2018
Pandan n ap avanse ansanm
April 2018


Mesaj Premye Prezidans lan, Avril 2018

Pandan n ap avanse ansanm

Chè frè m ak sè m yo, se avèk imilite mwen avèk nou maten an. Sa fè kat jou depi nou te antere yon gwo gason, yon pwofèt Bondye—Prezidan Thomas S. Monson. Pa gen mo ki ka dekri pwofondè ak grandè lavi li. M ap cheri amitye nou te genyen an pou tout tan, avèk rekonesans pou sa l te ansenye mwen. Kounyea, nou dwe avanse nan lefiti avèk yon lafwa total nan Senyè nou an, Jezikri, ki se mèt Legliz sa a.

Sa fè de jou depi tout Apot aktyèl yo te reyini nan sal wo nan Tanp Salt Lake la. Nan kote sa a, yo te pran yon desizyon inanim pou yo te, premyèman, reòganize Premye Prezidans lan epi dezyèmman, pou m sèvi kòm Prezidan Legliz la. M pa gen mo pou m ta di nou kijan m te santi m pou m te gen Frè m yo—Frè ki detni tout kle prètriz ki te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith yo nan dispansasyon sa a—mete men sou tèt mwen pou òdone m epi mete m apa kòm Prezidan Legliz la. Se te yon eksperyans sakre epi chaje ak imilite.

Apresa, sete responsablite pa m pou m te disène kiyès Senyè a te prepare pou te vin konseye m. Kijan m ta ka chwazi de sèlman nan pami Douz lòt Apot yo, yo chak ke m sitèlman renmen an? Mwen rekonesan anpil anvè Senyè dèske l te reponn priyè fèvan m yo. Mwen rekonesan anpil dèske Prezidan Dallin Harris Oaks ak Prezidan Henry Bennion Eyring dispoze pou yo sèvi avèk mwen kòm Premye ak Dezyèm Konseye, respektivman. Prezidan Dieter F. Uchtdorf retounen nan plas li nan Kolèj Douz Apot yo. Li gentan resevwa gwo tach ke se limenm sèlman ki kalifye pou yo.

Mwen rann li menm ak Prezidan Eyring omaj pou sèvis mayifik yo kòm konseye Prezidan Monson. Yo te ekstrèman konpetan, devwe, ak enspire. Nou vrèman rekonesan pou yo. Yo chak dispoze pou sèvi kounyeya kote yo plis bezwen yo.

Antanke Apot ki dezyèm nan senyorite, Prezidan Oaks vin Prezidan Kolèj Douz Apot yo tou. Men, avèk apèl li nan Premye Prezidans lan epi pou rete konsistan avèk lòd Legliz la, Prezidan M. Russell Ballard, ki se pwochen Apot an senyorite, ap sèvi kòm Prezidan pa Enterim kolèj sa a. Premye Prezidans lan pral travay men nan lamen avèk Apot yo pou disène volonte Senyè a epi pou fè travay sakre l la avanse.

Nou rekonesan pou priyè nou. Nan kat kwen mond lan gen priyè k ap ofri pou nou. Jou aprè lanmò Prezidan Monson nan, yon ti gason katran ki rele Benson te ofri yon priyè konsa. M ap site kèk pasaj ki soti nan lèt manman l te ekri madanm mwen, Wendy. Benson te priye, “Papa nou ki nan Syèl la, mèsi paske Prezidan Thomas S. Monson kapab wè madanm ni ankò. Mèsi pou nouvo pwofèt nou an. Ede l pou l brav epi pou l pa pè paske l nouvo. Ede l grandi pou l kapab gen sante ak fòs. Ede l pou l kapab gen pouvwa paske l gen prètriz la. Epi ede nou pou nou kapab toujou rete janti.”

Mwen remèsye Bondye pou timoun konsa ak pou paran ki serye nan angajman yo pou elve yo nan lajistis, ak tout kè yo—pou chak paran, chak enstriktè, ak chak manm k ap pote chay ki lou men ki si dispoze pou yo sèvi yo. Otremandi, mwen trè rekonesan pou chak nan nou.

Senyè a alatèt.

