Konferans Jeneral
Pou Yo Ka Wè
Konferans Jeneral Avril 2020


Pou Yo Ka Wè

Chache epi priye pou opòtinite pou nou kite limyè nou briye pou lòt moun ka wè chemen pou al jwenn Jezikri a.

Frè m ak sè m yo, kè nou beni e renouvle pa Lespri nou santi nan konferans sa a.

Imaj
Yon kolòn limyè

Sa gen desanzan, yon kolòn limyè te poze sou yon jènjan nan you forè pyebwa. Nan limyè sa a, Joseph Smith te wè Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri. Limyè yo a te chase fènwa spirityèl ki te kouvri tè a e yo te montre Joseph Smith—ak nou chak tou— chemen pou n avanse a. Gras ak limyè ki te revele jou sa a, nou ka resevwa tout benediksyon ki disponib atravè Ekspyasyon Sovè nou an Jezikri.

Atravè Retablisman Levanjil Li a, nou ka chaje ak limyè Sovè nou an. Men, limyè sa a se pa sèlman pou ou menm avè m. Jezikri mande nou pou nou “kite limyè nou briye devan pèp sa a, pou yo kapab wè bon zèv nou e pou yo ka glorifye Papa nou ki nan syèl la.”1 M vin renmen pawòl ki di “pou yo kapab wè” a. Se yon envitasyon serye Senyè a fè nou pou nou gen plis entansyon pou n ede lòt moun wè chemen an epi konsa vin jwenn Kris la.

Imaj
Èldè L. Tom Perry

Lè m te gen 10 an, fanmi nou te gen privilèj pou n te resevwa Èldè L. Tom Perry, manm Kolèj Douz Apot yo, pandan l te vin nan zòn lakay mwen.

Nan fen jounen an, fanmi nou ak fanmi Perry te chita nan salon nou an pou nou te jwi yon bon tat pòm manman m te fè, pandan Èlder Perry t ap rakonte istwa sou Sen yo toupatou nan mond lan. Istwa yo te kaptive m.

Li te kòmanse ta lè manman m te rele m nan kuizin nan epi l te poze m yon senp kesyon: “Bonnie, ou te bay poul yo manje?”

Kè m te chavire; m pa t ko fè sa. Poutèt m pa t vle kite prezans yon Apot Senyè a, m te di ke poul yo ka jene jiska demen maten.

Manman m te reponn avèk yon “non” definitif. Menm lè a, Èlder Perry te antre nan kuizin nan avèk vwa puisan chaje antouzyas li , li te mande, “Èske m te tande ke yon moun bezwen al bay poul yo manje? Èske ti gason m nan avè m ka ale avèk ou?”

Oh, kounyea sete tèlman yon lajwa pou m t al bay poul yo manje! M te kouri al pran gwo flach jòn nou an. Tou eksite, m te dirije yo, m te janbe al nan chemen poulaye a. Ak flach la ap balanse nan men m, nou te travèse jaden mayi a epi nou te travesè chan ble a.

Lè nou te rive bò kot yon ti kanal irigasyon devan nou, san reflechi m te vole janbe l jan m te konn fè sa tout tan, plizyè nuit anvan sa. M pa t reyalize efò Èldè Perry t ap fè pou l te kontinye avèk mwen nan yon chemen ki fènwa e ke l pa t konnen. Limyè flach mwen an ki t ap danse a pa t ede l wè ti kanal irigasyon an. San yon limyè stab pou l te ka wè, li te met pye l dirèkteman nan dlo a e li te plenyen byen fò. Tou panike, , m te vire gade epi m te wè nouvo zanmi m nan ki t ap retire pye l nan kanal dlo an epi sekwe pye l pou l te retire dlo ki te rantre nan soulye kui l la.

Avèk soulye ki te plen dlo, Èldè Perry te ede m bay poul yo manje. Lè nou te fini, avèk anpil amou li te ban m enstriksyon, “Bonnie, m bezwen wè chemen an. M bezwen limyè a klere kote m ap mache a.”

M t ap klere limyè flach mwen an men se pa t nan fason ki t ap ede Èldè Perry. Kounyea, paske m te konnen l te bezwen limyè flach mwen an pou l te fè chemen an ansekirite, m te fokis limyè flach la on ti kras devan l epi nou te retounen lakay an tout konfyans.

Chè frè m ak sè m yo, pandan dèzane m te reflechi sou prensip m te aprann nan men Èldè Perry a. Envitasyon Senyè a pou nou kite limyè nou briye a se pa annik poiu n flashe kolòn limyè nou an nenpòt kijan pou nou fè mond lan pi briyan an jeneral. Men se pou nou konsantre limyè sa a yon fason pou lòt moun ka wè chemen pou y al jwenn Kris la. Se rasanbleman Izrayèl sou bò vwal sa a—pandan n ap ede lòt moun wè pwochen etap pou yo pran an nan fè ak kenbe alyans sakre avèk Bondye.2

Senyè a te temwaye, “Gade, m se limyè a; m te tabli yon egzanp pou nou.”3 Annou gade youn nan ekzanp Li yo.

