Konferans Jeneral
Vini Jwenn Kris la—Viv tankou Sen Dènye Jou
Konferans Jeneral Avril 2020


Vini Jwenn Kris la—Viv tankou Sen Dènye Jou

Tankou Nefi, nou ka fè bagay ki difisil ak ede lòt moun fè menmjan an tou, paske nou konnen nan kimoun pou nou kwè a.

Mèsi, Eldè Soares pou temwayaj puisan, enspiran, ak pwofesik ou sou Liv Mòmon an. Resamman, m te gen yon opòtinite eksepsyonèl pou m kenbe yon paj nan maniskri orijinal Liv Mòmon an. Nan paj paytikilye sa a, pou premye fwa nan dispansasyon sa a, pawòl kare Nefi yo te ekri: “M prale e m ap fè bagay Senyè a kòmande yo, paske m konnen Senyè a pa bay pitit lèzòm okenn kòmandman san li pa prepare yon mwayen pou yo kapab akonpli bagay li kòmande yo.”1

Imaj
Paj maniskri orijinal Liv Mòmon an

Pandan m te kenbe paj sa a, m te ranpli avèk yon apresyasyon pwofon pou efò jèn gason 23 zan an, Joseph Smith, ki te tradui Liv Mòmon an avèk “don ak pouvwa Bondye.”2 M te santi apresyasyon tou pou pawòl jèn gason an, Nefi, yo te mande pou akonpli yon devwa ki trè difisil pou l pran plak eren yo nan men Laban.

Tankou Joseph, Nefi te konnen, si l te kontinye rete konsantre sou Senyè a, li t ap ka akonpli kòmandman sa a avèk siksè. Nefi te rete konsantre sou Sovè a pandan tout lavi li malgre l te soufri tantasyon, tribilasyon fizik, ak menm trayizon nan men kèk nan fanmi pwòch li.

Nefi te konnen nan ki Moun pou l konfye l.3 Yon ti tan apre l te rele “O m se yon nonm mizerab! Wi, kè m’ pran lapenn poutèt kò m,”4 Nefi te di, “Bondye m nan sete sipò m; li te kondi m atravè afliksyon m yo nan dezè a; epi l te prezève m sou dlo lanmè fon an.”5

Kòm disip Kris la, Li pa epaye nou anba difikilte ak tribilasyon nan lavi nou. Yo sovan egzije pou nou fè bagay ki difisil, bagay, si nou ta eseye fè yo poukont nou, ki t ap simonte nou epi ki t ap menm enposib. Si nou aksepte envitasyon Sovè a pou nou “vin jwenn ni,”6 an, L ap ba nou sipò, rekonfò, ak lapè ki nesesè a, jan L te fè pou Nefi ak Joseph la. Men nan pi move tribilasyon nou yo, nou ka santi anbrasman chalere amou Li pandan n ap fè L konfyans ak aksepte volonte L Nou ka eksperimante lajwa ki rezève pou disip fidèl Li yo, paske Kris la se lajwa.”7

An 2014, pandan m t ap preside sou yon misyon, fanmi nou an te fè yon eksperyans kèk evènman nou pat atann. Pandan nou t ap vwayaje desann yon mòn apik, pi jèn pitit gason nou an te tonbe epi l te sibi yon domaj fatal nan sèvo. Pandan sitiyasyon l t ap deteryore, pwofesyonèl medikal yo te depeche yo pote l nan ijans lopital pou operasyon.

Fanmi nou an te ajenou atè nan chanm vid lopital la epi nou te ouvri kè nou bay Bondye. Nan mitan konfizyon ak moman tristès sa a, nou te ranpli avèk amou ak lapè Papa nou ki nan syèl la.

Nou pa t konnen ki sa k te nan lavni oubyen si nou t ap wè pitit gason nou an vivan ankò. Nou te konnen klèman ke lavi l te nan men Bondye, epi rezilta a, nan yon pèspektif etènèl, t ap fèt bou byen l oubyen byen pou pa nou. Atravè don Lespri a, nou te totalman pare pou nou aksepte nenpòt sa k te rive.

Li pa t fasil. Aksidan an te lakoz yon sejou de mwa nan lopital pandan nou t ap prezide sou 400 misyonè aplentan. Pitit gason nou an, nan eksperyans sa a, te pèdi memwa l anpil. Konvalesans li te egzije sesyon terapi fizik, terapi langaj, ak okipasyonèl ki ti long ak difisil. Difikilte yo te rete, men apre anpil tan nou te temwen yon mirak.

Nou konprann ke se pa tout tribilasyon nou fè fas ki pral gen rezilta nou swete a. Sepandan, lè nou rete konsantre sou Kris la, nou santi lapè epi nou wè mirak Bondye, kèlkeswa mirak yo, nan tan pa Li ak nan fason pa Li.

Pral gen kèk tan kote nou pap ka wè onkenn fason pou sitiyasyon aktyèl nou an pral fini byen epi nou ka menm eksprime, tankou Nefi, “Kè m’ pran lapenn poutèt kèò m.”8 Ka gen kèk tan lè sèl esperans nou genyen se nan Jezikri. Se yon gran benediksyon lè nou gen esperans sa a ak konfyans sa a nan Li. Kris la se Moun k ap toujou kenbe pwomès Li. Repo Li a asire pou tout moun ki vini, jwenn Li.9

Dirijan nou yo vle pou nou tout santi lapè ak rekonfò ki vini nan lè nou kwè epi nou konsantre nou sou Sovè a Jezikri.

