2010–2019
Vin tande vwa yon pwofèt
Oktòb 2018


Vin tande vwa yon Pwofèt

Si nou fè efò nan lavi nou pou n koute vwa pwofèt vivan yo epi suiv yo, n ap rekòlte benediksyon etènèl yo pwomèt yo.

Senyè a te pwoklame apwopo Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo:

“Epi ankò devwa Prezidan ofis Gran Prèt la se pou l prezide alatèt tout legliz la, epi pou l tankou Moyiz—

“… Wi, pou l yon vwayan, yon revelatè, epi yon pwofèt, paske li gen tout don Bondye yo, Bondye devèse sou tèt legliz la” (Doktrin ak Alyans 107:91–92; italik ajoute).

M te gen benediksyon pou m te wè kèk nan don Bondye yo kay pwofèt li yo. Kite m pataje youn nan eksperyans sakre sa yo avèk nou. Anvan apèl sa m gen kounyea, m te fè pati ekip ki t ap chèche sit ak rekòmande anplasman posib pou fiti tanp. Apre 11 Septanm 2001 an, kontwòl nan fwontyè Etazini yo te ranfòse. Kòm konsekans, sa te pran de a twazèdtan pou manm nan Vancouver, nan Canada yo te travèse fwontyè pou yo t al nan tanp Seattle la, nan Washington, nan Etazini. Prezidan Gordon B. Hinckley, ki te Prezidan Legliz la lè sa a, te sikjere ke yon tanp nan Vancouver t ap yon benediksyon pou manm Legliz yo. Apre yo te fin ba nou otorizasyon pou n te chèche yon anplasman, epi nou te fin egzamine plizyè teren Legliz la te posede, nou te egzamine plizyè lòt ki pa t pou Legliz la.

Nou te jwenn yon bèl anplasman nan yon zòn tou pre otowout Trans Canadien an. Teren an te gen bon aksè, li te plen bèl pye pen Kanadyen, epi l te sitiye nan yon pozisyon kote dè milye otomobil ki t ap pase te ka wè li.

Nou te prezante foto teren an ak foto ak kat jeyografik li nan reyinyon mansyèl Komite Sit pou Konstriksyon Tanp lan. Prezidan Hinckley te ba nou otorizasyon pou n te siyen yon kontra avèk mèt teren an pou n te fè ka etid nesesè yo. An Desanm menm ane a, nou te pote rapò etid nou te fè yo bay komite a epi nou te mande otorizasyon pou n te achte teren an. Apre l te fin tande rapò nou an, Prezidan Hinckley te di, “M santi m ta dwe al gade teren sa a.”

Nan apre nan mwa sa a, de jou apre fèt Nwèl la, nou t al Vancouver avèk Prezidan Hinckley; Prezidan Thomas S. Monson ak Bill Williams, yon achitèk tanp. Paul Christensen, prezidan pieu lokal la te vin rankontre nou pou l te mennen nou sou sit la. Te gen yon ti lapli epi tan an te yon tijan kouvri jou sa a, men Prezidan Hinckley te desann machin nan epi l te kòmanse mache sou tout teren an.

Apre nou te fin pase yon ti tan sou teren an, m te mande Prezidan Hinckley si l te vle wè kèk lòt teren nou te konsidere. Li te di wi, li ta renmen sa. Lè nou t al gade lòt teren yo, nou te kapab fè konparezon antre yo.

Nou te fè yon gwo virewon nan tout Vancouver ap gade lòt teren yo, epi nou te retounen finalman sou premye teren an. Prezidan Hinckley te di: “Sa se yon bèl teren.” Apresa li te mande: “Èske nou ka al nan chapèl Legliz la ki apeprè 400 mèt a kote nou ye a?”

Nou te reponn: “Sètènman, Prezidan.”

Nou te monte machin nan ankò epi nou te kondui al nan chapèl toupre a. Lè nou te rive nan chapèl la, Prezidan Hinckley te di: “Vire agoch la a.” Nou te vire epi nou te suiv wout la jan li te enstwi nou an. Wout la te kòmanse ap monte lejèman.

