2010–2019
Papa a
Oktòb 2018


10:18

Papa a

Nou chak gen potansyèl pou nou vin tankou Papa a. Pou n fè sa, nou dwe adore Papa a nan non Pitit la.

Pandan tout lavi li, madanm mwen, Melinda, toujou eseye ak tout kè l pou l yon disip fidèl Jezikri. Men, depi lè l te jèn, li te toujou santi l pa t diy pou amou ak benediksyon Pè Selès la paske li pa t byen konprann nati Pè a. Erezman, Melinda te kontinye respekte kòmandman yo malgre tristès li te santi a. Sa gen kèk ane, li te viv yon seri eksperyans ki te ede l pi byen konprann nati Bondye, enkli amoun li pou pitit li yo ak gratitid li pou efò menm enpafè nou yo pou n fè travay li a.

Li eksplike ki enfliyans sa te gen sou li: “Kounyeya, m konvenki ke plan Papa a fonksyone, ke l pèsonèlman enplike nan siksè nou, epi li ba nou leson ak eksperyans nou bezwen pou n ka retounen nan prezans li. Mwen wè tèt mwen ak lòt moun jan Bondye wè nou an. M kapab ediks pitit mwen, anseye, ak sèvi avèk plis lanmou ak mwens laperèz. M santi lapè ak konfyans pase m santi anksyete ak ensekirite. Olye ke m santi yo jije m, m santi yo sipòte mwen. Lafwa m pi asire. M santi amou Papa mwen pi souvan e pi pwofondeman.”

Genyen “yon ide kòrèk sou pèsonalite, pèfeksyon, ak kalite [Pè Selès la]” se yon bagay ki esansyèl pou n egzèse lafwa ki sifi pou n jwenn egzaltasyon an. Yon konpreyansyon kòrèk sou karaktè Pè Selès la ka chanje fason nou wè tèt nou ak lòt moun epi sa ka ede nou konprann amou imans Bondye genyen pou pitit li ak gwo dezi li pou ede nou vin menmjan avèk li. Yon vizyon enkòrèk sou nati li ka ba nou santiman ke nou pa p jamè kapab retounen nan prezans li.

Objektif mwen jodia se pou anseye kèk pwen doktrin kle sou Papa a ki ap pèmèt nou chak, men espesyalman moun k ap mande si Bondye renmen yo toutbon yo, pou yo pi byen konprann vrè karaktè li ak pou yo egzèse pi gwo lafwa nan li, nan Pitit Gason l lan, ak nan plan l pou nou.

Lavi Premòtèl la

Nan mond premòtèl la, nou te fèt kòm espri Paran Selès epi nou te viv avèk yo antanke yon fanmi. Yo te konnen nou, yo te anseye nou, epi yo te renmen nou. Nou te gen gwo dezi pou n te menmjan ak Papa nou ki nan Syèl la. Men, pou n te fè sa, nou te rekonèt ke nou t apral oblije:

  1. Jwenn yon kò fozik imòtèl ak glorifye;

  2. Marye epi fonde fwaye pa pouvwa sèlman prètriz la; epi

  3. Akeri tout konesans, pouvwa ak kalite divin.

Konsa, Papa a te kreye yon plan ki t ap pèmèt nou, sou sèten kondisyon, jwenn kò fizik ki t ap vin imòtèl ak glorifye nan Rezirèksyon an; marye ak kreye fanmi nan mòtalite a oubyen, pou fidèl ki pa gen opòtinite sa a, apre mòtalite a; pwogrese al nan pèfeksyon; epi finalman retounen al jwenn Paran Selès nou yo pou n viv avèk yo ak fanmi nou nan yon eta egzaltasyon ak bonè etènèl.

Ekriti yo rele plan sa a plan sali. Nou te sitèlman rekonesan pou plan sa a ke, lè yo te prezante nou li, nou te pouse kri lajwa. Nou chak te aksepte kondisyon plan an, enkli eksperyans ak difikilte mòtalite yo ki t ap ede nou devlope kalite divin.

