Konferans Jeneral
Benediksyon Revelasyon Kontinyèl pou Pwofèt yo ak Revelasyon Pèsonèl pou Gide Lavi Nou
Konferans Jeneral Avril 2020


Benediksyon Revelasyon Kontinyèl pou Pwofèt yo ak Revelasyon Pèsonèl pou Gide Lavi Nou

Mwen deklare avèk tout solanite m ke revelasyon kontini te resevwa epi ap kontinye resevwa atravè kanal Senyè a etabli.

Jodia, mwen pral pale de revelasyon kontinyèl pou pwofèt ak revelasyon pèsonèl kontinyèl pou gide lavi nou.

Pafwa nou resevwa revelasyon menm lè nou pa konn bi Senyè a. Yon ti bout tan anvan yo te aple Èldè Jeffrey R. Holland kòm Apot an Jen 994, m te fè yon bèl eksperyans revelasyon ki te fè m konnen yo ta pral aple li. Mwen te yon reprezantan rejyonal epi pa t ka wè pou ki rezon m te resevwa konesans sa a. Men nou sete konpayon lè nou te jèn misyonè an Angletè nan kòmansman ane 1960 yo, epi m te gen yon gwo amou pou li. M te konsidere eksperyans lan kòm yon mizèrikòd pou mwen. Nan ane k sot pase yo, m konn ap mande m si Senyè a t ap prepare m pou m te vin jinyò nan Douz yo pou yon konpayon misyonè ekstraòdinè ki te jinyò konpayon m lè nou te jèn misyonè.1 Pafwa m konn avèti jèn misyonè yo pou yo janti avèk jinyò konpayon yo paske yo pa janm konn kilè konpayon sa yo ka vin senyò konpayon yo.

Mwen gen yon temwayaj fèm ke Legliz retabli sa a dirije pa Sovè nou an, Jezikri. Li konn kiyès pou L aple kòm Apot Li, ak nan ki lòd pou L aple yo. Epitou, Li konn kijan pou prepare Apot senyò L la pou l vin pwofèt ak Prezidan Legliz la.

Nou te gen benediksyon maten an pou n te tande pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, delivre yon pwoklamasyon pwofon sou bisantnè a pou mond lan konsènan Retablisman plenitid levanjil Jezikri a.2 Deklarasyon enpòtan sa a Prezidan Nelson te fè a rann klè ke Legliz Jezikri a dwe orijin ni, egzistans li, ak direksyon pou lefiti a nan prensip revelasyon kontinyèl la.3 Nouvo pwoklamasyon an reprezante yon kominikasyon yon Papa eman bay Pitit Li.

Kèk ane anvan, Prezidan Spencer W. Kimball te eksprime santiman m genyen yo jodia. Li te deklare: “Pami tout bagay, ke … nou dwe pi rekonesan pou yo gen lefèt ke syèl la anfèt ouvè epi legliz retabli Jezikri a fonde sou wòch revelasyon. Revelasyon kontinyèl se anfèt veritab eleman vital levanjil Senyè ak Sovè vivan an, Jezikri.”4

Pwofèt Enòk te predi epòk n ap viv la. Senyè a te fè Enòk wè gwo mechanste ki t ap egziste epi li te pwofetize sou “gw tribilasyon” ki t ap gen pou rive. Men, Senyè a te pwomèt: “men m ap prezève pèp mwen an.”5 “Epi m pral voye lajistis desann soti nan syèl la; epi m pral voye verite a soti nan tè a, pou rann temwayaj konsènan Sèl Pitit Gason Literal mwen an.”6

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye avèk puisan ke Liv Mòmon an, kle relijyon nou an, te parèt sou tè a pou akonpli deklarasyon Senyè a te fè Enòk la. Papa a ak Pitit Gason an ak zanj ak pwofèt ki te parèt devan Joseph Smith yo te “dirije soti nan syèl la pou retabli pouvwa ki nesesè yo pou wayòm nan.”7

