2010–2019
Pran non Jezikri sou tèt nou.
Oktòb 2018


Pran non Jezikri sou tèt nou

Se pou nou pran non Jezikri sou tèt nou fidèlman—nan wè jan l wè, nan sèvi jan l te sèvi, ak nan kwè ke gras li ase.

Frè m ak sè m yo, dènyèman, pandan m t ap reflechi sou responsablite Prezidan Nelson ba nou pou n rele Legliz la pa non yo te revele pou li a, m t al gade enstriksyon Sovè a te bay Nefit yo osijè non Legliz la. 1 Pandan m t ap li pawòl Sovè a te di yo, m te frape pa fason l te di moun yo: “nou dwe pran non Kris la sou tèt nou.”2 Sa te pouse m evalye tèt mwen epi mande: “Èske m pran non Sovè a sou tèt mwen jan l ta renmen m fè a?”3 Jodia, m ta renmen pale de kèk enpresyon m te resevwa kòm repons pou kesyon m nan.

Premyèman, pran non Kris la sou tèt nou vledi pou nou fidèlman fè efò pou n wè jan Bondye wè.4 Kijan Bondye wè? Joseph Smith te di: “Pandan ke yon pati nan kretyen vivan yo ap jije ak kondane lòt san pitye, Papa Siprèm inivè a gade tout fanmi imèn nan avèk yon rega ak konsiderasyon patènèl paske yo” paske “lanmou li ensondab.”5

Sa gen kèk ane, gran sè m nan te mouri. Li te gen yon lavi difisil. Li te lite avèk levanjil la epi li pa t janm vrèman aktiv. Mari l te kite l avèk kat timoun piti pou l te elve. Jou l te mouri a, nan yon sal kote pitit li yo te prezan, m te ba l yon benediksyon pou l te retounen lakay li pezibleman. Nan moman sa a, m te reyalize ke m te twò souvan defini lavi sè m nan selon eprèv li yo ak inaktivite li. Pandan m te mete men m sou tèt li jou swa sa a, m te resevwa yon reprimand sevè nan men Lespri a. Li te fè m klèman pran konsyans de bonte li epi l te pèmèt mwen wè l jan Bondye te wè l la—non pa tankou yon moun ki t ap lite avèk levanjil la, men, antanke yon moun ki te afwonte anpil pwoblèm difisil ke m pa t genyen. M te wè l kòm yon manman mayifik ki, malgre gwo obstak, te elve kat bèl timoun etonan. M te wè l tankou zanmi manman m, ki te pran tan pou l te veye sou li epi rete yon konpay pou li apre papa m te fin mouri.

Pandan dènye sware sa a avèk sè m nan, m kwè Bondye te mande m: “Èske w pa wè ke chak moun ki bò kote w yo se yon moun sakre?”

Brigham Young te anseye:

“M ta renmen egzòte noumenm Sen yo … pou nou konprann gason yo ak fi yo jan yo ye a e non pa jan noumenm nou ye. ”6

Nou konn tande yo di souvan—‘Moun sa a fè yon move bagay, li pa ka yon Sen.‘ … Nou konnn tande kèk moun k ap sèmante, k ap bay manti … [oubyen] ki kraze Saba a. … Pa jije moun sa yo, paske, ou pa konn desen Senyè a konsènan yo … [Olyedesa] gen pasyans avèk yo.”7

Èske yon moun ka imajine Sovè nou an k ap kite oumenm ak fado w pase bò kote l san remake yo? Sovè a te gade Samaritèn nan, fi adiltè a, kolektè kontribisyon an, lepre a, malad mantal la, ak pechè a avèk menm rega a. Yo tout sete pitit Papa li. Yo tout te merite pou l te rachte yo.

Eske w ka imajine limenm k ap detounen l de yon moun ki gen dout sou plas li nan wayòm Bondye a oubyen ki aflije nan nenpòt lòt fason?8 M pa ka imajine sa. Nan je Bondye, chak grenn moun gen yon valè enfini. Okenn moun pa t preòdone pou l te echwe. Lavi etènèl la posib pou tout moun.9

Nan repwòch Lespri a te fè m bò kabann sè m nan, m te tire yon gwo leson: si nou wè jan li wè, n ap gen yon doub viktwa—redanmsyon moun nou kotwaye ak redanmsyon tèt nou.

