Konferans Jeneral
(Kri Ozana)
Konferans Jeneral Avril 2020


(Kri Ozana)

Kounyea, chè frè m ak sè m yo, pandan n ap komemore Premye Vizyon Joseph Smith la sou Papa a ak Pitit Gason an, nou te santi ke l t ap apwopriye pou nou rejwi ansanm nan patisipe nan Kri Ozana a.

Kri sakre sa a te fèt pou lapremyè fwa nan dispansasyon sa a nan konsekrasyon Tanp Kirtland nan le 27 Mas 1836. Kounyeya, li fèt nan konsekrasyon chak tanp. Se yon omaj sakre pou Papa a ak Pitit Gason an, ki senbolize reyaksyon miltitid la lè Sovè a te fè antre triyonfal Li nan Jerizalèm nan. Li reyafime tou ke jèn Joseph te fè eksperyans jou sa a nan Boskè Sakre a—ke Papa a ak Pitit Gason an se de Èt glorifye ke nou adore ak priye.

Kounyea, m pral demontre nou kijan pou nou fè Kri Ozana a. Pandan m ap fè sa a, m envite kòlèg mwen yo nan medya yo pou yo trete bagay trè sakre sa a avèk diyite ak respè.

Chak moun k ap patisipe ap pran yon mouchwa blan pwòp, y ap kenbe l nan yon pwent, epi y ap pandan y ap di ansanm: “Ozana, Ozana, Ozana, pou Bondye ak Anyo a,” repete twa fwa, suiv pa “Amèn Amèn e Amèn.” Si nou pa gen mouchwa blan, nou ka senpleman leve men nou.

Frè m ak sè m yo, kounyea m ap envite nou pou nou kanpe pou n ka patisipe nan Kri Ozana a, k ap suiv pa Antèm Ozana a epi n ap chante “L’Esprit du Dieu Saint”1 apre sa.

Sou sinyal kondiktè a, tanpri chante “L’Esprit du Dieu Saint.”

Ozana, Ozana, Ozana Pou Bondye, ak Anyo a.

Ozana, Ozana, Ozana Pou Bondye, ak Anyo a.

Ozana, Ozana, Ozana Pou Bondye, ak Anyo a.

Amèn, Amèn, Amèn!

Nòt

  1. Cantiques,no. 2.