Konferans Jeneral
Akonplisman Pwofesi
Konferans Jeneral Avril 2020


Akonplisman Pwofesi

Pwofesi Retablisman plenitid levanjil Jezikri a akonpli yo anpil.

Chè frè ak sè mwen yo, se yon onè pou m pale nan konferans jeneral istorik sa a ki ap komemore Premye Vizyon Joseph Smith la sou Papa a ak Pitit Gason an, nan sa ki, san okenn dout, se yon Boskè Sakre a. Vizyon sa a sete yon kòmansman mayifik pou Retablisman levanjil la ak tout sa ki te dewoule yo, soti nan Liv Mòmon an rive nan retou otorite ak kle prètriz yo, òganizasyon vrè Legliz Senyè a, tanp Bondye yo, ak pwofèt ak apot ki ap dirije travay la nan dènye jou sa yo.

Selon plan diven, ansyen pwofèt Bondye yo, lè yo anba enfliyans Sentespri a, te pwofetize sou Retablisman an ak sa ki te pou vini nan epòk nou an, dènye dispansasyon an ak plenitid tout tan yo. Travay sa a ki te “enspire nam” premye vwayan yo.1 Atravè jenerasyon tan yo, yo te predi, reve, vizyone, epi pwofetize sou fiti wayòm Bondye a sou tè a, sa Ezayi te rele “yon travay mèvèye ak yon pwodij.”2

Pwofesi ki te akonpli yo, atravè Retablisman plenitid levanjil Jezikri a, enkli Lelgiz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, yo anpil. Jodia, toutfwa, mwen pral souliyen sèlman kèk nan sa m prefere yo. Sa yo se ansèyman m te resevwa nan men enstriktè presye m yo nan Primè a ak sou jenou mananm byenem m nan.

Imaj
Danyèl nan twou lyon an

Danyèl, ki te pwoteje kont lyon pa lafwa li nan Senyè a Jezikri ak entèsesyon zanj nan sèvis Bondye yo, sete youn nan moun ki te wè epòk nou an nan vizyon. Pandan l t ap entèprete yon rèv pou Wa Babilòn nan, Nebikadneza, Danyèl te pwofetize ke legliz Senyè a ta pral parèt nan dènye jou yo tankou yon ti wòch “ki detache soti nan mòn nan san okenn men pa detache l.”3 “San okenn men,” an vledi pa entèvansyon divin, Legliz Senyè a ta pral grandi nan mayitid jiskaske li ranpli tout latè a “[pou] li pa janm detwi … [men pou] li rete fèm pou toutan.”4

Imaj
Danyèl k ap entèprete rèv

Sa se yon temwayaj pwofon ke pawòl Danyèl yo ap akonpli pandan manm yo nan legliz la, nan tout kat kwen mond lan, ap gade epi tande konferans la jodia.

Pyè, Apot devwe a, te dekri “tan retablisman tout bagay yo … depi nan kòmansman mond lan.”5 Apot Pòl te ekri ke nan plenitid tan yo, Bondye ta pral “rasanble … tout bagay fè youn nan Kris la,”6 “avèk “Jezikri limenm kòm prensipal pyè angilè a.”7 Mwen te santi pwofesi sa yo avèk anpil puisans lè m te patisipe nan konsekrasyon tanp Wòm an Itali a. Tout pwofèt ak apot yo te prezan pou rann temwayaj yo sou Jezikri, Redanmtè mond lan, jan Pyè ak Pòl te fè. Legliz la se yon egzanp vivan sou retablisman sa a, frè m ak sè m yo, epi manm nou yo se temwen pwofesi divin sa yo ki te fèt depi lontan yo.

Imaj
Pwofèt ak Apot nan Tanp Wòm nan nan Itali

Joseph moun Ejip la te pwofetize ke nan dènye jou yo: “Senyè a pral leve yon vwayan, k ap yon vwayan beni pou fwi ren m yo.”8 “Paske li pral fè travay [Senyè a].”9 Joseph Smith, pwofèt Retablisman an, sete vwayan sa a.

Jan, Revelatè a, te pwofetize sou youn nan zanj Toupuisan an ki t ap pote ansanm eleman ki enpòtan yo pou Retablisman an avèk pawòl sa yo: “Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk levanjil etènèl la pou l preche moun yo ki abite sou latè a, epi pou tout nasyon, ak peyi, ak lang, ak pèp.”10 Mowoni sete zanj sa a. Li te wè epòk nou an jan sa anrejistre nan Liv Mòmon an. Nan plizyè aparisyon, li te prepare Joseph Smith pou ministè li a, ki enkli tradiksyon Liv Mòmon an: Yon Lòt Temwayaj konsènan Jezikri.