Lavi nan mòtalite a

Nan mòtalite a, Pè Selès la ba nou kondisyon nou bezwen pou n pwogrese andedan plan l lan. Papa a te anjandre Jezikri nan lachè epi l te ba l èd divin pou l te ka akonpli misyon li nan mòtalite a. Menmjan tou, Pè Selès la ap ede nou chak si nou efòse nou pou n kenbe kòmandman l yo. Papa a ba nou libabit. Lavi nou nan men li, epi li “konnen jou nou yo”, epi “ane nou yo p ap vin mwens” Epi li asire l ke, alafen, tout bagay travay pou byen moun ki renmen li.

Se Pè Selès la ki ba nou pen kotidyen nou, ki enkli manje pou nou manje ak fòs nou bezwen pou n kenbe kòmandman l yo. Papa a bay bon don. Li tande priyè nou epi l reponn yo. Pè Selès la delivre nou anba mal lè nou kite l fè sa. Li kriye pou nou lè n ap soufri. An definitif, tout benediksyon nou soti nan Pè Selès la.

Li gide nou epi l ba nou eksperyans nou bezwen yo baze sou fòs nou, feblès nou, ak chwa nou pou n ka pote bon fwi. Papa a chatye nou lè sa nesesè paske l renmen nou. Li se “Lòm Konsèy,” ki ap konseye nou si nou mande.

Se Pè Selès la ki voye enfliyans ak don Sentespri a nan lavi nou. Atravè don Sentespri a, lagwa—oswa entèlijans, limyè ak pouvwa—Papa a ka demere nan nou. Si nou efòse n pou n pwogrese nan limyè ak laverite jiskaske je nou vin fikse sèlman sou glwa Bondye, Pè Selès la ap voye Sentespri Pwomès la pou sele nou al nan lavi etènèl epi l ap devwale figi l devan nou—oubyen nan lavi sa a oubyen nan lavi k ap vini an.

Lavi apre lanmò

Nan mond dèzespri a, Pè Selès la kontinye devèse Sentespri a epi l voye misyonè pou moun ki bezwen levanjil yo. Li reponn priyè yo epi l ede pitit li ki pa genyen yo resevwa òdonans sali yo pa pwokirasyon.

Papa a te elve Jezikri epi l ba l pouvwa pou reyalize Rezirèksyon an, ki se mwayen pou nou jwenn kò imòtèl la. Redanmsyon ak Rezirèksyon Sovè a mennen nou retounen nan prezans Papa a, kote nou pral jije pa Jezikri.

Moun ki konte sou “merit, ak mizèrikòd, ak lagras Mesi ki Sen an” ap resevwa yon kò glorifye tankou Papa a epi y ap demere avèk li “nan yon eta bonè ki p ap janm fini.” Nan kote sa a, Papa a va siye tout dlo nan je nou epi ede nou kontinye vwayaj pou nou vin menmjan avèk li a.

Jan nou ka wè, Pè Selès la toujou la pou nou.

Karaktè Papa a

Pou nou vin menmjan ak Papa a, nou dwe devlope trè karaktè li. Pèfeksyon ak kalite Pè Selès la gen bagay sa yo:

  • Papa a “San Finisman ak Etènèl.”

  • Li pafètman jis, plen mizèrikòd, bon, pasyan, epi li vle sèlman sa k bon pou nou.

  • Pè Selès la se amou.

  • Li kenbe alyans li.

  • Li pa chanje.

  • Li pa ka bay manti.

  • Papa a pa rejte pèsonn.

  • Li konn tout bagay—pase, prezan, ak fiti—depi nan kòmansman.

  • Pè Selès la pi entèlijanpase nou tout.

  • Papa a gen tout pouvwaepi l akonpli tout sa kè l bezwen fè.

