Konferans Jeneral
Ini Pou Akonpli Travay Bondye
Konferans Jeneral Avril 2020


Ini Pou Akonpli Travay Bondye

Fason ki pi efikas pou nou ranpli potansyèl diven nou se travay ansanm, beni pa pouvwa ak otorite prètriz la.

Chè sè ak frè mrveye m yo, mwen kontan pou m avèk nou la a. Kèlkeswa kote n ap koute la a, mwen voye yon akolad bay sè m yo ak yon bèl lamen bay frè m yo. Nou angaje nan travay Bondye Toupuisan an.

Lè nou panse ak Adan ak Èv, premye panse nou se sou bèl ti vi yo te genyen nan jaden Eden an. Mwen imajine klima a te bèl — pa two cho epi pa two frèt— epi fwi dous ak legim te an abondans ap grandi toupatou pou yo te kapab manje lè yo pi pito. Se te yon nouvo mond pou yo, te genyen anpil pou yo te dekouvri, poutèt sa chak jou te interesan lè yo ap fè interaksyon ak zanimo yo epi eksplore bote tout kote yo. Yo te bay yo kèk kommandman tou, pou yo obeyi, epi yo te gen diferan metòd pou yo aproche enstriksyon sa yo, sa ki te bay yo anksyete ak konfizyon okòmansman. 1 Men l↕ yo te pran desizyon ki chanje lavi yo pou tout tan an, yo te aprann travay ansanm epi vin ini pou akonpli objektif Bondye te genyen pou yo a— ak pou tout piti Li yo.

Kounyea imajine menm koup sa a nan mòtalite a. Yo te oblije travay pou manje yo, kèk nan zanimo yo te konsidere yo tankou manje, epi te gen pwoblèm difisil yo te sèlman kapab simonte si yo te fè konsè ak priye ansanm. Mwen imajine te genyen omwen kèk fwa yo te gen opinyon diferan sou gason pou yo te apwoche pwoblèm sa yo. Men, atravè Chit la, yo te aprann li te esansyèl pou yo te aji ak inite ak lanmou. Nan fòmasyon yo te resevwa nan men sous diven, yo te aprann plan sali a ak prensip levanjil Jezikri yo ki rann plan an operasyonèl yo. Paske yo te konprann ke bi terès yo ak objektif etènèl yo te identik, yo te jwenn satisfaksyon ak siksè nan aprann travay ansanm avèk lanmou ak ladwati.

Imaj
Adan ak Èv ap anseye pitit yo

Lè yo te kòmanse fè timoun, Adan ak Èv te montre fanmi yo sa yo te aprann nan men mesaje selès yo. Yo te konsantre sou ede pitit yo konprann epi anbrase prensip ki t ap fè yo jwen lajwa nan lavi sa a, osibyen prepare yo pou yo tounen al viv avèk paran selès yo lè yo fin ogmante kapasite yo ak fè prèv obeyisans yo anvè Bondye. Nan pwosesis sa a, Adan ak Ève te aprann apresye fòs yo te genyen nan diferan bagay, epi yo te ede youn lòt nan travay ki te etènèlman siyifikatif sa a. 2

Syèk ak milenè vini ale, klète nan kontribisyon indepandan inspire chak gason ak chak fi vin twouble avèk move enfòmasyon ak malentendi. Nan entèval ant kòmamsman mèveye sa a nan Jaden Eden nan ak kounyea, advèsè a atenn bi l genyen pou divize gason ak fi nan tantativ li pou konkeri nanm nou an. Lisifè konnen si li kapab gate inite gason ak fi santi ansanm nan, si li kapab kreye konfisyon lakay nou sou valè diven nou ak responsabilite alyans nou yo, li ap reyisi nan detwi fanmi, ki se inite esansyèl nan etènite yo.

