Konferans Jeneral
Fon Nan Kè Nou
Konferans Jeneral Avril 2020


Fon Nan Kè Nou

Nou ap ka wè kijan Senyè a ap eseye ede nou—nou tout—mete levanjil la pi pwofon nan kè nou.

Sè m ak frè m yo, ala yon tan gloriye n ap viv la a. Pandan nou ap fete kòmansman Restablisman an, li apwopriye tou pou nou selebre Retablisman nou temwen k ap dewoule a. Mwen rejwi avèk nou dèske n ap viv nan epòk sa a. 1 Senyè a ap kontinye mete an plas tout sa ki nesesè pou ede nou prepare pou resevwa Li. 2

Youn nan bagay ki nesesè sa yo se nouvo pwogram Timoun ak Jèn nan. Anpil nan nou deja familye avèk kijan pwogram sa a mete aksan sou fikse bi, nouvo amblèm apatenans, ak konferans Pou Fòs Jèn Yo. Men nou pa dwe kite bagay sa yo bouche vizyon nou sou prensip kote pwogram sa a chita yo ak objectif yo: ki se ede mennen levanjil Jezikri a fon nan kè timoun nou yo ak Jèn yo. 3

Mwen kwè ke lè nou komanse konprann prensip sa yo, n ap kapab rekonèt ke bagay sa a se plis ke yon pwogram pou manm ant laj 8 a 18 an. Nou ap ka wè kijan Senyè a ap eseye ede nou—nou tout—mete levanjil la pi pwofon nan kè nou. Mwen priye pou Sentespri a ede nou aprann ansanm.

Bati Relasyon—“Se pou nou avèk yo” 4

Premye prensip la se relasyon. Paske yo se yon pati ki si natirèl nan Legliz Jezikri a, gen de fwa nou bliye enpòtans relasyon nan vwayaj kontinyèl nou pou n al jwenn Kris la. Yo pa mande nou pou nou jwenn ni mache sou chemin òdonans la poukont nou. Nou bezwen lanmou ak sipò nan men paran yo, lòt manm nan fanmi yo, zanmi, ak dirijan ki ap mache sou chemin an tou.

Kalite relasyon sa yo pran tan. Tan pou nou ansanm. Tan pou nou ri, jwe, aprann ak sèvi ansanm. Tan pou nou chak apresye enterè ak pwoblèm lòt. Tan pou nou sensè ak onèt youn ak lòt pandan nou ap fè efo pou nou vin pi bon ansanm. Relasyon sa yo se youn nan bi ki fè nou reyini ansanm antanke fanmi, kowòm, klas, ak kongregasyon. Yo se fondasyon sèvis pastoral ki efikas. 5

Èldè Dale G. Renlund te ba nou yon pwen kle sou fason pou nou devlope relasyon sa yo lè l te di: “Nan legliz la, pou nou kapab sèvi lòt moun, nou dwe wè yo … jan Papa Nou ki nan Syèl la wè yo. Se sèlman lè sa a n ap kapap kòmanse konprann vrè valè yon nanm. Se sèlman lè sa a n ap kapab santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la genyen pou tout piti Li.” 6

Wè moun menmjan Bondye wè yo, se yon kado sa ye. Mwen envite nou chak pou n chache jwenn kado sa a. Lè je nou ouvri pou nou ka wè, 7 nou ap kapab ede lòt moun wè tèt yo jan Bondye wè yo tou. 8 Prezidan Henry B. Eyring te di: “Sa ki pi enpòtan an sèke [jèn yo] aprann nan men [nou] kiyès yo vrèman ye ak kisa yo ka devni. Mwen pa kwè y ap aprann bagay sa a nan diskou. Y ap aprann ni atravè santiman yo genyen sou kiyès nou ye, kiyès nou panse yo ye, ak kisa nou panse yo kapab ye nan lavni.” 9 Ede lòt moun konprann vrè idantite yo ak bi yo se youn nan pi gwo kado nou kapab ba yo. 10 Wè lòt moun ak tèt nou jan Bondye wè nou ap makònen kè nou “ansanm nan inite ak nan lanmou.” 11