Frè m ak sè m yo, nou ka fè Papa a konfyans epi konte sou li. Paske l gen yon pèspektiv etènèl, Pè Selès la ka wè bagay nou pa ka wè. Jwa li, travay li, ak laglwa li se reyalize imòtalite nou ak egzaltasyon nou. Tout sa l fè se pou benefis nou. Li “vle bonè etènèl [nou] plis pase [nou] menm.” Epi li “pa p egzije [nou] travèse yon moman difikilte plis pase absoliman nesesè pou benefis nou oubyen pou benefis moun nou renmen.” Kòm rezilta, li konsantre sou ede nou pwogrese, non pa sou jije nou ak kondane nou.

Vin tankou Papa nou

Antanke pitit gason ak pitit fi lespri Bondye, nou chak gen potansyèl pou n vin tankou Papa a. Pou n fè sa, nou dwe adore Papa a nan non Pitit la. Nou fè sa nan efòse n obeyi volonte Papa a, jan Sovè a te fè, epi nan repanti nou kontinyèlman. Pandan n ap fè sa, n ap “resevwa gras sou gras” jiskaske nou resevwa plenitid Papa a epi nou dote avèk “karaktè li, pèfeksyon l ak atribi li.”

Etandone distans ant sa nou ye antanke moun mòtèl ak sa Pè Selès la devni, sa pa etonan ke kèk nan nou santi ke vin menmjan ak Papa a se yon bagay enposib. Sepandan, ekriti yo klè. Si nou atache nou ak lafwa nan Kris la, nou repanti, epi nou chèche gras Bondye atravè obeyisans, n ap finalman vin menmjan ak Papa a. M jwenn gwo rekonfò nan lefèt ke moun ki efòse yo pou yo obeysan yo ap “resevwa gras sou gras” epi alafen y ap “resevwa plenitid li.” Otremandi, nou pa p vin tankou Papa a pa pwòp mwayen nou. Men, sa ap vini atravè don lagras li, pafwa gwo men piti pou pifò, ki ap ajoute youn sou lòt jiskaske nou vin gen yon totalite. Men, frè m ak sè m yo, l ap vini!

M envite nou pou nou kwè ke Papa nou ki nan syèl la konn kijan pou l egzalte nou; chèche soutyen li chak jou; epi avanse devan ak lafwa nan Kris la menm lè nou pa ka santi amou Bondye.

Gen anpil bagay nou pa konprann apwopo vin menmjan ak Papa a. Men, m ka temwaye avèk asirans ke, eseye vin menmjan ak Pap a a vo tout sakrifis. Sakrifis nou fè isit la nan mòtalite a, kèlkeswa jan yo gran, yo pa anyen konpare avèk lajwa, bonè, ak lanmou enkalkilab nou pral santi nan prezans Bondye a. Si nou gen difikilte pou n kwè ke sa vo tout sakrifis yo mande nou pou n fè, Sovè a pale avèk nou, li di: “Nou poko ka konprann ki kalite gwo benediksyon Papa a gen … prepare pou nou; … nou pa kapab sipòte tout bagay kounyeya; sepandan, fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou.”

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la renmen nou epi li vle nou viv avèk li ankò. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Nòt ki nan men otè a; gade tou D. Melinda Ashton, “Fear Not, Only Believe” (Brigham Young University Women’s Conference, Avr. 28, 2016), byutv.org.

  2. Lectures on Faith (1985), 38.

  3. Gade “The Family: A Proclamation to the World,” Liahona, Me 2017, 145; “Mother in Heaven,” Gospel Topics, topics.lds.org.

  4. Apot Pòl te sigjere pou nou konnen Papa a sitèlman byen ke nanm nou ap toujou aspire pou n rele l Abba, ki vledi “Papi,” yon tèm ki rezève pou yon papa ke nou ekstrèmeman pwòch li (gade Women 8:15).

