Konferans Jeneral
Li Mache Devan Nou
Konferans Jeneral Avril 2020


Li Mache Devan Nou

Senyè a ap dirije Retablisman levanjil Li a ak Legliz Li a. Li konnen avni an pafètman. Li envite nou nan travay la.

Frè ak sè byenneme m yo, mwen rekonesan dèske m rasanble avèk nou nan konferans jeneral sa a pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou Yo. Nan envitasyon li pou nou refelechi sou fason Retablisman Legliz Sovè a nan dènye dispansasyon sa a te beni nou ak moun nou renmen yo, Prezidan Russell M. Nelson te pwomèt ke eksperyans nou an ta pral non sèlman memorab men inoubliyab tou.

Eksperyans pa mwen te memorab, jan mwen sèten pa nou te ye. Posiblite ke l pral memorab la depann de chak moun nan nou. Sa enpòtan pou mwen paske eksperyans memorab nan prepare pou konferans sa a chanje m nan yon fason mwen ta renmen ki dire. Kite m eksplike.

Preparasyon m nan te mennen nan yon evenman ki ekri sou Retablisman an. Mwen te li konsènan sa anpil fwa, men pou mwen sa sete toujou yon rapò sou yon reyinyon enpòtan ki te enplike Joseph Smith, pwofèt pou Retablisman an. Men fwa sa a, mwen te wè nan istwa a fason Senyè a dirije noumenm, disip Li yo, ak legliz Li a. Mwen te wè kisa sa vledi pou noumen mòtèl dirije pa Sovè mond lan, Kreyatè a—ki konnen tout bagay, pase, prezan, ak fiti. Li anseye nou etap pa etap epi Li gide nou, san li pa janm fòse nou.

Reyinyon m ap dekri a sete yo moman kapital nan Retablisman an. Sete yon reyinyon yon jou Saba ki te fèt jou 3 April, 1836, nan tanp Kirtland nan Ohio, sèt jou apre yo te fin konsakre l. Joseph Smith te dekri gran moman sa a nan istwa mond lan nan yon fason ki senp. Pifò nan istwa sa a ekri nan Doktrin ak Alyans seksyon 110:

“Nan apre midi, mwen te ede lòt Prezidan yo nan distribisyon Soupe Senyè a bay Legliz la, m te resevwa l nan men Douz yo, ki te gen privilèj pou yo ofisye sou tab sakre a nan jou sa a. Apre m te fin akonpli sèvis sa a pou frè m yo, m t ale sou lotèl la, vwal la te fèmen, epi m te bese tèt mwen, avèk Oliver Cowdery, nan yon priyè solanèl an silans. Apre n te leve fin priye, vizyon ki pi ba a te louvri devan nou toude.”1

“Vwal la te soti nan panse nou, epi je konpreyansyon nou yo te louvri.

“Nou te wè Senyè a kanpe sou platfòm sou lotèl la, devan nou; epi anba pye li te gen yon espas kouvri ak bon jan lò pi, ki te gen koulè safran.

“Je li yo te tankou yon flanm dife; cheve ki nan tèt li te blan tankou lanèj pi; figi li te pi klere pase limyè solèy la; epi vwa li te tankou bri gwo dlo k ap deplase, vwa Jewova menm ki te di:

“M se premye a ak dènye a; Se mwen menm ki vivan an, se mwen menm yo te touye a; mwen se avoka ou bò kote Papa a.

“Gade, peche ou yo padone; ou pwòp devan mwen; se poutèt sa, leve tèt ou epi rejwi.

“Se pou kè frè ou yo rejwi, epi se pou kè tout pèp mwen an rejwi, ki, avèk puisans yo, te bati kay sa a pou non mwen.

“Paske gade, m aksepte kay sa a, epi non mwen ap la; epi m ap manifeste mwen devan pèp mwen an avèk mizèrikòd nan kay sa a.

“Wi, m ap parèt devan sèvitè m yo, epi m ap pale avèk yo avèk pwòp vwa pa m, si pèp mwen an respekte kòmandman m yo, epi yo pa sal kay sen sa a.

“Wi, kè anpil milye ak dizèn milye pral rejwi anpil kòm konsekans benediksyon ki pral devèse, ak dotasyon ki te dote sèvitè m yo nan kay sa a.

“Epi non kay sa a pral gaye nan peyi etranje; epi se kòmansman benediksyon ki pral tonbe sou tèt pèp mwen an. Se sa menm. Amèn.

“Apre vizyon sa a te fèmen, syèl la te louvri devan nou ankò; epi Moyiz te parèt devan nou, epi l te remèt nou kle rasanbleman Izrayèl la depi nan kat pati tè a, ak direksyon dis tribi yo ki soti nan peyi Nò yo.

