2010–2019
Kwè, Renmen, Aji
Oktòb 2018


Kwè, renmen, aji

Nou atenn lavi abondant la nan vin tounen vrè disip Jezikri—nan suiv chemen li ak angaje nan travay li.

Chè frè m ak sè m yo, se yon gwo lajwa pou mwen pou bèl okazyon pou m avèk nou nan bèl konferans jeneral sa a jodia: pou n koute mesaj enspire; pou n koute bèl koral misyonè ekstraòdinè sa a ki reprezante dè milye misyonè toupatou nan mond lan—pitit fi nou, pitit gason nou—e espesyalman pou nou ini nan lafwa nou jodia, pou nou soutni chè Prezidan Russell M. Nelson nou an, ak Ofisye Jeneral yo nan Legliz la ankò. M kontan pou m avèk nou jodia.

Ansyen Wa Salomon sete youn nan kretyen vivan ki te aparaman gen plis siksè nan tout listwa.1 Sanble l te gen tout bagay—lajan, pouvwa, adorasyon, onè. Men apre dè deseni jwisans ak ekstravagans, kijan Wa Salomon te rezime lavi li?

Li te di: “Tout bagay se vanite.” 2

Mesye sa a, ki te gen tout bagay la, te fini dezanchante, pesimis, ak malere, malgre tout sa l te posede.3

Gen yon mo nan lang Alman an, Weltschmerz. Si nou defini l angwo, li vledi yon tristès ki soti nan antretni panse ke mond lan enferyè a sa nou panse l ta dwe ye.

Petèt gen yon ti kras Weltschmerz nan nou tout.

Lè chagren silansye glise antre nan tout kwen lavi nou. Lè tristès ranpli jounen nou epi pwojte lonbraj fènwa sou nuit nou. Lè trajedi ak enjistis antre nan mond bò kote nou an, enkli nan lavi moun ki chè pou nou. Lè nou vwayaje atravè santye pwòp malchans pèsonèl ak solitè nou epi soufrans kouvri serenite nou e ouvri yon brèch nan trankilite nou---nou gen dwa tante pou n di nou dakò ak Salomon ke lavi a se vanite epi l pa gen sans.

Gran Esperans la

Bòn nouvèl la sèke gen espwa. Gen yon solisyon pou vid, vanite, ak Weltschmerz lavi a. Gen yon solisyon pou menm dezespwa ak dekourajman ki pi pwofon nou kapab santi a.

Espwa sa a nou jwenn ni nan pouvwa transfòmatè levanjil Jezikri a ak nan pouvwa redanmtè Sovè a pou geri nou anba nanm malad nou an.

Jezi te deklare: “Mwen vini pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an abondans.”4

Nou atenn lavi abondant sa a non pa nan konsantre sou pwòp bezwen nou oubyen sou akonplisman pèsonèl nou men nan vin vrè disip Jezikri---nan suiv chemen li ak angaje nou nan travay li. Nou jwenn lavi abondan an nan bliye tèt nou epi angaje nou nan gran koz Kris la.

Kisa koz Kris la ye? Se kwè nan li, renmen jan l te renmen, ak aji jan l te aji.

Jezi “te mache toupatou ap fè byen.”5 Li te mache nan mitan pòv yo, meprize yo, malad yo, ak moun ki te wont yo. Li te sèvi moun enpuisan yo, fèb yo, ak sa k te san zanmi yo. Li te pase tan avèk yo; li te pale avèk yo. “Epi l te geri yo tout.”6

Tout kote l t ale, Sovè a te anseye “bòn nouvèl” ”7 levanjil la. Li te anseye verite etènèl ki te libere moun yo spirityèlman osibyen ke tanporèlman.

Moun ki lage tèt yo nan koz Kris la dekouvri verite sa a nan pwomès Sovè a: “Moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, li va jwenn ni ankò.”8

Salomon pa t gen rezon, chè frè m ak sè m yo—lavi a pa “vanite.” Okontrè, li ka ranpli ak objektif, sans, ak lapè.

Men gerisè Jezikri longe pou tout moun ki chèche li. M vin konnen, san okenn dout, ke kwè nan Bondye epi renmen li epi efòse n fè volonte li ka chanje kè nou,9adousi lapenn nou, e ranpli nanm nou ak “gwo lajwa.”10

Kwè, renmen, aji

Natirèlman, nou dwe fè plis pase senpleman gen yon konpreyansyon entelektyèl sou levanjil la pou l ka gen enfliyans gerisè sa a nan lavi nou. Nou dwe enkòpore l nan lavi nou---fè l vin yon pati de sa nou ye ak sa n ap fè.

Kite m sigjere ke kalite disip kòmanse avèk twa senp mo:

Kwè, renmen, epi aji.

