Konferans Jeneral
Yon Bon Fondasyon pou Tan k ap Vini an
Konferans Jeneral Avril 2020


Yon Bon Fondasyon pou Tan k ap Vini an

Nan ane k ap vini yo, se pou nou kite amelyorasyon yo k ap fèt nan Tanp Salt lake la touche nou ak enspire nou.

Istwa Tanp Salt Lake la

Ann retounen nan yon aprèmidi byen cho jou 24 Jiyè 1847 la, anviwon 2:00 aprèmidi. Apre yon vwayaj 111 jou difisil avèk 148 manm Legliz ki te fè pati premye gwoup ki te derape pou lwès la, Brigham Young, ki sete Prezidan Kolèj Douz Apot yo lè sa a, tou malad ak fèb anba lafyèv, te antre nan Vale Salt Lake la.

De jou apre, pandan l t ap rekipere anba maladi a, Brigham Young te mennen plizyè manm Kolèj Douz Apot yo ak lòt nan yon ekspedisyon pou yo t al eksplore. William Clayton te ekri: “Apeprè 1.2 kilomèt nan nò kan an, nou te rive sou yon bèl tè plat, anivo epi ki te byen sitiye nan lwès la”1

Imaj
Brigham Young sou sit tanp lan
Imaj
Brigham Young k ap make anplasman pou tanp lan.
Imaj
Make anplasman pou tanp lan

Pandan l t ap egzamine kote a avèk gwoup la, Brigham Young te stope toudenkou epi li te foure baton l nan tè a, li te di: “Se la a tanp Bondye nou an pral kanpe.” Youn nan konpayon l yo sete Èldè Wilford Woodruf, ki te di deklarasyon an “te aji sou [li] tankou zeklè,” epi li te foure yon branch bwa nan tè a pou l te make kote Prezidan Young te antre baton l la. Yo te chwazi sèz ekta tè pou tanp lan, epi yo te deside ke vil la t apral bati “an kare pafèt oryante sou Nò, & Sid, Lès & Lwès” avèk tanp lan nan mitan.2

Nan konferans jeneral Avril 1851 an, manm Legliz yo te vote alinanimite pou yo te soutni desizyon pou bati yon tanp “nan non Senyè a.”3 Dezan apre, le 14 Fevriye 1853, Heber C. Kimball te konsakre sit la nan yon seremoni piblik dè milye Sen te asiste, epi yo te ouvè chantye konstriksyon tanp lan. Kèk mwa apre, le 6 Avril, yo te fin poze gwo wòch fondasyon yo epi yo te dedikase l avèk plizyè seremoni ki te enkli yon gad pou drapo avèk yon fanfa ak yon pwosesyon dirijan Legliz yo te dirije soti nan ansyen tabènak la al nan anplasman tanp lan, kote yo te ofri diskou ak priyè nan chak kat wòch fondasyon yo.4

Imaj
Renovasyon Tanp Salt Lake la
Imaj
Brigham Young

Nan seremoni poze wòch la, Prezidan Young te raple ke l te fè yon vizyon lè l te fèk depoze pye l sou sòl la lè yo t ap fè tou vale a, li te di: “M te konnen [lè sa a], jan m konnen kounyea, ke teren sa a sete anplasman kote pou nou bati yon tanp—sa te klè devan m.”5

Dizan apre, Brigham Young te bay pwofesi sa a nan konferans Jeneral Oktòb 1863 la: “Mwen vle pou tanp lan bati nan yon fason pou l kanpe pandan tout milenyòm nan. Se pa sèl tanp n ap gen pou n bati; pral gen dèsantèn nou pral bati e konsakre pou Senyè a. Tanp sa a pral rekonèt kòm premye tanp Sen Dènye Jou yo te bati nan montay yo. … Mwen vle pou tanp sa a … kanpe kòm yon gwo moniman lafwa, pèseverans, ak travay Sen Bondye yo nan montay yo.”6

Imaj
Tanp Salt la nan konstriksyon
Imaj
Tanp Salt la nan konstriksyon

Revizyon brèf istwa sa a fèm plen admirasyon pou don vizyon Brigham Young—premyèman, asirans li, otan sa ta posib, e pandan l t ap itilize metòd konstriksyon ki te disponib alepòk yo nan kote sa a, ke Tanp Salt Lake la t ap bati nan yon fason pou l te ka kanpe pandan tout Milenyòm nan, epi dezyèmman, pwofesi li sou ogmantasyon tanp ki ta pral genyen nan tout mond lan, menm dè santèn.