  5. Gade Doktrin ak Alyans 130:22.

  6. Gade Doktrin ak Alyans 132:19–20.

  7. Matye 5:48gade 2 Pyè 1:3–8 tou.

  8. Kondisyon sa yo enkli kenbe premye eta nou (gade Abraham 3:26epi apresa nan mòtalite a, egzèse lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan, repanti, batize pa imèsyon pa yon moun ki gen otorite prètriz Bondye a, resevwa don Sentespri a, epi pèsevere jiskalafen (gade 3 Nefi 27:16–20

  9. Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Kèk moun k ap koute mesaj sa a gen dwa siman di, ‘Men, e mwenmenm?’ Nou konnen ke anpil Sen Dènye Jou diy ak mèveye aktyèlman pa nan sitiyasyon ideyal yo ak kondisyon esansyèl pou asire pwogresyon yo. Seliba, pa ka fè pitit, lanmò, ak divòs kontrarye ideyal yo e retade benediksyon yo pwomèt yo akonpliS. … Men fristrasyon sa yo sèlman pasaje. Senyè a pwomèt ke nan letènite yo, pitit fi ak pitit gason l yo ki fidèl nan alyans yo, epi ki gen dezi pou fè sa ki byen yo, y ap resevwa tout benediksyon li pwomèt yo” (“The Great Plan of Happiness,” Ensign, Nov. 1993, 75).

  10. Gade Mosiah 2:41.

  11. Gade Alma 42:5; li rele plan redanmsyon (gade, paregzanp, Jakòb 6:8) ak plan bonè tou (gade Alma 42:8, 16).

  12. Gade Job 38:4–7.

  13. Gade, paregzanp, Ebre 5:8; 12:11; Etè 12:27. Omwen, toudabò, kèk nan difikilte nou rankontre nan mòtalite yo ka sanble, nan pwendvi limite nou, ke yo anpeche nou jwenn kèk nan benediksyon yo pwomèt yo ke nou pi bezwen yo. Men, malgre kontradiksyon aparan sa yo, Bondye ap ba nou tou benediksyon l pwomèt yo, si nou rete fidèl.

  14. Gade Lik 1:31–35Jan 1:141 Nefi 11:18–21Guide to the Scriptures, “Jesus Christscriptures.lds.org.

  15. Gade Doktrin ak Alyans 93:4–5, 16–17, 19–20.

  16. Gade Moyiz 7:32.

  17. Doktrin ak Alyans122:9.

  18. Gade Women 8:28.

  19. Gade Matye 6:11.

  20. Gade N. Eldon Tanner, “The Importance of PrayerEnsign,Me 1974, 50.

  21. Gade Lik 11:10–13; Jak 1:17.

  22. Gade Lik 11:5–10; Joseph Smith Translation, Lik 11:5–6 (nan Lik 11:5, referans a); 3 Nefi 13:6.

  23. Gade Matye 6:13.

  24. Gade Moyiz 7:31–40.

  25. Gade Jak1:17.

  26. Gade Jan 15:1–2; Doktrin ak Alyans 122:6–7.

  27. Gade Ebre 12:5–11; Doktrin ak Alyans 95:1.

  28. Moyiz 7:35.

  29. Gade Alma 37:12, 37.

  30. Gade Jan 14:262 Nefi 31:12.

  31. Gade Jan 17:21–23, 26; Doktrin ak Alyans 93:36.

  32. Gade Doktrin ak Alyans 76:53; 88:67–68.

  33. Gade 1 Pyè 4:6 Pandan l t ap di pouki rezon yon moun li te batize te vin antre nan Legliz la, Eldè Melvin J. Ballard, te di: “Li te di m ke zansèt li yo nan mond dèzespri a te aksepte levanjil la dèzane anvan sa epi yo te priye pou yon manm nan fanmi yo sou tè a ouvri pòt la, epi priyè yo te egzose epi Senyè a te gide misyonè yo vini nan pòt lakay li” (Crusader for Righteousness1966], 250).

  34. Gade Momon 7:5–6; gade Jan 5:21, 26; 1 Korentyen 6:14; 2 Nefi 9:11–12; Alma 40:2–3; 3 Nefi 27:14 tou.

  35. Gade Jan 5:22; Jakòb 6:9; Alma 11:44; Elaman 14:15–18. Ekspyasyon Kris la anile tout efè Chit Adan an, enkli lanmò fizik ak spirityèl nou dwe venk pou pèmèt nou retounen nan prezans Papa nou ki nan syèl la. Moun ki repanti pou peche yo pral demere avèk Papa a ak Pitit la nan letènite. Men, moun ki pa repanti yo pral sibi dezyèm lanmò a, ke pwòp peche yo ap pote (gade Elaman 14:15–18).