Kwè nan Bondye fè nou gen lafwa nan li epi sa fè n akeri konfyans nan pawòl li. Lafwa a ap fè kè nou grandi nan lanmou pou Bondye ak pou lòt moun. Pandan lanmou sa a ap grandi, nou enspire pou n imite Sovè a pandan n ap kontinye gwo vwayaj nou sou chemen disip la.

Men, nou ka di, sa parèt yon tijan twò senp. Pwoblèm lavi yo, sètènman pwoblèm pa m yo, pi konplèks pou yon preskripsyon senp konsa. Ou pa ka geri Weltschmerzavèk twa senp mo sa yo: Kwè, renmen, aji.

Se pa ekspresyon an ki bay gerizon an. Se lanmou Bondye ki sekouri, restore, ak ravive.

Bondye konnen ou. Ou se pitit li. Li renmen ou.

Menm lè w panse moun pa ka renmen ou, li lonje lamen ba ou.

Jodi a menm—chak jou—l ap lonje lamen ba ou, ak dezi pou l geri ou, elve ou, ak ranplase vid nan kè w la pa yon lajwa konstan. Li vle chase tout tenèb ki kouvri lavi ou e ranpli l avèk limyè sakre ak briyan lagwa enfini li.

M fè eksperyans sa a mwen menm.

Epi temwayaj mwen antanke yon Apot Senyè Jezikri sèke tout moun ki vin jwenn Bondye—tout moun ki kwè, ki renmen, ki ajika fè menm eksperyans lan.

Nou kwè

Ekriti yo anseye nou ke “san lafwa li enposib pou nou fè Bondye plezi: paske moun ki apwoche kot Bondye dwe kwè ke l egziste.”11

Pou kèk moun, kwè se yon bagay ki difisil. Ògèy nou mete pye l. Petèt nou panse paske nou entelijan, byen enstwi, oubyen plen eksperyans, nou senpleman pa ka kwè nan Bondye. Epi nou kòmanse gade relijyon kòm yon tradisyon moun fou.12

Nan eksperyans pa m, kwayans se pa sitèlman yon tablo n ap gade ak admire epi nou diskite de li e fè teyori. Li plis tankou yon charèt nou pote nan jaden nou epi, avèk syè nan fwon nou, nou kreye tras nan tè a ki aksepte semans e ki pwodui fwi.13

Pwoche kot Bondye, epi l ap pwoche kote w.14 Sa se pwomès li fè tout moun ki kwè.

Nou renmen

Ekriti yo revele ke, plis nou renmen, se plis nou gen kè kontan.15 Men, lanmou Jezi te pale a se pa yon lanmou tankou kat nou bay kòm kado, pou jete epi pase nan yon lòt bagay. Se pa yon lanmou ou pale, epi apresa w bliye l. Se pa yon lanmou tankou “fè m konn si gen yon bagay m ka fè” epi w bliye l.

Lanmou Bondye ap pale a se kalite lanmou ki antre nan kè nou lè nou reveye le maten, ki rete avèk nou tout jounen an, epi ki gonfle nan kè nou lè n ap priye nan fen sware a.

Sa se lanmou ineksprimab Pè Selès la genyen pou nou.

Se konpasyon enfini sa a ki pèmèt nou pi klèman wè lòt moun pou sa yo ye a. Atravè linèt lanmou pi a, nou wè yo kòm èt imòtèl ki gen valè ak potansyèl enfini, pitit gason ak pitit fi Bondye Toupuisan an.

Lè nou gade atravè linèt sa a, nou pa ka inyore, ni neglije, ni fè diskriminasyon kont pèsonn.

Nou aji

Nan travay Sovè a, se souvan “avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.”16

Nou konnen ke, pou n ka vin bon nan nenpòt bagay, sa mande pou nou fè pratik tout tan. Keseswa jwe saksofòn, choute yon balon nan filè, repare yon machin oubyen pilote yon avyon, se atravè pratik nou ka vin plis an plis amelyore.17

Òganizasyon Sovè nou an kreye sou tè a—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo—ede nou fè sa. Li ofri nou yon lye pou n fè pratik viv fason l te anseye a ak fè byen pou lòt moun nan fason l te fè a.

Antanke manm Legliz la, nou resevwa apèl, responsablite, ak opòtinite pou n lonje lamen ak konpasyon pou n sèvi lòt moun.

Dènyèman, Legliz la te remete aksan sou sèvis pastoral, oswa sèvi lòt moun. Nou te reflechi anpil pou n te detèmine kijan pou n te rele aksan espesyal sa a.

Youn nan non n te anvizaje yo te derive de mo bèjea, yon referans ki byen tonbe avèk envitasyon Kris la pou: “Pran swen bebi m yo.”18 Men, te gen omwen yon enkonvenyan: itilizasyon tèm sa a t ap fè m vin yon Bèje Alman. Pa konsekan, m te trè satisfè avèk tèm sèvis pastoral la.