Fi bò pui a sete yon Samaritèn ki pa t konn Jezikri e anpil moun te konsidere l kòm yon ekspatriye nan pwòp sosyete pa l la. Jezi te rankontre avè l epi l te kòmanse yon konvèsasyon. Li te pale l de dlo. Apresa Li te dirije al jwenn plis limyè lè L te deklare tèt Li kòm “dlo vivan.”4

Avèk konpasyon, Kris la te konsyan de limenm ak bezwen li. Li te rejwenn fi a kote l te ye a epi l te kòmanse pale l de yon bagay ki te familye ak komen pou li. Si L te sispann la, sa t ap yon rankont pozitif. Men sa pa ta pral fè l kouri ale nan vil la pou l te pwoklame, “Vini, gade … : èske se pa Kris la?”5 Ti kras pa ti kras, atravè konvèsasyon an, li te dekouvri Jezikri, e malgre pase li, li te vin yon enstriman limyè, ki t ap klere chemen an pou lòt moun te ka wè.6

Kounyea annou gade de istwa ki te suiv ekzanp Sovè a nan pataje limyè. Sa pa gen anpil tan, Kevin yon zanmi m te chita bò kote yon dirijan antrepriz nan yon dine. Li te enkyete apwopo konvèsasyon yo ta pral oblije fè pandan dezèdtan. Yon lide te pase nan tèt Kevin epi l te mande, “Pale m de fanmi ou. Ki kote yo soti?”

Mesye a pa t tèlman konn anpil bagay sou eritaj li, konsa, Kevin te rale telefòn li, epi l te di, “M gen yon app ki konekte moun avèk fanmi yo. Annou wè sa nou ka jwenn.”

Apre yon diskisyon byen long, nouvo zanmi Kevin nan te mande, “Poukisa fanmi si enpòtan pou legliz ou a konsa?”

Kevin te reponn senpleman: “Nou kwè ke nou kontinye viv apre nou mouri. Si nou idantifye zansèt nou yo epi nou pran non yo al nan yon kote sakre ki rele tanp, nou ka fè òdonans maryaj ki ka kenbe fanmi nou ansanm menm apre lanmò.”7

Kevin te kòmanse avèk yon bagay limenm ak zanmi l lan gen an komen. Apresa li te jwenn yon fason pou l te temwaye de limyè ak lanmou Sovè a.

Dezyèm istwa a se konsènan Ella, yon jwè baskètbòl inivèsite. Ekzanp li te kòmanse lè l te resevwa apèl misyon l pandan l te lekòl. Li te chwazi ouvri l devan ekip li a. Yo pa t vrèman konn anyen konsènan Legliz Jezikri a e yo pa t konprann dezi Ella pou l te sèvi a. Li te priye tout tan pou l te konn kijan l pou l te eksplike apèl misyon l lan nan yon fason koekipye l yo te ka konprann. Repons li?

Ella te di “M te fè yon powerpoint, paske sa koul.” Li te pale yo de pwobablite pou l te sèvi nan youn nan 400 ou plis misyon ak pwobablite pou l te aprann yon lang. Li te pale de milye de misyonè ki t ap sèvi deja. Ella te fini ak yon foto Sovè a ak temwayaj brèf sa a: “Baskètbòl se youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi m. M te demenaje al sou lòt bò peyi a e m te kite fanmi m pou vin jwe pou antrenè sa a ak ekip sa a. De sèl bagay ki pi enpòtan pou mwen pase baskètbòl se lafwa m ak fanmi m.”8

Kounyea, sizoka ou ap panse, “Sa yo se bèl ekzanp 1,000-wat, men mwenmenm m se yon anpoul 20 wat,” sonje ke Sovè a te temwaye, “M se limyè nou dwe kenbe a.”9 Li raple nou ke L ap pote limyè a si nou annik pwente lòt moun ba Li.

Noumenm avè m gen ase limyè pou nou pataje kounyea. Nou ka ilimine pwochen pa a pou ede yon moun vin pi pre Jezikri, epi apresa pwochen pa a, ak sa k vin apre a.

Mande tèt nou, “Kiyès ki bezwen limyè nou genyen an pou jwenn chemen yo bezwen an ke yo pa ka wè a?”

Chè zanmi m yo, poukisa l si tèlman enpòtan pou nou klere limyè nou? Senyè a te di nou ke “gen anpil moun sou tè a … ki pa konnen verite a paske yo pa konnen ki kote pou yo jwenn li”10 Nou ka ede. Nou ka klere limyè nou entansyonèlman pou lòt moun ka wè. Nou ka bay yon envitasyon.11 Nou ka fè vwayaj la ak moun k ap avanse al jwenn Sovè a, kèlkeswa jan yo bwate. Nou ka rasanble Izrayèl.

Mwen temwaye ke Senyè a ap mayifye tout ti efò nou. Sentespri a ap dirije nou pou nou konnen sa pou n di ak sa pou n fè. Esè sa yo ka mande nou pou nou fè sa k pa konfòtab, men nou ka sèten ke Senyè a ap ede limyè nou an briye.

Ala m rekonesan pou limyè Sovè a, ki kontinye dirije Legliz sa a atravè revelasyon an.

Imaj
Sovè a ki kenbe yon lanp

M envite nou tout pou nou suiv ekzanp Jezikri epi gen konpasyon pou moun ki bò kote nou. Chache epi priye pou opòtinite pou nou kite limyè nou briye pou lòt moun ka wè chemen pou al jwenn Jezikri a. Pwomès Li a bèl: “Moun ki suiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p’ap janm mache nan fènwa“12 M temwaye ke Sovè nou an, Jezikri, se chemen an, verite, lavi, limyè, ak lanmou mond lan. Nan non Jezikri, Amèn.