Konferans Jeneral
Parisyon Liv Mòmon an
Konferans Jeneral Avril 2020


Parisyon Liv Mòmon an

Eleman istorik yo ak temwen espesyal Liv Mòmon yo temwaye ke parisyon l la sete anfèt yon bagay mirakile.

Pandan l te nan reyinyon avèk ansyen yo nan Legliz la yon lè, Pwofèt Joseph Smith te deklare: “Retire Liv Mòmon an, ak revelasyon yo, epi kote relijyon nou an? Non pa gen youn.”1 Chè frè mak sè m yo, parisyon mirakile Liv Mòmon an se dezyèm tounan fondamantal nan istwa retablisman levanjil Jezikri a nan dispansasyon sa a. Liv Mòmon an temwaye lanmou Bondye pou pitit Li yo, ak konsènan Senyè a, Jezikri —ki se “pyè angilè prensipal” lafwa nou—ak dènye ministè l pami Nefit yo yon ti kras tan apre Rezirèksyon L lan.2 Li temwaye tou ke rès kay Izrayèl la gen pou l vin tounen fè youn atravè travay dènye jou L la epi yo pa chase yo pou tout tan.3

Lè nou ap etidye parisyon liv ekriti sakre sa a nan dènye jou sa yo, nou rann nou kont ke se tout travay la nèt ki te yon mirak—soti nan Pwofèt Joseph ki te resevwa plak an nò yo nan men anj sen rive nan tradiksyon l pa “don ak pouvwa Bondye,” ”4 iprezèvasyon l ak pibliksayon l pa men Senyè a.

Parisyon Liv Mòmon an te kòmanse lontan avan Joseph Smith te resevwa plak lò yo nan men anj Mowoni. Pwofèt ansyen tan yo te pwofetize sou parisyon liv sakre sa a nan epòk nou an.5 Ezayi te pale de yon liv ki sele, li te di lè liv sa a tap parèt moun ta pral nan diskisyon sou pawòl Bondye a. Sikonstans sa a tap bay kontèks kote Bondye tap fè “gwo travay ak yon mèvèy Li a,” sa ki ap koz “sajès moun saj yo peri, epi konpreyansyon moun pridan yo pral kache” pandan moun ki dou yo tap “ogmante jwa yo nan mond lan, e sila yo ki pòv pami lèzòm pral rejwi nan Sen Izrayèl l la.”6 Ezekyèl te pale de bwa Jida (Bib la) ak bwa Efrayim (Liv Mòmon an) ki tap vin fè youn. Toulède, Ezekyèl (nan Ansyen Testaman an) ak Leyi (nan Liv Mòmon an) te endike ke yo pral “grandi ansanm” pou konfonn fo doktrin, etabli lapè, epi mennen nou nan konesans alyans yo.7

Nan sware 21 Septanm 1823 a, twazan edmi apre li te fin fè premye vizyon an, Joseph te resevwa vizit anj Mowoni, dènye pwofèt Nefit yo nan Amerik tan lontan an an, kòm rezilta priyè sensè l yo. Pandan vizit yo ki te dire tout nuit lan, Mowoni te di Joseph ke Bondye te gen yon travay mèveye pou li pou l akonpli—tradui ak pibliye bay mond lan pawòl ansyen pwofèt enspire kontinan Ameriken an.8 Nan demen, Joseph te ale kote a, pa twò lwen lakay li, kote Mowoni te antere plak yo nan fen lavi l, kèk santèn ane anvan sa. Nan kote sa a, Joseph te wè Mowoni ankò, ki tap ba l enstriksyon pou l prepare l pou l resevwa plak yo nan lavni.

Pandan kat ane ki te vini apre yo, le 22 Septanm chak ane, Joseph te resevwa lòt enstriksyon nan men Mowoni konsènan sou jan wayòm Senyè a dwe gouvène nan dènye jou yo. Preparasyon Joseph la te enkli tou yon seri vizit by zanj Bondye, donk devlopman majeste ak glwa evenman ki ta pral rive nan dispansasyon sa a.9

Maryaj li avèk Emma Hale an 1827 te fè pati preparasyon sa a. Li te jwe yon wòl enpòtan nan ede Pwofèt la pandan lavi l ak ministè l. An reyalite, an Septanm 1827, Emma te akonpaye Joseph nan mòn nan, e manmzèl te ret tann misye lè anj Mowoni te delivre rejis la nan men Joseph. Joseph te resevwa pwomès ke plak yo tap prezève si l tap konsakre tout efò l pou gade yo an sekirite jiskaske yo retounen nan men Mowoni.10

Chè zanmi m yo, anpil nan dekouvèt jodi a konsènan tan lontan rive diran fouy akeyolojik ou menm pa aksidan diran yon pwojè konstriksyon. Sepandan, Joseph Simth te resevwa enstriksyon konsènan plak yo nan men yon anj. Bagay sa a pou kont li se te yon mirak.