Travay sa a se pou tout moun

Natirèlman, aksan sa a pa nouvo. Li senpleman ba nou yon okazyon renouvle ak rafine pou n aplike kòmandman Sovè a pou “youn renmen lòt”19 la, yon fason apwofondi pou nou aplike ak pratike objektif Legliz la.

Jis panse a travay misyonè: pataje levanjil la avèk kouraj, imilite ak konfyans se yon bèl egzanp sou fason n ap veye sou bezwen spirityèl lòt moun, kèlkeswa kiyès yo ye.

Oubyen, fè travay tanp—chèche non zansèt nou yo epi ofri yo benediksyon letènite yo. Ala yon fason divin pou n sèvi!

Reflechi sou aksyon pou chèche pòv yo ak moun ki nan nesesite yo, pou leve men ki pandye yo, oubyen beni moun ki malad ak aflije yo. Èske bagay sa yo se pa zak sèvis pastoral pur sa yo Senyè a te pratike lè l t ap mache sou tè a?

Si w pa manm Legliz la, mwen envite w pou w “vini pou w wè“.20. Vini, epi ini avèk nou. Si w se manm Legliz la men, pou lemoman ou inaktif, m ap envite w: tanpri retounen. Nou bezwen ou!

Vin ajoute fòs ou sou pa nou.

Avèk talan, kapasite, ak pèsonalite san parèy ou, w ap ede nou vin pi bon ak pi kontan. An retou, n ap ede w vin pi bon ak pi kontan tou.

Vini, ede nou bati ak fòtifye yon kilti gerizon, jantiyès, ak mizèrikòd pou tout pitit Bondye. Paske nou tout ap eseye vin nouvo kreyati pou “ansyen bagay yo disparèt” epi “tout bagay … vin nouvo.”21 Sovè a montre nou direksyon pou nou ale—annavan epi anwo. Li di: “Si ou renmen mwen, respekte kòmandman m yo.”22 Annou travay ansanm pou n ka vin pèp Bondye te vle nou devni an.

Sa se kalite kilti levanjil nou vle kiltive nan tout Legliz Jezikri a. Nou chèche fòtifye Legliz la pou l vin yon lye kote nou youn padone lòt. Kote nou ka reziste anba tantasyon pou jwenn defo, fè komeraj, ak rabese lòt moun. Yon lye kote, olye nou lonje dwèt sou enpèfeksyon lòt, nou youn ka elve ak ede lòt vin pi bon yo kapab.

Kite m envite nou ankò. Vini pou nou wè. Vini jwenn nou. Nou bezwen ou.

Moun enpafè

W ap dekouvri ke Legliz sa a ranpli avèk kèk nan pi bon moun mond sa a gen pou ofri. Yo akeyan, yo eman, yo janti, yo sensè. Yo travay di, yo dispoze pou yo fè sakrifis, epi yo menm ewoyik pafwa.

Epi, yo teribleman enpafè tou.

Yo fè erè.

Tanzantan yo di dè bagay yo pa ta dwe di. Yo fè dè bagay yo swete yo pa t fè.

Men yo gen bagay sa a an komen—yo vle amelyore ak rapwoche yo de Senyè a, Sovè nou an, Jezikri.

Y ap eseye fè sa k byen.

Yo kwè. Yo renmen. Yo aji.

Yo vle vin mwens egoyis, pi konpatisan, pi rafine, plis sanble avèk Jezi.

Mak fabrik pou bonè a

Wi, lavi a ka difisil pafwa. Se sèten ke nou tout gen moman dezespwa ak dekourajman nou.

Men levanjil Jezikri a ofri nou lespwa. Epi, nan Legliz Jezikri a, nou ini avèk lòt moun k ap chèche yon lye kote yo ka santi yo lakay yo—yon lye pwogresyon kote, ansanm, nou ka kwè, renmen, ak aji.

Kèlkeswa diferans nou, nou youn chèche anbrase lòt antanke pitit fi ak pitit gason Pè Selès byeneme nou an.

Mwen rekonesan anpil dèske m se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi dèske m konnen ke Bondye renmen pitit li ase pou l ba yo yon plan pou gen bonè ak pou gen sans nan lavi sa a, ak yon wayan pou n jwi lajwa etènèl nan demè laglwa nan lavi k ap vini an.

Mwen rekonesan dèske Bondye ba nou yon fason pou n geri maladi nanm yo ak Weltschmerz lavi yo.

Mwen temwaye ke si nou kwè nan Bondye, si nou renmen li, epi nou renmen lòt moun ak tout kè nou, epi nou efòse n pou nou aji jan Bondye mande nou, n ap jwenn gerizon ak lapè, bonè ak sans lavi a. Nan non sakre Jezikri, amèn.