Dezyèmman, pou n pran non Kris la sou tèt nou, nou dwe non sèlman wè jan Bondye wè a, men nou dwe fè travay li ak sèvi jan l te sèvi a. Nou abandone mond lan, nou soumèt nou anba volonte Bondye, nou rasanble Izrayèl epi nou fè limyè nou “briye devan lèzòm.”10 Nou resevwa alyans ak òdonans Legliz retabli l la epi nou respekte yo.11 Lè nou fè sa, Bondye dote nou avèk pouvwa pou beni tèt nou, fanmi nou, ak lavi lòt moun. 12 Mande tèt ou: “Èske m konn yon moun ki pa bezwen pouvwa syèl la nan lavi li?“

Bondye ap fè mèvèy nan pami nou si nou sanktifye tèt nou.13 Nou sanktifye tèt nou lè nou pirifye kè nou.14 Nou pirifye kè nou lè nou tande li,15 nou repanti pou peche nou,16 nou konvèti,17 epi nou renmen jan l renmen an.18 Senyè a mande nou : “Paske, si nou renmen moun ki renmen nou, ki rekonpans nou merite?”19

Resamman m te aprann yon eksperyans nan lavi Èldè James E. Talmage ki te fè m reflechi sou fason l te renmen ak sèvi moun bò kote li. Antanke yon jèn pwofesè, anvan l te vin Apot, epi nan mitan yon epidemi maladi difteri mòtèl an 1892, Èldè Talmage te dekouvri ke, yon fanmi etranje ki pa t manm Legliz la, ki t ap viv tou pre li te gen maladi a. Okenn moun pa t vle riske tèt yo pou yo t al andedan kay enfekte sa a. Men, Èldè Talmage te imedyatman ale lakay yo. Li te jwenn kat timoun: yon timoun dezan edmi ki te mouri atè a, de k te gen senkan ak youn dizan ki te anba gwo doulè, ak youn trèzan ki te fèb anpil. Paran yo te akable anba chagren ak fatig.

Èldè Talmage te abiye mò a ak vivan yo, li te bale chanm nan, li te pran rad ki te sal yo epi l te boule yo ak tapi sal yo ki te plen jèm maladi a. Li te travay tout jounen an epi apresa l te retounen nan demen maten. Timoun dizan an te mouri pandan nuit la. Li te leve sa senkan an epi l te kenbe li. Timoun nan te sal tout figi l ak rad li avèk san. Li te ekri: “M pa t ka depoze l atè,” epi l te kenbe l jiskaske l te mouri nan bra li. Li te ede antere toulètwa timoun yo epi l te pote manje ak rad pou fanmi an k te andèy la. Lè l te retounen lakay li, Frè Talmage te retire rad l, li te benyen nan yon dlo zink, li te rete aleka fanmi li, epi l te soufri yon atak maladi a.20

Gen anpil lavi bò kote nou ki andanje. Nou vin Sen lè nou pran non Sovè a sou tèt nou epi nou sèvi tout moun kèlkeswa kote yo ye oubyen kote yo kanpe—n ap sove lavi si nou fè sa. 21

Finalman, mwen kwè ke, pou nou pran non l sou tèt nou, nou dwe gen konfyans nan li. Nan yon reyinyon m te asiste yon jou Dimanch, yon jènfi te poze yon kesyon tankou sa a: “Mennaj mwen avèk mwen kite, epi l chwazi pou l kite legliz la. Li di m li pa t janm te gen lajwa konsa. “Kijan sa fè fèt?”

Sovè a te reponn kesyon sa a lè l te di Nefit yo: “Men, si [lavi nou] pa fonde sou levanjil mwen an, epi l fonde sou travay lèzòm, oubyen sou zèv dyab la, anverite, m ap di nou, [n ap] gen lajwa nan zèv [nou] yo pou yon ti tan, men anvan lontan, lafen an ap rive.”22 Tou senpleman, pa gen okenn lajwa dirab andeyò levanjil Jezikri a.