Pwosesis tradiksyon Liv Mòmon an se te yon mirak tou. Rejis sakre sa a pa t “tradui” nan fason tradisyonèl ke entèlektyèl yo te konn tradui tèks tan lontan yo nan aprann yon lang tan ansyen. Nou dwe gade pwosesis la plis kòm “revelasyon” avèk èd enstriman fizik Senyè a te bay kontrèman ak “tradiksyon ki fèt pa yon moun ki gen konesans lang. Joseph Smith te deckare ke pa pouvwa Bondye “Mwen te tradui Liv Mòmon an apati de yewoglif, yon konesans ki te pèdi pou mond lan kote evenman mèveye mwen te kanpe pou kont mwen an, kòm yon jè iyoran, pou konbat sajès mond lan ak iyorans miltipliye pandan 18 syèk avèk yon revelasyon tou nèf.”11 Èd Senyè a nan tradiksyon plak yo te evidan tou lè nou konsidere ti tan mirakilezman kout Joseph Smith te pran pou l tradui l.12

Sekretè Joseph Smith yo te temwaye pouvwa Bondye ki te manifeste pandan l tap travay sou tradiksyon Liv Mòmon an. Oliver Cowdery te di yon fwa: “Jou sa yo se jou pou nou pa janm bliye—lè m te chita pou resevwa son yon vwa ki te dikte pa enspirasyonsyèl la, sa te reveye gratitid pi pwofon ki te kapab genyen nan zantray li! Jou apre jou, san entèripsyon, m te kontinye ap ekri sa bouch li tap di pandan l tap tradui … Liv Mòmon an.”13

Sous istorik revele ke apati de moman Joseph Smith te resevwa plak yo an 1827, te gen tantativ ki te fèt pou yo volè yo nan men l. Li te remake ke “efò ki pi mètdam posib te fèt pou wete [plak yo] nan [men l]” e ke “yo te mete an plas tout fent yo te ka envante nan objektif sa a.”14 Pou l te kòmanse travay tradiksyon an, finalman Joseph ak Emma te oblije demenaje kite Manchester, New York pou ale Harmony, Pennsylvania pou yo te ka jwenn yon kote ki an sekirite lwen popilas ak endividi ki te vle volè plak yo.15 Jan yon istoryen rapòte a: “Se konsa premye faz difikilte gad Joseph Smith sou plak yo te fini. … Sepandan, rejis la te an sekirite, e nan lit li pou l prezève yo, san okenn dout, Joseph te aprann anpil bagay sou jan Bondye ak lèzòm tap sèvi l byen nan tan ki gen pou vini an.”16

Pandan l tap tradui Liv Mòmon an, Joseph te aprann ke Senyè a tap chwazi temwen ki pou wè plak yo.17 Sa fè pati de sa Senyè a Limenm te etabli lè L te di: “Nan bouch de oubyen twa temwen chak pawòl pral tabli.”18 Oliver Cowdery, David Whitmner, and Martin Harris se te kèk nan premye konpayon Joseph nan etablisman travay mèveye Bondye a nan dispansasyon sa ak premye temwen ki te resevwa apèl pou yo pote temwayaj espesyal sou Liv Mòmon an. Yo te temwaye ke yon zanj, ki te soti nan prezans Bondye, te montre yo ansyen anal la epi yo te wè karaktè yo grave nan plak yo. Yo te temwaye tou ke yo te tande vwa Bondye soti nan syèl la ki te deklare ke anal sa a te tradui pa don ak pouvwa Bondye. Apre sa yo te resevwa kòmandman pou yo temwaye sa bay tout mond lan.19

Senyè a te mirakilezman chwazi uit lòt temwen pou te l wè plak lò yo pou tèt pa yo, e pou yo te kapab sèvi kòm temwen espesyal konsènan verite ak divinite Liv Mòmon an devan mond lan. Yo te temwaye ke yo te wè plak yo yo epi yo te egzamine yo avèk atansyon ansanm avèk karaktè ki te grave sou yo yo. Menm nan mitan advèsite yo, pèsekisyon yo, tout kalite difikilte, e menm lè lafwa kèk nan yo te febli, onz moun sa yo ki te chwazi kòm temwen Liv Mòmon an pa t jan nye temwayaj ke yo te wè plak yo. Joseph Smith pa t pou kont li ankò avèk konesans sou vizit Mowoni an ak plak an nò yo.

Lucy Mack Smith te ekri ke pitit gason l lan te arrive lakay li ranpli avèk jwa apre l te fin montre temwen yo plak yo. Joseph eksplike paran l yo: “M santi m kòm si yon gwo chay ki te prèske twò lou pou m pote te soti sou mwen, e sa rejwi nanm mwen paske m pa pou kont mwen nèt ankò nan mond lan.”20

Joseph Smith te rankontre anpil opozisyon pou l te enprime Liv Mòmon an lè tradiksyon an te fini. Li te rive konvenk yon enprimè ki rele Egbert B. Grandin nan Palmyra, New York, pou enprime l sèlman apre Martin Harris, te demontre yon gwo degre laffwa ak sakrifis lè li te ipoteke fèm li an kòm kolateral pou kòb enpresyon an. An pati akozde opozisyon kont piblikasyon Liv Mòmon an, Martin Harris te gen lafwa sifizamman pou l te vann 151 acres ( 47.34 kawo tè) (0.6 km2) nan fèm ni an pou peye rès kòb piblikasyon an. Pa yon revelasyon Joseph Smith te resevwa, Senyè a te bay Martin Harris lòd pou l pa (?atache twòp) a pwopriyete l la epi pou l te peye kòb enpresyon an pou liv ki te gen “laverite ak pawòl Bondye” ladan l lan.21 Se an Mas 1830 ke 5000 premye kopi Liv Mòman an te pibliye, e jodi a, plis ke 180 milyon kopi deja enprime nan plis pase 100 lang.

