2010–2019
Nou tout dwe pran non Papa a ba nou an sou tèt nou
Oktòb 2018


Nou tout dwe pran non Papa a bay la sou tèt nou

Non Sovè a gen yon pouvwa eksepsyonèl ak esansyèl. Li se sèl non ki rann sali posib.

Sa gen kèk semèn, m te patisipe nan seremoni batèm plizyè timoun laj uitan. Yo te kòmanse aprann levanjil Jezikri a anan men paran yo ak enstriktè yo. Semans lafwa yo nan li te kòmanse grandi. Epi kounyea yo te vle suiv li nan dlo batèm yo pou yo te vin manm nan Legliz retabli l la. Pandan m t ap gade enpasyans yo, m t ap mande tèt mwen nan ki pwen yo te konprann youn nan aspè enpòtan nan alyans batèm yo a: angajman pou yo pran non Jezikri sou tèt yo a.

Depi nan komansman, Bondye te deklare enpotans kapital non Jezikri nan plan li pou nou an. Yon zanj te anseye premye papa nou, Adan: “Se pou ou fè tout sa w ap fè nan non Pitit gason an, epi se pou ou repanti epi envoke Bondye nan non Pitit gason an pou toujou.”1

Wa Benjamen, pwofèt liv Momon an,te anseye pèp li a, “Pa p gen okenn lòt non ni okenn lòt mwayen ki kapab pote sali pou pitit lèzòm.”2

Senyè a te reyafime verite sa a atravè pwofèt li, Joseph Smith: “Gade, Jezikri se non sa a Papa a bay, epi pa gen okenn lòt non ki te bay pou sove lòm.” 3

Nan epòk pa nou an, Prezidan Dallin H. Oaks te anseye nou ke “moun ki egzèse lafwa nan non sakre Jezirkri … epi ki ante nan alyans la … ka reklame sakrifis ekspyatwa Jezikri a.”4

Pè Selès nou an vle fè sa absoliman klè ke non Pitit gason l la, Jezikri, se pa senpleman yon non pami tout lòt. Non Sovè a gen pouvwa enkonparab ak esansyèl. Li se sèl non ki rann sali posib. Nan ensiste sou verite sa a nan chak dispansasyon, Pè eman nou an asire tout pitit li ke gen yon mwayen pou yo retounen al jwenn ni. Men, lefèt ke gen yon mwayen an pa vledi ke retou nou otomatikman asire. Bondye di nou ki lòt bagay nou bezwen fè: “Se poutètsa, tout gason [ak tout fi] dwepran non Papa a bay la sou tèt yo.”5

Pou nou ka gen aksè nan pouvwa redanmtè ki vini sèlman atravè non Kris la, nou dwe ”imilye [nou] devan Bondye … epi vini avèk yon kè brize ak yon lespri kontri … epi dispoze pou [nou] pran non Jezikri sou tèt nou” epi konsa, kalifye nou, menmjan ak timoun uitan m yo, pou yo ”resevwa nou pa mwayen batèm nan legliz li a.”6

Tout moun ki sensèman gen dezi pou yo pran non Sovè a sou tèt yo dwe kalifye tèt yo epi resevwa òdonans batèm nan kòm yon temwayaj fizik ki montre desizyon yo devan Bondye.7 Men batèm se jis komansman an.

Mo pran an se pa yon tèm pasif. Se yon tèm aksyon ki gen plizyè definisyon.8 Menmjan tou, angajman nou pou n pran non Jezikri sou tèt nou an mande aksyon epi l gen plizyè dimansyon.

Paegzanp, youn nan siyifikasyon mopran an se entegreoswa resevwa nan ko nou, tankou lè nou pran yon bwason. Lè nou pran non Jezikri sou tèt nou, nou angaje nou pou n pranansèyman l yo, karakteristik li, ak finalman lanmou li pwofondeman andedan nou pou yo ka vin fè pati entegral moun nou ye a. Donk, nou ka wè enpòtans envitasyon Prezidan Nelson te bay jèn adilt yo pou ke“nan lapriyè epi enèjikman, yo [chèche] konprann kisa chak nan diferan tit ak non [Sovè a] vledi pèsonèlman pou [yo]” a 9 epi pou yo fè festen ak pawòl Kris la ki nan ekriti yo, espesyalman nan Liv Momon an.10

Yon lòt siyifikasyon mo pran an se aksepte yon moun nan yon wòl patikilye oswa anbrase verite ki nan yon ide oswa yon prensip. Lè nou pran non Kris la sou tèt nou, nou aksepte li kòm Sovè nou epi nou kontinyèlman anbrase ansèyman l yo kòm gid pou lavi nou. Nan chak desizyon enpòtan nou pran, nou kapran levanjil li a pou verite epi viv li nan obeyisans avèk tout kè, tout pouvwa, panse, ak fòs nou.

