Konferans Jeneral
Vini pou nou Rete
Konferans Jeneral Avril 2020


Vini pou nou Rete

Nou envite tout pitit Bondye toupatou nan mond lan pou yo vin ini avèk nou nan gwo efò sa a.

Chak semèn, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou toupatou nan mond lan adore Pè Selès Byeneme nou an, Bondye ak Wa inivè a, ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri. Nou medite sou lavi ak ansèyman Jezikri yo—sèl moun san peche ki te janm viv, Mouton Bondye ki san tach la. Nou pran sentsèn an souvni sakrifis Li a epi nou rekonèt ke Li se sant lavi nou.

Nou renmen Li epi nou onore Li. Akoz amou pwofon ak etènèl Li, Li te soufri ak mouri pou oumenm avèk mwen. Li te kraze pòt lanmò yo, li kraze baryè ki te separe zanmi ak moun ki chè pou yo,1 epi Li te pote espwa pou sanzespwa yo, gerizon pou malad yo, ak delivrans pou prizonye yo.2

A Limenm nou dedye kè nou, lavi nou, ak devosyon chak jou nou. Se poutèt sa “nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, [epi] nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”3

Pratike Disip

Men, pou n disip Jezikri, sa mande plis pase pale de Kris la ak preche konsènan Kris la. Sovè a Limenm te retabli Legliz Li a pou ede nou sou chemen pou nou vin menmjan avèk Li a. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo striktire pou bay opòtinite pou nou pratike kalite fondamantal disip yo. Atravè patisipasyon nou nan Legliz la, nou aprann rekonèt ak aji selon enspirasyon Sentespri a ba nou. Nou devlope abitid pou n lonje lamen bay lòt moun nan konpasyon ak jantiyès.

Sa se yon efò tout yon lavi, epi sa mande pratik.

Atlèt ki akonpli yo pase anpil èdtan san rete ap pratike bagay fondamantal espò yo a. Enfimyè, travyè rezo, enjenyè nikleyè, e menm mwenmenm kòm yon kuizinye amatè k ap fè konpetisyon nan kuizin Harriet la, nou vin kapab ak kalifye sèlman si nou fè pratik avèk dilijans nan sa n ap fè a.

Lè m te yon kapitèn avyon, mwen te konn souvan antrene pilòt k ap itilize yon vòl similatè—yon machin sofistike ki repwodui eksperyans vole nan avyon an. Similatè a non sèlman ede pilòt yo aprann prensip fondamantal pou vole yo; men li pèmèt tou pou yo fè eksperyans epi reyaji devan evenman inatandi yo ka rankontre lè yo pran kòmand avyon reyèl la.

Se menm bagay la tou pou n vin disip Jezikri.

Aktivman patisipe nan Legliz Jezikri a ak nan gwo varyete opòtinite l yo ap ede nou pi byen prepare pou sikonstans chanjan lavi yo, kèlkeswa sa yo ka ye. Antanke manm Legliz la, yo ankouraje nou pou n plonje nou nan pawòl Bondye bay atravè pwofèt Li yo, ansyen ak modèn. Atravè priyè sensè ak enb nou fè Papa nou ki nan Syèl la, nou aprann rekonèt vwa Sentespri a. Nou aksepte apèl pou n sèvi, anseye, planifye, fè sèvis pastoral, ak administre. Opòtinite sa yo pèmèt nou pwogrese nan lespri, nan panse, ak nan karaktè.

Y ap ede nou prepare pou nou fè ak kenbe alyans sakre ki ap beni nou nan lavi sa a ak nan lavi k ap vini an.

Vini, vin jwenn nou!

Nou envite tout pitit Bondye toupatou nan mond lan pou yo vin ini avèk nou nan gwo efò sa a. Vini pou nou wè! Menm pandan tan trè difisil coronavirus la, ini avèk nou anliy. Rankontre avèk misyonè nou yo anliy. Chèche konnen pou tèt pa w kisa Legliz sa a ye! Lè tan difisil sa a pase, vin rankontre nou nan fwaye nou ak nan lye adorasyon nou yo!

Nou envite w pou w vini epi ede! Vini epi sèvi avèk nou, fè sèvis pastoral pou pitit Bondye yo, suiv tras pye Sovè a, epi fè mond sa a vin yon pi bon kote.

Vini, epi rete! W ap rann nou pi fò. Epi w ap vin pi bon, pi janti, ak pi kontan tou. Lafwa w ap apwofondi epi w ap vin pi solid—pi kapab reziste anba latwoublay ak eprèv sanzatann lavi yo.

Kijan pou w kòmanse? Gen anpil fason posib.

