Konferans Jeneral
Yon Esperans Pafètman Klè
Konferans Jeneral Avril 2020


Yon Esperans Pafètman Klè

Paske Retablisman an reyafime verite fondamantal ki di Bondye ap travay nan mond sa a, nou ka espere, nou dwe espere, menm lè n ap fè fas ak obstak ki pi ensimontab yo.

Oktòb ki sot pase a Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou gade devan ap tann konferans Avril 2020 sa a pandan chak moun, nan pwòp fason pa yo, ta fè yon gade dèyè pou dekouvri majeste men Bondye nan retabli levanjil Jezikri a. Sè Holland avèk mwen te pran envitasyon pwofetik sa a oserye. Nou te imajine noumenm ki t ap viv nan kòmansman ane 1800 yo, k ap gade kwayans relijye yo ki te egziste nan epòk sa a. Nan kad imajinè sa a, nou te mande tèt nou: “Kisa k manke la a? Kisa nou swete ke nou te genyen? Kisa nou espere Bondye pral founi an repons pou dezi espirirtyèl nou an?”

Bon, m ap di nou, nou te reyalize ke de syèk avan sa nou t ap grandman espere retablisman yon konsèp sou Bondye ki te pi vrè, pi sakre pase pifò nan sa k te egziste nan epòk sa a, paske Li te souvan sanble yo kache L dèyè plizyè syèk erè teyolojik ak enkonpreyansyon eklezyastik. Pou prete yon fraz nan men William Ellery Channing, yon pèsonaj relijye trè renome nan epòk la, nou t ap chèche “karaktè Bondye kòm yon paran,” sa ke Channing te konsidere kòm “premye gran doktrin Krisyanis la.”1 Yon doktrin konsa ta p rekonèt Bondye kòm yon Papa eman nan Syèl la, olye de yon jij sevè k ap aplike jistis enplakab oswa kòm yon pwopriyetè absanteyis ki yon fwa te angaje nan zafè latè yo men ki kounyea okipe yon lòt kote nan inivè a.

Wi, espwa nou an 1820 an se t ap pou nou ta jwenn Bondye ap pale ak gide osi ouvètman nan moman prezan an ke Li te fè nan lepase, yon vrè Papa, nan sans ki pi eman mo sa a genyen. Li sètènman pa t ap tankou yon otokrat sevè ak abitrè ki te predestine yon ti gwoup moun li te chwazi jwenn pou sali epi apresa kite rès fanmi imèn nan pou yo kondane. Non, Li t ap yon moun ke chak aksyon Li, pa deklarasyon diven, t ap fèt “pou benefis mond lan ; paske li renmen mond lan”2 ak chak moun ki abite ladan. Lanmou sa a ta pral pi gwo rezon Li pou l voye Jezikri, Sèl Pitit gason literal li a, sou tè a.3

An palan de Jezi, si nou te viv nan premye ane sa yo nan 19èm syèk la, nou t ap reyalize avèk anpil enkyetid ke dout sou reyalite lavi ak Rezirèksyon Sovè a te kòmanse gen gwo enfliyans andedan Krisyanis la. Se poutèt sa, nou t ap espere pou tout mond lan ta resevwa prèv, ki t ap konfime temwayaj biblik ke Jezi se Kris la, Pitit gason Literal Bondye a, Alfa ak Omega a, ak sèl Sovè mond sa a ap janm konnen. Pami espwa ki pi pwofon nou, nou ta pral espere pou lòt prèv ekriti ta parèt, yon bagay ki ta ka konstitye yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, apwofondi ak elaji konesans nou sou nesans mirakile, ministè mèvèye, sakrifis ekspyatwa, ak Rezireksyon gloriye L la. Vrèman yon dokiman konsa t ap reprezante “jistis … [ki soti] desann soti an syèl la; ak verite … [ki soti] vin tonbe sou tè a.”4