Imaj
Mowoni ki parèt devan Joseph Smith

Lòt pwofèt te prevwa epòk nou an. Malachi te pale de Eli k ap retounen “kè papa yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou papa yo.”11 Eli te vini, epi kòm rezilta, nou genyen 168 tanp an fonksyon ki kouvri latè a. Chak tanp ranpli avèk manm diy k ap fè alyans etènèl epi resevwa òdonans benediksyon yo pout tèt pa yo oswa pou zansèt yo ki desede. Travay sakre sa a ki te dekri pa Malachi se “pwen santral nan plan Kreyatè a pou destine etènèl pitit Li yo.”12

N ap viv nan tan sa ki te pwofetize a; nou se pèp ki chaje pou prepare Dezyèm Vini Jezikri a; nou dwe rasanble pitit Bondye yo, sila yo ki pral tande epi anbrase verite yo, alyans yo, ak pwomès yo nan levanjil etènèl la. Prezidan Nelson rele sa “pi gran defi a, pi gran kòz la, ak pi gran travay la sou tè a jodia.”13 Konsènan mirak sa a mwen rann temwayaj mwen.

Imaj
Konsekrasyon Tanp Durban an, nan Afrik diSid

Nan tach Prezidan Russell M. Nelson te ban m, an Fevriye nan ane sa a, mwen te konsakre tanp Durban an nan Afrik Disid Sete yon jounen m ap sonje tout lavi m. Mwen te ansanm ak manm ki te vini antre nan levanjil la jan Jeremi te pwofetize sa gen anpiI tan—“youn nan yon vil, ak de nan yon fanmi.”14 Doktrin Jezikri a inifye nou tout—atravè mond lan—antanke pitit gason ak pitit fi Bondye, kòm frè ak sè nan levanjil la. San konsiderasyon pou sa w sanble oswa jan w abiye, nou se yon pèp ki gen yon Papa ki nan Syèl la ke plan l depi nan kòmansman sete epi se toujou pou fanmi Li reyini nan fè ak kenbe alyans sakre nan tanp.

Devan yon ti rasanbleman detantè prètriz nan kay lekòl la nan Kirtland, Ohio a, an 1834, Pwofèt Joseph te pwofetize, “Se sèlman yon ti gwoup nan Prètriz la nou wè isit la aswè a, men Legliz sa a pral ranpli Nò ak Sid Amerik la—li pral ranpli mond lan.”15

Nan dènye ane yo, mwen te vwayaje atravè tout mond lan pou m te rankontre avèk manm yo nan Legliz la. Frè m yo nan Kolèj Douz la te gen menm kalite tach yo tou. Toujou, moun ki ka fidèlman suiv ajada pwofèt byenneme nou an, Prezidan Nelson, ke vwayaj li pandan de premye ane li kòm Prezidan Legliz la te pèmèt li rankontre avèk Sen yo nan trannde peyi ak teritwa nan Etazini16 pou l te temwaye de Kris Vivan an.

Mwen sonje lè m te resevwa apèl misyon mwen lè m te yon jèn gason. Mwen te anvi sèvi nan Almay, tankou papa m, ansanm ak bòfrè m nan. San mwen pa t tann pèsonn rive lakay la, mwen te kouri nan bwatolèt la epi ouvri apèl la. Mwen te li ke yo te aple m pou m te sèvi nan Misyon Eta Lès yo, ki te gen katye jeneral li nan Vil Nouyòk. Mwen te desi, konsa mwen te rantre anndan epi m te ouvri ekriti m yo pou m te chèche konsolasyon. Mwen te kòmanse li nan Doktrin ak Alyans: “Gade, m gen anpil moun nan plas sa a, nan rejyon alantou yo; epi yon pòt efikas pral louvri nan rejyon alantou yo nan peyi lès sa a.”17 Pwofesi sa a, Pwofèt Joseph Smith te bay an 1833 a, sete yon revelasyon pou mwen. Mwen te konnen lèsa a ke m te jwenn apèl pou misyon egzak la kote Senyè a te vle pou m sèvi a. Mwen te anseye Retablisman an ak kòmansman dramatik li kote Papa nou ki nan Syèl la te pale ak Joseph Smith epi L te di, “sa se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!”18

Pwofesi Ezayi sa a, ke l te fè sa gen plis pase 700 ane anvan nesans Jezikri a, gen gran siyifikasyon pou tout legliz la:: “Epi sa pral rive ke nan dènye jou yo, kay Senyè sou montay lan pral etabli sou tèt montay yo, … epi tout nasyon yo pral monte antre ladan l.”19