Avèk ogmantasyon tout fòs pwofàn ki ap anvayi nou yo, nou bezwen fòs ki soti nan relasyon ki plen lanmou. Konsa, lè nou ap òganize aktivite, reyinyon, ak tout lòt rasanbleman, annou sonje ke objektif ki pi enpòtan nan rasanbleman sa yo se bati relasyon ki ap fòtifye, uni, ak ede nou mete levanjil Jezikri a pi fòn nan kè nou. 12

Revelasyon, Libabit, ak Repantans—“Konekte yo avèk Syèl La” 13

Byen antendi, li pas sufi pou nou jis mete tèt nou ansanm. Gen anpil gwoup ak òganizasyon ki etabli unite baze sou anpil lòt koz. Men, unite n ap chache etabli a se vin fè youn nan Kris la, pou konekte nou avèk Li. 14 Pou konekte kè nou avèk syèl la, nou bezwen eksperyans spirityèl ki endividyèl, jan Èldè Andersen fèk sot di nou sitèlman klè a. 15 Eksperyans sa yo vini lè Sentespri pote pawòl ak lanmou Bondye a nan panse nou ak nan kè nou. 16

Revelasyon sa a vin jwenn nou atravè ekriti yo, atravè pawòl enspire pwofèt yo ak lòt disip fidèl, ak atravè ti vwa dous la. 17 Pawòl sa yo plis pase lank sou yon papye, bri nan zòrèy nou, oubyen panse nan tèt nou ak nan kè nou. Pawòl Bondye a se pouvwa espirityèl. 18 Se verite ak limyè. 19 Se kijan nou tande Li! Li kòmanse epi ogmante lafwa nou nan Kris la epi li mete andedan nou yon dezi pou nou vinn plis tankou Sovè a—ki se repanti epi mache nan chemin alyans la. 20

Avril dènye, Prezidan Russell M. Nelson te ede nou konprann wòl santral repantans nan pwosesis revelasyon sa a. 21 Li te di: “Lè nou chwazi pou nou repanti, nou chwazi pou n chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou pou nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. … Nou chwazi pou nou vin plis tankou Jezikri!” 22 Pwosesis chanjman sa a, alimante pa pawòl Bondye a, se fason nou konekte avèk syèl la.

Souliyen envitasyon Prezidan Nelson pou nou repanti a se prensip libabit. Nou dwe chwazi repantans pou pwòp tèt pa nou. Yo pa ka fòse nou antre levanjil la nan kè nou. Èldè Renlund te di, “Objektif Papa nou ki nan Syèl kòm paran se pa pou fè pitit Li yo sa ki jis; men se pou fè pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki jis.” 23

Nan ansyen pwogram yo ki ranplase pa Pwogram Timoun ak Jèn nan, te genyen pi plis pase 500 kondisyon diferan pou yo te akonpli pou yo te ka resevwa kèk rekonpans. 24 Jodia, esansyèlman, gen youn sèlman. Se yon envitasyon pou chwazi vin pi plis tankou Sovè a. Nou fè sa lè nou resevwa pawòl Bondye a atravè Sentespri a epi nou pèmèt Kris la chanje nou vin yon pi bon vèsyon de noumenm.

Sa ale pi lwen pase yon senp egzèsis pou nou fikse bi oubyen amelyore tèt nou. Bi yo se senpleman yon zouti ki ap ede nou konekte avèk syèl la atravè revelasyon, libabit, ak repantans—pou nou vin jwen Kris la epi resevwa levanjil Li a pi fon nan kè nou.