Nou envite w pou w li Liv Mòmon an. Si w poko gen youn, ou ka li l nan ChurchofJesusChrist.org4 oubyen telechaje app Liv Mòmon an. Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri ak konpayon Ansyen ak Nouvo Testaman an. Nou renmen tout ekrit sent sa yo e nou aprann ladan yo.

Nou envite w pou w pase yon ti tan nan ComeuntoChrist.org pou w ka wè sa manm Legliz yo anseye ak sa yo kwè.

Envite misyonè yo vin vizite w anliy oubyen anprive lakay ou kote sa posib—yo gen yon mesaj espwa ak gerizon. Misyonè sa yo se pitit gason ak pitit fi presye ka p sèvi nan plizyè kote nan mond lan ak pwòp tan yo ak pwòp lajan pa yo.

Nan Legliz Jezikri a, w ap jwenn yon fanmi moun ki pa tèlman diferan avèk ou. W ap wè moun ki bezwen èd ou epi ki vle ede w pandan w ap eseye vin pi bon vèsyon oumenm nan—moun Bondye tekreye pou w devni an.

Anbrasad Sovè a etann a tout moun

Ou gen dwa panse: “M fè erè nan lavi m. M pa si ke m ap janm santi m apateni nan Legliz Jezikri a. bondye pa ka enterese nan yon moun tankou m.”

Jezikri, malgre L se “Wa tout wa,”5 Mesi a, Pitit Gason Bondye vivan an,”6 sousye anpil pou nou chak ak chak grenn pitit Bondye yo. Li sousye kèlkeswa pozisyon yon moun—keseswa moun nan pòv ou rich, enpafè oubyen pafè. Pandan lavi L nan mòtalite a, Sovè a te sèvi tout moun: moun ki te kontan ak akonpli, sa k te kraze e pèdi, ak sa ki te sanzespwa. Souvan, moun Li te sèvi ak administre yo se pa t moun ki te gen renome, ni bote, ni richès. Souvan, moun Li te soulaje yo pa t gen anyen pou yo te ofri anretou eksepte rekonesans yo, yon kè enb, ak dezi pou yo gen lafwa.

Si Jezi te pase lavi L nan mòtalite a ap sèvi “sa ki pi piti yo,”7 èske L pa t ap renmen yo jodia? Èske pa gen yon plas nan Legliz Li a pou tout pitit Bondye yo? Menm pou sa ki santi yo pa diy, oubliye, oubyen solitè yo?

Pa gen okenn nivo pèfeksyon nou dwe atenn pou nou ka kalifye pou gras Bondye. Priyè nou yo pa oblije fò ni elokan ni gramatikman kòrèk pou yo rive nan syèl la.

Anfèt, Bondye pa gen moun favori8—bagay mond lan bay valè yo pa vledi anyen pou Li. Li konn kè ou, epi Li renmen w kèlkeswa tit ou, eta finans ou, oubyen ki kantite moun k ap suiv ou sou Instagram.

Si nou tounen kè nou bay Papa nou ki nan Syèl la epi nou rapwoche de Li, n ap santi L rapwoche de nou.9

Nou tout se pitit byeneme Li.

Menm moun ki rejte L yo.

Menm moun ki, tankou yon timoun tèti ak endisipline, vin ankòlè kont Bondye ak Legliz Li a, ki metaforikman fè valiz yo, epi kouri soti nan pòt la pandan y ap pwoklame ke y aprale e yo p ap janm retounen ankò yo.

Lè yon timoun kite kay li, li gen dwa pa remake paran enkyè yo k ap gade nan fenèt la. Ak kè , yo gade pitit gason oswa pitit fi yo a k aprale—ak espwa ke pitit presye sa a ap aprann yon bagay nan eksperyans dechiran sa a e petèt ka vin wè lavi a ak nouvo je—epi finalman retounen lakay.

Se konsa sa ye pou Papa nou ki nan Syèl la. L ap tann nou retounen.

Sovè nou an, ak dlo lanmou ak konpasyon nan je Li, ap tann nou retounen. Menm lè w santi w lwen Bondye, L ap gade ou; L ap gen konpasyon pou ou epi L ap kouri vin anbrase ou.10

Vini pou w rete.

Bondye Kite nou Aprann Apati Erè Nou

Nou se pèleren k ap mache sou wout mòtalite a nan yon gran rechèch pou n jwenn. Souvan, tout sa nou wè se chemen ki dirèkteman devan nou an—nou pa ka wè ki kote koub yo nan wout la ap mennen. Papa eman nou an ki nan Syèl la pa ba nou tout repons. Li atann pou nou dekouvri anpil bagay pou tèt pa nou. Li atann pou nou kwè—menmlè sa difisil pou nou fè.

Li atann pou nou drese zepòl nou epi devlope yon ti detèminasyon—yon ti fèmte—epi pou nou fè yon lòt pa annavan.

