Konferans Jeneral
Priyè Lafwa
Konferans Jeneral Avril 2020


Priyè Lafwa

Lè nou priye avèk lafwa, nou vin yon pati vital nan travay Senyè a pandan L ap prepare mond lan pou Dezyèm Vini L la.

Priyè Èldè Maynes la nan kòmansman premye sesyon konferans jeneral sa a jwenn repons li. Enspirasyon vin jwenn nou atravè mesaj mèveye ak bèl mizik. Pwomès Prezidan Russell M. Nelson an ki te di konferans sa a pral mayifik ak memorab la deja kòmanse akonpli.

Prezidan Nelson te deziye ane sa a kòm “yon peryòd bisantnè pou komemore 200 zan depi Bondye, Papa a ak Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri, te parèt devan Joseph Smith nan yon vizyon.” Prezidan Nelson te envite nou fè yon plan pèsonèl pou prepare tèt nou pou konferans istorik sa a, komemorasyon sa a, ke li te di ki t ap yon “pwen desizif nan istwa Legliz la, epi pati pa nou an vital.”1

Menmjan avè m, petèt, ou te tande mesaj li a epi ou te mande tèt ou, “Nan ki fason pati pa m nan vital?” Petèt, ou te li epi ou te priye sou evènman Retablisman yo. Petèt, plis pase ou te janm konn fè anvan sa, ou te li istwa sou epòk ekstraòdinè sa yo kote Bondye Papa a te prezante Pitit Gason Byenneme Li a. Petèt ou te li apwopo kèk sikonstans kote Sovè a te pale avèk pitit Papa nou ki nan Syèl yo. M konnen m te fè tout bagay sa yo.

M te jwenn referans pandan m t ap li konsènan prètriz Bondye ak sou kòmansman dispansasyon yo. M te touche anpil lè m te reyalize ke preparasyon m pou konferans sa a sete yon pwen vital nan istwa pèsonèl mwen. M te santi chanjman nan kè m. M te santi nouvo gratitid. M te santi m ranpli avèk lajwa nan pèspektiv ke yo t ap envite m patisipe nan selebrasyon Retablisman sa a k ap dewoule a.

M imajine ke lòt moun, gras a preparasyon yo te fè avèk prekosyon, santi yo pi kontan, pi optimis, epi pi detèmine pou yo sèvi nan nenpòt kapasite Senyè a bezwen.

Evènman piwo nivo nou onore yo sete kòmansman dènye dispansasyon ki te pwofetize a, kote Senyè a ap prepare Legliz Li a ak pèp Li a, moun ki pote non L yo, pou resevwa Li. Kòm yon pati nan preparasyon nou pou dezyèm vini Li a, Li pral soutni nou chak pou nou ka alawotè pwoblèm ak opòtinite spirityèl nou pa t janm konn wè nan istwa mond la.

An Septanm 1840, Pwofèt Joseph Smith ak konseye l yo nan Premye Prezidans lan te deklare bagay sa a: “Travay Senyè a nan dènye jou yo se yon gravay ki gen yon grandè imans e ki prèske depase konpreyansyon moun mòtèl. Glwa li depase deskripsyon epi grandè l enkonparab. Se tèm ki te anime kè pwofèt yo ak òm ki jis yo depi nan kreyasyon mond la, desann atravè chak jenerasyon youn apre lòt jis nan epòk sa a; epi se vrèman dispansasyon plenitid tan yo, kote tout bagay ki nan Jezikri, keseswa nan syèl la oubyen sou latè a, pral rasanble ansanm nan Li, epi lè tout bagay retabli, jan tout pwofèt sen yo te pale depi mond la te kòmanse a; paske se ladan l gwo pwomès glorye Li te fè zansèt yo pral akonpli, pandan manifestasyon pouvwa Toupuisan an pral gran, glorye, ak siblim.”