  36. 2 Nefi 2:8

  37. Gade Doktrin ak Alyans 76:5388:67–68.

  38. Mozya 2:41.

  39. Gade Revelasyon 7:17.

  40. Gade Moyiz7:30. Pè Selès la menm kontinye veye sou moun ki nan wayòm terès yo e pran swen yo atravè ministè Jezikri ak lòt èt selès (gade Doktrin ak Alyans 76:77, 87) ak sou moun ki nan wayòm telès yo atravè ministè Sentespri a ak zanj (gade Doktrin ak Alyans 76:86, 88).

  41. Moyiz 7:35; gade tou Som 90:2.

  42. Gade Som 103:6–8; Lik 6:36; Moyiz 7:30.

  43. Gade 1 Jan 4:16.

  44. Gade Doktrin ak Alyans 84:20.

  45. Gade Jak 2:26.

  46. Gade Nonb 23:19.

  47. Gade Travay 10:34–35.

  48. Gade 1 Nefi 9:6Doktrin ak Alyans 130:7

  49. Dictionary.com defini intelligence kòm kapasite pou aprann, rezone, konprann, ak lòt fòm aktivite mantal sanblab; aptitid pou kapte laverite, relasyon, fè, siyifikasyon, eksetera” ak “konesans.”

  50. Gade Abraram 3:19. Jezikri se yon moun pafè ki glorifye ki pi entelijan pase nou tout tou.

  51. Gade Revelasyon 21:22.

  52. Gade Abraram 3:17.

  53. Gade Moyiz 1:39.

  54. Richard G. Scott, “Trust in the Lord,” Ensign, Nov. 1995, 17.

  55. Richard G. Scott, “Trust in the Lord,” 17.

  56. Gade Jan 5:22; Moyiz 1:39. Se Satan avèk nou ki kondane nou (gade Revelasyon 12:10; Alma 12:14).

  57. Gade Jan 4:23; Doktrin ak Alyans18:40; 20:29.

  58. Gade 3 Nefi 11:11Doktrin ak Alyans 93:11–19.

  59. Repantans se yon pwosesis kote nou chanje nati nou pou nou ka vin tankou Bondye. Konsa, nou dwe repanti san rete, non pa jis repanti lè nou “fè yon bagay ki pa bon.”

  60. Gade Doktrin ak Alyans 93:19–20.

  61. Lectures on Faith, 38; sgade tou Mowoni 7:48; 10:32–33; Doktrin ak Alyans 76:56, 94–95; 84:33–38.

  62. Doktrin ak Alyans 93:20; italik ajoute.

  63. Gade Mowoni 10:32–33; Doktrin ak Alyans 76:69, 94–95.

  64. Poukisa Bondye pa kapab oubyen pa vle revele nou plis sou pwosesis pou nou vin menmjan avèk li a? Mwen pa onètman konn tout rezon yo. Men gen de women ke m konprann. Premye a sèke gen senpleman kèk bagay nou pa kapab konprann nan eta mòtalite nou an (gade Doktrin ak Alyans 78:17). Nou ka konpare sa avèk eseye eksplike yon moun ki te viv nan epòk Mwayen Aj la kisa entènèt ye. Nou senpleman pa gen kontèks la ak pèspektiv la. Epi dezyèm rezon an sèke nou souvan resevwa don lagras la presizeman paske nou dwe soufri ak lite palefèt ke nou pa konnen.

  65. Sakrifis yo mande nou fè yo ka esansyèl pou nou atenn pèfeksyon (gade Joseph Smith Translation, Ebre 11:40 [nan Ebre 11:40, referans a]).

  66. Gade Women 8:18.

  67. Doktrin ak Alyans 78:17–18.