Nan reyinyon sa a, m te panse a pil bon moun m konnen k ap lite anba gwo fado yo ak kòmandman ki sanble yo efreyan pou yo. M te mande tèt mwen: “Ki lòt bagay Sovè a ta di yo?23 Mwen kwè li t ap mande “Èske w kwè nan mwen?”24 Li te di madanm nan ki te gen pwoblèm emoraji a: “Lafwa w geri ou, ale anpè.” 25

Youn nan ekriti m pi renmen se Jan 4:4ki di: “Epi, fòk li te pase nan mitan peyi Samari.”

Poukisa m renmen ekriti sa a? Paske Jezi pa t bezwen ale Samari. Juif yo nan epòk li a pa t vle wè Samariten yo epi yo te pito kontoune Samari. Men, Jezi te chwazi pou l t ale la pou l te deklare devan tout moun, pou lapremyè fwa, ke l sete Mesi pwomi an. Pou mesaj sa a, li pa t sèlman chwazi yon gwoup moun yo te rejte, men yon fi tou—non pa nenpòt ki fi, me yon fi k t ap viv nan peche—yon moun yo te konsidere kòm anyen nan epòk la. Mwen kwè Jezi te fè sa pou ke nou chak toujou konprann ke amou li pi gran pase krent nou, adiksyon nou, dout nou, tantasyon nou, peche nou, fanmi brize nou, depresyon ak anksyete nou yo, sanzabri nou, atraksyon menm sèks nou, maladi kwonik nou, pòvrete nou, abi nou, ak solitid nou.26 Li vle nou tout konnen pa gen anyen l pa ka geri ni okenn moun li pa ka geri ak delivre pou al nan lajwa dirab.27

Gras li ase.28 Li te desann pi ba pase tout bagay poukont li. Pouvwa Ekspyasyon l lan se pouvwa pou n simonte nenpòt fado nan lavi nou.29 Mesaj fi bò pi a sèke l konn sitiyasyon lavi nou28epi nou ka toujou mache avèk li kèlkeswa kote nou kanpe. Pou fi sa a ak nou chak, li di: “Moun ki va bwè nan dlo m ap ba li a, li p ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k ap ba li lavi ki p ap janm fini an.”30

Nan nenpòt vwayaj nan lavi a, poukisa nou detounen nou de sèl Sovè ki gen tout pouvwa pou geri ak delivre nou an? Kèlkeswa pri w dwe peye pou w fè l konfyans, sa vo lapèn. Frè m ak sè m yo, annou chwazi pou n ogmante lafwa nou nan Pè Selès la ak nan Sovè nou an, Jezikri.

Soti nan pwofondè nanm mwen, mwen rann temwayej ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Sovè a, ki dirije pa Kris vivan an atravè yon vrè pwofèt. Priyè m se pou nou fidèlman pran non Jezikri sou tèt nou—nan wè jan l wè a, nan sèvi jan l te sèvi, epi nan kwè ke lagras li sifi pou mennen nou lakay nou ak nan lajwa dirab. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Gade 3 Nefi 27:3–8.

  2. Gade 3 Nefi 27:5–6; gade tou Doktrin ak Alyans 20:77 ak alyans sentsèn nan.

  3. Gade Dallin H. Oaks, His Holy Name (1998) pou yon etid konplè sou sijè ki se pran non Jezikri sou tèt nou epi temwen l lan.

  4. Gade Mozya5:2–3. Yon pati nan gran chanjman kè sa a nan pami pèm Wa Benjamen an ki te pran non Kris la sou tèt yo a sete ke je yo te louvri pou yo te ka “wè gwo bagay.” Moun ki eritye wayòm selès yo se moun ki “wè jan yo wè yo a” (Doktrin ak Alyans 76:94

  5. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 39.

