Konferans Jeneral
Kay Ki Pi Bèl Yo
Konferans Jeneral Avril 2020


Kay Ki Pi Bèl Yo

Sovè a se enjenyè, konstriktè, ak dekoratè enteryè pafè a. Pwojè Li se pèfeksyon ak lajwa etènèl nanm nou.

Resamman, yon ansèy nan Salt Lake City te atire atansyon mwen. Li t ap fè piblisite pou yon konpayi mèb ak dekorasyon enteryè. Li te senpleman di, “Nou sèvi Pi Bèl Kay nan Salt Lake City yo.”

Mesaj sa a te atiran—kisa ki yon “pi bèl kay”? M te twouve m ap reflechi sou kesyon sa a, patikilyèman avèk avèk pitit mwenmenm ak madanm mwen Kathy, te elve yo ak pitit yomenm y ap elve jodia. Tankou paran tout kote, nou sousye pou fanmi nou epi nou priye pou yo. Jiskaprezan, nou kontinye fè sa. Nou sensèman vle sa ki pi bon pou yo. Kouman yomenm ak pitit yo ap fè pou yo viv nan pi bèl kay yo? M te reflechi sou kay manm Legliz ke Kathy avèk mwen te gen privilèj pou nou te vizite. Yo te envite nou nan fwaye an Kore, nan Kenya, nan Filipin ak Perou, nan Laos ak Lettonie. Kite m pataje kat obsèvasyon sou pi bèl fwaye yo.

Premyèman, nan pèspektif Senyè a, etabli kay ki pi bèl la totalman gen pou wè avèk kalite pèsonèl moun ki viv ladan l yo. Kay sa yo pa pi bèl nan okenn fason enpòtan oubyen dirab akoz mèb yo oubyen poutèt nivo sosyal moun ki pwopriyetè yo a. Pi bèl karakteristik yon fwaye se imaj Kris la ki reflete nan moun ki abite nan kay la. Sa ki pi enpòtan an se dekorasyon enteryè ki nan nanm moun ki abite nan kay la, se pa kay la.

Se nan Kris la nou jwenn atribi sa yo, ki “mande tan”1 pandan nou gen entansyon pou nou pwogrese sou chemen alyans la. Atribi kretyen se bagay ki dekore lavi moun ki fè efò pou yo viv byen. Yo ranpli fwaye yo avèk limyè levanjil la, menmsi andedan kay la antè oubyen an mozayik. Menmsi ou se sèl moun lakay ou k ap suiv kòmandman pou “chèche bagay sa yo,”2 ou ka kontribye nan meble kay familyal ou a spirityèlman.

Nou suiv konsèy Senyè a pou nou “òganize [tèt pa nou]; prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay” la nan òganize, prepare, ak etabli lavi spirityèl nou, non pa pwopriyete a. Lè nou suiv chemen alyans Sovè a avèk pasyans, kay nou vin tounen “yon kay laglwa, yon kay lòd, [epi] yon kay Bondye.”3

Dezyèmman, moun k ap viv nan kay ki pi bèl yo kreye tan pou yo li ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo chak jou. Prezidan Russell M. Nelson envite nou pou nou “transfòme” ak “remodle” fwaye nou atravè etid levanjil la.4 Envitasyon l la rekonèt ke pi bèl kay yo abrite travay delika ak vital ki fèt pou pwogresyon pèsonèl nou ak pou remodle feblès nou. Repantans chak jou se yon zouti transfòmasyon ki pèmèt nou grandi vin pi janti, pi eman, ak pi konpreyansif. Lè nou etidye ekriti yo sa mennen nou pi pre Sovè a, ke amou ak lagras plen jenewozite li ede nou nan pwogresyon nou.

Bib la, Liv Mòmon an, ak Pèl Gran Pri a rakonte istwa fanmi, konsa, se pa etonan ke volim diven sa yo se manyèl enkonparab pou bati kay ki pi bèl yo. Yo rakonte sousi paran yo, danje tantasyon, triyonf jistis, eprèv nan tan grangou ak abondans, bagay tèrifyan lagè yo, ak rekonpans lapè. Ankò epi ankò, ekriti yo montre nou kouman fanmi yo gen siksè lè yap viv nan lajistis ak jan yo pa gen siksè lè yo pran lòt chemen.