Renovasyon Tanp Salt Lake la

Menmjan ak Brigham Young, pwofèt nan epòk nou yo pran gwo swen Tanp Salt Lake la ak tout lòt tanp yo. Atravè ane yo, Premye Prezidans lan—tanzantan—konn chita an konsèy avèk Episkopa Prezidan an pou asire ke fondasyon Tanp Salt Lake la solid. Lè m t ap sèvi nan Episkopa Prezidan an, sou demann Premye Prezidans lan, nou te fè yon evalyasyon total Tanp Salt Lake la, enkli yon evalyasyon sou pwogrè ki te pi resan yo nan domèn anti tranblemandtè ak teknik konstriksyon.

Men kèk pòsyon nan evalyasyon Premye Prezidans lan nan moman sa a: “Nan desine ak konstriksyon Tanp Salt Lake la, yo te itilize pi bon teknik konstriksyon, pi bon travayè kalifye, pi bon materyo konstriksyon, mèb, ak lòt resous ki te disponib nan epòk la. Depi konsekrasyon l lan an 1893 la, tanp lan kanpe fèm epi l sèvi kòm yon anblèm lafwa [ak] lespwa epi kòm yon limyè pou pèp la. Yo pran gwo swen pou tanp lan fonksyone, netwaye, ak kenbe nan bon kondisyon. Eksteryè an granit la ak travès pou sipòte planche yo andedan ak poto sipò yo kenbe nan bon kondisyon. Etid resan konfime ke anplasman Brigham Young te chwazi pou tanp lan gen trè bon teren ak bon kalite konpresyon.”7

Evalyasyon an te montre ke yo te bezwen reparasyon ak amelyorasyon nòmal pou renove tanp lan epi mete l ajou, espesyalman teras ak sifas eksteryè yo, sistèm dlo ak elektrisite yo ak zòn fon batismo yo. Men, yo te rekòmande tou pou nou te anvizaje yon pi gwo renovasyon separe kont tranblemandtè kòmanse nan fondasyon tanp lan rive jis anlè.

Fondasyon Tanp lan

Si nou raple nou, Prezidan Brigham limenm te enplike an gran detay nan konstriksyon fondasyon tanp orijinal la, ki te sèvi tanp lan byen depi lè l te fini sa gen 127 ane a. Renovasyon kont tranblemantè yo te pwopoze pou tanp lan ta pral itilize teknoloji izolasyon baz la, ke yo pa t imajine nan moman yo t ap konstwi l la. Yo konsidere teknoloji sa a kòm teknoloji konstriksyon ki pi resan ak pi avanse nan zafè pwoteksyon kont tranblemantè.

Imaj
Plan pou renovasyon tanp lan
Imaj
Plan pou renovasyon tanp lan

Teknoloji sa a, ke yo fèk devlope, kòmanse nan fondasyon tanp lan menm, pou l founi yon defans solid kont dega tranblemantè ka lakoz. Anfèt, li ranfòse tanp lan nan estrikti li pou l ka kanpe solid, menm lè tè a ak tout sa ki anviwonen l yo ap sibi yon gwo tranblemantè.

Ane pase, Premye Prezidans lan te anonse renovasyon tanp lan, kote yo ta pral anplwaye teknoloji sa a. Anba direksyon Episkopa Prezidan an, konstriksyon an te kòmanse kèlke mwa apre, an Janvye 2020. Nou estime ke l ap fini nan apeprè katran.

Asire Fondasyon Pèsonèl Nou

Lè m ap panse a kat pwochen ane lavi bèl Tanp Salt Lake nòb ak egzalte sa a, mwen anvizaje l plis tankou yon tan renouvèlman olye de yon tan fèmti! Nan menm fason an, nou gen dwa mande tèt nou: “Ki fason gwo renovasyon Tanp Salt Laike la ta ka enspire nou pou nou antreprann pwòp renovasyon, rekonstriksyon, renesans, revitalizasyon, oswa restorasyon pa nou?”

Si nou fè yon ti gade dèyè, sa ka petèt revele nou ke nou menm tou ak fanmi nou ta ka tire benefis nan fè kèk travay antretyen ak renovasyon ki bezwen fèt, menm yon renonvasyon kont tranblemantè! Nou gen dwa kòmanse yon pwosesis la lè nou mande:

“Ak kisa fondasyon m sanble?”

“Kisa ki konpoze wòch fondasyon solid, fèm ki fè pati fondasyon pèsonèl mwen an, ki se baz temwayaj mwen an?”

“Ki eleman nan fondasyon karaktè espirityèl ak emosyonèl mwen ki ap pèmèt mwenmenm ak fanmi m rete fèm ak inebranlab, menm kanpe devan tranblemantè ak gwo sitiyasyon ki ap asireman vini nan lavi m yo?”

