Konferans Jeneral
Kòman prètriz la beni Jèn yo
Konferans Jeneral Avril 2020


Kijan prètriz la beni jèn yo

Atravè prètriz la, nou ka pran fòs. Prètriz la pote limyè nan mond nou an.

Men rekonesan pou m la a avèk nou. Lè mwen te fèk konnen ke mwen t ap gen opòtinite pou m pale avèk nou jodia, mwen te santi m kontan anpil men, an menm tan, sa te fè m enb anpil Mwen te pase anpil tan kalkile kisa m ta ka patatje, e mwen espere ke Lespri a ap pale avèk nou direkteman atravè mesaj mwen an.

Nan Liv Mòmon an, Leyi bay chak pitit gason l yo yon benediksyon avan li mouri, ki ede yo wè fòs yo ak potansyèl etènèl yo. Se mwen ki pi piti nan uit timoun, epi ane pase mwen sete sel pitit ki te lakay la pou la premyè fwa. Sa te difisil pou mwen pou m pa toujou gen frè m ak sè m yo bò kote m. Te gen nuit kote m te santi m chagrin anpil. Mwen rekonesan pou paran mwen ki te eseye tout sa yo kapab pou ede mwen. Yon egzanp sou sa se lè papa m te ofri pou l te ban mwen yon benediksyon prètriz pou rekonfò pandan yon tan ki te patikilyèman difisil. Apre benediksyon l la, bagay yo pa t chanje tousuit, men mwen te ka santi lapè ak lanmou Pè Selès mwen an ak papa m gen pou mwen. Mwen santi m beni pou mwen genyen yon papa ki diy ki ka ban m benediskyon prètriz nenpòt lè m bezwyen epi ki ede mwen wè fòs mwen ak potansyèl etènèl mwen, menm jan Leyi te fè lè l te beni pitit li yo.

Kèlkeswa sikonstans ou, ou ka toujou gen aksè nan benediskyon prètriz yo. Atravè manm fanmi, zanmi, frè sèvis pastoral, dirijan prètriz, ak yon Papa nan Syèl la ki p ap janm lage ou, ou ka resevwa benediksyon prètriz yo. Èldè Neil -L Andersen te di: Benediskyon prètriz yo enfiniman pi gran pase moun yo mande pou administre don an. … Lè nou diy, òdonans prètriz yo ka anrichi lavi nou.”

Pa ezite mande yon benediskyon prètriz lè w bezwen plis gidans. Se nan moman difisil nou yo nou bezwen Lespri a pou ede nou plis. Pa gen moun ki pafè epi nou tout fè eksperyans ak difikilte. Kèk nan nou ka soufri avèk enkyetid, depresyon, adiksyon, oswa avèk santiman ke nou pa bon ase. Benediksyon prètriz yo ka ede nou simonte difikilte sa yo epi resevwa lapè pandan nou ap avanse nan lavni. Mwen espere ke n ap fè efò pou nou viv diy pou nou resevwa benediksyon sa yo.

Yon lòt jan prètriz la beni nou se atravè benediksyon patriyakal. Mwen aprann pou m al li benediskyon patriyakal mwen nenpòt lè m santi m tris oswa solitè. Benediksyon m nan ede m wè potansyèl mwen ak plan espesifik Bondye genyen pou mwen an. Li konsole m ak ede m wè pi lwen pase pèspektif mwen sou tè a. Li fè m sonje don m yo ak benediskyon mwen pral resevwa si m viv diy. Sa ede m sonje ak santi mwen an pè paske Bondye ap bay repons ak louvri pòt pou mwen nan moman egzak la lè m bezwen sa plis la.

Benediksyon Patriyakal yo ede nou prepare nou pou nou retounen al viv avèk Papa nou ki nan syèl la. Mwen konnen ke benediksyon patriyakal soti nan Bondye epi yo ka ede nou tounen feblès nou yo pou fè yo vin fòs. Se pa mesaj yon divinò ap ba nou yo ye; benediksyon sa yo di nou sa nou bezwen tande. Yo se tankou yon Lyawona pou chak grenn nan nou. Lè nou mete Bondye anpremye epi nou gen lafwa nan Li, L ap gide nou atravè pwòp dezè pa nou.

Menm jan Bondye te beni Joeph Smith avèk prètriz la afenke benediksyon levanjil yo te ka retabli a, se konsa tou nou ka resevwa benediskyon levanjil yo nan lavi nou atravè prètriz la. Chak semèn nou gen privilèj ak opòtinite pou nou pran sentsèn. Atravè òdonans prètriz sa a, nou ka toujou gen Lespri a avèk nou, ki ka netwaye ak pirifye nou. Si nou santi nou bezwen elimine yon bagay nan lavi nou, cheche yon lidè nou fè konfyans pou ede nou retounen sou bon chemen an. Lidè nou yo ka ede nou gen aksè nan tout pouvwa Ekspyasyon Jezikri a.

Gras ak prètriz la, nou ka resevwa benediksyon òdonans tanp yo tou. Depi lè m te ka antre nan tanp lan, mwen te fè l vin yon bi ak yon priyorite pou mwen ale regilyèman. Lè mwen pran tan epi m fè sakrifis ki nesesè pou m ka pi pre Papa m ki nan Syèl la nan kay sakre L la, mwen jwenn benediksyon pou m resevwa revelasyon ak enspirasyon ki vrèman ede m pandan lavi mwen.

Atravè prètriz la, nou ka pran fòs. Prètriz la pote limyè nan mond nou an. Èldè Robert D Hales te di: “San pouvwa prètriz la, tout tè a t ap gaspiye” (gade D&A 2:1- 3). Pa t ap gen ni limyè, ni esperans—sèlman fènwa.”2

Bondye ap ankouraje nou. Li vle nou retounen al jwenn ni. Li konnen nou pèsonèlman. Li konnen ou. Li renmen nou. Li toujou ap veye sou nou ak beni nou menm lè nou santi nou pa merite sa. Li konnen sa nou bezwen ak kilè nou bezwen l.

“Mande, y ap ba nou; chèche, n ap jwenn; frape, epi y ap louvri ba nou:

“Paske tout moun ki mande resevwa; epi moun ki chèche yo jwenn, epi moun ki frape yo, yo louvri pou yo.” (Matye 7:7–8).

Si w poko gen yon temwayaj konsenan prètriz la, mwen ankourake w pou w priye epi mande pou w konnen pou tèt pa w konsènan pouvwa li epi apresa li ekriti yo pou w tande pawòl Bondye. Mwen konnen ke si nou fè efò pou nou fè eksperyans ak pouvwa prètriz Bondye a nan lavi nou, n ap beni. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Neil L. Andersen, “Pouvwa nan Prètriz la,” Liahona, Nov. 2013, 92.

  2. Robert-D. Hales “Benediksyon Prètriz yo,” Ensign, Nov. 1995, 32.