Angajman ak Sakrifis—“Kite Yo Dirije” 25

Finalman, pou nou kapab ankre levanjil Jezikri a pi fon nan kè nou, nou bezwen angaje nou ladan l—ba li tan nou ak talan nou, fè sakrifis pou li. 26 Nou tout vle viv yon lavi ki gen sans, epi sa espesyalman vre pou jenerasyon k ap grandi a. Yo vle yon kòz.

Levanjil Jezikri a se pi gran kòz nan mond lan. Prezidan Ezra Taft Benson te di: “Bondye kòmande nou tout pou nou pote levanjil la bay tout mond la. Sa se kòz ki dwe uni nou jodia. Se sèl levanjil la ki ka sove mond la anba kalamite ak jan l ap detwi tèt li a. Se sèl levanjil la ki ka uni tout gason [ak tout fi] nan tout ras ak tout nasyonalite nan lapè. Se sèl levanjil la ki bay lajwa, kè kontan, ak sali pou tout fanmi imèn nan” 27

Èldè David A. Bednar te di, “Lè nou bay jèn yo pouvwa nan envite epi pèmèt yo aji, legliz la ap avanse an avan mirakilezman.” 28 Twò souvan nou pa invite jèn yo ni pèmèt yo fè sakrifis pou gran kòz Kris la. Èldè Neal A. Maxwell te obsève: ”Si Jèn [nou] yo pa twò enplike [nan travay Bondye] a, l ap vin pi fasil pou mond la anvlope yo.” 29

Nouvo pwogram sa a konsantre sou ede jèn yo vin djanm. Y ap chwazi pwòp objektif yo. Prezidans Kowòm ak prezidans klas yo ap rete nan pwòp wòl pa yo. Konsèy pawas pou jèn yo, menmjan ak konsèy pawas la, konsantre sou travay sali ak ekzaltasyon an. 30 Epi kowòm yo ak klas yo ap kòmanse reyinyon yo nan chita an konsèy pou pale de fason pou yo fè travay Bondye ba yo pou yo fè a. 31

Prezidan Nelson di jèn yo nan Legliz la: “Si nou chwazi, si nou vle … nou kapab vin fè pati yon bagay ki gwo, yon bagay ki gran, yon bagay ki majestye! … Nou fè pati moun ki pi bon Bondye te janm voye nan mond sa a. Nou gen kapasite pou nou pi intelijan, ak pi saj epi pou nou fè plis enpak sou mond la pase nenpòt lòt jenerasyon avan yo! 32 Nan yon lòt okazyon, Prezidan Nelson te di jèn yo: “Mwen gen on konfyans total nan nou. M renmen nou epi Senyè a renmen nou tou. Nou se pèp Li, ki angaje ansanm nan travay sakre Li.” 33 Jèn yo, èske nou santi konfyans Prezidan Nelson genyen nan nou ak kijan nou enpòtan nan travay sa a?

Paran ak dirijan adilt yo, mwen invite nou pou nou gade jèn yo jan Prezidan Nelson wè yo a. Lè jèn yo santi lanmou nou ak konfyans nou, lè nou ankouraje yo epi nou montre yo kijan pou yo dirije—epi apresa nou kite yo fè li nan yo vle a—y ap fè nou etone pou n wè ide yo, kapasite yo, ak angajman yo pou levangil la. 34 Y ap santi lajwa ki genyen nan chwazi pou yo angaje nan gran koz sa a ak fè sakrifis pou li. Levanjil la ap antre pi fon nan kè yo, epi travay la ap avanse an avan nan fason mirakile.

Pwomès ak Temwayaj

Mwen promèt nou, si nou fokis sou prensip sa yo—relasyon, revelasyon, libabit, repantans, ak fè sakrifis pou gwo kòz sa a—levanjil Jezikri a ap antre pi fòn nan kè nou tout. Nou ap wè Retablisman an avanse pou l rive nan objektif final li, redanmsyon Izrayèl ak etablisman Siyon, 35 kote Kris la pral gouvène kòm Wa tout wa.

