Konferans Jeneral
Asire yon Jijman ki Jis
Konferans Jeneral Avril 2020


Asire yon Jijman ki Jis

Pou asire yon jijman ki jis, sakrifis ekspyatwa Sovè a ap netwaye tout inyorans ak pikan douloure lòt moun lakoz nou.

Liv Mòmon an anseye doktrin Kris la.

Nan Oktòb ki sot pase a, Prezidan Russell M. Nelson te mande nou pou nou te konsidere “ki diferans ki tap genyen nan lavi nou si toudenkou yo ta retire konesans nou te akeri nan Liv Mòmon an?”1 Mwen te medite sou kesyon l lan, menm jan m sèten anpil nan nou te fè. Gen yon panse ki pa t sispann vin nan tèt mwen—san Liv Mòmon an ak klate l konsènan doktrin Kris la ak sakrifis ekspyatwa L la, ki kote m ta prale pou m jwenn lapè?

Yo anseye doktrin Kris la—ki gen ladan prensip sali yo ak òdonans lafwa nan Kris, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen—anpil fwa nan tout ekriti Retablisman yo men avèk pouvwa patikilye nan Liv Mòmon an.2 Doktrin nan kòmanse avèk lafwa nan Kris la, epi chak eleman l yo depann de kwayans nan sakrifis ekspyatwa L la.

Jan Prezidan Nelson te anseye a, “Liv Mòmon an ba nou konpreyansyon ki pi konplè ak pi fyab sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ke nou pa jwenn okenn lòt kote.”3 Plis nou konprann kado diven Sovè a. se plis n ap vin konnen, nan lespri nou ak nan kè nou,4 reyalite asirans Prezidan Nelson an ke “bann verite ki nan Liv Mòmon an gen pouvwa pou yo geri, rekonfòte, retabli, sekouri, fòtifye, konsole, ak rejwi nanm nou.”5

Ekspyasyon Sovè a satisfè tout demann lajistis yo

Yon kontribisyon vital e apezan nan Liv Mòmon an pou fè nou konprann Ekspyasyon Sovè a se ansèyman ke sakrifis mizèrikòdye Kris la ranpli tout egzijans lajistis yo. Jan Alma te eksplike a: “Bondye limenm ekspye peche mond lan, pou l kapab vini avèk plan mizèrikòd la, pou l satisfè egzijans lajistis la, pou Bondye kapab yon Bondye ki pafè, yon Bondye ki jis, epi yon Bondye ki gen mizèrikòd tou.”6 Plan mizèrikòd Papa a7—sa ekriti yo rele plan bonè a8 ou plan sali a9tou—pa t ap kapab akonpli amwenske tout egzijans lajistis yo te satisfè.

Men kisa egzakteman “egzijans lajistis” yo ye”? Konsidere pwòp eksperyans Alma a. Sonje ke, lè l te jèn gason, Alma t ap chèche “detwi legliz la.”10 Anfèt, Alma te di pitit gason l Elaman ke li te “toumante anba soufrans lanfè;” paske efektivman li te “touye anpil nan pitit [Bondye] yo” nan fè yo “tonbe nan destriksyon.”11

Alma te eksplike Elaman ke li te vin jwenn lapè finalman lè “l te vin sonje l te tande” ansèyman papa l“ konsènan vini … Jezikri… pou l ekspye peche mond lan.”12 Yon Alma repanti te enplore mizèrikòd Kris la13 epi apresa li te santi lajwa ak soulajman lè l te rann ni kont ke Kris te fè sakrifis ekspyatwa a pou peche l yo epi l te peye tout sa lajistis te egzije. Yon fwa ankò, kisa lajistis t ap egzije Alma.? Jan Alma limenm te anseye nan apre: “Okenn bagay sal pa kapab eritye wayòm syèl la.”14 Konsa, yon pati nan soulajman Alma a siman sete amwenske mizèkòd te entèveni, lajistis t ap anpeche l retounen al viv avèk Pè Selès la.15

Sovè a Geri Blese Nou Pa Kapab Geri yo

Men èske jwa Alma a te fokis sèlman sou limenm—sou efò l pou l evite pinisyon epi pou li vin kapab retounen al jwenn Papa a? Nou konnen ke Alma te bay tèt li anpil pwoblèm pou moun li te detounen de laverite yo.16 Men m konnen Alma poukont li pa t kapab geri ak retabli tout moun li te detounen yo. Li pa t kapab asire l ke yo t ap gen yon opòtinite jis pou yo aprann doktrin Kris la epi pou yo jwenn benediksyon ki nan viv prensip kè kontan l yo. Li pa t kapab mennen moun ki te siman mouri pandan yo te tou avegle pa fo ansèyman l yo retounen.

Jan Prezidan Boyd K. Packer te anseye yon lè a: “Panse ki te sove Alma a … se sa a: Retabli sa ou pa ka retabli, geri blesi ou pa kapab geri, ranje sa w te deranje e ke w pa ka reranje se egzakteman bi sakrifis ekspyatwa Kris la.”17 Bèl verite lespri Alma “te vin kapte” a sèke se pa t sèlman ke limenm li te ka vin pwòp men moun li te fè mal yo te kapab geri epi refè nèt tou.

