Konferans Jeneral
Gwo Plan an
Konferans Jeneral Avril 2020


Gwo Plan an

Nou konnen plan Bondye a epi moun ki fè alyans pou patisipe ladan l yo gen yon responsablite klè pou anseye verite sa yo.

Frè m ak sè m yo, menm nan mitan eprèv ak difikilte unique yo, nou vrèman beni! Konferans jeneral sa a te pote yon devèsman richès ak lajwa ki soti nan Retablisman levanjil Jezikri a. Nou te rejwi nan vizyon Papa a ak Pitit la ki te kòmanse Retablisman an. Nou te resonje parisyon mirakile Liv Mòmon an, ki gen kòm obejktif santral pou temwaye de Jezikri ak doktrin ni an. Nou te renouvle pa reyalite jwaye revelasyon, yo bay pwofèt yo avèk noumenm pèsonèlman. Nou te tande temwayaj presye sou Ekspyasyon enfini Jezikri a ak sou rezirèksyon literal Li a. Epi yo te anseye nou lòt verite sou plenitid levanjil la yo te revele bay Joseph Smith apre Bondye Papa a te deklare pwofèt ki te fè k aple sa a: “Sa se Pitit Gason Byeneme m nan. Koute l!“ (Istwa—Joseph Smith 1:17).

Yo te konfime konesans nou sou retablisman prètriz la ak kle l yo. Nou te renouvle nan detèminasyon nou pou nou fè konnen Legliz retabli Senyè a pa pwòp non li, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Epi yo te envite nou pou nou ini nan jèn ak lapriyè pou redui efè prezan ak fiti yon epidemi mondyal devastatè. Maten an, nou te enspire pa pwofèt vivan Senyè a ki te prezante nou yon pwoklamasyon istorik sou Retablisman an. Nou konfime deklarasyon l ke “moun ki etidye mesaj Retablisman an nan yon espri lapriyè epi ki aji ak lafwa yo, y ap jwenn benediksyon pou yo akeri pwòp temwayaj pa yo konsènan divinite li ak objektif li pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ki pwomèt la.”1

Plan an

Tout sa fè pati yon plan diven ki gen kòm objektif pou pèmèt pitit Bondye yo egzalte epi vin menmjan avèk Li. Plan sa a yo fè referans avèk li kòm “gwo plan bonè a,” “plan redanmsyon an,” ak “plan sali a” (Alma 42:8,11,5ki—te revele nan Retablisman an—te kòmanse avèk yon konsèy nan syèl la. Antanke espri, nou te vle atenn lavi etènèl paran selès nou yo t ap jwi a. Nan pwen sa a, nou te pwogrese otan nou te kapab san yon eksperyans nan mòtalite a nan yon kò fizik. Pou te pèmèt nou fè eksperyans sa a, Bondye Papa a te planifye pou l te kreye tè sa a. Nan lavi mòtalite a li te planifye a, nou t ap souye pa peche pandan nou t ap rankontre opozisyon nesesè pou pwogresyon spirityèl nou an. Nou t ap vin sijè anba lanmò fizik tou. Pou te rachte nou anba lanmò ak peche, plan Papa nou ki nan Syèl la t ap prevwa yon Sovè. Rezirèksyon Li ta pral rachte nou tout anba lanmò, epi sakrifis ekspyatwa L la t ap peye pri nesesè pou nou tout pwòpte anba peche sou kondisyon yo preskri pou pwogresyon nou an. Ekspyasyon Jezikri a se sant plan Papa a.

Nan Konsèy nan Syèl la, yo te prezante plan Papa a bay tout pitit espri Bondye yo, enkli konsekans ak eprèv nan mòtalite a, èd selèl li t ap bay, ak destine gloriye li te prevwa. Nou te wè fen an depi nan kòmansman an. Tout miryad moun mòtèl ki fèt sou tè sa a te chwazi plan Papa a epi yo te bagay pou li nan konba selès ki te suiv la. Anpil nan nou te fè alyans avèk Papa a tou konsènan sa nou t ap vin fè nan mòtalite a. Nan fason yo pa t revele nou, aksyon nou nan mond lespri a te enfliyanse sikonstans nou nan mòtalite a.

Mòtalite ak Mond Dèzespri

Kounyea, m pral fè rezime kèk nan eleman prensipal nan plan Papa a, jan yo afekte nou pandan vwayaj nou nan mòtalite a ak nan mond dèzespri ki suiv la.