Mwen temwaye ke Bondye kontinye fè tout sa ki nesesè pou L prepare pèp li a pou jou sa a. Ke nou ka wè men li nan travay sa a pandan nou ap fè efò pou nou “vin jwen Kris la, e pèfeksyone nou nan li.” 36 Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 45:12. Prezidan Nelson te di: “Jis panse a eksitasyon ak ijans ki nan tout bagay sa yo: chak pwofèt yo, kòmanse avèk Adan, te wè epòk pa nou an. Epi chak pwofèt te pale de epòk nou an kote Izrayèl ap rasanble epi mond la ap prepare pou Dezyèm Vini Sovè a. Panse sou sa! Nan pami tout moun ki te janm viv sou planèt la, nou se moun ki gen okazyon pou n patisipe nan gwo evenman rasanbleman final sa a. Ala eksitan sa ye!”” (“Lespwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org).

    Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

    “Ala yon gwo epòk pou nou vivan!

    “Levanjil Jezikri a se verite ki pi sèten, pi asire, pi rekonpansan sou tè a ak nan syèl la, nan letan ak nan letènite. Anyen—anyen ni okenn moun, ni okenn enfliyans—p ap anpeche Legliz sa a akonpli misyon li ak reyalize destine l ki te deklare depi anvan fondasyon mond lan. … Nou pa bezwen pè ni efreye pou demen.

    “Menmjan ak lòt epòk anvan nou yo, dispansasyon sa a pa t pase anba apostazi; nou pa p pèdi kle prètriz yo; revelasyon p ap sispann soti nan Bondye Toupuisan an. Ala yon bèl tan pou nou viv!

    “… Si nou pa remake sa, mwen trè optimis osijè dènye jou yo. … Kwè Leve. Rete fidèl. Epi pwofite de epòk remakab n ap viv la!Facebook post, 27 Me 2015; gade tou “Be Not Afraid, Only Believe diskou pou Edikatè Sistèm Edikatif Legliz yo, 6 Fev 2015), broadcasts.lds.org).

  2. Gade Jan 1:12.

  3. Tousuit aprè nou te resevwa apèl kòm Prezidans Jeneral Jènjan yo, Prezidan Henry B. Eyring te pale avèk nou sou difikilte ak opòtinite unique jèn yo nan Legliz la ap afronte jodia. Li te konseye pou nou konsantre nou sou tout bagay ki kapab ede mete levanjil Jezikri a pi fon nan kè yo. Konsèy sa a vin yon limyè pou nou antanke Prezidan Jènjan yo.

  4. Gade “Be with Them,” ChurchofJesusChrist.org/callings/aaronic-priesthood-quorums/my-calling/leader-instruction/be-with-them.

  5. Gade Mozya 18:25; Mowoni 6:5.

  6. Dale G. Renlund, “Atravè Je Bondye,” Liahona, Nov. 2015, 94; gade tou Moyiz 1:4–6.

    Prezidan Thomas S. Monson te anseye nou: “Nou genyen responsabilite pou nou gade chak moun non pa jan yo ye men jan yo kapab ye. Mwen priye nou pou nou panse avèk yo nan fason sa a” (“Wè lòt moun jan yo ka devni,” Liahona, Nov. 2012, 70)

    Èldè Neal A. Maxwell te anseye nou: “Twò souvan, fason yon jèn moun eksprime l ouvètman ki pa konfòm avèk prensip legliz yo, oubyen kesyon ki aparaman kreye konfwontasyon l genyen, oubyen dout li eksprime, gen dwa fè moun mete yon etikèt sou li tousuit. Rezilta a kapab kreye distans epi menm pafwa fè li ale. Vrè lanmou pa renmen etikèt sou tèt li!” (“Unto the Rising Generation,” Ensign, Apr. 1985, 9).