Satan ensite nou pou n itilizekonparezon tankou yon zouti pou kreye sentiman siperyorite oubyen inferyorite, pandan ke li kache verite etènèl ki di diferans natirèl ant gason ak fi yo soti nan Bondye epi yo gen menm valè pou li. Li eseye rabese kontribisyon fi yo nan fanmi yo ak nan sosyete sivil yo, epi konsa li diminye enfliyans positif yo yon sèl kou tou. Objektif li se ankouraje yon batay pou pouvwa olye de yon selebrasyon pou kontribisyon unique gason ak fi yo ki konplete youn lòt epi ki kontribiye nan inite a.

Konsa, atravè ane yo e toupatou nan mond lan yon konpreyansyon total sou sa ki divinman entèdepandan men ki an menm tan pote kontribisyon ak responsablite diferan ant fi ak gason yo preske fin disparèt. Nan anpil sosyete, fi vin soumèt yo anba gason olye ke yo se yon alye ki kanpe youn bò kote lòt, aktivite yo vin limite a yon dimansyon etwat. Pwogresyon espirityèl vin ralanti konsiderableman pandan tan sonm sa yo; anfèt, sèl yon ti limyè espirityèl te kapab penetre nan lespri ak kè ki te ankre nan tradisyon dominasyon.

Epi, lè sa a, limyè levanjjl retabli a te briye “klere pase solèy la” 3 lè Bondye Papa a ak Pitit Li a, Jezikri, te parèt devan ti gason an, Joseph Smith, bonè nan prentan 1820 an nan andedan forè sakre sa a nan New York la. Evènman sa a te kòmanse yon devèsman revelasyon kit sot nan syèl la. Youn nan premye eleman legliz orijinal Kris la ki te retabli a sete otorite prètriz Bondye a. Pandan retablisman an te kontinye deplwaye, gason kou fi te kòmanse reyalize enpòtans ak potensyèl ki genyen nan travay tankou alye ankò, otorize dirije pa Limenm nan travay sakre sa a.

Imaj
Fondasyon Sosyete Sekou

An 1842, lè fi yo nan nouvo Legliz la te vle fòme yon gwoup ofisyèl pou yo te ede nan travay la, Prezidan Joseph Smith te senti l inspire pou l te òganize yo “anba prètriz la selon modèl Prètriz la.” 4 Li te di: “Kounyea, nan non Bondye, mwen remèt kle yo ba nou …— sa a se kòmansman pi bon jou.” 5 Depi lè yo te remèt yo kle sa yo, opòtinite nan domèn edikasyon, politik, ak ekonomi pou fi yo te kòmanse epi yo te elaji tikal pa tikal nan tout mond la. 6

Nouvo òganizasyon legliz sa a pou fi yo, ke yo te rele Sosyete Sekou, pa t sanble ak okenn lòt òganizasyon pou fi nan epòk la paske sete yon pwofèt ki te aji avèk otorite prètriz la ki te etabli li pou bay fi yo otorite responsabilite sakre, ak pozisyon ofisyèl andedan òganizasyon Legliz la, pa separe de li. 7

Depi epòk Pwofèt Joseph Smith la jiska epòk pa nou an, retablisman kontinyèl tout bagay yo pote yon ekleraj sou nesesite otorite ak pouvwa prètriz la pou ede gazon tankou fi akonpli responsabilite diven yo genyen yo. Tou dènyèman la a, yo te anseye nou ke fi ki resevwa mizapa sou direksyon yon moun ki detni kle prètriz la, ap travay avèk otorite prètriz la nan apèl yo. 8

An Oktòb 2019, Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke fi ki dote nan tanp yo gen pouvwa prètriz la nan lavi yo ak lakay yo, lè yo kembe alyans sakre yo fè avèk Bondye yo. 9 Li te eksplike kijan “Syèl yo ouvri menm jan an pou fi ki dote avèk pouvwa Bondye ki ap koule soti nan alyans prètriz yo, menm jan yo ouvri pou gason ki detantè prètriz yo.” Epi li te enkouraje chak sè yo pou yo “rale sou pouvwa Sovè a san rete pou ede fanmi nou ak lòt moun nou renmen.” 10