Pandan n ap mache ansanm, m envite nou pou nou reflechi sou bèl fason Senyè a gouvène Legliz li a. Lè yon Prezidan legliz la mouri, pa gen okenn mistè konsènan pwochèn moun ki aple pou sèvi nan kapasite sa a. Pa gen ni eleksyon, ni kanpay, men sèlman yon plan siksesyon diven k ap travay an silans, ke Senyè a limenm te mete an plas.

Chak jou sèvis yon Apot se yon jou aprantisaj ak preparasyon pou plis responsablite nan lefiti. Sa pran dè dizèn ane sèvis pou yon Apot soti nan chèz jinyò a pou al nan chèz senyò a nan sèk la. Pandan tan sa a, li fè eksperyans dirèk nan chak fasèt nan travay Legliz la. Li vin konn pèp ki sou latè yo byen tou, ansanm ak istwa yo, kilti yo, lang yo pandan tach li genyen yo ap mennen l tout tan nan kat kwen mond lan. Pwosesis siksesyon sa a nan Legliz la pa gen parèy. M pa konn okenn lòt ki sanble avèk li. Sa pa dwe etone nou, paske sa a se Legliz Senyè a. Li pa travay nan fason lèzòm.

Mwen te sèvi nan Kolèj Douz Apot la anba senk Prezidan Legliz la anvan sa. Mwen te gade chak Prezidan sa yo resevwa revelasyon epi suiv revelasyon sa a. Senyè a te toujou epi l ap toujou enstwi ak enspire pwofèt li yo. Senyè a alatèt. Nou menm ki te òdone pou nou rann temwayaj konsènan non sakre l la sou tout kwen tè a, n ap kontinye chèche konnen volonte li epi suiv li.

Rete sou chemen alyans lan

Kounyea, m ap di chak manm Legliz la, rete sou chemen alyans la. Angajman ou pou w suiv Sovè a nan fè alyans avèk li epi apresa respekte alyans sa yo ap ouvri pòt pou tout benediksyon spirityèl ak privilèj ki disponib pou gason, fi, ak timoun toupatou.

Antanke you nouvo Prezidans, nou vle kòmanse avèk fen an nan lespri nou. Pou rezon sa a, n ap pale avèk nou jodia apati yon tanp. Fen pou nou chak chèche a se dote nou avèk pouvwa nan kay Senyè a, sele avèk fanmi nou, rete fidèl nan alyans nou fè nan tanp yo, ki kalifye nou pou pi gwo don Bondye a—don lavi etènèl la. Òdonans tanp yo ak alyans nou fè ladan yo se kle pou fòtifye lavi nou, maryaj nou ak fanmi nou, ak kapasite nou pou n reziste anba atak advèsè a. Adorasyon nou nan tanp lan ak sèvis nou ladann pou zansèt nou yo ap ba nou benediksyon revelasyon pèsonèl ak lapè ogmante, epi y ap fòtifye angajman nou pou nou rete sou chemen alyans lan.

Kounyea, si w te kite chemen an, kite m envite w avèk tout esperans ki nan kè m pou w retounen. Kèlkeswa pwoblèm ou, kèlkeswa difikilte ou, gen yon plas pou ou la a, nan Legliz Senyè a. Oumenm ak jenerasyon ki poko fèt yo ap beni pa aksyon w ap pran kounyea pou w retounen sou chemen alyans lan. Papa nou ki nan Syèl la cheri pitit Li, e Li vle pou nou chak retounen lakay al jwenn ni. Sa se yon gran objektif Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo-pou ede nou chak retounen lakay nou.

Mwen eksprime lanmou pwofon m pou nou—yon lanmou ki grandi pandan dè dizèn ane m pase ap rankontre nou, adore ansanm avèk nou, epi sèvi nou. Manda diven nou se pou nou ale nan chak nasyon, chak peyi, chak lang ak pèp, pou ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a. N ap fè sa ak lafwa nan Senyè a, Jezikri, avèk konesans ke se limenm ki anchaj. Sa se travay li ak Legliz li. Nou se sèvitè li.

Mwen deklare devosyon m pou Bondye Papa Etènèl nou an ak pou Pitit Gason L lan, Jezikri. Mwen konnen yo, mwen renmen yo, epi m pran angajman pou m sèvi yo—ansanm avèk noumenm—avèk chak souf ki rete nan lavi m. Nan non sakre Jezikri, amèn.