2010–2019
Lajwa Lè Moun Pa Egoyis
Oktòb 2018


Lajwa nan sèvis dezenterese

Nou te pwomèt Papa nou ki nan Syèl la pou nou sèvi li ak sèvi lòt moun avèk amou epi pou nou fè volonte l nan tout bagay.

Apre dènye konferans jeneral la, plizyè moun te apwoche m avèk menm kesyon an: “Èske chèz sa yo konfòtab?” Chak fwa, m te bay menm repons la: “Chèz sa yo trè konfòtab si w pa gen pou w pale.” Èske se pa vre? Chèz mwen an pa twò konfòtab nan konferans sa a, men, m vrèman rekonesan pou benediksyon ak onè pou m pale avèk nou aswè a.

Kèkfwa lè n ap sèvi, nou gen pou n chita sou chèz diferan. Gen kèk ki trè konfòtab epi gen lòt ki pa konfòtab, men nou te pwomèt Papa nou ki nan Syèl la pou nou sèvi limenm ak lòt moun yo avèk amou epi pou nou fè volonte l nan tout bagay.

Sa gen kèk ane, jèn yo nan Legliz la te aprann ke, “lè nou anbake nan sèvis Bondye’ [Doktin ak Alyans 4:2], nou antre nan pi gwo travay ki egziste a. N ap ede Bondye fè travay li a avanse, epi sa se yon gwo eksperyans ekstraòdinè.”1 Se yon vwayaj ki disponib pou tout moun—nenpòt laj—epi se yon vwayaj ki mennen nou snan sa pwofèt byenneme nou an di ki rele “chemen alyans la.”2

Malerezman, n ap viv nan yon mond egoyis, kote moun ap mande tèt yo tout tan, “Ki enterè pa m?” tan pou yo ta mande, “ki moun m ka ede jodi a?” oubyen “Kijan m ka sèvi Senyè a pi byen nan apèl mwen?” obyen “Èske m dwe bay tout sa m genyen pou Senyè a?”

Imaj
Frè ak Sè Antonietti
Imaj
Victoria Antonietti

Yon gwo egzanp sou sèvis dezenterese nan lavi m se Sè Victoria Antonietti. Victoria te yonn nan enstriktris Primè nan branch mwen an lè m tap grandi nan peyi Ajantin Chak Madi aprèmidi, lè nou te konn rasanble pou Primè, li te konn pote gato chokola pou nou. Tout moun te renmen gato a—tout moun, sof mwenmenm. M te rayi gato chokola! E malgre l te toujou eseye ban m moso gato, m pat janm te aksepte.

Yon jou, apre l te fin pataje gato chokola a avèk rès timoun yo, m te mande l, “Poukisa l pote yon gato ki gen gou diferan—tankou zoranj oubyen vanille?”

Apre l te fin yon tijan ri, li te mande m: “Poukisa ou pa eseye yon ti moso? Gato sa a fèt avèk yon engredyan espesyal epi m pwomèt ou ke si w eseye l, wap renmen li!”

M te voye je gade, epi m te etone wè tout moun te sanble yo te renmen gato a. M te dakò pou m eseye. Èske nou ka devine sa k te pase? M te renmen li! Sete pou premye fwa m te apresye yon gato chokola.

Sete apre anpil ane m te vin konnen ki engredyan sekrè ki te nan gato chokola Sè Antonietti a. Pitit mwen yo avèk mwen al vizite manman m chak semèn. Nan youn nan vizit yo, manman m avèk mwen t ap manje yon tranch gato chokola, epi m te rakonte l kouman m te vin renmen gato a pou lapremyè fwa a. Epi, manman m te rakonte m rès istwa a.

Li te di m: “Ou wè, Cris, Victoria avèk fanmi l pa t gen anpil mwayen, epi chak semèn, li te gen pou l te chwazi ant peye otobis pou l t al avèk kat pitit li yo nan Primè a oubyen achte engredyan pou l te fè yon gato chokola pou klas Primè l la. Li te toujou chwazi fè gato chokola a pase pou l te pran otobis la, epi limenm ak pitit li yo te konn mache plis pase de kilomèt [3 km], ale retou, kèlkeswa tanperati a.”

Jou sa a m te vin gen plis apresyasyon pou gato chokola l la. Pi enpòtan an, m te aprann ke, engredyan sekrè ki te nan gato chokola Victoria a, sete amou l te genyen pou moun li t ap sèvi yo ak sakrifis dezenterese l te fè pou yo.

Lè m ap panse a gato Victoria a, sa ede m sonje yon sakrifis dezenterese ki nan leson etènèl Senyè a te anseye disip li yo pandan l tap mache al nan trezò tanp la. Nou konn istwa a. Èldè James E. Talmage te anseye ke te gen 13 kòf, “epi se ladan yo moun yo te depoze kontribisyon yo pou [diferan] objektif ki te endike sou [sa k te make sou kòf yo.” Jezi te obsève liy moun yo ki te konpoze pa diferan kalite moun. Gen moun ki te bay ofrann yo avèk “senserite” pandan ke gen lòt ki te lage “gwo sòm lajan ak lò”, ak espwa ke moun te ka wè, te ka remake yo epi felisite yo pou don yo a.