Kisa sa vle di pou ou menm avèk mwen menm? Kijan lè nou konprann otorite ak pouvwa prètriz la sa ka chanje vi nou? Youn nan sa ki kle se konprann ke lè fi ak gason travay ansanm 11 nou akonpli pi plis pase lè nou fè travay yo separe. Wòl nou konplete youn lòt olye ke yo an konpetisyon. Menm si fi yo pa òdone nan yon ofis prètriz, jan nou note talè a, fi yo beni ak pouvwa prètriz la lè yo kenbe alyans yo, epi yo travay avèk otorite prètriz lè mete yo apa pou yon apèl.

Yon bèl jou mwa Out, m te genyen privilèj pou m te chita avèk Prezidan Russell M. Nelson nan kay Joseph ak Emma Smith yo te rebati nan Harmony, Pennsylvania a, tou prè kote Prètriz Aawon an te retabli nan dènye jou yo. Nan konvèsasyon nou, Prezidan Nelson te pale sou wòl enpotan fi yo te jwe nan Retablisman an.

Prezidan Nelson: “Youn nan bagay pi enpòtan mwen sonje chak fwa mwen vini sou plas retablisman prètriz sa a, se ròl enpòtan fi yo te jwe nan Retablisman an.

“Lè Joseph te fèk kòmanse tradui Liv Mòman an, kiyès ki te ekri pou li? Ebyen, li te fè you ti kal ladan, men pa anpil. Se Emma ki te met men.

“Epi mwen panse a Joseph ki te ale nan forè tou pre lakay li nan Palmyra, New York, la pou li te priye. Ki kote li te ale? Li te ale nan Boskè Sakre a. Poukisa li te ale la a? Poutèt sa se te kote manman li te kon ale lè l te bezwen priye.

“Sa se sèlman de nan tout fi ki te jwe wòòl kle nan Retablisman Prètriz la ak nan Retablisman Legliz la. San dout, nou kapab di madanm nou osi enpòtan jodia ke jan yo te ye nen epòk sa yo. Men oui, se sa.”

Tankou Emma ak Lucy avèk Joseph, nou pi efikas lè nou dispoze pou nou youn aprann nan men lòt ak lè nou ini nan objektif nou pou nou vin disip Jezikri epi ede lòt moun nan chemin an.

Yo anseye nou ke “ prètriz la beni lavi pitit Bondye yo nan dè milye fason. … Nan apèl [legliz] yo, òdonans nan tanp yo, relasyon familyal, ak sèvis endividyèl diskrè, Fi ak gason Sen Dènye Jou yo avanse avèk pouvwa ak otorite prètriz la. Entèdependens ant gason ak fi yo nan akonplisman travay Bondye a atravè pouvwa L la santral nan levanjil Jezikri te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith la.” 12

Inite sa a esensyèl pou travay diven nou genyen privilèj jwen apèl ladann nan, men li pa jis fèt poukont li. Li pran tan ak efò pou nou konseye ansanm—tande youn lòt, konprann opinyon lòt, epi pataje eksperyans—men rezilta pwosesis sa a se dezisyon ki plis enspire. Keseswa lakay nou oubyen nan responsabilite legliz nou, metòd ki pi efektif pou nou atenn potensyèl diven nou an se travay ansanm, beni pa pouvwa ak otorite prètriz Li a nan wòl diferan men konplemantè nou yo.

A kisa travay an alye sa a sanble nan lavi fi alyans yo jodia? Kite m pataje yon egzanp avèk nou.