Pwofèt Joseph Smith te resevwa revelasyon sou revelasyon. Gen kèk yo te pale pandan konferans sa a. Gen anpil nan revelasyon Pwofèt Joseph te resevwa yo ki te prezève pou nou nan Doktrin ak Alyans yo. Tout liv kanonik yo nan Legliz la gen espri ak volonte Senyè a pou nou nan dènye dispansasyon sa a.8

Anplis gwo ekriti fondamantal sa yo, nou gen benediksyon revelasyon kontinyèl pou pwofèt vivan yo. Pwofèt yo se “ajan” Senyè a, ki otorize pou yo pale pou Li.”9

Gen kèk revelasyon ki gen enpòtans enòm, epi gen lòt ki ogmante konpreyansyon nou sou verite esansyèl yo epi ki bay gidans pou epòk nou an.10

Nou rekonesan anpil pou revelasyon Prezidan Spencer W. Kimball te resevwa pou bay prètriz la ak benediksyon tanp yo a tout gason ki diy nan Legliz la jou 8 Jen 1978 la.11

M te sèvi avèk anpil nan Douz ki te prezan yo epi ki te patisipe lè yo te resevwa revelasyon presye sa a. Chak nan yo, nan konvèsasyon pèsonèl, te konfime pouvwa ak gidans spirityèl Prezidan Kimball ke yo te fè eksperyans lan. Anpil moun di sete revelasyon ki te pi puisan yo te resevwa anvan oubyen apre moman sa a.12

Sila nan pami nou yo k ap sèvi aktyèlman nan Kolèj Douz Apot yo te gen benediksyon nan epòk pa nou an pou n te wè revelasyon siyifikan ki te vini atravè pwofèt resamman.13 Prezidan Russell M. Nelson te yon ajan Senyè a espesyalman nan zafè revelasyon pou ede fanmi yo bati sanktyè lafwa nan fwaye yo, pou rasanble Izrayèl sou toulède bò vwal la, ak pou beni manm dote yo nan zafè òdonans sakre yo.

Lè yo te anonse chanjman enpòtan pou beni fwaye nou yo nan konferans jeneral Oktòb 2018 la, mwen te temwaye “ke an deliberasyon avèk Kosèy Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz yo nan tanp, … apre pwofèt byeneme nou an te fin mande Senyè a revelasyon …, nou tout te resevwa yon konfimasyon puisan.”14

Nan moman sa a, gen lòt revelasyon konsènan òdonans sakre tanp yo ki te resevwa men ki pa t anonse ni enplante.15 Gidans sa a te kòmanse avèk revelasyon pwofesik endividyèl Prezidan Nelson te resevwa ak konfimasyon puisan pou moun ki t ap patisipe nan pwosesis la. Prezidan Nelson te espesifikman enplike sè ki prezide sou òganizasyon Sosyete Sekou, Jènfi, ak Primè yo. Gidans final la, nan tanp lan, Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te resevwa a te pwofondeman spirityèl e puisan. Nou chak te konnen nou te resevwa espri, volonte, ak vwa Senyè a.16

Mwen deklare avèk tout solanite m ke revelasyon kontini te resevwa epi ap kontinye resevwa atravè kanal Senyè a etabli. Mwen temwaye ke nouvo pwoklamasyon Prezidan Nelson te delivre maten an se yon revelasyon pou beni tout moun.

Nou Lanse yon Envitasyon A Tout moun k ap Fè Festen sou Tab Senyè a

Epitou, nou deklare dezi sensè nou pu nou reyini avèk sa k ap lite ak temwayaj yo, sa k inaktif yo, oubyen ki te mande pou retire non yo nan rejis Legliz la. Nou vle fè festen avèk ou, “selon pawòl Kris la,” sou tab Senyè a, pou aprann tout bagay nou tout dwe fè.17 Nou bezwen ou! Legliz la bezwen ou! Senyè a renmen ou! Priyè sensè nou se pou w vin ini avèk nou nan adore Sovè mond lan. Nou konnen gen kèk nan nou ki petèt te sibi ofans, mechanste, oswa lòt konduit ki pa kretyen. Nou konnen tou ke kèk nan nou gen pwoblèm ak lafwa yo ke moun pa totalman apresye, ni konprann, ni rezoud.

