2010–2019
“Pa pè.”
Oktòb 2018


Se pou nou pa twouble

Pran kouraj, frè m ak sè m yo. Wi, n ap viv nan tan twouble, men si nou rete nan chemen alyans lan, nou pa bezwen pè.

M ajoute temwayaj mwen sou mesaj Prezidan Russell M. Nelson ak Eldè Quentin L. Cook yo nou sòt tande talè a sou amoni ak inite ki egziste nan Konsèy Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo. M konnen anons enspire sa yo se panse ak volonte Senyè a, epi yo pral beni ak fòtifye moun yo, fanmi yo, ak Legliz Jezikri pou Sen Denyè Jou yo pou jenerasyon k ap vini yo.

Sa gen kèk ane, yonn nan pitit fi m yo ki te fèk marye ak mari l te poze Sè Rasband avèk mwen yon kesyon trè enpòtan, ki ka enfliyanse lavi: “Èske l pridan ak saj pou moun fè pitit nan mond aparaman mechan ak efreyan n ap viv la?”

Sete yon kesyon enpòtan pou yon manman ak papa diskite avèk pitit pa yo ki marye yo. Nou te ka tande ak santi krent ki te nan vwa yo ak nan kè yo. Nou te reponn yo kategorikman “Wi,san okenn dout,” pandan nou te ba yo ansèyman debaz levanjil yo ak sa nou te santi nan kè nou ak ak eksperyans lavi nou.

Laperèz pa yon santiman nouvo. Disip Jezikri yo, lè yo te sou Lanmè Galile a, te pè “van an, ak vag lanmè yo” nan fènwa lannuit la.1 Kòm disip li jodia, nou menm tou,nou pè. Jèn adilt sèl nou yo pè pran angajman pou yo marye. Jèn marye, tankou pitit mwen yo, ka pè fè pitit nan mond k ap vin plis anplis mechan sa a. Misyonè yo pè anpil bagay, espesyalman abòde moun yo pa konnen. Vèf ak vèv yo pè viv poukont yo. Adolesan yo pè pou lòt pa vle vin zanmi yo; timoun klas anfanten pè premye jou lekòl; elèv inivèsite pè rezilta egzamen. Nou pè echèk, rejè, desepsyon, ak sa nou pa konnen. Nou pè siklòn, tranblemandtè, ak dife k ap ravaje peyi nou ak lavi nou. Nou pè pou yo pa chwazi nou, epi anmenm tan tou, nou pè lè yo chwazi nou. Nou pè pou nou pa bon ase, nou pè pou Senyè a pa gen benediksyon pou nou. Nou pè chanjman, epi lè nou pè sa ka mennen panik. Èske m site yo tout?

Depi nan ansyen tan yo, laperèz limite pèspektif pitit Bondye yo. M toujou renmen istwa Elize a ki nan 2 Wa a. Wa Siri a te voye yon lejyon sòlda ki “te vini nan nuit, epi ki te antoure vil la.”2 Entansyon yo sete oiy kaptire ak touye Elize. Nou li:

“Epi lè sèvitè Bondye a,[Elize], te reveye bonè, epi l t ale, epi gade, yon gwoup te antoure vil la avèk cheval ak charyo. Epi jèn sèvitè la te di l, Alas, mèt mewn an! kisa nou pral fè?”3

Sa sete krent ki t ap pale.

“Epi [Elize] te reponn,“Ou pa bezwen pè! Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun yo genyen avèk yo a”4

Men, li pat rete la.

“Eliza te priye, epi l te di, Senyè, m priye ou, ouvri je l pou l ka wè. Epi Senyè a te ouvri je jèn gason an, epi l te wè, epi gade, mòn nan te chaje avèk cheval ak charyo dife ki te antoure Elize.”5

Nou gen dwa pa wè yo voye charyo dife pou chase krent nou ak konkeri demon nou yo, men, leson an klè. Senyè a avèk nou, nou nan panse l, epi l ap beni nou nan fason limenm sèl ka fè. Priyè ka rele fòs ak revelasyon nou bezwen yo desann sou nou, pou santre panse nou sou Jezikri ak sakrifis ekspyatwa l la. Senyè a te konnen nou t apral pè pafwa. Ni mwen ni nou konn nan sitiyasyon sa a, se poutèt sa ekriti yo repete konsèy Senyè a:

“Fè kè nou kontan, epi pa pè.”6

“Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.”7

“Pa pè, ti twoupo m yo,”8 M renmen tandrès ki gen nan mo “ti twoupo a.” Nan Legliz sa a, nou ka pa anpil daprè fason mond la konsidere enfliyans, men, lè nou ouvri je espirityèl nou, “Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun yo genyen avèk yo a.”9 Bèje byenneme nou an, Jezikri, te di apresa, “Kite tè a ak lanfè a mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.”10

Kouman nou chase laperèz? Pou jèn gason an, li te kanpe bòkote Elize, yon pwofèt Bondye. Nou gen men pwomès la. Lè nou koute Prezidan Russell M. Nelson, lè nou koute konsèy li, nou kanpe avèk yon pwofèk Bondye. Sonje pawòl Joseph Smith yo: “Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan!”11 Jezikri vivan. Amou nou pou li ak levanjil li a chase krent.

Dezi nou pou n “toujou gen Lespri l”12 avèk nou an ap chase tout krent, pou nou gen plis vizyon etènèl sou lavi mòtèl nou. Prezidan Nelson te avèti nou, “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, enfliyans konstan Sentespri a.”13

Senyè a te di, konsènan kalamite ki pral kouvri tè a, ki ta pral fè kè anpil moun di : “Disip mwen yo ap kanpe nan kote ki sen, epi anyen p ap deplase yo.”14

Epi, men konsèy divin sa a: “Pa enkyete, paske lè tout bagay sa yo pral rive, nou kapab konnen pwomès m te fè nou yo pral akonpli.”15

Kanpe nan kote ki sen—pa twouble—epi pwomès yo ap akonpli. An nou gade chak bagay sa yo, an relasyon avèk krent nou.

Premyeman, kanpe nan kote ki sen. Lè nou kanpe nan kote ki sen–fwaye nou, chapèl konsakre nou yo, tanp konsakre yo—nou santi Lespri Senyè a avèk nou. Nou jwenn repons pou kesyon ki twouble nou oubyen lapè pou nou senpleman mete yo akote. Sa se Lespri a an aksyon. Lye sakre sa yo nan wayòm Bondye a sou tè a mande reverans nou, respè nou pou lòt moun, pi bon konpòtman nou lè n ap viv levanjil la, ak esperans nou pou nou mete krent nou sou kote pou n ka chèche pouvwa gerisè Jezikri atravè Sakrifis Ekspyatwa l la.

Pa gen plas pou krent nan lye sen Bondye sa yo oubyen nan kè pitit li yo. Poukisa? Gras ak lanmou. Bondye renmen nou—toujou—epi nou renmen li. Amou nou pou Bondye elwanye tout krent, epi amou li an abondans nan kote ki sen yo. Panse sou sa. Lè nou ezite nan angajman nou anvè Senyè a, lè nou kite chemen li ki mennen nan lavi etènèl la, lè nou gen kesyon oubyen nou gen dout sou enpòtans nou nan plan diven l lan, lè nou kite laperèz ouvri pòt bay tout konpayon l yo—dekourajman, kòlè, fristrasyon, desepsyon—Lespri a kite nou, epi nou san Seynè a. Si w konn konsa, ou konnen se pa yon bon kote pou w ye. An kontras, lè nou kanpe nan kote ki sen, nou ka santi amou Bondye, epi “amou pafè chase tout krent.”16

Lòt pwomès la se “Se pou nou pa twouble.”17 Kèlkeswa nivo mechanste ak boulvèsman ki ranpli tè a, nou gen pwomès ke pa fidelite nou chak jou nan Kris la, n ap gen “lapè ki depase tout entèlijans.”18 Epi lè Kris la vini nan tout pouvwa ak laglwa li, mechanste, rebelyon, ak enjistis ap fini.

Sa gen lontan, Apot Pòl te pwofetize konsènan epòk nou an, li te di jèn Timote:

“Ou dwe konnen tou, nan dènye jou yo pral gen anpil tribilasyon.

“Paske, lèzòm pral renmen tèt pa yo, konvwate, fè lwanj, gen ògèy, blasfème, dezobeyi paran yo, engra, manke sentete, …

“… pi renmen plezi pase yo renmen Bondye.”19

Sonje, “moun ki avèk nou yo” sou toulède bò vwal la, moun ki renmen Senyè a ak tout kè yo, tout pouvwa yo, tout panse yo ak tout fòs yo, yo “plis pase moun yo genyen avèk yo a.”20 Si nou totalman mete konfyans nan Senyè a ak chemen li, si nou angaje nou nan travay li, nou pap pè tandans mond la ni yo pap twouble nou. M priye nou pou nou mete enfliyans ak presyon mond la akote pou nou ka chèche spirityalite nan lavi kotidyèn nou. Renmen sa Senyè a renmen—ki enkli kòmandman l yo, kay sakre l yo, alyans sakre nou fè avèk li yo, sentsèn chak jou Saba a, kominikasyon nou atravè lapriyè—epi nou p ap twouble.