Sakrifis Sovè a Asire nou yon Jijman ki Jis

Plizyè ane anvan doktrin rasiran sa a te sove Alma a, Wa Bejamin te anseye sou anplè gerizon sakrifis ekspyatwa Jezikri a te ofri. Wa Bejamen te deklare ke “yon zanj Bondye“ te ba l “bon nouvèl ki bay anpil lajwa.”18 Pami bon nouvèl ki bay anpil jwa sa yo te gen verite ki di ke Kris t ap soufri ak mouri pou peche nou yo pou asire ke “yon jijman ki jis kapab tonbe sou pitit lèzòm.”19

Kisa egzakteman yon “jijman jis” egzije? Nan vèsè ki vin apre a, Wa Bejamen te eksplike ke, pou asire yon jijman ki jis, san Sovè a te ekspye “pou peche moun ki te tonbe poutèt transgresyon Adan an” ak pou moun “ki te mouri san yo pa t konnen volonte Bondye konsènan yo menm, oubyen ki te peche nan iyorans.”20 Li te anseye ke yon jijman jis te egzije tou ke “san Kris la ekspye” peche timoun piti yo.21

Ekriti sa yo anseye yon doktrin gloriye; Sakrifis ekspyatwa Sovè a geri, kòm yon kado gratis, moun ki peche nan iyorans yo— moun, jan Jakòb di a, “ki pat resevwa okenn lwa.”22 Responsablite pou peche depann de limyè nou te resevwa e li repoze sou kapasite nou pou nou egzèse libabit nou.23 Nou konnen verite ki geri ak rekonfòte sa a sèlman gras ak Liv Mòmon an ak lòt ekriti sou Retablisman an.24

Natirèlman, kote yo bay yon lwa, kote nou okouran volonte Bondye, nou responsab. Jan Wa Bejamen met aksan sou sa: “Men malè pou moun ki konnen l e fè rebèlyon kont Bondye! Paske sali pa pou moun konsa, eksepte nan repantans ak lafwa nan Senyè a Jezikri.”25

Sa a tou se bon nouvèl konsènan doktrin Kris la. Non sèlman Sovè a geri ak retabli moun ki peche nan iyorans yo men tou pou moun ki peche kont limyè a, Sovè a ofri gerizon a kondisyon pou yo repanti epi pou yo gen lafwa nan Li.26

Alma dwe te “te rive konprann” de verite sa yo. Èske Alma t ap vrèman santi sa li dekri kòm “lajwa… dous”27 la si l te panse ke Kris la te sove li men L te kite moun ke l te detounen de laverite yo andomaje ajamè? Pa ditou. Pou Alma te santi lapè konplè, moun sa yo ke li te andomaje yo te bezwen jwenn opòtinite pou yo te refè konplètman yo menm tou.

Men kijan egzakteman yomenm—oubyen moun nou petèt fè mal—t ap kapab geri? Byenke nou pa totalman konprann mekanik sakre Sovè a pou L geri ak retabli a, nou konnen ke pou asire yon jijman ki jis, Sovè a ap elimine tout inyorans ak zepin douloure lòt moun kapab lakoz nou yo tou.28 Konsa, Li asire ke tout pitit Bondye yo ap gen opòtinite, avèk yon vizyon klè, pou yo chwazi pou yo suiv Li epi asepte gwo plan bonè a.29

Sovè a Ap Repare Tout Sa Ki Kraze

Se verite sa yo ki tap pote lapè pou Alma. E se verite sa yo ki dwe pote gwo lapè pou nou tou. Antanke gason ak fi natirèl, nou tout konn blese youn lòt, oubyen pafwa nou youn frape ak lòt epi nou lakoz domaj. Jan nenpòt paran ka temwaye, doulè ki asosye avèk fot nou yo se pa sèlman pè pwòp pinisyon pa nou men se pè ke nou te petèt limite lajwa pitit nou yo oubyen yon ti jan anpeche yo wè ak konprann laverite. Pwomès gloriye sakrifis ekspyatwa Sovè a sèke, nan sa ki konsène erè nou kòm paran, Li konsidere pitit nou yo inosan epi Li pwomèt gerizon pou yo.30 E menm lè yo te peche kont limyè a—menm jan avèk nou tout—L ap lonje bra mizèrikòd Li.31 epi L L ap rachte yo si yo fè efò pou yo tounen rega yo vè Limenm epi viv.32

Malgre Sovè a gen pouvwa pou l repare sa nou pa ka fikse, Li kòmande nou pou nou fè tout sa nou kapab pou nou fè restitisyon vin fè yon pati nan repantans nou.33 Peche nou yo ak fot nou yo non sèlman nui relasyon nou avèk Bondye men yo nui relasyon avèk lòt moun tou. Pafwas efò nou pou nou geri ak retabli yo kapab osi senp ke yon eskiz, men gen lòt lè kote restitisyon kapab egzije plizyè ane efò enb.34 Men, pou anpil nan peche ak fot nou yo, nou senpleman pa kapab totalman geri moun nou te blese yo. Pwomès mayifik Liv Mòmon an ak levanjil retabli a ki pote lapè a sèke Sovè a ap repare tout sa nou te kraze.35 Epi, L ap repare nou tou si nou tounen vè Limenm nan lafwa epi nou repanti pou domaj nou te lakoz yo.36 Li ofri toulède kado sa yo paske Li renmen nou avèk yon amou pafè37 epi tou paske Li pran angajman pou L asire yon jijman jis ki onore lajistis ak mizèrikòd. Mwen temwaye ke sa se laverite, nan non Jezikri, amèn.