Konferans Jeneral
Kòman prètriz la beni Jèn yo
Konferans Jeneral Avril 2020


Kòman prètriz la beni Jèn yo

Nou jwenn opòtinite pou nou administre tankou zanj yo, pou nou preche levanjil la nan tout kontinan yo sou tè a, epi pou nou ede nanm yo vini jwenn Kris la.

Frè m avèk sè m yo, mwen vrèman rekonesan pou m pale avèk nou aprèmidi istorik sa a sou don sakre prètriz la ak pouvwa mèveye li genyen pou beni jèn yo nan dispansasyon sa a. Mwen priye pou malgre enpèfeksyon mwen, Lespri a ede mwen pandan m ap ansenye laverite.

Premye Prezidans lan raple detantè Prètriz Aawon yo ke “ w ap viv nan yon jou ki gen anpil gwo opòtinite ak anpil difikilte, yon jou kote prètriz la te retabli. Ou gen otorite pou administre òdonans Prètriz Aawon yo. Si ou egzèse otorite sa a, diyman ak nan lapriyè, w ap beni lavi moun ki bò kote ou yo anpil. ”1 Yo raple nou tou, antanke jènjan nan Legliz la, nou se “[pitit] Bondye renmen anpil, epi li genyen yon travay pou [nou] fè”2 epi nou ede nan travay Lipou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” nan (Moses 1:39).

Prètriz la se otorite pou administre òdonans ak alyans yo nan levanjil Sovè a pou moun ki diy pou resevwa yo. Atravè òdonans prètriz ak alyans sakre sa yo nou jwenn benediksyon konplè Ekspiyasyon Sovè a ki ede nou atenn destine divin nou.

Jozèf Smit te yon jèn gason ke Bondye te aple pou retabli levanjil Jezikri a epi, se pou rezon sa a, yo te ba li prètriz la ke li te itilize pou beni tout limanite. Doktrin ak Alyans 135 site anpil nan Joseph te bay jèn yo nan dispansasyon sa a. Nou li: “Joseph Smith … te fè plis pou sali lèzòm nan mond sa a, pase nenpòt lòt moun ki te janm viv sou planèt sa a, eksepte Jezi sèlman. … Li te fè parèt Liv Mòmon an … ; li voye plenitid levanjil etènèl la … nan kat kwen latè; li te vini avèk revelasyon ak kòmandman yo ki konpoze [liv] Doktrin ak Alyans yo … ; li te rasanble plizyè milye Sen Dènye Jou yo, … epi l te kite yon popilarite ak yon non moun pa kapab asasinen” (Doktrin ak Alyans 135:3

Pou n sèvi avèk efikasite menm jan Jozèf te fè a, nou dwe diyman kalifye pou nou itilize pouvwa prètriz Senyè a. Pandan li t ap tradui Liv Mòmon an, Jozèf ak Oliver Cowdery te vle batize, men yo te manke bon otorite a. Nan jou 15 Me 1829 la, yo te mete ajenou nan lapriyè epi Jean Batis te vizite yo, li te ba yo kle yo ak otorite Prètriz Aawon an, li te di: “Sou nou menm sèvitè asosye m yo, nan non Mesi a, m konfere Prètriz Aawon an, ki gen kle ministè zanj yo, ak levanjil repantans la, ak batèm plonje anba dlo pou padon peche yo” (Doktrin ak Alyans 13

Nou jwenn opòtinite pou nou administre tankou zanj yo, pou nou preche levanjil la nan tout kontinan yo sou tè a, epi pou nou ede nanm yo vini jwenn Kris la. Sèvis sa a mete nou nan yon travay kolektif ansanm avèk Jean Batis, Moroni, Jozèf Smit, Prezidan Nelson, ak plizyè lòt sèvitè dilijan Senyè a.

Sèvis nou bay nan prètriz Li a epi avèk prètriz Li a mete ansanm tout moun ki dispoze pou suiv ak viv ansèyman Senyè a bay yo avèk ekzaktitid, ke m pèsonèlman konnen k kapab difisil pandan n ap fè fas avèk obstak jèn yo konn rankontre yo. Men lè nou ini ansanm avèk sèvitè asosye sa yo pou Senye a nan akonpli travay Li a, sa ap ede fòtifye nou kont tantasyon ak mansonje advèsè a. Ou kapab vin yon flanbo limyè pou tout moun ki pa gen konfyans nan tèt yo. Limyè anndan w la ap sitèlman klere ke tout moun ou rankontre ap beni jis paske yo nan prezans ou. Sa ka petèt difisil pafwa pou nou rekonèt prezans konpanyon espirityèl nou yo, men mwen rekonesan pou m konnen ke m se yon manm nan yon kolèj prètriz ki fidèl, mwen kapab travay avèk yo pou nou vin pi pre Kris la.