Pandan nou t ap obsève mond kretyen an nan epòk sa a, nou t ap gen espwa pou nou jwenn yon moun ki otorize pa Bondye avèk vrè otorite prètriz la ki ta ka batize nou, ba nou don Sentespri a, epi administre tout òdonans levanjil ki nesesè pou egzaltasyon yo. An 1820, nou t ap gen espwa pou nou wè akonplisman pwomès elokan Ezayi, Miche, ak lòt ansyen pwofèt yo konsènan retou kay majestye Senyè a.5 Nou t ap kontan anpil pou kontanple laglwa tanp sakre yo ki etabli ankò, avèk Lespri a, òdonans yo, pouvwa a, ak otorite pou anseye verite etènèl yo, geri blesi pèsonèl yo, epi lye fanmi yo ansanm pou letènite. Mwen ta pral gade tout kote ak nenpòt kote pou m te jwenn yon moun ki te otorize pou l te di mwenmenm ak Patricia byenneme m nan ke maryaj nou nan yon kote konsa te sele pou letan ak letènite, pou nou pa ta janm tande ni kite yo enpoze nou toumant malediksyon ki di “jiskaske lanmò separe nou” an. Mwen konnen ke “nan kay Papa [nou] an genyen anpil chato,”6 men, pou m pale pèsonèlman, si m ta gen chans pou m ta eritye youn ladan yo, se ta pral tankou yon ti ajoupa delabre li t ap ye pou mwen si Pat avèk timoun nou yo pa t ap la avèk mwen pou pataje eritaj sa a. Epi pou zansèt nou yo, kèk nan yo ki te viv epi mouri lontan san menm tande non Jezikri a, nou ta pral gen espwa pou konsèp biblik ki pi jis ak mizerikòdye yo ta retabli tou—pratik pou vivan yo ofri òdonans sali pa pwokirasyon pou zansèt yo ki deja mouri yo.7 Okenn pratik m ka imajine pa t ap demontre avèk plis grandè sousi yon Bondye eman pou chak grenn nan pitit Li yo sou tè a kèlkeswa kote yo te viv oswa kote yo te mouri.

Bon, lis espwa nou te ka genyen an 1820 yo ta ka kontinye, men petèt mesaj ki pi enpòtan nan Retablisman an sèke kalite espwa sa yo pa t ap anven. Kòmanse nan Boskè Sakre a epi kontinye rive jiska jodia, dezi sa yo te kòmanse vin pran chè nan reyalite a epi yo te vin tounen, jan Apot Pòl ak lòt yo te anseye a, vrè ankraj pou nanm nou, asire ak inebranlab.8 Sa ki yon fwa sete bagay moun te espere sèlman te vin tounen istwa kounyea.

Donk, se sa k fè nou fè yon koudèy annaryè sou 200 zan bonte Bondye pou mond lan. Men kisa na p wè si nou gade devan? Nou genyen espwa ki toujou pa ko fin akonpli. Menm pandan m ap pale la a, n ap mennen yon lagè avèk COVID-19 la “ki mete tout moun sou pinga yo”, yon rapèl solanèl pou raple nou ke yon viris9 ki 100 fwa pi piti pase yon grenn sab10 ka mete tout popilasyon ak tout ekonomi mondyal yo annantye sou jenou yo. Mwen priye pou moun ki pèdi moun ki chè pou yo nan epidemi sa a, osibyen pou moun ki enfekte aktyèlman yo oubyen ki gen risk pou yo enfekte yo. Nou sètènman priye pou sila yo nan ki ap bay si bon swen mayifik nan domèn sante yo. Lè nou rive konkeri bagay sa a—e n ap konkeri li—ke nou egalman pran angajman pou nou libere mond lan anba viris grangou, pou libere kominote nou yo ak nasyon nou yo anba viris pòvrete. Pou ou espere lekòl kote elèv ap resevwa ansèyman—non pa kote elèv pè pou yo pa tire yo—ak diyite pèsonèl pou chak pitit Bondye, debarase de tout fòm prejije koulè, prejije rasyal, oswa kiltirèl. Akote tout bagay sa yo, nou toujou gen espwa pou pi gwo devouman anvè de pi gran kòmandman yo: renmen Bondye nan kenbe konsèy Li yo ak renmen pwochen nou nan montre jantiyès ak konpasyon, pasyans ak padon.11 De gwo direktiv diven sa yo toujou rete—epi y ap toujou rete—sèl espwa nou genyen pou bay pitit nou yo yon mond ki pi bon pase sa yo konnen kounyea.12

