Konferans Jeneral
Pouvwa Liv Mòmon an nan konvèsyon.
Konferans Jeneral Avril 2020


Pouvwa Liv Mòmon an nan konvèsyon.

Liv Mòmon an bay yon nutrisyon espirityèl, li preskri yon plan aksyon, epi li konekte nou ak Sentespri a.

Aprè revizyon yon rapò sou dènye egzamen fizik mwen, mwen te aprann mwen te bezwen fè kèk ajisman nan jan m t ap viv. Pou ede mwen, doktè m te preskri m yon plan nitrisyon ak egzèsis, ki, si mwen chwazi suiv li, kapab transfòme mwen vin yon moun pi ansante.

Si nou chak te fè yon egzamen espirityèl, kisa nou te kapab aprann de tèt pa nou? Ki ajisman doktè espirityèl nou ta preskri? Pou nou kapab vin moun nou bezwen ye, li esansyèl pou nou konnen kisa pou nou fè epi pou nou fè sa nou konnen.

Jezikris se Mèt tout Doktè.1 Atravè Ekspyasyon li, li panse blese nou, li pran maladi nou yo sou tèt pa l, epi li geri kè brize nou.2 Atravè lagras li, tout feblès nou ka vin fò.3 Li invite nou pou nou suiv Li4 nan nou aprann de Li, tande parol Li, epi mache nan imilite Lespri Li.5 Li promèt Li ap ede nou6 nan pwosesis konvèsyon tout yon lavi sa a, ki transfòme nou epi ba nou lajwa etènèl la.7

Senyè a ba nou Liv Mòmon an kòm yon zouti puisan pou ede nou nan konvèsyon. Liv Mòmon an bay yon nutrisyon espirityèl, li preskri yon plan aksyon, epi li konekte nou ak Sentespri a. Paske l te ekri pou nou,8 li genyen pawol Bondye9 a byen klè10epi li di nou identite nou, objekti nou, ak destine nou.10 Avèk Bib la, Liv Mòmon an temwaye de Jezikri11 epi li anseye nou kòman nou kapab konnen la verite epi vin tankou Li.

Imaj
Frè Saw Polo

Frè Saw Polo te gen 58 an lè yo te prezante li levanjil retabli Jezikri a. Lè mwen te fè konesans avèk li, li te gen anpil ane ap sèvi kòm prezidan branch, men mwen te aprann ke li pa t janm li Liv Mòmon an paske liv la pa t disponib nan Birman, ki se lang natal li. Lè m te mande li kijan li te fè konnen liv lan vre si li pa janm li li, li te reponn ke li te etidye Liv Istwa Liv Mòmon an imaj la epi chak jou li t ap gade desen yo, li itilize yon diksyonè pou l te tradui mo anglè yo, epi avèk atansyon, li te pran nòt sou tout sa l te aprann. Li te explike: “Chak fwa mwen te etidye l, mwen te priye sou sa m te aprann nan, epi mwen te santi lapè ak lajwa, lespri m te klè, epi kè m te adousi. Mwen te santi Sentespri a temwaye mwen ke li te vre. Mwen konnen Liv Mòmon an se pawòl Bondye.”

Tankou Frè Saw Polo, nou chak kapab etidye Liv Mòmon an selon sikonstans nou. Si nou gen dezi pou kwè ak medite sou ansèyman l yo nan kè nou, nou ka mande Bondye ak lafwa si ansèyman yo se verite.12 Si nou sensè nan dezi nou pou nou konnen an epi nou gen entansyon reyèl pou nou aji, L ap reponn priyè nou nan kè nou atravè Sentespri a. Epi pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay.13 Lè nou jwenn yon temwayaj sou Liv Mòmon an, n ap konnen pa menm pouvwa a tou ke Jezikri se Sovè mond lan, ke Joseph Smith se Pwofèt Li, epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz retabli Li.14

Lè m te yon jènjan ki t ap komanse sèvis misyonè m, mwen te monte yon avyon pou m t al Ostrali. Paske m te santi m pou kò m, enkyè, epi enkapab men mwen te pran angajman pou m te sèvi, mwen te dezespereman bezwen asirans ke sa mwen kwè yo te vre. Mwen te priye epi mwen te sensèman li ekriti mwen, men pandan vòl la t ap pwogrese, dout sou pwòp tèt mwen te entansifye epi kondisyon fizik mwen te deteryore. Aprè m te fin lite pandan kèlke zè, yon otès te mache nan koulwa avyon a epi li te kanpe tou prè chèz mwen an. Li te pran Liv Mòmon mwen t ap li a nan men mwen. Li te gade kouvèti liv la epi li te di: “Sa se yon bon liv!” epi li te remèt mwen liv la epi li te kontinye mache. Mwen pa t janm wè l ankò.

Pandan pawòl sa yo t ap fè eko nan zorèy mwen, mwen te klèman tande nan kè mwen, “Mwen la, epi mwen konnen ki kote ou ye. Jis fè tout sa w kapab, paske m ap pran swen rès la”. Nan avyon sa a sou tèt Oseyan Pasifik la, mwen te resevwa yon temwayaj pèsonèl atravè etid mwen te fè nan Liv Mòmon an ak enspirasyon nan men Sentespri a pou te fè m konnen Sovè m nan te konnen kiyès mwen te ye epi levanjil la te vrè.