Yo te kontinye di: “Nou santi nou dispoze pou nou mache an avan epi pou nou ini enèji nou pou bati wayòm nan ak etabli Prètriz la nan plenitid yo ak glwa yo. Travay ki dwe akonpli nan dènye jou yo se yon travay ki gen yon pakèt enpòtans, epi ki pral mande enèji, ekspètiz, talan, ak kapasite Sen yo, pou l ka woule ansanm avèk glwa ak majeste Pwofèt [Danyèl] te dekri a [gade nan Danyèl 2:34–35, 44–45]; epi an konsekans, ki pral egzije konsantrasyon Sen yo, pou akonpli yon travay ki gen kalite lajè ak grandè sa a.”2

Anpil bagay spesifik nou pral fè ak lè nou pral fè yo nan Retablisman k ap dewoule a pako revele. Malgre sa, Premye Prezidans la, menm nan ansyen epòk sa yo, te deja konnen lajè ak pwofondè travay Senyè a plase devan nou an. Men kèk egzanp nan sa nou konnen ki pral pase:

Atravè Sen Li yo, Senyè a pral ofri kado levanjil Li a “a tout nasyon, lang, ak pèp.”3 Teknoloji ak mirak pral kontinye jwe yon wòl—menmjan avèk chak “pechè lèzòm”4 endividyèl ki ap sèvi avèk pouvwa ak lafwa k ap grandi.

Nou menm kòm yon pèp, nou pral vin pi ini nan mitan konfli k pral ogmante. Nou pral rasanble nan fòs spirityèl, an gwoup ak fanmi ki ranpli avèk limyè levanjil la.

Menm yon mond enkwayan pral rekonèt Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi pral reyalize ke pouvwa Bondye sou li. Disip ki brav ak fidèl, ki san krent, avèk imilite pral pran non Kris la sou yo ouvètman chak jou nan lavi yo.

Konsa, kouman nou chak pral fè pou patisipe nan travay ki gran anpil sa a? Prezidan Nelson anseye kouman pou nou grandi nan pouvwa spirityèl. Lè nou pran repantans kòm yon bèl opòtinite poutèt lafwa nou k ap grandi, pou fè nou konnen ke Jezi se Kris la, lè nou konprann ak kwè ke Papa nou ki nan syèl la tande chak priyè nou, lè nou fè efò pou obeyi ak viv kòmandman yo, nou grandi nan pouvwa nou pou nou resevwa revelasyon kontinyèl. Sentespri a ka tounen konpayon konstan nou. Yon santiman limyè ap rete avèk nou menm lè mond la vin pi fènwa alantou nou.

Joseph Smith se yon egzanp sou fason nou dwe grandi nan pouvwa spirityèl konsa. Li montre nou ke priyè avèk lafwa se kle revelasyon nan men Bondye. Li te priye avèk lafwa, paske l te kwè Papa Bondye t ap reponn priyè l. Li te priye avèk lafwa paske l te kwè ke se sèlman atravè Jezikri li te ka libere anba remò li te santi poutèt peche l yo. Epi l te priye avèk fwa, paske l te kwè li te bezwen jwenn vrè Legliz Jezikri a pou l te ka jwenn padon sa a.

Atravè ministè pwofetik li a, Joseph Smith te itilize priyè lafwa pou l te resevwa revelasyon kontinyèl. Lè n ap fè fas avèk difikilte epòk nou yo ak lòt difikilte ki gen pou vini yo, nou menm tou n ap bezwen pratike menm modèl la. Prezidan Brigham Young te di, “M pa konnen okenn lòt fason pou Sen Dènye Jou yo aji, eksepte pou chak fwa yo respire, respirasyon an tounen yon priyè devan Bondye pou gide ak dirije pèp li a.”5

Pawòl sa yo ki nan priyè sentsèn yo ta dwe yon deskripsyon pou lavi jounalye nou: “Toujou sonje Li.” “Li” refere, natirèlman a Jezikri. Lòt pawòl yo, “epi kenbe kòmandman li yo,” sijere kisa sa vle di pou nou sonje Li.6 Lè nou toujou sonje Jezikri, nou ta ka mande nan priyè nou an silans, “Kisa Li ta vle pou m fè?”

Se yon priyè konsa, ki te ofri avèk lafwa nan Jezikri, ki te entwodui dènye dispansasyon sa a. Epi li pral nan mitan wòl nou chak pral jwe nan devlòpman l k ap dewoule a. Menm jan avèk ou, m te jwenn bèl egzanp priyè konsa.

Premyeman, se Joseph Smith. Li te mande avèk yon fwa anfanten, kisa Bondye ta vle l fè. Repons Li a te chanje istwa mond la.

Pou mwen, yonn nan leson ki pi enpòtan yo soti nan reyaksyon Joseph la devan atak satan kont Joseph pandan l te ajenou pou l priye a.