Kèk nan manm ki pi vanyan ak pi fidèl nou yo soufri yon pwoblèm ak lafwa yo pou yon rezon kèlkonk. Mwen renmen resi vrè sou W. W. Phelps la, ki te abandone Legliz la epi ki te temwaye kont Joseph Smith nan yon tribinal nan Missouri a. Apre l te fin repanti, li te ekri Joseph: “Mwen konn sitiyasyon m, ou konnen li, epi Bondye konnen l, e m vle sove si zanmi m yo ap ede mwen.”18 Joseph te padone li, li te remete l nan travay la, epi li te ekri avèk amou: “Zanmi toudabò yo se zanmi ankò alafen ”19

Frè m ak sè m yo, kèlkeswa sitiyasyon nou, tanpri konnen ke Legliz la ak manm li yo ap akeyi nou si nou retounen!

Revelasyon Pèsonèl pou Gide Lavi nou

Revelasyon pèsonèl disponib pou tout moun ki ap enbleman chèche gidans nan men Senyè a. Li osi enpòtan ke revelasyon pwofesik. Revelasyon pèsonèl nan men Sentespri a lakoz dè milyon moun resevwa temwayaj ki nesesè pou yo batize ak konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Revelasyon pèsonèl se benediksyon pwofon nou resevwa apre batèm lè nou “sanktifye lè nou resevwa Sentespri a.”20 Mwen ka sonje yon revelasyon spirityèl espesyal m te resevwa lè m te gen 15 zan. Frè presye m nan t ap chèche gidans nan men Senyè a pou konn kijan pou l te reponn papa m, ki pa t vle frè m nan al sèvi yon misyon. Mwen te priye avèk entansyon sensè epi m te resevwa revelasyon pèsonèl sou verasite levanjil la.

Wòl Sentespri a

Revelasyon pèsonèl baze sou verite senp nou resevwa nan men Sentespri a.21 Sentespri a se revelatè ak moun ki temwaye tout verite a, espesyalman osijè Sovè a. San Sentespri a, nou pa ka vrèman konnen ke Jezi se Kris la. Wòl enpòtan li se rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an ak Tit yo ak Laglwa yo.

Sentespri a ka enfliyanse tout moun nan yon fason puisan.22 Enfliyans sa a p ap konstan si yon moun pa batize e resevwa don Sentespri a. Sentespri a sèvi kòm ajan pwòpte tou nan pwosesis repantans ak padon an.

Lespri a kominike nan fason ki mèveye. Senyè a te itilize bèl deskripsyon sa a:

“Wi, gade, m ap pale ou nan lespri ou ak nan kè ou, pa mwayen Sentespri a, ki pral vini sou ou epi ki pral rete nan kè ou.

“Kounyeya, gade, sa se lespri revelasyon an”22

Malgre enpak li kapab enkwayableman puisan, li pi souvan vini trankilman kòm yon ti vwa dous, piti.23 Ekriti yo gen anpil egzanp sou fason Lespri a enfliyanse lespri nou, enkli pale lapè nan lespri nou,24 okipe lespri nou,25 eklere lespri nou,26 e menm yon vwa nan lespri nou.27

Gen kèk prensip ki prepare nou pou nou resevwa revelasyon ki enkli:

  • Priye pou gidans spirityèl. Ak reverans e enbleman, nou bezwen chèche epi mande28 epi gen pasyans ak soumisyon.29

  • Prepare pou enspirasyon. Sa mande pou nou an amoni avèk ansèyman Senyè a bay yo epi annakò avèk kòmandman L yo.

  • Pran Sentsèn diyman. Lè nou fè sa, nou temwaye epi nou fè alyans avèk Bondye ke nou non Pitit Gason L lan sou tèt nou epi nou sonje Li epi n ap kenbe kòmandman L yo.