Fè istorik yo ak temwen espesyal Liv Mòmon yo temwaye ke parisyon l lan te anfèt mirakile. Men, pouvwa liv sa a pa baze sèlman sou istwa mayifik li a men tou sou mesaj puisan e san parèy li a.

Mwen te li Liv Mòmon pou la premyè fwa lè m te yon jèn etidyan Seminè. Jan enstriktè m yo te rekòmande a, mwen te kòmnanse li l nan kòmansman nan paj entwodiksyon yo. Nou envite tout moun tout kote pou yo li Liv Mòmon an, pou yo medite sou mesaj ki nan liv la nan kè yo, e apre sa, pou yo mande Bondye, Papa etènèl la, nan non Kris la si liv la se verite. Moun ki asiste klas sa a e ki mande avèk lafwa ap gen yon temwayaj konsènan verasite l ak divinite l ak divinite l pa pouvwa Sentespri a.22

Ak pwomès sa a nan lespri m, pandan m t ap sensèman chèche konn plis sou verasite li, epi nan yon espri lapriyè, mwen te etidye Liv Mòmon an, ti kal pa tikal, pandan m t ap konplete tach leson seminè chak semèn yo. Mwen sonje tankou yè, ke yon sansasyon chalè te gradyèlman kòmanse desann nan nanm mwen ak ranpli kè m, eklere konpreyansyon mwen, epi l te vin plis anplis gou pou mwen, jan Alma dekri lè l t ap preche pèp li a sou pawòl Bondye a.23 Santiman sa a te finalman tounen konesans ki te pran rasin nan kè m epi ki te vin fondasyon temwayaj mwen konsènan evenman ak ansèyman siyifikatif nou jwenn nan liv sakre sa a.

Atravè eksperyans pèsonèl enkonparab sa yo, Liv Mòmon an an te anfè vin tounen kle ki soutni lafwa mwen nan Jezikri ak temwayaj mwen konsènan doktrin levanjil Li a. Li te vin youn nan pilye ki temwaye m de sakrifis ekspyatwa diven Kris la. Li te vin yon boukliye pandan tout lavi m kont tantatif advèsè a pou febli lafwa mwen ak antre enkwayans nan lespri m epi li ban m kouraj pou m deklare temwayaj mwen sou Sovè mond lan bravman.

Chè zanmi m yo, temwayaj mwen konsènan Liv Mòmon an te vini liy apre liy24 kòm yon mirak nan kè m. Jis jounen jodia, temwayaj sa a kontinye grandi pandan m toujou ap chèche, avèk yon kè sensè, pou m vin konprann pawòl Bondye api byen jan l ye nan Liv Mòmon an

Tout moun ki ap tande vwa m jodi a, mwen envite nou pou nou vin fè pati de parisyon mirakile Liv Mòmon an nan pwòp vi pa nou. Mwen pwomèt nou ke si nou etidye pawòl ki ladan l yo nan tout tan nan yon espri lapriyè, nou ka goute pwomès li yo ak gwo benedkisyon l yo nan lavi nou. Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a”25 M ka asire nou ke L ap ba nou repons nan yon fason trè pèsonèl, jan L te fè pou mwenmenm ak pou anpil lòt moun nan tout mond lan. Eksperyans ou an ap gloriye ak sakre pou ou menm jan eksperyans Joseph Smith yo te gloriye ak sakre pou li a, menm jan sa te ye tou pou premye temwen yo ak pou tout moun ki te chèche resevwa yon temwayaj konsènan entegrite ak fyabilite liv sakre sa a.

Mwen konnen vrèman ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye. Mwen temwaye ke liv sakre sa a “esplike doktrin levanjil la, li trase plan sali a epi li di lèzòm kisa yo dwe fè pou yo gen lapè nan lavi sa a ak sali etènèl nan lavi k ap vini an.”26 Mwen temwaye ke l se enstriman Bondye pou l reyalize rasanbleman Izrayèl nan epòk nou an ak pou ede moun vin konnen Pitit Gason L la, Jezikri. Mwen temwaye ke Bondye vivan e Li renmen nou e Pitit Gason l lan, Jezikri, se Sovè mond lan, wòch fondasyon relijyon nou an. Epi m di bagay sa yo nan non sakre Redanmtè nou, Mèt nou, ak Senyè nou an, Jezikri, amèn.