2010–2019
Mekontantman Diven
Oktòb 2018


Mekontantman diven

Mekontantman diven kapab pouse nou pou aji ak lafwa, suiv envitasyon Sovè a pou nou fè bon bagay, epi enbleman ba l lavi nou.

Lè m te nan lekòl primè, pou nou t al lakay nou, nou te konn mache sou yon wout asfalt ki te gen anpil koub arebò yon mòn. Te gen yon lòt chemen, ki pa t asfalte, ki te rele, “Chemen’ gason” yo. Chemen gason yo se te yon wout pousyè ki te ale tou dwat nan mòn nan. Li te pi kout, men li te apik. Antanke yon tifi, m te konnen m te ka mache nenpòt chemen gason yo kapab. Pi enpòtan toujou, m te konnen m t ap viv nan dènye jou yo epi m t ap bezwen fè kèk bagay ki difisil, menm jan ak pyonye yo—epi m te vle prepare m. Konsa, tanzantan, m te konn ralanti pou m te ka rete deyè gwoup zanmi m yo sou wout asfalte a, epi m retire soulye mwen epi mache pye atè sou chemen gason yo. M t ap eseye andisi pye mwen.

Lè m te nan Primè, se te sa m te panse m te ka fè pou m te prepare m. Kounye a m konnen se pa sa! Olye m mache pye atè pou m monte mòn, m konnen m ka prepare pye m pou m mache sou chemen alyans lan lè m reponn envitasyon Sentespri a. Paske Senyè a ap aple chak nan nou, atravè pwopèt li a, pou nou viv epi pou nou sousye nan yon “fason ki pi wo ak pi sen” epi pou “nou elve nivo nou.”1

Apèl pwofesik pou aple alaksyon sa yo, mete avèk sans natirèl nou ke nou kapab fè plis e plis toujou, pafwa konn kreye andedan nou sa Eldè Neal A. Maxwell te rele “mekontantman diven”2 Mekontantman diven vini lè nou ap konpare “moun nou ye a [avèk] moun nou gen pouvwa pou nou devni.3 Si nou onèt, nou chak ap santi yon vid ant sa nou ye ek kote nou sitiye nou avèk sa nou vle devni ak ki koute nou vle ye. Nou anvi wè kapasite pèsonèl nou ogmante. Nou gen santiman sa yo paske nou se pitit fi ak pitit gason Bondye, ki te fèt ak limyè Kris la, men k ap viv nan yon mond dechi. Se Bonye ki bannou santiman sa yo ki pouse nou pou n aji rapidman an.

Nou ta dwe byen akeyi santiman mekontantman diven ki pouse nou pou n al pi wo yo, pandan ke n ap rekonèt epi evite fòjeri Satan an—dekourajman ki paralize nou an. Sa a se yon brèch presye ke Satan twò kontan pou l antre ladann. Nou ka chwazi pou n oubyen mache sou chemen ki pi wo a ki mennen nou chèche Bondye ak lapè li ak lagras li a, oubyen koute Satan, k ap bonbade nou ak mesaj ki di nou nou pa p janm bon ase, nou p ap janm rich ase, entelijan ase, bèl ase, eksetera, Mekontantman nou an ka vin diven—oubyen destriktè.

Aji ak lafwa.

Yon mwayen pou nou diferansye mekontantman diven kont fòjri Satan yo sèke mekontantman diven an ap pouse nou aji ak lafwa. Mekontantman diven se pa yon envitasyon pou nou rete nan zòn konfò nou, ni tou li pa p mennen nou nan dezespwa. M vin aprann ke lè m chita ap plenyen sò mwen ap panse ak tout sa m paye, m pa pwogrese epi m twouve l pi difisil pou m santi Lespri a ak suiv li.4

Pandan l te nan jenès li, Joseph Smith te vin pran konsyans feblès l epi li te enkyete l pou “byenèt nanm imòtèl [li].” Nan mo pa li, “Lespri m te vin gen anpil detrès, paske m te kondane pou peche m yo, epi … m te santi tristès pou pwòp peche pa m yo ak pou peche mond lan.”5 Sa te pouse l fè “gwo refleksyon epi gen gwo malèz.”6 Èske sa raple w yon bagay? Èske w konn santi w malalèz oubyen an detrès akoz feblès ou?

Ebyen, Joseph te fè yon bagay. Li te di: “Souvan m te di tèt mwen: Kisa k pou m ta ?”7 Joseph te aji ak lafwa. Li te vire al nan ekriti yo, li te li envitasyon nan Jak 1:5 la, epi l te mande Bondye pou ede l. Vizyon l te jwenn kòm rezilta a te mennen nan Retablisman an. Ala m rekonesan dèske mekontantman diven Joseph la, peryòd enkyetid ak konfizyon l lan te pouse l aji ak lafwa.