Prensip sa yo prepare nou pou nou resevwa, rekonèt, ak suiv enspirasyon ak gidans Sentespri a. Sa enkli “bagay pezib … ki pote lajwa [ak] … lavi etènèl yo.”30

Preparasyon spirityèl nou grandman ogmante lè nou etidye ekriti yo ak verite levanjil yo regilyèman epi nou medite nan lespri nou sou gidans n ap chèche a. Men sonje pou nou gen pasyans epi mete konfyans nan tan Senyè a. Se yon Senyè omnisyan ki ba nou gidans lè Li “chwazi deliberman pou fòme nou.”31

Revelasyon nan Apèl nou ak Tach nou

Sentespri a ap ba nou revelasyon pou apèl nou ak tach nou yo tou. Nan eksperyans pa m, gidans spirityèl siyifikan yo pi souvan vini lè n ap eseye beni lòt moun nan ranpli responsablite nou.

Mwen ka sonje lè m te yon jèn evèk, mwen te resevwa yon apèl dezespere nan men yon koup, yon ti bout tan anvan m te gen pou m te pran yon avyon pou m t al regle yon biznis. Mwen te sipliye Senyè a anvan yo te vini pou m te ka konn kijan pou m te beni yo. Mwen te resevwa revelasyon sou nati pwoblèm nan ak repons mwen te dwe bayo. Gidans pa revelasyon sa a te pèmèt mwen ranpli responsablite sakre apèl mwen kòm evèk la malgre tan trè limite m te gen disponib la. Evèk nan tout mond lan pataje menm kalite eksperyans sa yo avèk mwen tou. Lè m te prezidan pieu, m te non resevwa revelasyon enpòtan men m te resevwa koreksyon pèsonèl enpòtan tou ki te nesesè pou m te akonpli bi Senyè a.

Mwen asire nou ke nou chak kapab resevwa gidans pa revelasyon sa a si nou travay enbleman nan jaden Senyè a. Pifò nan gidans yo soti nan Sentespri a. Pafwa epi pou kèk rezon, li vini dirèkteman de Senyè a. Mwen temwanye pèsonèlman ke se verite. Gidans pou Legliz la, annantye, vin jwenn Prezidan ak pwofèt Legliz la.

Noumenm, kòm Apot aktyèl, nou te gen privilèj pou n travay ak vwayaje avèk pwofèt aktyèl nou an, Prezidan Nelson. M ap repete sa Wilford Woodruff te di apwopo Pwofèt Joseph Smith la; li egalman vrè pou Prezidan Nelson tou. Mwen temwen “travay Lespri Bondye a avèk li, ak revelasyon Jezikri ba li ak akonplisman revelasyon sa yo.”33

Enb priyè m jodia se pou nou chak chèche revelasyon kontiny pou gide lavi nou epi pou nou suiv Lespri a pandan ap adore Bondye Papa a nan non Sovè nou an, Jezikri, konsènan Li mwen rann temwayaj mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. An 1960 lè laj pou sèvi misyon pou jènjan yo te redui soti 20 rive nan 19 an, mwen sete youn nan dènye sa k te gen 20 an yo; Èldè Jeffrey R.Holland sete youn nan premye 19 an yo.

  2. Gade “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan,” nan Russell M. Nelson, “Koute L,” Liahona, Me 2020, 91. Pwoklamasyon sa a rejwenn senk lòt ki te delivre nan dispansasyon sa a pa Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball (2006), 243; gade tou Matye 16:13–19.

  4. Moyiz 7:61

  5. Moyiz 7:62 Senyè a te kontinye: “Epi m pral fè lajistis ak verite bale tè a menm jan delij la te fè a, pou frasanble moun m chawzi yo nan kat kwen tè a” (Moyiz 7:62gade tou Som 85:11

  6. Ezra Taft Benson,“Don Revelasyon Modèn nan,” Ensign, Nov. 1986, 80.

  7. Gade Ezra Taft Benson, “Don Revelasyon Modèn nan,” 80.

  8. Hugh B. Brown, “Joseph Smith among the Prophets” (Sixteenth Annual Joseph Smith Memorial Sermon, Logan Institute of Religion, Dec. 7, 1958), 7.