M konnen daprè eksperyans pa m ke Satan ak sèvitè l yo ap eseye fè nou santi nou pa dwe priye. Lè Joseph Smith te egzèse tout pouvwa l pou l te rele Bondye pou delivre l anba pouvwa ki te eseye mare l la, priyè l te fè pou sekou a te jwenn repons epi Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri te parèt.

Tantativ Satan te fè pou l te anpeche kòmansman Retablisman an te serye konsa paske priyè Joseph la te gen enpòtans kapital. Oumenm avèk mwen pral gen pi piti wòl pou nou jwe nan Retablisman an. Malgre sa, ènmi Retablisman an pral eseye anpeche nou priye. Lafwa Joseph ak detèminasyon l ka ranfòse nou nan rezolisyon nou. Se yonn nan anpil rezon ki fè, nan priyè m yo, m remèsye Papa nou ki nan syèl la pou Joseph Smith.

Enòs, nan Liv Mòmon a, se yon lòt modèl sou priyè lafwa mwen pandan m ap eseye jwe wòl mwen nan Retablisman k ap kontinye a. Kèlkeswa wòl ou pral genyen, ou ta dwe pran l kòm modèl ou tou.

Tankou Joseph, Enòs te priye avèk lafwa. Li te dekri eksperyans li a konsa:

“Epi, nanm mwen te grangou; e m te ajenou devan Kreyatè m nan, e m te kriye nan pye l nan gwo priyè ak siplikasyon pou nanm mwen; e m te kriye nan pye l tout lajounen; wi, lè l te nan nwit m te toujou leve vwa m wo jistan l te touche syèl la.

“Epi yon vwa te vin jwenn mwen, li di: Enòs, peche w yo padone, e w ap beni.

“Epi mwen menm Enòs, m te konnen Bondye pa t kapab bay manti.

“Epi m te di: Senyè a, kouman sa fè fèt?

Epi li te di m: Poutèt lafwa w nan Kris la, ou pa t janm tande oubyen wè anvan sa. Epi anpil ane pase anvan li prezante tèt li nan kò fizik la; se poutèt sa, ou mèt ale, lafwa w geri w.”7

Leson ki te beni m nan, li nan pawòl sa yo: “Poutèt lafwa w nan Kris la, ou pa t janm tande oubyen wè anvan sa.”

Joseph te gen lafwa nan Kris la pou l t ale nan forè pyebwa a epi tou pou l te priye pou l te ka delivre anba pouvwa Satan. Li pa t ko wè Papa a ak Pitit gason an, men, li te priye avèk tout enèji kè li.

Eksperyans Enòs la aprann mwen menm leson presye a. Lè m priye avèk lafwa, m gen Sovè a kòm avoka m devan Papa a epi m ka santi priyè m yo rive nan syèl la. Repons yo vini. Benediksyon resevwa. Gen lapè ak lajwa, menm nan tan difisil.

M sonje lè m te manm ki te pi nouvo a nan Kolèj Douz Apot yo, m te ajenou nan priyè avèk Elder David B. Haight. Li te gen apeprè laj mwen genyen kounyeya, avèk difikilte m ap fè eksperyans yo kounyeya. M sonje vwa l pandan l t ap priye a. M pa t ouvri je m pou m te gade, men vwa l te sonnen tankou l t ap souri. Li te pale ak Papa nou ki nan syèl la avèk lajwa nan vwa li.

M ka tande nan panse m jan kè I te kontan lè l te di, “Nan non Jezikri” a. Sete kòmsi Eldè Haight te santi Sovè a t ap afime nan moman sa a mesaj li te priye a. Epi m te konnen li te resevwa l avèk yon souri.

Kapasite nou pou nou fè kontribisyon vital nou nan Retablisman mèveye k ap kontinye a pral ogmante pandan lafwa nou nan Jezikri kòm Sovè nou ak nan Papa nou ki nan syèl la kòm Papa nou ap grandi tou. Lè nou priye avèk lafwa, nou vin yon pati vital nan travay Senyè a pandan L ap prepare mond lan pou Dezyèm Vini li a. M priye pou nou tout ka jwenn lajwa nan fè travay Li envite nou chak pou nou fè a.

M konnen Jezikri vivan. Sa a se legliz Li ak wayòm Li sou latè a. Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an. Russell M. Nelson se pwofèt Senyè a sou tè a jodia. Li gen tout kle prètriz yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nan non Jezikri, Amèn.