Lè machin nan te rive sou tèt pant la, Prezidan Hinckley te di: “Kanpe machin nan, kanpe machin nan.” Li te lonje men l sou yon teren adwat nou epi l te di: “E teren sa a?” Se la tanp lan dwe ye. Se la Senyè a vle tanp lan. Èske nou ka achte li? Èske nou ka achte li?

Nou pa t gade teren sa a. Li te pi lwen dèyè epi li pa t pre wout prensipal la, epi yo pa t ap mete l alavant. Lè nou te reponn nou pa t konnen, Prezidan Hinckley te lonje dwèt li sou tè epi l te di, “Se la a tanp ap ye” ankò. Nou te rete kanpe pandan kèlke minit epi, nou te derape al nan ayewopò a pou n te retounen lakay

Nan demen, yo te rele Frè Williams avè m pou n t al nan biwo Prezidan Hinckley. Li te gentan desinen tout bagay sou yon fèy papye: wout yo, chapèl la, vire agoch la, ak yon X nan plas tanp lan t ap ye a. Li te mande nou sa nou te jwenn. Nou te di l teren l te chwazi a te difisil anpil. Tè a te gen twa pwopriyetè: youn ki soti Canada, youn ki soti End, ak youn ki soti an Chin! Epi selon plan vil la, li pa t yon kote pou yo te konstwi batiman relijye.

Li te di: “Ebyen, fè tout sa n kapab.”

Epi, mirak yo te fèt. Nan lespas kèlke mwa nou te achte teren an, epi nan apre, vil Langley a, nan Colombie Britannique, te bay pèmisyon pou n konstwi tanp lan.

Imaj
Tanp Vancouver la nan Colombie Britannique

Lè m ap reflechi sou eksperyans sa a, li touche m paske, pandan ke Frè Williams avèk mwen te fè etid inivèsitè epi nou te vin gen anpil eksperyans nan byen imobilye ak nan konstriksyon tanp, Prezidan Hinckley pa t gen fòmasyon sa a, men li te gen yon bagay ki te infiniman pi gran—don pwofetik vwayan an. Li te kapab wè kote tanp Bondye an te dwe kanpe a.

Lè Senyè a te kòmande premye Sen yo nan dispansasyon sa a pou yo te bati yon tanp lan, li te deklare:

“Men, fè bati yon kay pou non mwen dapre modèl m pral montre yo a.

“Epi si pèp mwen pa bati l dapre modèl m pral montre… , a, m p ap aksepte l nan men yo” (Doktrin ak Alyans 115:14–15).

Menmjan ak premye Sen yo, se konsa l ye pou nou jodia: Senyè a revele e l kontinye revele bay Prezidan Legliz la modèl jan wayòm Bondye a dwe dirije nan epòk nou an. Epi, nan yon nivo pèsonèl, li bay direksyon sou fason nou chak dwe mennen lavi nou, yon fason pou konduit nou kapab akseptab devan Senyè a.

An Avril 2013, m te pale de pil efò nou angaje lè n ap prepare pou n poze fondasyon chak tanp, pou asire ke l ka reziste anba tanpèt ak kalamite ki ka prezante. Men fondasyon an se kòmansman an sèlman. Yon tanp fèt ak anpil blòk, ki mete ansanm selon yon modèl ki deja defini. Si lavi nou dwe vin tanp nou chak ap efòse pou n bati a, jan Senyè a anseye a (gade 1 Korentyen 3:16–17), nou ta ka rezonableman mande tèt nou: “Ki blòk konstriksyon nou dwe mete anplas pou nou ka fè lavi nou bèl, majestye, ak rezistan anba tanpèt mond lan?”

Nou kapab jwenn repons kesyon sa a nan Liv Mòmon an. Konsènan Liv Mòmon an, Pwofèt Joseph Smith te di: “M te di frè legliz yo Liv Mòmon an se liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun swiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l swiv presèp nenpòt lòt liv.“ (entwodiksyon Liv Mòmon an). Nan entwodiksyon liv Mòmon an, yo anseye nou ke “moun ki jwenn [yon] temwayaj diven nan men Sentespri a [ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye] yo ap vin konnen tou, pa menm pouvwa sa a, ke Jezikri se Sovè mond lan, ke Joseph Smith se revelatè li ak [pwofèt Retablisman an], epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye an ki etabli sou tè a ankò.“

Pa konsekan, bagay sa yo se kèk blòk konstriksyon esansyèl pou lafwa ak temwayaj pèsonèl nou:

  1. Jezikri se Sovè mond lan.

  2. Liv Mòmon an se pawòl Bondye.

  3. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye sou tè a.