  7. Gade 1 Wa 6:17.

  8. Stephen L. Richards, manm Premye Prezidans lan te di: “Pi gwo tip disènman an se sa nou apèsi nan lòt moun epi ki montre nou vrè nati yo, bonte ki andedan yo a” (nan Conference Report, Avr. 1950, 162; nan David A. Bednar, “Quick to Observe,” Ensign, Dec. 2006, 35; Liahona, Dec. 2006, 19). Gade tou 2 Wa 6:17.

  9. Henry B. Eyring, “Teaching Is a Moral Act” (diskou nan Inivèsite Brigham Young, Out. 27, 1991), 3, speeches.byu.edu; italik ajoute; gade tou Henry B. Eyring, “Help Them Aim High,” Liahona, Nov. 2012, 60–67.

  10. Gade Moyiz 1:3–6.

  11. Mozya 18:21; gade tou Moyiz 7:18.

  12. “Jèn jan ki genyen yon relasyon pozitif avèk yon fanmi, kamarad, ak lidè [Sen Dènye Jou] ki aktif, ki ede yo devlope yon relasyon avèk Papa nou ki nan Syèl la, gen plis chans pou yo rete aktif. Eleman nan kèk pwogram espesifik—tankou pwogram jou Dimanch, pwogram aktivite [Jènjan] yo, atant pou akonplisman pèsonèl … gen dwa genyen yon ti kras efè endepandan de relasyon sa yo. … Kesyon ki empòtan an se pa kijan n ap enplante eleman espesifik yo nan pwogram nan men se kijan yo ka kontribye pou kreye relasyon pozitif ki fòtifye idantite relijye jènjan [Sen Dènye Jou yo] (“Rete avèk yo,” ChurchofJesusChrist.org/callings/aaronic-priesthood-quorums/my-calling/leader-instruction/be-with-them).

  13. Gade “Konekte yo avèk syèl la,” ChurchofJesusChrist.org/callings/aaronic-priesthood-quorums/my-calling/leader-instruction/connect-them-with-heaven.

  14. Gade Jan 15:1-5; 17:11; Filipyen 4:13; 1 Jan 2:6; ; Jakòb 1:7; Omni 1:26; Mowoni 10:32.

  15. Ekriti yo plen ekzanp konsa; men de nan yo: 1 Nefi 2:16; Enòs 1:1-4.

  16. Gade Lik 24:32; 2 Nefi 33:2; Jakòb 3:2; Mowoni 8:26; Doktrin ak Alyans 8:2-3.

  17. Gade 2 Timote 3:15-16; Doktrin ak Alyans 68:3-4; 88:66; 113:10.

  18. Gade 1 Tesalonisyen 1:5; Alma 26:13; 31:5; Elaman 3:29; 5:17; Doktrin ak Alyans 21:4-6; 42:61; 43:8-10; 50:14-22; 68:4.

  19. Gade Jan 6:63; 17:17; Alma 5:7; Doktrin ak Alyans 84:43-45; 88:66; 93:36.

  20. Gade Jan 15:3; 1 Pyè 1:23; Mozya 1:5; Alma 5:7, 11-13; 33:28, 41-42; 36:26; 62:45; Eleman 14:13.

  21. Gade 2 Nefi 31:19–21; 32:3, 5.

  22. Russell M. Nelson, “Nou ka fè pi byen e vin pi bon,”,” Liahona, Me 2019, 67.

  23. Dale G. Renlund “Choose You This Day,” Liahona, Nov. 2018, 104.

  24. Imaj sa enkli kondisyon pou pwogram Skout yo, ki jiska tou dènyeman te fè pati pwogram aktivite Legliz la pou ti gason yo ak jènjan yo, espesyalman nan Etazini ak Kanada. Nan zòn ki pa t patisipe nan pwogram Skout la, te gen plis pase 200 kondisyon. Anplis, tout aktivite nan pwogram pou gason, ti fi, jènjan ak jènfi yo te genyen diferan kalite estrikti, sa ki te fè eksperyans la pi konplèks pou fanmi yo.