Dènye pwen an: mete konfyans nou nan Senyè a ak nan pwomès li. M konnen tout pwomès li yo ap akonpli. M konn sa osi fèm ke m kanpe la a devan nou nan reyinyon sakre sa a.

Senyè a revele: “Paske, moun saj yo ki te resevwa verite a, epi ki te pran Sentespri a pou gid yo, epi ki pa t egare yo—an verite m di w, yo p ap rache jete nan dife, men, y ap sipòte jou a.”21

Se poutèt sa nou pa dwe twouble pa boulvèsman epòk sa yo, pa moun ki nan gwo kay byen laj la, pa moun k ap moke efò onèt nou ak sèvis nou konsakre nan Senyè a, Jezikri. Optimis, kouraj, menm charite soti nan kè ki pa akable anba boulvèsman oswa twoub yo. Prezidan Nelson, ki “optimis pou lavni an,” te raple nou, “Si nou vle gen espwa pou nou triye pami tout pakèt vwa ak filozofi lèzòm k ap atake laverite yo, nou dwe aprann resevwa revelasyon.”22

Pou nou resevwa revelasyon pèsonèl, nou dwe bay priyorite a viv levanjil la ak ankouraje fidelite ak spirityalite nan lòt moun osi byen ke nan noumenm.

Spencer W. Kimball sete youn nan pwofèt anfans mwen. Nan dènye ane sa yo, apre m te fin aple kòm Apot la, m te jwenn lapè nan premye mesaj li te bay nan konferans jeneral Oktòb 1943 a. Apèl la te boulvèse li; m konnen kijan l te santi l. Eldè Kimball te di: “M te reflechi anpil epi m te priye epi m te jene epi m te priye. Te gen panse kontradiktwa ki te vide nan lespri m—ki te sanble y ap di: ‘Ou pa p ka fè travay la. Ou pa diy. Ou pa gen kapasite’— epi panse triyonfan an te toujou vini alafen: ‘Ou dwe fè travay yo aple w pou w fè a—ou dwe fè tèt ou kapab, diy, ak kalifye.’ Epi batay la te kontinye fè raj.”23

M pran kouraj nan temwayaj sensè ki te sot nan kè Apot sa a, ki te vin 12èm Prezidan Legliz la. Li te rekonèt ke l te dwe bliye krent li pou l te “fè travay yo te ba li a” epi l te oblije apiye sou Senyè a pou l te jwenn fòs pou l te rann ni “kapab, diy, ak kalifye.” Ou ka fè l tou. Batay la ap kontinye fè raj, men n ap afwonte yo avèk Lespri Senyè a. Nou p ap “twouble” paske lè nou kanpe avèk Senyè a epi nou defann prensip plan etènèl li yo, nou kanpe nan kote ki sen.

Kounyea, sa k te pase avèk pitit fi m nan ak bofis mwen an ki te poze kesyon sensè ak penetran sa a, ki te baze sou krent la, sa gen kèk ane a? Yo te reflechi seryezman a konvèsasyon nou an jou swa sa a; yo te priye, yo te jene epi yo te fè pwòp konklizyon pa yo. Erezman pou yo ak pou noumenm ki granparan yo, kounyeya lavi yo beni avèk sèt bèl pitit pandan y ap avanse nan lafwa ak lanmou.

Imaj
Sèt nan pitit pitit Eldè ak Sè Rabann yo

Pran kouraj, frè ak sè m yo. Wi, n ap viv nan tan difisil, men si nou rete sou chemen alyans la, nou pa bezwen pè. M beni nou pou ke, pandan n ap fè sa, nou pa twouble pa tan n ap viv la oubyen pa pwoblèm k ap prezante devan nou. M beni nou pou nou chwazi kanpe nan kote ki sen, san nou pa ebranle. M beni nou pou nou kwè nan pwomès Jezikri yo, Li vivan, l ap voye je sou nou, l ap pran swen nou epi l kanpe bòkote nou. Nan non sakre Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.