Twazyèmman, kay ki bèl yo suiv plan Senyè a trase pou pi kay ki pi bèl la, tanp la. Bati yon tanp kòmanse avèk etap debaz—tankou netwaye raje ak plati teren. Premye efò sa yo pou prepare teren an ka konpare avèk kenbe kòmandman debaz yo. Kòmandman yo se fondasyon kote nou bati karaktè disip nou. Karaktè disip ki konstan fè nou vin fèm, solid, ak inebranlab,5 tankou fondasyon anfè yo fè pou yon tanp. Fondasyon anfè solid sa a pèmèt Senyè a voye Lespri L pou chanje kè nou.6 Lè nou fè eksperyans yon gwo chanjman nan kè nou, se kòmsi nou ajoute bèl dekorasyon andedan tanp la.

Si nou kontinye avèk lafwa, Senyè a chanje nou etap pa etap. Nou resevwa imaj Li sou figi nou epi nou kòmanse reflete amou l ak bote karaktè Li.7 Pandan nap viv tankou Li, n ap santi nou lakay nou nan kay Li a, epi L ap santi L lakay Li nan pa nou an.

Nou ka kenbe kay nou konekte avèk kay pa L la lè nou kalifye tèt nou epi nou itilize rekòmandasyon tanp nou osi souvan sikonstans yo pèmèt nou. Lè nou fè sa, sentete kay Senyè a ap rete lakay nou tou.

Tanp mayifik Salt Lake la kanpe toupre la a. Pyonye yo te bati tanp la avèk zouti òdinè, materyo lokal, ak travay san fen ki te rèd anpil, yo te bati l soti 1853 rive 1893. Pi bon konpetans ansyen manm Legliz yo te ka ofri kòm enjenyè, nan achitekti, ak dekorasyon enteryè te vin kreye yon chedèv ke anpil milyon moun rekonèt.

Prèske 130 ane pase depi tanp la te konsakre. Jan Èldè Gary E. Stevenson te note yè a, prensip teknoloji yo te itilize pou konsepsyon tanp la te vin raplase pa nouvo prensip ki gen plis sekirite. Si nou pa amelyore teknoloji konstriksyon tanp la ak repare feblès ki gen nan fondasyon an, se t ap kòmsi nou trayi konfyans konfyans pyonye yo, ki te fè tout sa yo te kapab epi apresa te kite tanp la sou responsablite jenerasyon ki vini apre yo.

Legliz la kòmanse yon pwojè retorasyon katran pou amelyore fondasyon tanp la ak ranfòse rezistans li kont tranbleman tè.8 Fondasyon an, sòl yo, ak miray yo pral fòtifye. Yo pral itilize pi bon konesans ki disponib nan zafè teknoloji konstriksyon pou mete tanp la konfòm ak nòm aktyèl yo. Nou p ap ka wè chanjman nan fondasyon yo, men efè yo pral reyèl ak enpòtan. Nan tout travay sa a, n ap prezève bèl dkorasyon enteryè ki andedan tanp lan.

Nou ta dwe suiv egzanp renovasyon tanp Salt Lake la ban nou an epi pran tan pou nou evalye teknoloji spirityèl pèsonèl nou, pou nou asire n ke li modènize. Lè nou evalye tèt nou peryodikman, epi nou mande Senyè a, “Kisa m manke ankò?”9 sa ka ede nou chak kontribye nan bati yon fwaye ki pi bèl.

Katriyèmman, pi bèl kay yo se kay ki bay refij kont tanpèt lavi yo. Senyè a pwomèt ke moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y ap “pwospere nan peyi a.”10 Pwosperite Bondye se pouvwa pou nou avanse devan malgre pwoblèm lavi yo.