Bi lavi nan mòtalite a ak pwogresyon apre lanmò ki ka suiv li a se pou pèmèt posterite Bondye a vin jan L ye a. Sa se dezi Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit Li. Pou atenn bèl destine sa a, lwa etènèl yo mande ke nou dwe vin èt ki pirifye atravè Ekspyasyon Jezikri a pou nou ka demere nan prezans Papa a ak Pitit la epi jwi benediksyon egzaltasyon yo. Jan Liv Mòmon an anseye, Li envite ”tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; e li sonje payen yo; e tout moun se menm pou Bondye, ni Juif, ni Janti” (2 Nefi 26:33gade tou Alma 5:49

Plan diven pou nou vin sa nou destine pou n devni an mande pou nou chwazio pou n rejte opozisyon mal ki pouse moun mòtèl yo pou yo aji kontrè avèk kòmandman Bondye yo ak plan L lan. Li mande tou pou nou sibi lòt opozisyon nan mòtalite a, tankou sibi konsekans peche lòt moun oswa kèk andikap nan nesans. Pafwa pwogresyon mou bezwen an nou atenn pi byen atravè soufrans ak advèsite olye de konfò ak trankilite. Epi, okenn nan opozisyon nan mòtalite sa a pa t ap ka atenn bi etènèl li si entèvansyon divin pa t soulaje nou anba tout konsekans advès mòtalite yo.

Plan an revele destine nou nan letènite, bi ak kondisyon vwayaj nou nan mòtalite a, ak èd selès n ap resevwa. Kòmandman Bondye yo avèti nou pou nou pa egare nan sitiyasyon danjere. Ansèyman dirijan enspire gide chemen nou e ba nou asirans ki ankouraje vwayaj etènèl nou an.

Plan Bondye a ba nou kat gwo asirans pou ede vwayaj nou atravè mòtalite a. Nou resevwa tout atravè Ekspyasyon Jezikri a, ki se santral plan an. Premye a asire nou ke, atravè soufrans Li pou peche nou repanti yo, nou ka pwòpte anba peche sa yo. Lè sa a, jij final plen mizèrikòd la “p ap sonje yo ankò” (Doktrin ak Alyans 58:42).

Dezyèmman, kòm yon pati nan Ekspyasyon Sovè a, Li pran tout lòt enfimite nou nan mòtalite a sou tèt Li. Sa pèmèt nou mande Li pou l ba nou fòs pou nou ka sipòte fado inevitab mòtalite yo, pèsonèl ak jeneral, tankou lagè ak epidemi. Liv Mòmon an ba nou yon deskripsyon ekriti ki pi klè a sou pouvwa esansyèl Ekspyasyon an. Sovè a te pran sou tèt Li “lapenn ak maladi [ak enfimite] pèp Li a. … Epi li pral pran enfimite yo sou tèt pa l, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo” (Alma 7:11–12).

Twazyèmman, atravè Ekspyasyon enfini L lan, Sovè a aboli karaktè definitif lanmò epi Li ba nou bèl asirans ke nou tout ap resisite. Liv Mòmon an anseye: “Restorasyon sa a ap vini pou tout moun, ni gran ni piti, ni esklav, ni lib, ni mal ak femèl, ni mechan, ni jis; e menm branch cheve nan tèt yo p ap pèdi; men okontrè chak bagay pral retabli nan fòm pafè li (Alma 11:44).

N ap selebre reyalite Rezirèksyon an nan sezon Pak sa a. Sa ba nou pèspektiv ak fòs pou nou andire pwoblèm mòtalite yo nou chak ak moun nou renmen ap fè fas yo, bagay tankou andikap fizik, mantal, oswa emosyonèl nou eritye nan nesans oubyen atravè eksperyans pandan lavi nou nan mòtalite a. Gras ak Rezirèksyon an, nou konnen ke andikap mòtalite sa yo ap sèlman tanporè!

Levanjil retabli a asire nou ke Rezirèksyon an kapab enkli opòtinite pou nou avèk manm fanmi nou—mari, madanm, pitit, ak paran. Sa se yon ankourajman puisan pou nou ka ranpli responsablite familyal nou nan mòtalite a. Li ede nou viv ansanm nan lamou nan lavi sa a avèk espwa bèl reyinyon ak asosyasyon nan lavi apre a.

Katriyèmman e finalman, revelasyon modèn nan anseye nou ke pwogresyon nou pa oblije fini nan fen lavi nou sou tè a. Pa gen anpil bagay ki revele sou asirans enpòtan sa a. Yo di nou ke lavi sa a se moman pou prepare nou ou n al rankontre Bondye epi nou pa dwe ranvwaye repantans nou (gade Alma 34:32–33). Men, yo anseye nou ke nan mond dèzespri a yo preche levanjil la bay menm “mechan yo ak dezobeyisan ki te rejte verite a” (Doktrin ak Alyans 138:29) epi moun yo anseye la yo kapab repanti anvan Jijman Final la (gade vèsè 31-34, 57-59).