Sa se mwayen nou aprann ak pwogrese.

Èske w t ap onètman vle pou yo eksplike w tout ti detay? Èske w t ap onètman vle pou chak kesyon deja reponn? Pou chak destinasyon deja trase?

Mwen kwè pifò nan nou t ap vin fatige byen vit devan kalite jesyon selès sa a. Nou aprann leson enpòtan lavi yo atravè eksperyans. Atravè aprann de erè nou. Atravè repanti epi reyalize pou tèt pa nou ke “inikite pa t janm te bonè.”11

Jezikri, Pitit Gason Bondye a, te mouri pou erè nou yo pa kondane nou ni stope pwogresyon nou ajamè. Gras avèk Li, nou ka repanti, epi erè nou yo ka vin etap ki mennen nan gwo laglwa.

Ou pa oblije mache sou wout sa a poukont ou. Pè Selès la pa kite nou ap mache nan fènwa.

Se poutèt sa, nan prentan 1820 an, Li te parèt ak Pitit Gason L lan, Jezikri, devan yon jèn gason, Joseph Smith.

Panse sou sa pou yon ti moman! Bondye inivè a te parèt devan lòm!

Sete premye nan plizyè rankont Joseph te fè avèk Bondye ak lòt èt selès. Anpil nan pawòl èt divin sa yo te di l yo ekri nan ekriti yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yo fasil pou nou jwenn. Nenpòt moun ka li yo epi aprann pou tèt pa yo mesaj Bondye genyen pou nou nan epòk nou an.

Nou envite w pou w etidye yo pou tèt pa w.

Joseph Smith te jèn anpil lè l te resevwa revelasyon sayo. Anpil nan yo te vini anvan l te gen 30 tan.12 Li te manke eksperyans, epi pou kèk moun, li te siman sanble l pa t kalifye pou l te pwofèt Senyè a.

Epoutan, Senyè a te aple kanmèm—sa k te suiv yon chema nou jwenn atravè tout ekriti sent yo.

Bondye pa t tann pou l te jwenn yon moun pafè pou l te retabli levanjil la.

Si L te fè sa, nou t ap tann toujou.

Joseph te sanble avèk oumenm avèk mwen anpil. Malgre l te fè erè, Bondye te itilize l pou akonpli gwo objektif Li.

Prezidan Thomas S. Monson te souvan konn repete pawòl konsèy sa yo: “Moun Senyè a aple, Li kalifye yo.”13

Apot Pòl te rezone avèk Sen nan Korent yo: “Sonje lè Bondye te rele nou, frè m ak sè m yo: pa gen anpil nan nou ki saj selon prensip lèzòm; pa gen anpil ki puisan; ni anpil ki moun gran fanmi.”14

Bondye itilize moun fèb ak senp pou reyalize objektif Li. Verite sa a kanpe kòm yon temwayaj ke se pouvwa Bondye, pa pouvwa lòm, ki akonpli travay Li sou tè a.15

Koute Li, Suiv Li

Lè Bondye te parèt devan JoSeph Smith la, Li te prezante l Pitit Gason L lan, Jezikri, epi L te di: “Koute Li.”16

Joseph te pase rès lavi l ap koute Li ak suiv Li.

Menmjan ak Joseph, kalite disip nou kòmanse avèk desizyon pou nou tande Sovè a, Jezikri.

Si nou vle suiv Li, rasanble lafwa nou epi pran kwa L sou do nou.

W ap wè ke w ou gen plas ou nan Legliz Li a—yon lye plen chalè ak akeyan kote w ka ini nan gran rechèch disip ak bonè a.

Espwa m se pou, nan ane bisantnè Premye Vizyon sa a, pandan n ap medite ak aprann sou Retablisman Legliz Jezikri a, nou reyalize ke se pa jis yon evenman istorik. Oumenm avèk mwen jwe yon wòl kritik nan gwo istwa k ap kontinye sa a.

Ki pati pa w avèk mwen?

Se aprann konnen Jezikri. Etidye pawòl Li yo. Suiv Li nan patisipe aktivman nan gwo travay sa a. M envite w pou w vini epi rete!

Ou pa oblije pafè. Ou sèlman dwe gen yon dezi pou devlope lafwa w ak rapwoche w pi pre L chak jou.

Pati pa nou an se renmen ak sèvi Bondye epi renmen ak sèvi pitit Bondye yo.

Pandan n ap fè sa, Bondye ap ansèkle nou nan lanmou Li, lajwa Li ak gidans asire Li nan lavi sa a, menm anba sikonstans ki pi grav yo, ak odela.

Konsènan sa mwen temwaye, epi m kite benediksyon m nan pwofon gratitid ak lanmou pou nou chak, nan non Jezikri, amèn.