Pwofèt vivan nou an, Prezidan Russell M. Nelson, kominike nou vizyon Senyè a pou mond lan ak pou manm yo nan Legliz Kris la: “Mesaj nou pou mond lan senp ak sensè: nou envite tout pitit Bondye nan toulède bò vwal la pou yo vin jwenn Sovè yo a, resevwa benediksyon tanp sakre yo, jwenn lajwa k ap dire, ak kalifye yo pou lavi etènèl.”10

Envitasyon sa a pou “vini jwenn Kris la” gen enplikasyon presi pou Sen Dènye Jou yo.11 Kòm manm Legliz Sovè a, nou fè alyans avèk Li epi nou vin tounen pitit gason ak pitit fi literal spirityèl Li.12 Nou resevwa opòtinite pou nou travay tou avèk Senyè a pou nou envite lòt moun vini jwenn Li.

Pandan n ap travay avèk Kris la, efò pi pwofon ki konsantre nou an ta dwe sou lakay pa nou. Pral gen kèk tan lè manm nan fanmi nou ak bon zanmi nou pral fè fas devan difikilte. Vwa mond lan, ak petèt volonte pa yo, ta ka lakoz yo kesyone laverite a. Nou ta dwe fè tout sa ki posib pou fè yo santi ni amou Sovè a ak amou pa nou. M raple m kantik “Aime vos Frères” ki anseye nou, “Les hommes sauront qui sont mes disciples, si vous vous aimez les uns les autres.”13

Nan amou nou pou moun k ap kesyone laverite a, ènmi tout lajwa yo ka eseye fè nou santi ke nou trayi moun nou renmen yo, si noumenm nou kontinye viv plenitid levanjil la ak anseye verite laverite l yo.

Kapasite nou pou enfliyanse lòt moun, pou vini jwenn Kris la oubyen retounen vini jwenn Kris la pral detèmine grandman a angajman pèsonèl nou, pou nou rete sou chemen alyans la.

Si vrè volonte nou se pou sove moun nou renmen yo, nou menm, nou dwe rete fèm avèk Kris la, pou anbrase Legliz Li a ak plenitid levanjil Li a.

Pou nou retounen sou istwa Nefi a, nou konnen se predispozisyon paran Nefi yo, pou yo konfye yo nan Senyè a, ak egzanp yo nan kenbe alyans yo, ki te enfliyanse enklinasyon Nefi pou l kwè nan Senyè. Bagay sa a egzanplifye byen nan vizyon pyebwa lavi a. Apre l te fin manje nan fui dous ki bay jwa ki nan byebwa a, Leyi te “vire je [l] toupatou,petèt pou [l] te kapab dekouvri fanmi [l].”14 Li te wè Sariya, Sam, ak Nefi kanpe “tankou yo pat konnen kote pou y’ale.”15 Leyi te di konsa, “M te fè yo siy epi m te di yo avèk yon vwa fò, pou yo vin’ jwenn mwen, pou yo te kapab manje nan fwi a.”16 Silvouplè, remake ke Leyi pat kite pyebwa lavi a. Li te rete avèk Senyè a spirityèlman epi l te envite fanmi l yo pou yo vini bè kote li te ye a pou yo te ka manje nan fwi a.

Advèsè ap pouse kèk moun pou yo separe yo ansèyman Kris la bay yo de Legliz Li a, pou yo ka kite lajwa levanjil la. Li ta vle nou kwè nou ka rete fèm sou santye alwans la poukont nou, atravè spirityalite pa nou, endepandan de Legliz la.

Nan dènye jou sa yo, Legliz Kris la te retabli pou ede pitit alyans Kris yo rete sou chemen alyans Li a.

Nan Doktrin ak Alyans yo nou li, “Gade, se doktrin mwen an sa—nenpòt moun ki repanti epi ki vin jwenn mwen, moun sa a se legliz mwen an.”17

Atravè Legliz Kris la sou latè a, nou ranfòse atravè eksperyans kòm yon kominote Sen. Nou tande vwa Li atravè pwofèt, vwayan, ak revelatè Li yo. Sa ki pi enpòtan an, se atravè Legliz Li a nou jwenn benediksyon esansyèl Sakrifis Ekspyatwa Kris la, ki ka sèlman reyalize atravè patisipasyon nan òdonans sent sèn yo.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Kris la sou latè a, ki te retabli nan dènye jou sa yo pou benefis tout pitit Bondye yo.

M rann temwayaj ke lè nou “vini, jwenn Kris la” epi nou viv tankou Sen Dènye Jou, n ap beni avèk yon mezi adisyonèl amou Li, lajwa Li, ak lapè Li. Tankou Nefi, nou ka fè bagay ki difisil ak ede lòt moun fè menmjan an tou, paske nou konnen nan kimoun pou nou kwè a.19 Kris la se limyè nou, lavi nou, ak sali nou.19 Nan non Jezikri, Amèn.