Men kèk lòt eleman fondamantal nan plan Pè Selès nou an.

Levanjil retabli Jezikri a ba nou yon pèspektiv unique sou sijè tankou chastete, maryaj, ak fè pitit. Li anseye ke maryaj nesesè pou akonpli objektif plan Bondye a, pou founi andwa ki divinman defini pou bay nesans nan mòtallite a, ak pou prepare manm fanmi nou pou lavi etènèl. Senyè a di: “Maryaj se yon bagay òdone pou lòm, … pou tè a kapab reyalize objektif kreyasyon li” (Doktrin ak Alyans 45:15 Nan pwen sa a, plan la natirèlman ale alankont kèk fòs pwofàn puisan nan lalwa ak koutim.

Pouvwa pou kreye lavi nan mòtalite a se pouvwa ki pi siblim Bondye bay pitit Li yo. Li te òdone pou nou itilize l nan premye kòmandman an, men gen yon lòt kòmandman enpòtan li te bay pou entèdi nou mal itilize li. Tout itilizasyon pouvwa pwokreyasyon an andeyò lyen maryaj se, nan yon degre oubyen yon lòt, yon degradasyon ak yon pèvèsyon atribi ki pi diven lakay gason ak fi yo. Aksan levanjil retabli a mete sou lwa chastete a se poutèt objektif pouvwa pwokreyasyon yo nan akonplisman plan Bondye a.

Kisa k vin apre?

Pandan dezyèm anivèsè Premye Vizyon an ki te kòmanse Retablisman an, nou konnen plan Senyè a epi nou ankouraje pa de syèk benediksyon li nou resevwa atravè Legliz retabli L la. Nan ane 2020 sa a, nou genyen sa yon pwofesyonèl nan sante rele yon vizyon 20/20 sou evenman lepase yo.

Men, lè nou gade lavni, vizyon nou pa twò asire. Nou konnen ke desanzan apre Retablisman an, mondèzespri a kounyea gen anpil travayè ki te plen eksperyans nan mòtalite a pou akonpli tach preche k ap fèt kote sa a. Nou konnen tou ke kounyea nou gen anpil plis tanp pou akonpli òdonans letènite yo pou moun ki repanti ak anbrase levanjil Senyè a nan lòtbò vwal lamò a. Tout sa ede akonpli plan Papa nou ki nan Syèl la. Lanmou Bondye si gran ke, sof pou kèk moun ki delibereman vin tounen pitit pèdisyon, Li prevwa yon destine laglwa pou tout pitit li (gade Doktrin ak Alyans 76:43).

Nou konnen Sovè a ap retounen epi ap gen yon milenyòm rèy pezib pou mete fen a pati mòtalite a nan plan Bondye a. Nou konnen tou ap gen plizyè rezirèksyon diferan, pou jis ak sa k pa jis, avèk jijman final ki pral vini apre rezirèksyon chak moun.

Nou pral jije selon aksyon nou, dezi kè nou, ak kalite moun nou devni an. Jijman sa a pral lakoz tout pitit Bondye yo ale nan yon wayòm laglwa ke obeyisans yo kalifye yo pou li e kote yo pral santi yo konfòtab. Jij tout bagay sa yo se Sovè nou an, Jezikri (gade Jan 5:22; 2 Nefi 9:41). Omnisyans Li ba L yon konesans pafè de tout zak nou ak tout dezi nou, ni sa nou pa repanti pou yo ni nou pa chanje yo ak sa nou repanti pou yo oubyen sa ki jis yo. Konsa, apre Jijman L lan nou tout pral konfese “ke jijman Li jis” (Mozya 16:1).

An konklizyon, m ap pataje konviksyon ke m resevwa atravè anpil lèt mwen resevwa epi atravè egzamen plizyè demann pou moun retounen nan Legliz la apre yo fin mande retire non yo oubyen apre apostazi. Anpil nan manm nou yo pa konprann plan sali a, ki reponn pifò nan kesyon sou doktrin nan ak règ enspire yo nan Legliz retabli a. Noumenm ki konnen plan Bondye a e ki fè alyans pou nou patisipe ladan l yo, nou gen yon responsablite klè pou nou anseye verite sa yo ak pou nou fè tout sa n kapab pou nou fè lòt moun konnen yo nan pwòp sikonstans nou nan mòtalite a. Mwen temwaye konsènan Jezikri, Sovè nou ak Redanmtè nou, ki rann tout sa posib la, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan sou Bisantnè a,” nan Russell M. Nelson, “Koute L,” Liahona, Me 2020, 91.