  4. Joseph Smith se yon pwofèt, epi nou gen pwofèt vivan sou tè a jodia.

Nan dènye mwa k sot pase yo, m te koute chak diskou konferans jeneral Prezidan Nelson te bay depi lè li te fèk aple kòm Apot. Sa chanje lavi m. Pandan m t ap etidye ak medite sou 34 ane konsèy Prezidan Nelson te bay yo, gen dè tèm klè ak konstan ki soti nan ansèyman l yo. Chak nan tèm sa yo gen rapò avèk blòkkonstriksyon sa yo m sot mansyone yo oubyen yo se yon lòt blòk konstriksyon kle nan tanp pèsonèl nou. Ladan yo gen lafwa nan Senyè a, Jezikri; repantans; batèm pou remisyon peche; don Sentespri a; redanmsyon mò yo ak travay tanp; respè jou Saba a; kòmanse avèk fen an nan lespri nou; rete sou chemen alyans lan. Prezidan Nelson te pale de tout bagay sa yo avèk lanmou ak devosyon.

Pi gwo wòch fondasyon ak blòk konstriksyon pou Legliz la ak pou lavi nou se Jezikri. Sa a se Legliz li. Prezidan Nelson se pwofèt li. Ansèyman Prezidan Nelson yo temwaye epi revele lavi ak karaktè Jezikri pou benefis nou. Li pale avèk amou ak konesans sou nati Sovè a ak misyon li. Li toujou rann temwayaj fèvant li sou apèl diven pwofèt vivan yo—Prezidan Legliz yo—li te sèvi avèk yo a.

Jodia, nou gen privilèj nou pou nou soutni li kòm pwofèt vivan Senyè a sou tè a. Nou abitye soutni dirijan Legliz yo atravè modèl diven ki se leve men nou okare pou nou manifeste akseptans nou ak sipò nou. Nou fèk sot fè sa sa. Men, vrè soutyen an ale pi lwen pase senbòl fizik sa a. Jan yo di nou nan Doktrin ak Alyans 107:22 a, Premye Prezidans lan dwe “soutni pa konfyans, lafwa, ak priyè legliz la.“ Nou soutni pwofèt vivan an vrèman ak totalman lè nou devlope abitid pou n mete konfyans nan pawòl li, pou n gen lafwa pou aji selon pawòl li, epi apresa nou priye pou Senyè a beni li kontinyèlman.

Lè m panse ak Prezidan Russell M. Nelson, m jwenn rekonfò nan pawòl Sovè a lè l te di: “Epi si pèp mwen an koute vwa m, ak vwa sèvitè m yo m tabli pou dirije pèp mwen an, gade, an verite m di nou, moun p ap deplase yo nan plas yo a.“ (Doktrin ak Alyans 124:45).

Lè nou koute pwofèt vivan yo epi nou suiv sa yo di nou, sa mennen efè pwofon ki transfòme lavi nou. Nou fòtifye. Nou gen plis asirans ak konfyans nan Senyè a. Nou tande pawòl Senyè a. Nou santi lanmou Bondye. N ap konnen kijan pou nou dirije lavi nou pou l ka gen sans.

M renmen Prezidan Russell M. Nelson ak lòt frè yo ki aple kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè yo epi m soutni yo. Mwen temwaye ke l gen don Senyè a konfere sou tèt li, epi m temwaye ke, si nou fè efò pou n pi byen koute vwa pwofèt vivan yo ak suiv yo nan lavi nou, lavi nou ap bati selon modèl diven Senyè a prevwa pou nou an, epi n ap rekòlte benediksyon etènèl. Envitasyon sa a se pou tout moun. Vin tande vwa yon pwofèt; wi, vin jwenn Kris la epi viv. Nan non Jezikri, amèn.