Ansanm avèk zanmi ak fanmi nou, Sentespri a se youn nan konpayon ki pi lwayal ak pi fyab nou genyen. Men pou nou envite konpayi konstan li, nou dwe mete tèt nou nan sitiyasyon ak andwa kote L ap anvi prezan. Sa kapab kòmanse nan pwòp fwaye nou, pandan n ap travay pou nou fè l yon kote ki sen nan patisipe nan etid ekriti yo chak jou epi priye antanke fanmi ak, sa ki pi enpòtan ankò, pandan n ap etidye ekriti yo pèsonèlman epi lapriyè pa pwòp volonte nou.

Imaj
Enzo avèk sè l la
Imaj
Enzo avèk fanmi li

Byen bonè nan ane sa a, mwen te resevwa yon opòtinite enteresan men enb pou m te ede ti sè m nan, Oceane, pwogrese nan chemen alyans lan nan aksepte envitasyon pou l te batize ak akonpli youn nan kondisyon yo fikse pou rantre nan wayòm selès la. Li te ranvwaye batèm li an pou yon mwa, jiskaske mwen te vin òdone kòm prèt pou m te ka gen privilèj pou m te fè òdonans la pandan ke lòt sè nou yo te gen privilèj tou pou yo te travay anba tach prètriz la pou yo te kanpe kòm temwen. Pandan nou te kanpe sou lòtbò fon batismo a epi nou t ap prepare pou nou antre nan dlo a, m te remake eksitasyon li, ki te menm ak pa m. Epi m te santi m fè youn avèk li, paske m te wè l t ap pran bon desizyon an. Opòtinite sa a pou egzèse prètriz la te fè m vin pi fè atansyon ak mwens neglijan nan nan fason m ap viv levanjil la. Pou m te prepare m, mwen te ale nan tanp chak jou nan semèn sa a, avèk sipò manman m, granmè m, ak sè m nan, pou m te fè batèm pou mò yo.

Eksperyans sa a te ansenye m anpil bagay sou prètriz la ak kòman mwen kapab itilize l diyman. Mwen konnen ke tout detantè prètriz la ka santi menm bagay sa yo mwen te santi a si nou suiv ekzanp Nefi pou nou “ale epi fè” a (gade 1 Nefi 3:7). Nou pa kapab chita bra kwaze epi ap tann pou Senyè a itilize nou nan gwo travay Li a. Nou pa dwe tann pou moun ki bezwen èd nou yo chèche nou; se responsabilite pa nou antanke detantè prètriz pou n bay ekzanp epi kanpe kòm temwen Bondye. Si nou ap pran desizyon k ap frennen nou nan pwogresyon etènèl nou, nou dwe chanje kounyeya. Satan ap eseye otan l kapab pou l kenbe nou nan yon eta chanèl pou n chèche senp plezi. Men mwen konnen ke si nou fè efò ki nesesè a, nou jwenn moun k ap sipòte nou, epi nou repanti chak jou, benediksyon k ap soti nan bagay sa yo pral enkwayab epi lavi nou pral chanje pou toutan pandan n ap kontinye avanse sou chemen alyans la.

Mwen konnen sa a se vrè Legliz Jezikri a, ki se Sovè nou epi ki delege kle prètriz yo bay Apot Li yo, ki itilize yo pou gide nou, espesyalman nan epòk difisil sa yo, ak pou prepare mond lan pou retou Li.

Mwen konnen Joseph Smith sete pwofèt Retablisman an epi Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt aktyèl nou jodia. Mwen envite nou tout pou nou etidye lavi gwo detantè prètriz sa yo epi chèche amelyore nou chak jou pou nou kapab pare pou rankontre Kreyatè nou an. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Premye Prezidans lan, nan Ranpli devwa m anvè Bondye (bwochi 2010), 5.

  2. Tèm kolèj Prètriz Aawon an, nan Manyèl Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,, 10.1.2, ChurchofJesusChrist.org.