Anplis de dezi global sa yo, anpil moun nan asanble sa a jodia gen espwa pèsonèl pwofon: espwa pou yon maryaj ka amelyore, oswa pafwa jis espwa pou yon maryaj; espwa pou venk yon adiksyon; espwa pou yon pitit ki egare ka retounen; espwa pou doulè fizik ak emosyonèl ki prezante sou diferant fòm ka sispann. Paske Retablisman an reyafime verite fondamantal ki di Bondye ap travay nan mond sa a, nou ka espere, nou dwe espere, menm lè n ap fè fas ak obstak ki pi ensimontab yo. Se sa ekriti a te vledi lè Abraam te gen posiblite pou l te espere malgre pa t gen espwa13kivle di, li te kapab kwè malgre te gen tout rezon pou li pa t kwè—ke limenm ak Sara te ka fè yon pitit lè sa te parèt totalman enposib. Donk, m ap mande: “Si tout kantite espwa nou sa yo an 1820 an te ka kòmanse akonpli avèk yon ekla limyè divin devan yon senp tigason ki te ajenou nan yon tiforè pyebwa nan zòn Nouyòk la, poukisa nou pa ta espere ke dezi jis ak aspirasyon kretyen nou yo ka ankò mèvèyezman, mirakilezman, jwenn repons nan men Bondye tout espwa a? Nou tout bezwen kwè ke sa nou dezire an tout jistis kapab yon jou, yon fason, yon mwayen kèlkonk vin reyalite pou nou.

Frè m ak sè m yo, nou konn kisa kèk nan feblès relijye yo te ye nan kòmansman 19èm syèk la. Pi plis toujou, nou konn yon bagay sou sa ki manke nan relijyon jodia a ki ankò kite grangou ak espwa ki pa akonpli. Nou konnen yon pakèt nan ensatisfaksyon sa yo ap pouse kèk moun pou fè ekate yo de enstitisyon eklezyastik tradisyonèl yo. Nou konnen tou, jan yon ekriven plen fristrasyon te ekri, ke “anpil dirijan relijye [nan epòk nou an] sanble yo pa konprann anyen” lè y ap adrese deklen sa a, yo ofri kòm repons “yon melanj divinite san relijyon, yon aktivis senbolik bon mache, enkwayans ki byen vlope, [oswa pafwa jis] bagay san sans ni enspirasyon”14e tout sa nan yon moman kote mond lan bezwen pi plis toujou, kote jenerasyon k ap grandi a merite pi plis toujou, epi kote nan epòk Jezi a li te ofri pi plis toujou. Antanke disip Kris la, nou kapab, nan epòk nou an, elve nou pi wo pase ansyen Izrayelit yo ki te jemi, “Zo nou yo sèch, epi nou pèdi espwa.”15 Anfèt, si nou finalman pèdi espwa, nou pèdi dènye byen ki ka soutni nou an. Sete konsènan pòt lanfè a menm ke Dante te ekri yon avètisman pou tout vwayajè nan Divina Commedia “Abandon tout espwa” l la, li te di “Moun ki antre la a, yo abandone tout espwa.”16 Vrèman lè espwa ale, sa nou gen ki rete se flanm dife lanfè k ap devore nou tout kote.

Konsa, lè nou kanpe do apiye sou mi mi an epi, jan kantik la di a, “lòt sipò yo fayi epi pa gen konsolasyon,”17 pami vèti ki pi endispansab nou yo, nou pral bezwen gen kado presye lespwa sa a ki mare seresere avèk lafwa nou nan Bondye ak charite nou pou lòt moun nan.