  25. Gade “Kite yo dirije,” ChurchofJesusChrist.org/callings/aaronic-priesthood-quorums/my-calling/leader-instruction/let-them-lead.

  26. Gade Omni 1:26; 1 Nefi 9:20; 12:19; Doktrin ak Alyans 64:34. “On relijyon ki pa mande pou sakrifye tout bagay pa janm gen pouvwa ase pou pwodui lafwa ki nesesè pou lavi ak sali a” (Lectures on Faith [1985], 69).

  27. Ezra Taft Benson, The Teachings of Ezra Taft Benson (1988), 167; nan Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2019), 13; gade tou Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl,” HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  28. Rankont avèk Èldè David A. Bednar; gade tou “2020 Temple and Family History Leadership Instruction,” 27 Fev, 2020, ChurchofJesusChrist.org/family-history.

  29. Neal A. Maxwell, “Pou jenerasyon k ap grandi a,” 11. Èldè Maxwell ajoute: ”Fonksyonèlman, konbyen prezidans kowòm dyak ak enstriktè yo te konsiste pou yo te konn sèlman envite yon moun pou l fè yon priyè oubyen pou distribye sentsèn? Frè m yo, jèn sa yo se espri espesyal, epi yo ka fè bagay ki siyifikan si nou ba yo yon chans!

  30. Gade Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 2.2,ChurchofJesusChrist.org.

  31. Gen anpil resous ki disponib nan Libreri levanjil la pou ede jèn yo dirije, enkli “Resous pou Prezidans Kowòm a Klas” “Itilize Vini Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi yo, ” epi nan resous pou klas Jènfi ak Kowòm Prètriz Aawon yo nan seksyon “Apèl Pawas oswa Branch” la.

  32. Russell M. Nelson, “Lespwa Izrayèl,” HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org. Nan menm devosyon sa a, Prezidan Nelson te di: “Papa nou ki nan Syèl la te rezève anpil espri nòb—petèt, m ta kapab di, pi bon ekip li a—pou faz final sa a. Espri nòb sa yo—pi bon jwè sa yo, ewo sa yo—se noumenm!”

  33. Russell M. Nelson, kòmantè nan kòmansman “Timoun ak Jèn: Fasafas avèk Èldè Gerrit W. Gong,” Nov. 17, 2019, broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

  34. Prezidan Nelson te di: “Nou bezwen kite jèn nou yo dirije, patikilyèman sa ki aple epi ki resevwa mizapa pou sèvi nan prezidans klas ak prezidans kowòm yo. Yo resevwa otorite prètriz la pa delegasyon. Yo ap aprann kijan pou yo resevwa enspirasyon pou yo dirije klas yo oubyen kowòm yo” (nan “Children and Youth Introductory Video Presentation,” Sept. 29, 2019, ChurchofJesusChrist.org).

    Èldè Quentin L. Cook te di: “Yo mande jèn nou yo pou yo pran plis responsablite endividyèl nan jèn laj yo—san paran ak dirijan k ap entèfere nan fè sa jèn yo kapab fè pou tèt pa yo.” (“Adjustments to Strengthen Youth,” Liahona, Nov. 2019, 40).

  35. Prezidan George Q. Cannon te anseye: “Bondye te rezève pou dispansasyon sa a espri ki gen kouraje ak detèminasyon pou yo fè fas ak mond lan, ak tout pouvwa malen an, vizik ak envizib, pou pwoklame levanjil la epi kenbe laverite ak etabli ak bati Siyon Bondye nou an san yo pa pè okenn konsekans. Li voye espri sa yo nan jenerasyon sa a pou poze fondasyon Siyon pou l pa janm detwi, epi pou yo leve yon jenerasyon k ap jis, ki pral onore Bondye, epi onore Li kòm siprèm, epi obeyi li nan tout sikonstans” (“Remak,” Deseret News, 31 Me 1866, 203); gade tou Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 186.

  36. Mowoni 10:32.