  6. Brigham Young, nan Journal of Discourses, 8:37.

  7. Discourses of Brigham Young, sel. John A. Widtsoe (1954), 278.

  8. Gade 3 Nefi 17:3.

  9. Gade Jan 3:14–17; Travay 10:34; 1 Nefi 17:35; 2 Nefi 26:33; Doktrin al Alyans 50:41–42; Moyiz 1:39. Eldè D. Todd Christofferson te anseye tou: Avèk konfyans nou temwaye ke Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a prevwa epi, alafen, l ap dedomaje tout privasyon ak tout pèt pou moun ki mande èd li. Okenn moun pa predestine pu l resevwa mwens nan tout sa Papa a genyen pou pitit li” (“Why Marriage, Why FamilyLiahona,Me 2015, 52).

  10. Gade Matye 5:14–16; 22:35–40; Mozya 3:19; Doktrin ak Alyans 50:13–14; 133:5; gade Russell M. Nelson, “The Gathering of Scattered Israel,”Liahona,Nov. 2006 tou.

  11. Gade Levitik 18:4; 2 Nefi 31:5–12; Doktrin ak Alyans 1:12–16; 136:4; Atik Lafwa 1:3–4.

  12. Gade Doktrin ak Alyans 84:20–21; 110:9.

  13. Gade Jozye 3:5; Doktrin ak Alyans 43:16; gade tou Jan 17:19. Sovè a te sanktifye tèt li pou l te ka gen pouvwa pou beni nou.

  14. Gade Elaman 3:35; Doktrin ak Alyans 12:6–9; 88:74.

  15. Gade Joseph Smith—Istwa 1:17premye kòmandman Bondye te bay Pwofèt Joseph Smith; gade 2 Nephi 9:293 Nephi 28:34 tou.

  16. Gade Mak 1:15Travay 3:19Alma 5:3342:23Doktrin ak ALyans 19:4–20 Epitou, medite sou de bagay sa yo sou peche a. Premyèman, Hugh Nibley ekri: “Peche se gasipyaj. Paske se fè yon bagay lè w ta dwe fè lò bagay ki pi bon ke w gen kapasite pou w fè” (“Zeal without Knowledge,” Approaching Zion66). Manman John Wesley, Susanna Wesly, te ekri pitit gason l lan: ”Pran sa pou règ. Kèlkeswa sa ki febli rezon ou, ki afekte sansiblite konsyans ou, ki bouche vizyon ou sou Bondye, oubyen ki retire gou ou pou bagay spirityèl; … kèlkeswa sa ki bay kò w … otirite sou lespri ou; bagay sa a se peche pou ou, menmsi l parèt ionsan” (Susanna Wesley: The Complete Writings, ed. Charles Wallace Jr. [1997], 109).

  17. Gade Lik 22:32; 3 Nefi 9:11, 20.

  18. Gade Jan 13:2–15, 34. Lavèy Sakrifis Ekspyatwa l la, Sovè a te lave pye yon moun ki ta pral trayi li, yon lòt ki ta pral renye li, ak lòt ankò ki ta pral dòmi lè l te plis bezwen yo a. Apresa li te anseye: “M ap ba nou yon nouvo kòmandman, se pou nou youn te renmen lòt menmjan m renmen nou an.”

  19. Matye 5:46.

  20. Gade John R. Talmage, T he Talmage Story: Life of James E. Talmage—Educator, Scientist, Apostle (1972), 112–14.

  21. Gade Alma 10:22–23; 62:40.

  22. 3 Nefi 27:11.

  23. Nan Matye 11:28–30, Senyè a di: “Vin jwenn mwen, nou tout k ap redi e ki ap pote chay, e ma ba nou repo. … Paske jouk mwen fasil, epi chay m ap ba nou an pa lou.” Epitou, panse a 2 Korentyen 12:7–9: Pòl di ke l ap soufri anba yon gwo “pikan nan flèch” li, ke l te priye pou yo te retire pou li. Kris la te di li, “Gras mwen sifi pou ou: paske se nan feblès puisans mwen akonpli.” Gade Etè 12:27.