“Apre sa, Elyas te parèt epi l te remèt dispansasyon levanjil Abraram nan, li te di, nan nou ak nan desandan nou yo, tout jenerasyon apre nou pral beni.

“Apre vizyon sa a te fin fèmen, yon lòt gran vizyon gloriye te frape sou nou; paske Eli, pwofèt la, yo te pran monte nan syèl la san l pa t goute lanmò a te kanpe devan nou, epi l te di:

“Gade, lè a totalman rive, lè pawòl Malachi a te pale a—ki te temwaye Bondye t ap voye [Eli] anvan gran jou terib Senyè a rive—

“Pou retounen kè zansèt yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou zansèt yo, pou tout tè a pa frape avèk yon malediksyon—

“Se poutèt sa, m remèt kle dispansasyon sa a nan men nou; epi konsa n ap konnen gran jou tèrib Senyè a pwòch, li nan pòt la menm.”2

Kounyea, mwen te li istwa sa a plizyè fwa. Sentespri a te konfime pou mwen ke istwa a vrè. Men pandan m t ap etidye ak prepare pou konferans sa a, mwen te vin pi klèman wè pouvwa Senyè a pou li dirije disip Li yo nan travay Li a.

Sèt ane avan Moyiz te remèt Joseph kle rasanbleman Izrayèl yo nan tanp Kirtland nan, “Joseph te aprann nan paj tit la nan Liv Mòmon an ke objektif li sete pou ‘devwale pou rès kay Izrayèl la … pou yo ka konnen alyans Senyè a, pou yo pa pèdi pou tout tan.’ An 1831, Senyè a te di Joseph ke rasanbleman Izrayèl la ta pral kòmanse nan Kirtland, ‘Epi depi kounyeya [Kirtland], nenpòt moun m vle voye, yo dwe ale pami tout nasyon yo … paske Izrayèl pral sove, epi m ap mennen yo.’”3

Malgre travay misyonè te nesesè pou rasanbleman Izrayèl l, Senyè a te ansyeye Douz yo, ki te vin tounenn kèk nan premye misyonè yo, “Sonje, nou pa gen pou nou ale kote lòt nasyon yo, jistan nou resevwa dotasyon nou.”4

Se kòmsi tanp Kirtland nan te enpòtan nan plan etap pa etap Senyè a pou omwen de rezon: Premye, Moyiz te rete tann jistan tanp lan te fini pou retabli kle rasanbleman Izrayèl yo. Epi dezyèm, Prezidan Joseph Fielding Smith te anseye ke “Senyè a te kòmande Sen yo pou yo bati yon tanp [tanp Kirtland lan] kote li ta ka revele kle pou otorite yo epi kote apot yo ta ka resevwa dotasyon epi prepare pou netwaye jaden rezen li an nan dènye moman yo.”5 Malgre dotasyon tanp lan jan nou konnen l jodia pa t adminsitre nan tanp Kirtland lan, nan akonplisman pwofesi a, entwodiksyon òdonans preparatwa tanp yo te kòmanse la, ansanm avèk manifestasyon espirityèl ki te devèse pou ekipe moun ki te jwenn apèl pou misyon yo avèk pwomès dotasyon ak “pouvwa ki soti anwo”6 th ki te mennen nan yon gran rasanbleman atravè sèvis misyonè a.

Apre yo te fin remèt Joseph kle yo pou rasanbleman Izrayèl la, Senyè a te enspire pwofèt la pou voye manm yo nan Douz yo ale nan misyon. Pandan m t ap etidye, li te vin klè pou mwen ke Senyè a te prepare mwayen pou Douz yo ale nan misyon yo aletranje kote moun yo te prepare pou yo kwè ak soutni yo. Nan moman apwopriye a, anpil milye, atravè yo, ta pral vin antre nan legliz retabli Senyè a.

Dapre rejis nou yo, yo estime ke ant 7,500 ak 8,000 moun te batize pandan de misyon Douz yo nan zile Britanik yo. Sa te poze fondasyon pou travay misyonè a nan Ewòp. Sa te tabli fondasyon pou travay misyonè a nan Ewòp, epi rive nan fen 19èm syèk la anviwon 90,000 te rasanble pou vin Amerika avèk pifò nan yo ki te soti nan Zile Britanik ak Skandinavi yo.7 Senyè a te enspire Joseph ak misyonè fidèl sa yo ki te ale travay pou akonpli yon rekòt ki te sanble depase kapasite yo. Men Senyè a, avèk vizyon ak preparasyon pafè Li a, te rann sa posib.

