ki posib pa pouvwa Ekspyasyon Jezikri a. Jan Èldè Neal A. Maxwell te egzòte nou, pa mete nou pami moun “ki ta prefere chanje Legliz la pase pou yo ta chante tèt yo.”6

Jan Èldè Jeffrey R. Holland te anseye a:

“Kenbe fèm nan sa w deja konnen epi kanpe solid jiskaske konesans adisyonèl vini.

Nan Legliz sa a, sa nou konnen yo ap toujou ranpòte laviktwa sou sa nou pa konnen.” 7

Egzèse lafwa nan Senyè Jezikri, ki se premye prensip levanjil la.

Finalman, chèche èd. Dirijan Legliz nou yo renmen w e yo chèche gidans espirityèl pou yo ka ede w. Nou prepare plizyè resous tankou sa w ap jwenn nan LDS.org yo ak lòt sipò pou etid levanjil nan fwaye a. Epi kounyea, nou gen frè ak sè sèvis pastoral ki aple pou bay asistans plen lanmou.

Papa eman nou ki nan Syèl la vle pou pitit li yo gen lajwa sa a ki se objektif kreyasyon nou an. Destine jwaye sa a se lavi etènèl, ke nou ka jwenn nan avanse devan sou sa pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson, souvan rele “chemen alyans lan.” Men sa l te di nan premye diskou l te fè kòm Prezidan Legliz la: “Rete sou chemen alyans lan. Angajman ou pou w suiv Sovè a nan fè alyans avèk li epi apresa respekte alyans sa yo ap ouvri pòt pou tout benediksyon spirityèl ak privilèj ki disponib pou gason, fi, ak timoun toupatou.”8

Mwen temwaye solanèlman ke sa m di la yo se verite, epi yo posib gras ak ansèyman ak Ekspyasyon Jezikri a, ki rann tout bagay sa yo posib nan gran plan Bondye, Papa Etènèl nou an. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Henry B. Eyring, To Draw Closer to God: A Collection of Discourses (1997), 143.

  2. James E. Faust, “The Abundant Life,” Ensign, Nov. 1985, 9.

  3. “Je veux suivre le plan de Dieu,” Chants pour les enfants, 86–87.

  4. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” Liahona, Me 2017, 145.

  5. Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” 145.

  6. Neal A. Maxwell, If Thou Endure It Well (1996), 101.

  7. Jeffrey R. Holland, “Je crois, Seigneur,” Liahona, Me 2013, 94; italik nan orijinal la.

  8. Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm.” Lyawona,Avr 2018, 7.