  24. Gade Mozya 7:33; 29:20; Elaman 12:1; Doktrin ak Alyans 124:87.

  25. Gade Lik 8:43–48; Mak 5:25–34. Fi ki te gen pwoblèm emoraji a te nan bezwen dezespere e li pa t konn sa pou l te fè ankò. Li t ap soufri pandan 12 zan, li te depanse tout sa l te genyen nan doktè, men sa te vin pi mal. Moun yo ak fanmi l te chase li, epi, avèk detèminasyon, li te debwouye l al bò kot Sovè a nan mitan yon gwo foul moun epi li te plonje al jwenn Sovè a. Li te gen konfyans ak lafwa total nan Sovè a, epi Sovè a te santi l te touche pwent rad li. Gras ak kafwa sa a, li te geri imedyatman e totalman. Apresa Sovè a te rele l: “pitit fi mwen.” Li pa t yon parya nan sosyete a ankò, men l sete yon manm fanmi Bondye a. Gerizon l lan te fizik, sosyal, emosyonèl, ak spirityèl. Difikilte yo ka dire pandan dèzane oubyen tout yon lavi, men pwomès gerizon l nan asire e absoli.

  26. Gade Lik 4:21; Jan 4:6–26. Lik, pa Jan, ekri ke, nan kòmansman ministè Jezi a, li t al nan pwòp sinagòg pa li a nan Nazarèt, li te li yon pasaj nan pwofesi Ezayi te bay sou Mesi a, epi apresa li te deklare: “Jodia, ekriti sa a akonpli devan nou.” Sa se premye fwa yo ekri ke Sovè a te pale de tèt li kòm Mesi a. Men, nan pi Jakòb la, Jan ei ke pou lapremyèfwa, Jezi deklare l se Mesi a devan yon foul moun. Nan kontèks sa a, paske yo te konsidere ke Samariten yo pa t Juif, Jezi te anseye ke levanjil li a sete pou tout moun, ni Juif ni Janti. Li te fè deklarasyon sa a nan “sizyèm lè a,” oubyen a midi, kote tè a resevwa maksimòm limyè solèy la. Pi Jakòb la nan vale ki tou pre andwa kote ansyen Izrayèl la te fè alyans avèk Senyè a apre l te fin antre nan tè pwomis la tou. Li enteresan pou nou note ke, nan yon bò vale a gen yon montay arid epi nan lòt bò a gen yon montay ki plen dlo sous lavi.

  27. Eldè Neal A. Maxwell te anseye: “Lè nan moman strès yo n ap mande si gen plis nou ka sipòte, nou ka jwenn rekonfò nan konnen ke Bondye, ki pafètman konn kapasite nou, mete nou la a pou nou reyisi. Pa gen okenn moun ki preòdone pou l echwe ni pou l vin mechan. … Lè nou santi nou depase, annou raple nou asirans ke Bondye pa ba nou plis pase nou pa ka sipòte a” (“Meeting the Challenges of Today” [Brigham Young University devotional, Oct. 10, 1978], speeches.byu.edu).

  28. Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

    “Jou a ap rive kote nou pral prezante tèt nou devan Sovè a. YNou pral depase nan pwen ke nou pral kriye dèske nou twouve nou nan prezans li. Nou pral lite pou n jwenn mo pou nou remèsye li dèske l te peye pou peche nou, dèske l te padone nou pou mank jantiyès nou anvè lòt moun, dèske l te geri blesi ak enjistis nou te sibi nan lavi sa a.

    “Nou pral remèsye li paske li te ba nou fòs pou nou te reyalize sa k te enposib, paske li te chanje feblès nou yo an fòs, epi paske l te rann posib pou nou viv avèk li ak fanmi nou pou tout tan. Idantite li, Sakrifis Ekspyatwa l la, ak kalite li yo ap parèt familye ak reyèl pou nou” (“Prophets, Leadership, and Divine Lawworldwide devotional for youth adults, Jan. 8, 2017], broadcasts.lds.org).

  29. Gade Ezayi 53:3–5; Alma 7:11–13; Doktrin ak Alyans 122:5–9.

  30. See Joseph Smith—Istwa 1:17Elaine S. Dalton, “He Knows You by NameLiahona,Me 2005.

  31. Jan 4:14.