Evenman ki sanble ak tranblemandtè yo souvan difisil pou nou prevwa epi yo vini nan plizyè nivo entansite—lit anba kesyon oswa dout, fè fas ak afliksyon oswa advèsite, travay sou ofans pèsonèl nou resevwa nan men dirijan Legliz, manm, pwen doktrin, oswa règ nan Legliz la. Pi bon defans kont bagay sa yo chita nan fondasyon spirityèl nou.

Kisa wòch fondasyon spirityèl lavi pèsonèl ak familyal nou ka ye? Se gen dwa senp prensip klè ak presye nan viv levanjil la—priyè familyal, etid ekriti, asistans nan tanp, Liv Mòmon an, ak aprantisaj levanjil pa mwayen Vini, Suiv Mwen an ak sware familyal. Lòt resous ki itil pou fòtifye fondasyon espirityèl nou yo enkli Atik Lafwa yo, pwoklamasyon sou fanmi an, ak “Kris Vivan an.”

Pou mwenmenm, prensip ki enkli nan kesyon yo poze nou nan entèvyou pou nou resevwa yon rekòmandasyon tanp yo sèvi kòm baz solid pou yon fondasyon spirityèl—patikilyèman premye kat kesyon yo. Mwen wè yo kòm wòch fondasyon espirityèl.

Natirèlman, nou familye ak kesyon sa yo, jan Prezidan Russell M. Nelson te li yo youn apre lòt nan dènye konferans jeneral la.

  1. Èske w gen lafwa nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason l lan, Jezikri, ak nan Sentespri a; ak yon temwayaj konsènan yo?

    Imaj
    Divinite a
  2. Èske w gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl li kòm Sovè w ak Redanmtè ou?

    Imaj
    Ekspyasyon Jezikri a
  3. Èske w gen yon temwayaj sou Retablisman levanjil Jezikri a?

    Imaj
    Retablisman an
  4. Èske w soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè epi kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle yo nan prètriz la?8

    Imaj
    Pwofèt

Èske nou wè kijan nou gen dwa konsidere kesyon sa yo kòm eleman valab nan fondasyon pèsonèl nou pou ede bati l ak ranfòse li? Pòl te anseye Efezyen yo sou yon legliz ki te “bati sou fondasyon apot ak pwofèt, Jezikri Limenm kòm wòch prensipal la; se limenm ki kenbe tou kò kay la kanpe byen fèm pou fèl grandi vin tounen yon kay apa pou Senyè a”9

Imaj
Tanp lan avèk yon fondasyon ki solid

Youn nan pi gwo lajwa nan lavi m se rankontre epi enspire pa manm Legliz nan tout mond lan ki se egzanp vivan lafwa nan Jezikri ak nan Levanjil Li a. Yo gen fondasyon pèsonèl solid ki pèmèt yo reziste devan evenman k ap sekwe yo avèk yon konpreyansyon fèm, malgre chagren ak doulè.

Pou demontre sa nan yon nivo pi pèsonèl, mwen te pale dènyèman nan antèman yon bèl jèn madanm ak manman byen dinamik (ki sete zanmi fanmi mwen). Li sete yon gwo jwè foutbòl nan yon gwo ekip premyè divizyon lè l te rankontre mari l ki sete yon etidyan nan lekòl dantis epi yo te marye. Yo te gen benediksyon pou yo te fè yon bèl pitit fi ekstraòdinè. Li te konbat bravman avèk plizyè kalite fòm kansè pandan sis ane difisil. Malgre detrès emosyonèl ak fizik li t ap travèse chak jou yo, li te mete konfyans nan Papa eman lan ki nan Syèl la epi souvan, zanmi l yo nan medya sosyal yo te konn site fraz li te pi renmen di a: “Bondye nan detay yo.”

Nan youn nan sa l te ekri nan medya sosyal yo, li te di yon moun te mande l: “Kijan w fè toujou gen lafwa nan mitan tout soufrans ki antoure w la?” Li te reponn byen fèm ak mo sa yo: “Paske se lafwa m ki pèmèt mwen travèse moman fènwa sa yo. Gen lafwa pa vledi okenn bagay mal p ap rive. Gen lafwa pèmèt mwen kwè ke ap gen limyè ankò. Epi, limyè sa a ap menm pi klere paske m te mache travèse fènwa a. Pou otan fènwa m te travèse atravè ane yo, m ap ka wè plis plis limyè. Mwen wè mirak. Mwen santi prezans zanj. Mwen konnen Papa m ki nan Syèl la t ap pote mwen. M pa t ap ka fè okenn eksperyans sa yo si lavi a te fasil. Fiti lavi sa a gen dwa ensèten, men lafwa m pa ensèten. Si m chwazi pou m pa gen lafwa, se lè sa a mwen chwazi pou m mache nan fènwa. Paske san lafwa, fènwa se tout sa k rete.”10

Temwayaj lafwa inebranlab li nan Senyè a, Jezikri—nan pawòl ak nan aksyon li—sete yon enspirasyon pou lòt moun. Malgre kò l te fèb li te edifye lòt moun fè yo vin pi solid.