Mo pran an ka vledi aliyen tèt nou oubyen soutni yon non oswa yon kòz. Pifò nan nou deja fè eksperyans sou pran responsablite travay sou tèt nou oubyen adopte yon koz oswa yon mouvman. Lè nou pran non Kris la sou tèt nou, nou pran responsablite yon vrè disip sou tèt nou tou, nou defann kòz li, epi nou “kanpe kò temwen [li] tout tan, nan tout bagay, ak tout kote ke [nou] ka ye.”11 Prezidan Nelson mande pou “chak jènfi ak chak jènjan … anwole yo nan batayon jèn Senyè a pou yo ede rasanble Izrayèl.”12 Epi nou tout rekonesan pou reponn apèl pwofèt la pou n itilize non Legliz retabli l la jan Senyè a te revele l limenm nan: Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.13

Nan pwosesis pou pran non Sovè a sou nou an, nou dwe konprann ke koz Kris la ak koz Legliz li a fè yon sèl. Nou pa ka separe yo. Menmjan an, angajman nou kòm disip Sovè a epi kòm yon manm aktif nan Legliz li a enseparab tou. Si nou echwe nan angajman anvè youn, angajman nou anvè lòt la ap diminye tou, osi sèten ke lannuit vini apre lajounen.

Gen kèk moun ki ezite pou yo pran non Jezikri ak koz li a sou tèt yo paske yo konsidere sa kòm yon bagay ki eksesivman etwa, ki limite yo. An reyalite, pran non Kris la sou tèt nou se yon bagay ki alafwa libere nou ak agrandi nou. Li reveye dezi nou te santi lè nou te aksepte plan Bondye a pa lafwa nan Sovè a. Avèk dezi sa a vivan nan kè nou, nou ka dekouvri vrè rezondèt don ak talan diven nou resevwa yo, nou kak fè eksperyans lanmou li, epi sousye nou pi plis pou byennèt lòt moun. Lè nou pran non Sovè a sou tèt nou, nou vrèman pran posesyon tout bon bagay epi nou vin menmjan avèk li.14

Li enpòtan pou n sonje ke pran non Sovè a sou tèt nou se yon angajman nou pran pa alyans—ki kòmanse avèk alyans nou fè nan batèm nan. Prezidan Nelson te anseye: “Angajman [nou] pou n suiv Sovè a nan fè alyans avèk li epi apresa kenbe alyans sa yo ap louvri pòt pou tout benediksyon ak privilèj espirityèl ki disponib.”15 Youn nan privilèj ekstraodinè ki genyen nan pran non Sovè a sou tèt nou nan batèm nan se aksè li ba nou nan pwochen odonans la sou wout alyans la, konfimasyon nou. Lè m te mande yon jèn tifi uitan m nan kisa pran non Jezikri sou tèt li te vledi pou li, li te reponn senpleman, “Sa vle di m ka gen Sentespri a.” Li te gen rezon.

Nou resevwa don Sentespri a pa konfimasyon apre nou fin resevwa òdonans batèm nan. Don sa a se dwa ak opòotinite pou nou gen Sentespri a kòm yon konpayon konstan. Si nou koute epi n obeyi ti vwa dous li a, l ap kenbe nou sou chemen alyans la nou te antre atravè batèm nan, l ap avèti nou lè n tante pou nou ekate n de li, epi l ap ankouraje nou pou n repanti ak chanje direksyon lè sa nesesè. Fokis nou apre batèm se pou n toujou kenbe Sentespri a avèk nou pou nou ka kontinye pwogrese sou chemen alyans lan. Sentespri a ka rete avèk nou sèlman si nou kenbe lavi nou pwòp ak egzan anba peche.

Pou rezon sa a, Senyè a ba nou yon mwayen pou nou konstamman rafrechi efè pirifikatè batèm nou an atravè yon lòt òdonans—sentsèn nan. Chak semèn, nou ka “temwaye … ke [nou] dispoze pou nou pran non Pitit Gason [an] sou tèt [nou}16 ankò nan lonje men nou pou nou pran anblèm chè ak san Senyè nan men nou—pen an ak dlo a—epi konsa noupran yo nan nanm nou tou. An retou, Sovè a akonpli mirak pirifikasyon l lan yon fwa ankò epi l kalifye nou pou n ka gen enfliyans konstan Sentespri a. Eske sa se pa prèv mizerikòd enfini nou jwenn sèlman nan non Jezikri a? Menmjan nou pran non l sou nou an,li pran peche ak chagren nou yo sou tèt li, epi ”bra mizèrikòd li louvri ap tann” 17 nou pou vlope nou nan bra lanmou li.18