Nou sonje langaj aparaman senp men preske powetik ki nan seksyon 110 nan Doktrin ak Alyans yo:

“Gade, lè a totalman rive, lè pawòl Malachi a te rive a—ki te temwaye Bondye t ap voye [Eli] anvan gran jou terib Senyè a rive—

“Pou retounen kè zansèt yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou zansèt yo, pou tout tè a pa frape avèk yon malediksyon—

“Se poutèt sa, m remèt kle dispansasyon sa a nan men nou; epi konsa n ap konnen gran jou tèrib Senyè a pwòch, li nan pòt la menm.”8

Mwen temwaye ke Senyè a te wè byen lwen nan lavni ak kijan Li ta pral dirije nou pou ede Li akonpli objektif Li yo nan dènye jou yo.

Lè mwen t ap sèvi nan Episkopa Prezidan an, sa gen anpil ane, mwen te anchaj pou sipèvize planifikasyon ak devlòpman gwoup ki te kreye sa nou te rele FamilySearch. Mwen pran prekosyon pou m di mwen “te sipèvize” kreyason li, olye mwen di mwen “te dirije” li. Anpil moun briyan te kite lòt pwofesyon yo epi vini pou bati sa Senyè a te vle.

Premye Prezidans la te fikse bi pou redui pil diplikata nan òdonans yo. Pi gwo sousi yo sete vin nan enposiblite pou konnen si òdonans yon moun te deja akonpli. Pandan dèzane—oubyen sa ki te sanble tankou ane—Premye Prezidans la t ap mande m, “Kilè w ap fin prepare l?”

Avèk lapriyè, dilijans, ak sakrifis pèsonèl moun ki te gen anpil kapasite, travay la te akonpli. Sa te fèt etap pa etap. Premye tach la sete pou fè FamilySearch la senp pou itilizatè ki pa twò maton nan òdinatè yo. Plis chanjman te vini, epi mwen konnen yo pral kontinye vini, paske nenpot lè nou deside pou rezoud yon pwoblèm ki enspire, nou louvri pòt pou plis revelasyon pou avansman ki omwen gen menm enpòtans la men ke nou poko menm wè. Rive jis jodia, FamilySearch ap vin tounen sa Senyè a bezwen an kòm yon pati nan Retablisman L la—e non pa pou sèlman evite gen diplikata nan òdonans yo.

Senyè a pèmèt nou fè amelyorasyon pou ede moun yo develope santiman familyarite epi menm lanmou pou zansèt yo epi akonpli òdonans tanp pou yo. Kounyea, jan Senyè a siman te konnen sa ta pral rive, jèn moun yo ap vin tounen monitè pou paran yo ak manm pawas yo. Tout jwenn gwo lajwa nan sèvis sa a.

Espri Eli a ap chanje kè jèn ak granmoun, timoun ak paran yo, pitit pitit ak granparan yo. Tanp yo ap planifye nan lajwa opòtinite pou batèm ak lòt òdonans sakre yo. Dezi pou sèvi zansèt nou yo ak relasyon ant paran ak pitit yo ap grandi.

Senyè a te wè tout sa t ap vini. Li te planifye pou sa, etap pa etap, jan Li fè pou lòt chanjman yo nan legliz Li a. Li chwazi epi prepare moun fidèl ki chwazi pou yo fè bagay difisil yo byen. Li toujou montre lanmou ak pasyans nan ede nou apran “liy apre liy, presèp sou presèp, yon tikras isit yon tikras la.”9} Li fèm nan tayming sou entansyon Li yo, men Li asire l ke sakrifis se yon benediksyon oswa pote youn ke nou pa te menm anvizaje.

M ap fini nan eksprime gratitid mwen pou Senyè a—Li ki te enspire Prezidan Nelson pou envite m pou m fè yon sakrifis pou prepare pou konferans sa a. Chak èdtan ak chak priyè pandan preparasyon m nan te pote yon benediksyon.

M ap envite nou tout ki tande oswa li pawòl sa yo pou nou gen lafwa ke Senyè a ap dirije Retablisman levanjil Li a ak legliz Li a. Li mache devan nou. Li konnen avni an pafètman. Li envite nou nan travay la. L ap patisipe ladan avèk nou. Li mete anplas yon plan pou sèvis ou. Epi menm pandan w ap fè sakrifis, ou pral santi lajwa pandan w ap ede lòt moun leve prepare pou retou Li a.

Mwen temwaye nou ke Bondye Papa a vivan. Jezi se Kris la. Sa a se Legliz pa li. Li konnen ou epi Li renmen ou. Li renmen ou. Li prepare chemen an pou nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.