“Nan pami yo tout, te gen yon vèv ki te pòv, ki … te mete de ti pyès monnen tankou senk kòb an bronz nan bwat-trezò a; kontribisyon li a te egal a mwens pase mwatye yon santim nan lajan Ameriken. Seynè a te rele disip Li yo vin kote l, pou l te atire atansyon yo sou ti pòv-malerèz vèv sa a ak aksyon l la, epi l te di: ‘Reyèlman m di nou konsa, ti pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun ki te mete nan bwat trezò a: Paske yo tout bay daprè richès yo: epi malgre nesesite l, li bay tout sa l genyen, pou tout lavi l nèt’ [Mak 12:43–44].”3

Imaj
Ofrann vèv la

Vèv la pa t sanble l te gen pozisyon remakab nan sosyete epòk li a. Men, anfèt, li te gen yon bagay ki te pi enpòtan; entansyon l te pur, epi l te bay tout sa l te genyen. Petèt, li te bay mwens pase lòt yo, pi diskrètman pase yo, nan fason diferan de yo. Nan je kèk moun, sa l te bay la pat gen okenn valè, men, nan je Sovè a, “moun ki wè nan panse ak entansyon kè yo,”4 li te bay tout.

Sè m yo, èske nou bay Senyè a tout noumenm, san rezèv? Èske nou sakrifye tan nou ak talan nou pou jenerasyon k ap grandi a ka aprann renmen Senyè a ak kenbe kòmandman l yo? Èske nou sèvi moun ki bò kote nou ak moun nou responsab pou yo avèk swen ak dilijans—kote nou sakrifye tan ak enèji nou ta ka itilize nan otreman? Èske nou respekte de gran kòmandman yo—pou nou renmen Bondye ak renmen pitit Li yo?5 Souvan, amou sa a manifeste nan sèvis.

President Dallin H. Oaks te anseye: “Sovè nou an te lage tèt li nan sèvis dezenterese. Li te anseye ke nou chak dwe suiv li nan renonse a enterè egoyis nou yo pou nou ka sèvi lòt moun.“

Li te kontinye:

“Yon egzanp familye sou lage tèt nou nan sèvis lòt moun … se sakrifis paran yo fè pou pitit yo. Manman yo soufri anba doulè epi yo pèdi priyorite pèsonèl ak konfò yo pou yo ka elve chak pitit. Papa yo ajiste lavi yo ak priyorite yo pou yo sipòte fanmi an. …

“… Nou rejwi tou pou moun k ap pran swen manm nan fanmi yo ki andikape yo ak paran aje yo. Okenn nan sèvis sa yo pa mande, kisa sa ap rapòte m? Tout sa sa mande se mete konfò nou sou kote pou nou rann sèvis dezenterese. …

“[Epi] tout sa demontre prensip etènèl ki di ke nou pi kontan e pi epanouwi lè nou aji ak sèvi pou sa nou bay, non pa pou sa nou resevwa.

“Sovè nou an anseye nou pou n suiv li nan fè sakrifis ki nesesè pou nou lage tèt nou nan sèvis dezenterese pou lòt moun.”6

President Thomas S. Monson te anseye nou tou, “Petèt lè nou va kanpe fasafas avèk Kreyatè nou an, li pa pral mande nou, ‘Konbyen pozisyon nou te genyen?’ men, ‘Konbyen moun nou te ede?’ An reyalite, nou pa p janm ka di nou renmen Senyè a jiskaske nou sèvi l nan sèvi lòt moun.“7

Otremandi, sè m yo, sa pa pral fè okenn diferans si nou te chita sou chèz konfòtab oubyen si nou te andire reyinyon an sou yon chèz pliyant wouye nan dènye ranje a. Sa pa p menm fè okenn diferans si nou te oblije soti nan koulwa a pou n t al rekonfòte yon ti bebe k ap kriye. Sa k pral enpòtan an se si nou te vini avèk yon dezi pou nou sèvi, se nou te remake moun nou t ap sèvi yo epi akeyi yo jwayezman, e si n te prezante tèt nou bay moun ki te chita nan ranje chèz pliyant nou yo—si nou te lonje men avèk amitye menm lè yo pa t sou lis moun nou gen tach pou sèvi yo. Epi, sa k pral sètènman enpòtan sèke nou te tout sa n te fè yo avèk engredyan espesyal sèvis la asosye avèk lanmou ak sakrifis.

Mwen vin aprann ke nou pa oblije fè yon gato chokola pou n ka yon bon enstriktris Primè devwe, paske se pa t gato a k te enpòtan. Sete amou ki te dèyè aksyon an.

M temwaye ke amou sa a sanktifye atravè sakrifis—sakrifis yon enstriktè, men sitou, atravè sakrifis siprèm ak etènèl Pitit Gason Bondye a. M rann temwayaj ke li vivan! Mwen renmen li epi m vle mete dezi egoyis mwen yo akote pou m ka renmen ak sèvi menmjan avèk li. Nan non Jezikri, Amèn.