Nan espri mwen jodia, mwen imajine milyon nan manm ak zanmi nou yo ki konekte konekte avèk pwogram sa a elektwoknikman pa televizyon, entènèt, oswa lòt mwayen. Nou tout chita tankou si nou te ansanm “sou tèt montay yo.”20 Se Brigham Young ki te pale pawòl pwofeyik sa yo “Sa se anplasman egzat la.”21 Sen yo, pami yo kèk ki se pwòp zansèt pyone pa m, te travay pou etabli Siyon nan Rocky Mountains yo “selon volonte ak plezi moun ki dirije tout nasyon yo sou latè a.”22

Imaj
Tanp Salt Lake la pandan Je Olenpik 202 yo

Mwen kanpe jodia sou espas sakre ki te atire dè milyon vizitè a. An 2002, Salt Lake City te responsab Je Olenpik Livè yo. Kè Tabènak la te chante nan seremoni ouvèti yo, epi Legliz la te ofri konsè ak pwogram pou envite ak patisipan ki te soti nan anpil, anpil nasyon. M ap toujou sonje jan m te wè tanp lan nan fon an nan emisyon nouvèl aswè yo nan televizyon ki te kouvri tout mond lan.

Imaj
Legliz la avèk dirijan NAACP yo

Atravè ane yo, prezidan Etazini, wa, jij, premye minis, anbasadè, ak ofisyèl ki soti nan anpil peyi te vini nan Salt Lake epi rankontre avèk dirijan nou yo. Prezidan Nelson te akeyi dirijan Asosyasyon Nasyonal pou Avansman Moun Koulè yo, yon òganizasyon ameriken ki ap travay pou dwa egal san diskriminasyon ki baze sou ras. Mwen sonje m te kanpe zepòl kont zepòl avèk zanmi ak dirijan sa yo pandan Prezidan Nelson te ini avèk yo pou mande pou gen plis politès ak amoni rasyal nan mond lan.23

Anpil lòt te vini nan Temple Square epi te chita an konsèy avèk dirijan Legliz yo. Paegzanp, ane ki sot pase a, pou m site kèk sèlman, nou te akeyi 68 èm Konferans Sosyete Sivil Nasyon Zini yo, yon rasanbleman mondyal, ak premye reyinyon konsa ki te fè andeyò Vil Nouyòk. Nou te rankontre avèk Komite pou Zafè Relijye yo nan Vyetnam, ak anbasadè ki soti Kiba, Filipin, Ajantin, Woumani, Soudan, Kata, ak Arabi Sawoudit. Nou te resevwa sekretè jeneral Lig Mondyal Mizilman an tou.

Sa m ap dekri la a se akonplisman yon pwofezi Ezayi ki te di nan dènye jou yo, nasyon yo pral monte vini sou “montay kote kay Senyè a ye.”24 Tanp la nan Gran Salt Lake la kanpe nan mitan majeste ak laglwa sa a.

Imaj
Renovasyon Tanp Salt Lake la

Se pa peyizaj la ki te atire moun yo, malgre anviwònman an mayifik; se esans relijyon pur la ki manifeste nan espri, kwasans, bonte, ak jenewozite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak pèp li a; lanmou nou jan Bondye renmen; angajman nou pou yon pi gran kòz, sa Joseph Smith rele, “kòz Kris la.”25

Nou pa konn kilè Sovè a ap retounen, men sa a nou konnen l. Nou dwe prepare nan kè ak espri, diy pou resevwa Li, epi santi n onore paske n fè pati tout sa ki te pwofetize yo depi si lontan an.

Mwen temwaye ke Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Senyè a sou latè a, epi bò kote li nou jwenn Apot Bondye aple, ki soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè. Epi, chè frè m ak sè m yo, Retablisman an ap kontinye.

M ap fini avèk yon pwofesi Joseph Smith, pawòl ke mwen temwaye kòm verite: “Okenn men enpi pa kapab anpeche travay sa a pwogrese; pèsekisyon mèt fè raj, bandi mèt konplote, lame mèt rasanble, kalomni mèt repann, verite Bondye a ap avanse devan bravman, nobleman, an tout endepandans, jiskaske li penetre nan chak kontinan, vizite chak klima, simaye nan chak peyi, e sonnen nan chak zòrèy, jiskaske desen Bondye yo akonpli, epi Gran Jewova a di travay la akonpli.”26 Mwen temwaye ke pwofesi Joseph Smith sa yo ap kontinye akonpli.

Mwen pwomèt ke si nou suiv konsèy enspire chè pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, konseye l yo, Apot yo, ak lòt dirijan legliz yo, epi si nou pote atansyon ak ansyen pwofèt yo ki te predi epòk nou an, n ap ranpli, byen fon nan kè nou ak nanm nou, avèk espri ak travay Retablisman an. Mwen pwomèt ke n ap wè men Bondye nan lavi nou, tande enspirasyon L yo, epi santi lanmou Li. Nan non Jezikri, avèk gratitid pou Retablisman levanjil Li a ak legliz Li a, kòm yon prèv lanmou enkonparab Li, amèn.