Nan ane bisantnè sa a, kote n ap gade dèyè pou nou kontanple tout sa nou resevwa yo epi rejwi nan reyalizasyon anpil nan espwa ki akonpli yo, m ap repete santiman yon bèl jèn sè misyonè fèk retounen sot nan misyon ki te di nou nan Johannesbourg sa gen kèk mwa, “[Nou] pa t fè tout wout sa jis pou nou vin kanpe nan wout].”18

Pou parafraze youn nan diskou gradyasyon pi enspiran ki te janm anrejistre nan ekriti yo, m ap di avèk pwofèt Nefi ak jèn sè sa a:

“Frè [ak sè] byenneme mwen, apre nou nou fin [resevwa premye fwi Retablisman sa yo], m vle mande èske tout bagay fini? M di nou, Non. …

“… Nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. … Si nou fè sa[,] … Papa a di: N ap gen lavi etènèl.”19

Mwen bay remèsiman, frè m ak sè m yo, pou tout sa nou resevwa nan dènye ak pi gran nan tout dispansasyon sa a, dispansasyon levanjil retabli Jezikri a. Don ak benediksyon ki devèse soti nan levanjil sa a siyifi tout bagay pou mwen—tout bagay—konsa, nan yon efò pou m remèsye Papa m ki nan Syèl la pou yo, mwen gen “pwomèt pou m kenbe, ak anpil kilomèt pou m kouvri anvan m al dòmi.”20 Ke nou anvanse avèk lanmou nan kè nou, pandan n ap mache avèk yon “esperans pafètman klè”21 ki klere wout antisipasyon sakre a n ap suiv depi 200 zan jiska jodia. Mwen temwaye ke demen apral osi ranpli ak anpil mirak epi osi beni abondaman ke jan sa te ye nan lepase. Nou gen tout rezon pou nou espere benediksyon ki menm pi gran pase sa nou deja resevwa yo, paske sa a se travay Bondye Toupuisan an, sa a se Legliz ki gen revelasyon sanrete a, epi sa a se levanjil lagras ak byenveyans san limit la. Mwen rann temwayaj konsènan tout verite sa yo ak plis toujou, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Esans Relijyon Kretyèn nan ,” nan Travay William E. Channing yo (1888), 1004.

  2. 2 Nefi 26:24.

  3. Gade Jan 3:16–17.

  4. Moyiz 7:62.

  5. Gade Ezayi 2:1–3; Ezekyèl 37:26; Miche 4:1–3; Malachi 3:1.

  6. Jan 14:2.

  7. Gade 1 Korentyen 15:29; Doktrin ak Alyans 128:15–17.

  8. Gade Ebre 6:19; Etè 12:4.

  9. Gade Na Zhu and others, “A Novel Coronavirus from Patients with Pneumonia in China, 2019,” New England Journal of Medicine, 20 Fev. 2020, 727–33.

  10. Gade “Examination and Description of Soil Profiles,” nan Soil Survey Manual, ed. C. Ditzler, K. Scheffe, ak H. C. Monger (2017), nrcs.usda.gov.

  11. Gade Matye 22:36–40; Mak 12:29–33; gade tou Levitik 19:18; Detewonòm 6:1–6.

  12. Gade Etè 12:4.

  13. Gade Women 4:18.

  14. R. J. Snell, “Lespwa Trankil: Yon Rezolisyon Nouvèl An,” Diskou Piblik: Jounal sou Enstiti Witherspoon an, 31 Des. 2019, thepublicdiscourse.com/2019/12/59322/.

  15. Ezekyèl 37:11.

  16. Sa se fraz la ak tradiksyon popilè li. Toutfwa, tradiksyon ki pi literal la se “Tout espwa Abandone, se la nou antre” (Dante Alighieri, “Vizyon sou Lanfè a,“ nan Divine Comedy, trad. Henry Francis Cary [1892], canto III, line 9).

  17. “Reste avec nous, Seigneur!” Cantiques, no. 93.

  18. Judith Mahlangu (konferans miltipye toupre Jwanesbou, Afrik Disid, 10 Nov., 2019), nan Sydney Walker, “Eldè Holland Vizite Sidès Afrik pandan ‘Peryòd Kwasans Remakab,’” Church News, 27 Nov., 2019. thechurchnews.com.

  19. 2 Nefi 31:19–20; italik ajoute.

  20. “Yon Vizit lakay Woods yon apremidi plen nèj,” liy 14–16, nan The Powezi Robert Frost: Yon Koleksyon Powèm, ed. Edward Connery Lathem (1969), 225.

  21. 2 Nefi 31:20.