Suiv enspirasyon pou nou fè byen yo

Mond lan souvan itilize santiman mekontantman kòm yon ekskiz pou egoyis,pou yo repliye yo sou tèt yo epi rete nan lepase epi pou yo pèsonèlman rete sou kiyès mwenye, kisampa ye, ak kisa mvle. Mekontantman diven an pouse nou pou nou suiv egzanp Sovè a, ki te “mache fè byen.”8 Lè n ap mache sou chemen disip la, nou resevwa ti pouse spirityèl pou nou lonje lamen bay lòt moun.

Yon istwa m te tande sa fè kèk ane te ede m rekonèt epi aji sou chichotman Lespri a. Sè Bonnie Parkin, ansyèn Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a te pataje:

“Susan … se te yon bon koutiryè. Prezidan t [Spencer W.] Kimball t ap viv nan pawas [li]. Yon jou Dimanch, Susan te remake l te gen yon kostim tou nèf. Papa Susan te fèk … achte yon bèl twal swa pou li. Susa te panse ke twal sa a te kapab fè yon bèl kravat pou ale avèk kostim nèf Prezidan Kimball la. Konsa, nan Lendi, li te fè kravat la. Li te vlope l nan papye kado epi l te mache nan vwazinaj la al lakay Prezidan Kimball.

“Pandan l te prèske rive devan pòt la, li te kanpe toudenkou epi l te panse, ’Kiyès mwen ye pou m fè yon kravat pou pwofèt la? Siman l plen kravat.’ Li te deside ke l te fè yon erè, epi l te vire do l pou l ale.

“Nan menm moman an, Sè Kimball te ouvri pòt la epi l te di ’Oh Susan!’”

“Tou jennen, Susan te di, ’M te wè Prezidan Kimball te gen yon kostim nèf Dimanch. Kòm papa m fèk yon twal swa pou mwen ki soti Nouyòk … mwen fè yon kravat pou li.

“Anvan Susan te ka kontinye, Sè Kimball te kanpe li , li te pase men nan kou li epi l te di: ’Susan, pa janm toufe yon santiman jenewozite.’”9

Mwen renmen sa! “Pa janm toufe yon santiman jenewozite.” Pafwa lè m santi yon enpresyon pou m fè yon bagay pou yon moun, m konn mande tèt mwen si se yon enspirasyon oubyen si se pwòp ide pa m. Men, m sonje ke: “sa ki sòti nan Bondye envite e pouse moun pou yo fè byen tout tan; se poutèt sa, tout bagay ki envite e pouse moun fè byen, ak renmen Bondye, ak sèvi l, se enspirasyon Bondye.”10

Keseswa enspirasyon vini dirèkteman oubyen li se senp elan pou nou ede, yon bon aksyon pa janm gaspiye; paske “charite pa janm peri”11---epi li pa janm move reyaksyon an.

Souvan, moman an mal chwazi, epi nou raman wè enpak ti zak sèvis nou yo. Men de tanzantan, n ap vin rekonèt ke nou sete enstriman nan men Bondye epi n ap rekonesan pou n konnen ke Sentespri a k ap travay atravè nou an se yon manifestasyon apwobasyon Bondye.

Sè m yo, nou menm avèk mwen kapab mande Sentespri a pou l montre nou “tout bagay [nou] bezwen fè,”12 menm si nou deja gen yon lis bagay byen chaje. Lè nou santi yon enspirasyon, nou ka kite veso yo nan evye a oubyen mete bwat ki foul a tach pou n fè a akote pou nou ka li pou yon timoun, vizite yon zanmi, veye sou timoun yon vwazen, oubyen sèvi nan tanp. Konprann mwen byen—M renmen fè lis epi tcheke sa k fin fèt. Men, lapè soti nan konnen ke meyè pa nesesèman vledi plis. Lè m reyaji a mekontantman nan pran desizyon pou m suiv enspirasyon yo, sa chanje fason m konsevwa “tan mwen”, epi m pa wè moun kòm moun ki entèwonp mwen ankò men kòm rezondèt lavi mwen.

Mekontantman diven mennen nou al jwenn Kris la

Mekontantman diven mennen imilite, non pa pitye pou tèt nou oubyen dekourajman ki vini lè n ap fè konparezon ki toujou rabese nou. Fi ki kenbe alyans yo soti nan tout kalite ak tout domèn; fanmi yo, eksperyans lavi yo, ak sitiyasyon yo varye.

Natirèlman, pa gen nou youn k ap reyalize potansyèl divin nou nan mòtalite a, epi, gen yon ti verite nan reyalize ke poukont nou nou p ap kapab. Men bòn nouvèl la sèke, avèk gras Bondye, nou ap kapab. Avèk èd Kris la, nou ka fè tout bagay.13 Ekriti yo pwomèt ke n ap “n ap jwenn gras pou ede nou nan moman bezwen.”14

Verite etonan an sèke feblès nou yo kapab yon benediksyon lè yo rann nou enb epi fè nou tounen nou vè Kris la.15 Mekontantman nou an vin diven lè nou apwoche enbleman kot Jezikri avèk mank nou yo, olye ke nou rete ap gen pitye pou tèt nou.