Menmjan ak sè sa a, m panse ak pil lòt manm nan Legliz la, gèrye menmjan avèk li, k ap mache chak jou ak lafwa, ap eseye pou yo rete disip vrè ak inebranlab pou Sovè nou an. Yo aprann de Kris la. Yo preche Kris la. Yo eseye imite Li. Ke jou lavi yo fasil oubyen difisil, yo konnen ke fondasyon yo a solid ak inebranlab.

Moun sa yo se moun devwe ki konprann siyifikasyon pwofon pawòl ki nan kantik “Quels fondements fermes,” yo ak “moun ki kouri vin jwenn Sovè a pou refij.”11 Mwen rekonesan odela mezi dèske m ap mache pami moun ki prepare yon fondasyon espirityèl ki diy pou yo rele yo Sen epi ki solid ase pou yo andire pil toumant lavi yo.

Mwen pa panse ke nou ka neglije enpòtans yon fondasyon konsa nan lavi pèsonèl nou. Menm lè yo tou piti, timoun Primè nou yo resevwa ansèyman lè y ap chante verite sa a:

Moun saj la bati kay li sou wòch,

Epi lapli pran tonbe. …

Epi lapli tonbe, epi dlo monte,

Epi kay sou wòch la kanpe fèm.12

Ekriti yo ranfòse doktrin fondasyon sa a. Sovè a te anseye pèp nan Amerik la:

“Epi si nou toujou fè bagay sa yo nou beni, paske nou bati sou wòch mwen.

“Men nenpòt moun nan pami nou ki fè plis oubyen mwens pase bagay sa yo, yo pa bati sou wòch mwen, men yo bati sou yon fondasyon sab; epi lè lapli a tonbe, epi dlo desann, e van soufle, epi l bat yo, y ap tonbe.”13

Dirijan yo nan Legliz la espere sensèman ke renovasyon siyifikan nan Tanp Salt Lake la pral kontribye nan akonplisman dezi Brigham Youn pou l wè “tanp la bati nan yon fason pou l ka rete kanpe fèm pandan milenyòm nan.” Nan ane k ap vini yo, mwen priye pou amelyorasyon enpòtan sa yo n ap fè nan Tanp Salt Lake la ka touche nou ak enspire nou, endividyèlman e antanke fanmi, pou ke noumenm tou—metaforikman—“nou bati nan yon fason pou nou ka andire nan milenyòm nan.”

N ap fè sa pandan n ap ranpli tach Apot Pòl te bay la pou nou “[bati] pou [tèt] nou yon bon fondasyon kont tan ki gen pou vini yo, pou [nou] kapab kenbe rive nan lavi etènèl.”14 Priyè sensè m se pou fondasyon espirityèl nou asire, pou temwayaj nou konsènan Ekspyasyon Jezikri a ak wòl Li kòm Sovè nou ak Redanmtè nou an vin tounen pwòp wòch fondasyon pa nou, konsènan sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. William Clayton journal, Jiyè 26, 1847, Church History Library.

  2. “At the Tabernacle, Presidents Woodruff and Smith Address the Saints Yesterday Afternoon,” Deseret Evening News, Aug. 30, 1897, 5; “Pioneers’ Day,” Deseret Evening News, 26 Jiyè 1880, 2; Wilford Woodruff journal, 28 Jiyè 1847.

  3. “Minutes of the General Conference of the Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, held at Great Salt Lake City, State of Deseret, April 6, 1851,” Deseret News, 19 Avr. 1851, 1.

  4. Gade “The Temple,” Deseret News, Feb. 19, 1853, 130; “Minutes of the General Conference,” Deseret News, 16 Avr.1853, 146; “Minutes of the General Conference,” Deseret News, 30 Avr. 1853, 150.

  5. “Address by President Brigham Young,” Millennial Star, 22 Avr. 1854, 241.

  6. Brigham Young, “Remarks by President Brigham Young,” Deseret News, 14 Okt. 1863, 5.

  7. Prezantasyon Episkopa Prezidan an sou Tanp Salt Lake la bay Premye Prezidans lan, Okt 2015.

  8. Gade Russell M. Nelson, “Diskou Konklizyon,” Liahona, Nov. 2019, 121.

  9. Efèz 2:20–21.

  10. Mesaj sou medya sosyal pa Kim Olsen White.

  11. “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 42.

  12. “The Wise Man and the Foolish Man,” Children’s Songbook, 281; yo retire aksan nan orijinal la nan okazyon sa a.

  13. 3 Nefi 18:12–13; italik ajoute.

  14. 1 Timote 6:19; italik ajoute.