An 2002 m te aprann yon leson enpòtan sou pwoblèm. Pandan m te nan Asuncion, nan peyi Paraguay, m te rankontre avèk prezidan pieu yo nan nan vil sa a. Nan epòk sa a, Paraguay t ap fè fas ak yon kriz finansye ki te tèrib, epi anpil manm nan Legliz la t ap soufri epi yo pa t ka pran swen tèt yo. M pa t retounen an Amerik Disid depi apre misyon mwen epi m pa t janm al nan Paraguay. M te sèlman gen kèk semèn depi m t ap sèvi nan Prezidans Entèrejyon sa a. Paske m te enkyè sou enkapasite m pou m te bay prezidan pieu sa yo gidans, m te mande yo pou yo te di m ki bagay ki t ap mache byen nan pieu yo a. Premye prezidan pieu a te di m tout bagay ki t ap mache byen. Dezyèm nan te mansyone bagay ki t ap mache byen ak kèk lòt pwoblèm. Lè nou fin rive sou dènye prezidan pieu a, li te sèlman mansyone yon seri difikilte ki te grav. Pandan prezidan pieu yo t ap eksplike anplè sitiyasyon an, m te vin plis anpli enkyè, prèske dezespere, apwopo sa pou m ta di.

Egzakteman nan moman dènye prezidan pieu a t ap fini kòmantè l la, yon ide te vin nan tèt mwen: “Èldè Clayton, poze yo kesyon sa a: ‘Prezidan, nan pami manm nan pieu nou yo ki peye yon ladim konplè, ki peye yon ofrann dejèn avèk jenewozite, ki mayifye apèl yo nan Legliz la, ki reyèlman vizite fanmi yo kòm enstriktè oubyen enstriktris nan fwaye11 chak mwa, ki fè sware familyal, ki li ekriti yo, epi ki fè priyè familyal chak jou, konbyen nan pami yo ki gen pwoblèm yo pa ka adrese poukont yo, san Legliz la pa oblije fè entèvansyon pou rezoud pwoblèm yo pou yo?’”

Pou reponn a enpresyon m te resevwa a, m te poze prezidan pieu yo kesyon sa a.

Yo te gade m an silans, avèk sipriz epi apresa yo te di, “Pues, ninguno,” ki te vle di, “ebyen, onkenn nan yo.” Apresa, yo te di m, pa gen onkenn nan manm ki te fè bagay sa yo ki te gen pwoblèm yo pa t ka rezoud poukont yo. Poukisa? Paske yo t ap viv nan fwaye ki pi bèl yo. Paske yo te viv avèk fidelite, sa te ba yo fòs, vizyon, ak èd selès yo te bezwen pou yo te reziste ak siviv anba twoub ekonomik ki te antoure yo a.

Sa pa vle di moun ki jis pa p tonbe malad, ni sibi aksidan, ni fè fayit nan biznis yo, ni konfwonte anpil lòt difikilte nan lavi a. Mòtalite a toujou pote difikilte, men, tan apre tan, m wè ke moun k ap fè efò pou yo obeyi kòmandman yo beni paske yo jwenn wout yo al nan lapè ak esperans. Benediksyon sa yo disponib pou tout moun.12

David te deklare: “Si Senyè a pa ou ki bati kay la, moun ki bati l yo travay anven.”13 Kèlkeswa kote ou abite, kèlkeswa sa kay ou sanble, epi kèlkeswa konpozisyon fanmi ou, ou ka ede bati kay ki pi bèl la pou fanmi ou. Levanjil retabli Jezikri a bay plan pou kay sa a. Sovè a se enjenyè, konstriktè, ak dekoratè enteryè pafè a. Pwojè Li se pèfeksyon ak lajwa etènèl nanm nou. Avèk èd eman Li, nanm ou ka vin tout sa Li vle l vin ye a epi ou ka vin pi bon vèsyon moun ou ta ka ye a, ki prepare pou etabli ak viv nan kay ki pi bèl la.

Mwen temwanye avèk gratitid ke Bondye ki Papa nou tout la vivan. Pitit Gason Li a, Senyè Jezikri a, se Sovè ak Redanmtè tout limanite. Yo renmen nou pafètman. Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a sou latè a. Pwofèt ak apot vivan ap gide l jodia. Liv Mòmon an vrè. Levanjil retabli Jezikri a se plan achitekti pafè a pou n etabli pi bèl kay yo. Nan non Jezikri, Amèn.