Èldè David A. Bednar te di: “Konnen ke levanjil la vrè se esaans you temwayaj. Toujou rete vrè nan levanjil la se esans konvèsyon.”15 Konvèsyon mande pou nou “fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase.”16 Plan aksyon Senyè a pou nou—doktrine Kris la—anseye pi klèman nan Liv Mòmon an.17 Li enkli:

  • Premyèman, egzèse lafwa nan Jezikri nan mete konfyans nan Li, kenbe kòmandman L yo, epi konnen ke L ap ede nou.18

  • Dezyèmman, repanti chak jou pou enpèfeksyon nou epi fè eksperyans lajwwa ak lapè nou santi lè Li padone nou a.19 Repantans mande pou nou padone lòt20 epi li ede nou avanse. Sovè a promèt li ap padone nou chak fwa nou repanti.21

  • Twazyèmman, fè epi kenbe alyans avrk Bondye atravè òdonans tankou batèm. Sa ap fè nou rete sou chemen alyans la ki ap mennen nou al jwenn ni.22

  • Katriyèmman, resevwa don Sentespri a. Don sa a ap pèmèt nou gen konpayi konstan Limenm ki santifye, rekonfòte, ak gide nou an.23

  • Senkyèmman, pèsevere jiska lafen nan avanse avèk fèmte pandan nou ap fè festen chak jou avèk pawòl Kris la.24 Lè nou fè festin avèk Liv Mònmon an epi nou kenbe ansèyman l yo fèm, n ap kapab simonte tantasyon epi resevwa gidans ak pwoteksyon nan lavi nou.25

Lè nou kontinye aplike doktrin Kris la nan lavi nou, n ap kapab simonte inaksyon ki anpeche chanjman ak laperèz ki kraze aksyon. N ap resevwa revelasyon pèsonèl, paske Sentespri a “ap montre nou tout bagay nou dwe fè,”26 epi “pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.”27

Pandan 20 an, Frè Huang Juncong te konbat anba alkòl, sigarèt, avèk jwèt aza san rete. Lè yo te presente l Jezikri ak levanjil retabli a, Frè Huang te anvi chanje pou byen jèn ti fanmi l lan. Pi gwo defi li sete fimen. Li te konn fimen anpil, li te eseye kite fimen yon pakèt fwa men san siksè. Yon jou, pawòl sa yo nan Liv Mòmon an te antre nan lespri li: “avèk yon kè sensè, avèk yon entasyon reyèl.”28 Menm si tout lòt fwa yo li te echwe, li te santi petèt li te kapab chanje avèk èd Papa Nou ki nan Syèl la avèk Jezikri.

Misyonè aplentan yo te mete lafwa yo ansanm pou li epi yo te fè yon plan daksyon pou entèvansyon pratik, ansanm avèk gwo dòz lapriyè ak etid pawòl Bondye a. Avèk sensèrite ak yon entansyon reyèl, Frè Huang te aji avèk yon detèminasyon plen lafwa epi li te dekouvri ke lè l te konsantre tèt li plis sou nouvo abitid li te anvi devlope yo, tankou li Liv Mòmon an, li te konsantre mwens sou abitid li te vle kite yo.

Lè li ap sonje eksperyans sa yo ki te pase safè 15 ane, li remake: “Mwen pa sonje kilè egzakteman mwen te kite fimen, men pandan m t ap eseye chak jou pou m te fè tout sa m te konnen mwen te dwe pou envite Lespri Senyè a nan lavi mwen epi m te kontinye fè yo, sigarèt pa t atire m ankò epi yo toujou pa atire m.” Atravè aplikasyon ansèyman Liv Mòmon yo, lavi Frè Huang transfòme, epi li vin yon pi bon mari ak yon pi bon papa.

Imaj
Huang Juncong ak fanmi li

Prezidan Russell M. Nelson te promèt: “Si nou etidye Liv Mòmon an nan yon espri lapriyè chak jou, n ap ka pran pi bon desizyon—chak jou. Mwen pwomèt nou ke si nou medite sou sa nou etidye yo, fenèt syèl yo va louvri, epi n ap resevwa repons pou pwòp kesyon nou ak direksyon pou lavi nou. Mwen pwomèt ke si nou plonje tèt nou nan Liv Mòmon an chak jou, nou ka pwoteje tèt nou kont tout mal ki egziste nan epòk nou yo, menm fleyo tenas pònografi ak lòt adiksyon ki angoudi lespri yo.“29

Zami mwen yo, Liv Mòmon an se pawòl Bondye, epi nou ap rapwoche nou de Li si nou etidye liv la.30 Si nou teste pawòl ki landan l yo,, n ap jwenn yon temwayaj konsènan verasite li.31. Lè nou viv selon ansèyman l yo nan yon fason konstan, nou pa p “gen dezi pou nou fè mal ankò.”32 Kè nou, figi nou, ak nati nou ap transfòme pou fè nou vin plis tankou Sovè a.33 Mwen rann nou temwayaj sèten mwen ke Jezi se Kris la, Sovè nou, Redanmtè nou, epi Zanmi nou. Nan non Jezikri, Amèn.