Imaj
Yon koup sou bisiklèt

Alison ak John te genyen yon asosyasyon ansanm ki te unique. Yo te kon roule yon bisiklèt a de plas nan kous ki long ak kous ki pi kout. Pou yo kapab fè konpetisyon sou bisiklèt sa a, toulède pasaje yo dwe an amoni. Yo dwe aprann panche nan menm direksyon an nan bon moman an. Youn paka domine lòt, men yo dwe kominike klèman epi chak dwe fè pati pa yo. Kapitèn nan, devan an, gen kontwòl sou kilè yo dwe peze fren ak kilè pou yo kanpe. Moun ki dèyè a, yo rele li ‘stoker’, li dwe pote atansyon sou sa k ap pase epi prepare li pou l akselere si yo twò deyè oubyen pou l ralanti si yo twò pre lòt siklis yo. Youn dwe asiste lòt pou yo ka fè pwogrè ak pou yo atenn bi yo a.

Alison te eksplike: “Lè nou te fèk kòmanse, pou yon ti tan, moun ki te nan plas kapitèn nan te konn di Kanpe’ lè nou te dwe kanpe oubyen ‘Frennen’ lè nou te bezwen sispan pedale. Apre yon ti tan, moun ki sete ‘stoker’ a te vin aprann rekonèt kilè kapitèn nan ta pral kanpe oubyen frennen, epi pale pa t nesesè ankò. Nou te aprann kijan pou nou te an amoni sou sa nou chak t ap fè , epi nou te vin ka wè lè youn gen difikilte pou lòt la te ka travay pi plis. Tout sa vrèman baze sou konfyans ak travay an ekip.” 13

John ak Alison te ini non sèlman lè yo t ap pedale sou bisiklèt yo, men yo te ini nan maryaj yo tou. You chak te vle bonè lòt la plis pase pwòp pa yo; chak te chache sa ki pi bon nan lòt la, epi yo te travay pou yo te simonte pati ki pa tèlman bon nan youn nan lòt la. Yo te pran tou pou yo te dirije epi yo te pran tou pou yo te travay plis lè youn nan yo te gen difikilte. Yo chak te apresye kontribisyon lòt la epi yo te chache jwen pi bon solisyon pou pwoblèm yo nan konbine talan yo ak resous yo. Yo vrèman mare youn ak lòt atravè lanmou Kris la.

Aprann mache sou menm mizik avèk modèl diven pou nou travay ansanm nan inite a se yon bagay ki enpòtan nan epòk sa a, kote tout mesaj ki antoure nou di “mwen mwen avan”. Fi yo posede don diven ki distenktif 14 epi yo resevwa responsabilite unique, men responsablite sa yo pa ni plis—ni mwens— enpotan pase don ak responsabilite gason yo. Tout sa te prepare epi yo nesesè pou reyalize plan diven Papa nou ki nan Syèl la pou bay chak piti Li yo pi bon opòtinite pou yo atenn potensyèl diven yo.

Jodia, “nou bezwin fi ki gen kouraj ak vizyon manman Èv” 15 pou ini avèk frè yo pou yo mennen nanm bay Kris La. 16 Gason yo bezwen vin vrè patnè olye pou yo asime ke yo se sèl responsab oubyen aji kòm “pretandi” patnè pandan ke fi yo ap fè tout travay la. Fi yo dwe dispoze pou yo “avanse [epi] pran vrè plas ki pou [yo] a e ki nesesè a” 17 kòm patnè olye ke yo panse yo dwe fè tout bagay poukont yo oubyen tann pou yon moun di yo sa pou yo fè. 18

Wè fi yo kòm patisipan vital se pa chache kreye “egalite” men se pito chache konprann verite doktrinal la. Olye pou nou etabli yon pwogram pou fè sa mache, nou kapab travay aktivman pou nou bay fi yo valè menm jan Bondye fè a: kòm patnè esansyèl nan travay sali ak ekzaltasyon an.

Èske nou prè? Èske nou kapab fè efò pou nou simonte prejije kiltirèl epi olyesa anbrase modèl ak pratik diven ki baze sou fondman doktrinal yo? Prezidan Russell M. Nelson invite nou pou nou “mache men nan lamen nan travay sakre sa a … [pou] ede prepare mond la pou Dezyèm Vini Senyè a.” 19 Pandan n ap fè sa, nou pral aprann apresye kontribisyon chak moun endividyèlman epi nou pral ogmante efikasite pou nou ranpli wòl diven nou yo. Nou ap kapab senti bi gwo jwa pase tout sa nou deja eksperimante.