  9. Gade Hugh B. Brown, “Joseph Smith among the Prophets,” 7. Nan tout ka sa yo, revelasyon yo an amoni avèk pawòl Bondye te bay ansyen pwofèt yo.

  10. Gade Deklarasyon Ofisyèl 2; gade tou 2 Nefi 26:33. Revelasyon an te enplante doktrin ki tabli nan Liv Mòmon an ki di “tout moun egal devan Bondye” a, enkli “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi” (2 Nefi 26:33). Revelasyon remakab sa a te resevwa ak konfime nan sal sakre Tanp Salt Lake la pa Konsèy Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo.

  11. Anpil nan Apot yo te endike ke revelasyon an te sitèlman puisan ak si sakre ke pa gen okenn mo yo ka itilize pou dekri li ki t ap sifi epi, nan yon fason, t ap diminnye nati pwofon ak puisan revelasyon an.

  12. Gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” Liahona, Me 2017, 145 Se Prezidan Gordon B. Hinckley ki te li pwoklamasyon sa a kòm yon pati nan mesaj li nan Reyinyon Jeneral Sosyete Sekou ki te fèt 23 septanm 1995, nan Salt Lake City, Utah. Gade Thomas S. Monson, “Byenveni nan Konferans la,” Liahona, Nov. 2012, 4–5. Prezidan Monson te anonse ke yo te bese laj pou sèvi misyon an tou.

  13. Quentin L. Cook, “Konvèsyon pwofon ak dirab nan Pè Selès la ak nan Senyè a, Jezikri,” Liahona, Nov. 2018, 11.

  14. Revelasyon ki anrapò ak òdonans sakre tanp yo te enplante nan tout tanp nan kòmansman Janvye 2019 la. Li enpòtan pou n konprann ke detay espesifik sou òdonans tanp yo dwe diskite nan tanp sèlman. Men, yo anseye prensip yo. Eldè David A. Bednar te byen anseye siyifikasyon alyans ak òdonans tanp yo ak kijan atravè yo “pouvwa divinite a kapab devèse nan lavi nou” (“Se pou Kay sa a bati nan non mwen,” Liahona, Me 2020,86).

  15. Pwosesis sa a ak reyinyon yo te fèt nan Tanp Salk Lake la an Janvye, Fevriye, Mas, ak Avril 2018. Revelasyon final Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te resevwa 26 Avril 2018.

  16. Gade 2 Nephi 32:3.

  17. Saints: The Story of the Church of Jesus Christ in the Latter Days, vol. 1, The Standard of Truth, 1815–1846 (2018), 418.

  18. Saints, 1:418.

  19. 3 Nefi 27:20.

  20. Sentespri a se yon manm Divinite a (gade 1 Jan 5:7; Doktrin ak Alyans 20:28). Li gen yon kò lespri nan fòm ak resanblans lòm (gade Doktrin ak Alyans 130:22). Nou ka santi enfliyans li toupatou. Li ini nan bi avèk Pè Selès la ak Jezikri, Sovè nou an.

  21. Pou pi plis konpreyansyon sou Limyè Kris la ak diferans ant Limyè Kris la ak Sentespri a, gade 2 Nefi 32; Doktrin ak Alyans 88:7, 11–13; “Limyè Kris la,” Diksyonè Bib la. Gade, Boyd K. Packer, “Limyè Kris la,” Liahona, Avr. 2005, 8–14.

  22. Doktrin ak Alyans 8:2–3.

  23. Gade Elaman 5:30; Doktrin ak Alyans 85:6.

  24. Gade Doktrin ak Alyans 6:23.

  25. Gade Doktrin ak Alyans 128:1.

  26. Gade Doktrin ak Alyans 11:13.

  27. Gade Enòs 01:10.

  28. Gade Matye 7:7–8.

  29. Gade Mozya 3:19.

  30. Doktrin ak Alyanss 42:61.

  31. Neal A. Maxwell, All These Things Shall Give Thee Experience (2007), 31.

  32. Willford Woodruff, nan Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 283.