Anfèt, mirak Jezikri yo souvan kòmanse lè nou rekonèt yon mank, yon bezwen, yon echèk oubyen enkapasite nou. Èske nou sonje pen ak pwason yo? Chak nan Evanjelis yo dekri kijan Jezi te mirakilezman nouri milye moun ki t ap suiv li yo16 Men istwa a kòmanse avèk disip yo ki te rekonèt sa yo te manke; yo te reyalize ke yo te gen sèlman “senk ti pen, ak de ti pwason: men kisa sa te ye pou si anpil moun konsa?”17 Yo te gen rezon: yo pa tgen ase manje, men yo te bay Jezi sa yo te genyen an epi li te fè mirak la.

Èske nou janm santi ke talan ak don nou yo twò piti pou tach ki devan nou an? M konn santi m konsa. Men noumenm avèk mwen kapab bay Kris la sa nou genyen an, epi l ap miltipliye efò nou. Sa nou gen pou n ofri a ase—menm avèk frajilite ak feblès imen nou yo—si nou apiye nou sou gras Bondye.

Laverite sèke nou chak se yon desandan Divinite a—nou chak se yon pitit Bondye. 18 Epi, menmjan l te sa fè pou ni pwofèt ni gason ak fi òdinè yo atravè syèk yo, Papa nou ki nan syèl la gen entansyon pou l transfòme nou tou.

C. S. Lewis te eksplike pouvwa Bondye pou transfòme a nan fason sa a: “Imajine tèt ou kòm yon kay vivan.” Bondye vini pou l refè kay la. O kòmansman, petèt, ou ka konprann sa l ap fè a. L ap fiksee drenaj yo epi l ap bouche twou ki sou dal kay la eksetera; ou te konnen travay sa yo te bezwen fèt, konsa, ou pa etone. Men kounyeya li kòmanse kraze kay la nan yon fason ki w fè mal anpil. … [Ou rann ou kont ke,] l ap konstwi yon kay ki byen diferan de kay ou te panse a. … Ou te panse w t ap vin yon bèl ti kabin, men l ap konstwi yon palè. Li gen entansyon pou l vin viv ladann limenm.“19

Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, nou ka byen ranpli tach k ap tann nou yo. Pwofèt yo te anseye ke, pandan n ap pwogrese nan chemen disip la, nou ka vin sanktifye atravè lagras Kris la. Mekontantman diven an kapab pouse nou pou n aji ak lafwa, pou n suiv envitasyon Sovè a pou nou fè byen an, epi pou nou ba l lavi nou enbleman. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, nan Tad Walch, “‘The Lord’s Message Is for Everyone’: President Nelson Talks about Global Tour,” Deseret News, Avr. 12, 2018, deseretnews.com.

  2. Neal A. Maxwell, “Becoming a Disciple,” Ensign, June 1996, 18.

  3. Neal A. Maxwell, “Becoming a Disciple,” 16; italik ajoute.

  4. “Dekourajman ap febli lafwa nou. Men si nou bese atant nou yo, efikasite nou ap bese, dezi nou yo ap febli, epi n ap gen plis difikilte pou n suiv Lespri at” (“Ki objektif mwen kòm misyonè?Preche levanjil mwen an: Yon gid pou sèvis misyonè, rev. ed. [2018], lds.org/manual/missionary).

  5. Enseignements des présidents de l´église: Joseph Smith (2007), 28.

  6. Joseph Smith—Istwa 1:8.

  7. Joseph Smith—Istwa 1:10; italik ajoute.

  8. Travay 10:38.

  9. Bonnie D. Parkin, “Personal Ministry: Sacred and Precious” (Brigham Young University devotional, Feb. 13, 2007), 1, speeches.byu.edu.

  10. Mowoni 7:13.

  11. 1 Korentyen 13:8.

  12. 2 Nefi 32:5.

  13. “M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs” (Filipyen 4:13).

  14. Ebre 4:16.

  15. “Epi, si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. M bay lèzòm feblès pou yo kapab gen imilite; epi gras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m; paske, si yo gen imilite devan m, epi yo gen lafwa nan mwen, lè sa a m ap fè bagay ki fèb vin fò pou yo” (Ether 12:27; italik ajoute).

  16. Gade Matye 14:13–21; Mak 6:31–44; Lik 9:10–17; Jan 6:1–14.

  17. Jan 6:9.

  18. Prezidan Boyd K. Packer te ansenye: “Kèlkeswa kantite jenerasyon nan zansèt mòtèl nou, kèlkeswa ras oubyen pèp nou reprezante, zansèt lespri w kapab ekri sou yon sèl liy.” Ou se yon pitit Bondye.” (“To Young Women and Men,” Ensign, Me 1989, 54).

  19. C. S. Lewis, Mere Christianity (1960), 160.