Sentsèn nan se yon rapèl chak semèn ke pran non Jezikri sou tèt nou an se yon angajmanaktif ak konstan, e non pa yon senp evenman ki rive yon fwa sèlman nan jou batèm nou an.19 Nou ka kontinyèlman ak konstaman jwi “ofrann sen ak sakre sa a, ke lòm pa konprann nan, ki se wè peche nou efase epi pou n pran chè ak san l lan.”20 Sa pa etonan ke, lè pitit Bondye yo konprann benediksyon espirityèl puisan ki ka soti nan pran non Jezikri sou tèt yo a, santiman yo se toujou lajwa epi dezi yo se toujou antre nan yon alyans avèk Bondye yo a.21

Lè nou suiv chemen alyans ki trase divinman sa a, angajman nou ak efò nou pou n pran non Jezikri sou tèt nou an ap ba nou fòs pou n “toujou kenbe non [li] ekri nan kè [nou].”22 N ap renmen Bondye ak pwochen nou yo epi n ap santi yon dezi pou nou sèvi yo. N ap kenbe kòmandman l yo epi n ap anvi rapwoche nou de li nan antre nan pi plis alyans avèk li. Epi, lè nou santi nou fèb epi nou pa kapab aji konfòm avèk jan nou ta vle a, n ap sipliye li pou n mande fòs ki soti sèlman atravè non l la epi l ap pote èd pou nou. Si nou pèsevere nan fidelite, jou a ap vini kote nou pral wè li epi nou pral rete avèk li, epi nou pral dekouvri ke nou vin menmjan avèk li, epi konsa, kalifye nou pou n retounen nan prezans Papa a.

Paske, pwomès Sovè a asire: moun ki “kwè nan non Jezikri, epi ki adore Papa a nan non li, epi ki pèsevere jiskalafen nan lafwa nan non li” 24 yo ap sove nan wayòm Bondye a. Avèk nou, mwen rejwi dèske benediksyon enkonparab sa yo posib lè nou pran non Jezikri sou tèt nou, e konsènan limenm epi nan non li mwen temwaye, amèn.

Nòt

  1. Moyiz 5:8.

  2. Mozya 3:17.

  3. Doktrin ak Alyans 18:23.

  4. Dallin H. Oaks, “Taking upon Us the Name of Jesus Christ,” Ensign, Me 1985, 82.

  5. Doktrin ak Alyans 18:24; italik ajoute.

  6. Doktrin ak Alyans 20:37; italik ajoute.

  7. Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: Nou pran non Sovè a sou tèt nou lè nou vin tounen manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. … Antanke vrè kwayan nan Kris la, antanke Kretyen, nou kontan pran non l sou tèt nou (“Taking upon Us the Name of Jesus Christ,” 80).

  8. Nan fom kote vèb la itilize nan fraz Nan diksyonè anliy Merriam-Webster a, genyen 20 diferan definisyon sou fom tranzitiv vèb pran,ki se yon fom kote vèb la itilize nan fraz “pran sou nou non Jezikri” (merriam-webster.com/dictionary/take).

  9. Russell M. Nelson, “Pwofèt yo, Lidèchip, ak Lwa Diven” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 8, 2017), broadcasts.lds.org.

  10. RussellM. Nelson, “Liv Mòmon an: kisa lavi w t ap ye san li? Liahona, Nov. 2017, 60–63.

  11. Mozya 18:9.

  12. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018), HopeofIsrael.lds.org.

  13. ”Senyè a fè m konprann enpòtans non l te revele pou Legliz li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou gen travay ki devan nou pou n mete tèt nou an amoni avèk volonte li” (Russell M. Nelson, in “The Name of the Church” [official statement, Aug. 16, 2018], mormonnewsroom.org).

  14. Gade Mowoni 7:19.

  15. Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Liahona, Avr. 2018, 7.

  16. Doktrin ak Alyans 20:77; italik ajoute.

  17. 3 Nefi 9:14; gade Alma 5:33–34 tou.

  18. Gade 2 Nephi 1:15.

  19. “Lè nou temwaye volonte nou pou n pran sou nou non Jezikri, na p fè konnen angajman nou pou n fè tout sa n kapab pou jwenn lavi etènèl nan wayom Papa nou an. Nou ap eksprime kandidati nou—detèminasyon nou pou n lite pou—egzaltasyon nan wayòm seleès la

    “… Sa nou temwaye a se pa ke nou pransou nou non li men ke nou gen volontepou fè sa. Nan sans sa a, temwayaj nou gen pou wè ak kèk evenman oswa pozisyon alavni ke nou pa ka atenn pou kont pa nou, men ki depann de otorite oswa inisyativ Sovè a limenm” (Dallin H. Oaks, “Taking upon Us the Name of Jesus Christ82–83).

  20. “À toi, Dieu, notre Père,” Cantiques, no. 100.

  21. Gade Mozya 56183 Nefi 19.

  22. Mozya 5:12.

  23. Doktrin ak Alyans 20:29.