Ke nou chak chwazi pou nou vin ini nan fason enspire Senyè a pou ede travay Li a avanse. Nan non sakre Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jenèz 3:1-18; Moyiz 4:1-19.

  2. Gade Moyiz 5:1-12. Vèsè sa yo pale sou vrè asosyasyon Adan ak Ève te genyen: yo te fè pitit ansanm (vèsè 2); yo te travay ansanm pou founi pou tèt pa yo ak fanmi yo (vèsè 1); yo te priye ansanm (vèsè 4); yo te obeyi kòmandman Bondye yo epi yo te ofri sakrifis ansanm (vèsè 5); yo te aprann (vèsè 4, 6–11) epi yo enseye pitit yo levanjil Jezikris la ansanm (vèsè 12).

  3. Joseph Smith—Istwa 1:16.

  4. Gade Sarah M. Kimball, “Auto-Biography,” Woman’s Exponent, Sept. 1, 1883, 51; see also Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 451.

  5. Joseph Smith, in “Nauvoo Relief Society Minute Book,” 40, josephsmithpapers.org.

  6. Gade George Albert Smith, “Adrès pou Manm Sosyete Sekou,” Relief Society Magazine, Des. 1945, 717.

  7. Gade John Taylor, nan rekò Sosyete Sekou Nauvoo, Mas 17, 1842, disponib sou churchhistorianspress.org. Daprè Eliza R. Snow, Joseph Smith te di fi te gen òganizasyon fòmèl nan lòt dispensasyon yo (gade Eliza R. Snow, “Female Relief Society,” Deseret News, Avr. 22, 1868, 1; Les Filles de mon Royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours [2011], 1–7).

  8. Dallin H. Oaks, “Kle ak Otorite Prètriz yo,” Liahona, Me 2014, 49–52.

  9. Gade Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” Liahona, Nov. 2019, 78, 79.

  10. Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” 77.

  11. “Men levanjil retabli an anseye ide etènèl kote mari yoak madanm yo intèdepandan youn ak lòt. Yo egal. Yo se asosye.”(Bruce R. Hafen ak Marie K. Hafen, “Crossing Thresholds and Becoming Equal Partners,” Liahona, Out. 2007, 28).

  12. Sijè Levanjil, “Joseph Smith’s Teachings about Priesthood, Temple, and Women,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

  13. Korespondans pèsonèl.

  14. Gade Russell M. Nelson, “Yon egzòtasyon pou sè m yo,” Liahona, Nov. 2015, 95–97.

  15. Russell M. Nelson, “Yon egzòtasyon pou sè m yo,” 97.

  16. Gade Manyèl Enstriksyon Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.4, ChurchofJesusChrist.org.

  17. Russell M. Nelson, “Yon egzòtasyon pou sè m yo,” 97.

  18. “Chè sè mwen, kèlkeswa apèl ou, kèlkeswa sitiyasyon ou, nou bezwen enpresyon ou, ide ou, ak enspirasyon ou. Nou bezwen w pale bravman nan konsèy pawas ak pieu yo. Nou bezwen chak sè ki marye pale antanke ‘yon patnè ki pote kontribisyon ki total pa li’ lè li ini avèk mari li pou gouvène fanmi li. Ke nou marye oswa selibatè, nou menm sè yo, nou posede kapasite distenktif ak enspirasyon espesyal nou resevwa kòm kado nan men Bondye. Nou menm frè yo, nou pa ka kopye enfliyans san parèy nou. …

    “… Nou bezwen fòs nou!“ Russell M. Nelson, “Yon egzòtasyon pou sè m yo,” 97).

  19. Russell M. Nelson, “Yon egzòtasyon pou sè m yo,” 97.