Konferans Jeneral
Pataje Mesaj Retablisman an ak Rezirèksyon an
Konferans Jeneral Avril 2020


Pataje Mesaj Retablisman an ak Rezirèksyon an

Retablisman an se pou mond lan, epi mesaj li a espesyalman ijan jodia.

Pandan tout konferans jeneral sa a, nou te pale epi nou te chante ak lajwa apwopo akonplisman yo te pwofetize depi lontan sou “retablisman tout bagay,”1 la, sou “fè tout bagay vin fè yon sèl nan Kris la,”2 sou retou plenitid levanjil la, prètriz la, ak Legliz Jezikri a sou tè a, tout bagay sa yo fè pati sa nou rele “Retablisman an.”

Men, Retablisman an se pa sèlman pou sila nan pami nou yo k ap rejwi ladan l yo jodia. Revelasyon sou Premye Vizyon an se pa t pou Joseph Smith sèlman men yo ofri kòm limyè ak verite pou tout moun ki “manke sajès.”3 Liv Mòmon an se pwopriyete limanite. Òdonans prètriz pou sali ak egzaltasyon yo te prepare pou tout moun, enkli moun ki pa p viv nan mòtalite a ankò. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak benediksyon l yo la pou tout moun ki vle yo. Don Sentespri a la pou tout moun. Retablisman an se pou mond lan, epi mesaj li a espesyalman ijan jodia.

“Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou abitan latè yo konnen bagay sa yo, pou yo kapab konnen pa gen onkenn moun ki kapab rete nan prezans Bondye, san se pa akòz merit, ak mizèrikòd, ak lagras Mesi ki Sen an, ki bay lavi l dapre kò fizik li a e ki pran l ankò avèk pouvwa Lespri a, pou l kapab reyalize rezirèksyon mò yo, kòm premye moun ki te resisite tèt li.”4

Depi jou frè Pwofèt la, Samuel Smith, te ranpli sakit li avèk kopi Liv Mòmon ki te fèk enprime yo epi li te pati apye pou l t al pataje nouvo liv ekriti sa a, Sen yo travay san rete pou yo “fè tout abitan latè yo konnen bagay sa yo.”

An 1920, David O. McKay, ki te manm Kolèj Douz Apot yo lè sa a, te kòmanse yon virewon mondyal ki te dire tout yon ane, pou l te vizite tout misyon yo nan Legliz la. Rive me 1921, li te kanpe nan yon ti simityè nan Fagali’i, nan Samoa, devan tonm byen antreteni twa timoun piti, yon pitit fi ak de pitit gason Thomas ak Sarah Hilton. Timoun sa yo—pi gran an te gen dezan—te mouri pandan Thomas ak Sarah t ap sèvi kòm jèn koup misyonè nan fen ane 1800 yo.

Anvan l te kite Utah, Èldè McKay te pwomèt Sarah, ki te yon vèv lè sa a, ke l ta pral vizite tonm pitit li yo nan Samoa puiske Sarah pa t janm te ka retounen la. Èldè McKay te ekri li: “Sè Hilton, nan yon silans ki trè elokan … twa pitit ou yo ap kontinye travay misyonè nòb ou te kòmanse sa gen prèske trantan an.” Epi l te ajoute kèk pawòl li te konpoze:

Gras ak men lanmou, je mouran yo te fèmen,

Gras ak men lanmou, ti manm yo te ranje,

Gras ak men etranje, tonm yo te dekore,

Etranje te onore yo, epi etranje te kriye pou yo.5

Istwa sa a se youn nan dè milye ak milya istwa ki pale de tan, de trezò, ak lavi ki te sakrifye nan dènye 200 an yo pou pataje mesaj Retablisman an. Aspirasyon nou pou nou atenn tout nasyon, ras, lang, ak pèp la pa diminye jodia jan sa temwaye pa plis pase 68.000 jèn gason, fi, ak koup k ap sèvi aktyèlman nan apèl misyon aplentan, avèk manm Legliz la ki jeneralman suiv envitasyon Filip la pou vini epi wè a;6 epi, pa dè milyon dola k ap depanse chak ane pou soutni efò sa a atravè tout mond lan.

Pandan ke envitasyon nou lanse a san kontrent, nou espere moun yo ap twouve l konvenkan. Pou sa ka rive, mwen kwè gen omwen twa bagay ki nesesè: premyèman, lanmou nou; dezyèmman, egzanp nou; epi twazyèmman, itilize Liv Mòmon an.

Premyèman, envitasyon nou yo pa ka yon zafè enterè pèsonèl; men, yo dwe yon ekspresyon lanmou dezenterese.7 Lanmou sa a, ke nou rele charite, se amou pur Kris la, epi nou ka genyen l si nou mande l. Yo envite nou, menm kòmande nou, pou nou “priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou [nou] kapab chaje avèk lanmou sa a.”8

Kòm egzanp, m ap pataje yon eksperyans ki rapòte pa Sè Lanett Ho Ching, k ap sèvi aktyèlman ak mari li, Prezidan Francis Ho Ching, k ap prezide sou Misyon Apia a nan Samoa. Sè Ho Ching rakonte:

“Sa gen kèk ane, jèn fanmi m t al abite nan yon ti kay nan Laie, nan Awayi. Yo te transfòme espas pou machin nan kay nou an vin fè l tounen yon ti apatman kote yon mesye ki te rele Jonathan te abite. Jonathan te deja vwazen nou nan yon lòt kote. Avèk santiman ke se pa t yon kowensidans si Senyè a te mete nou ansanm ankò, nou te deside pou n te plis pale l de aktivite nou ak apatenans nou nan Legliz la. Jonathan te apresye amitye nou epi li te renmen pase tan ak fanmi nou. Li te renmen nou pale l de levanjil la, men li pa t enterese angaje l nan Legliz la.

“Tan te pase, epi pitit nou yo te vin rele Jonathan ‘Tonton Jonathan.’ Amezi fanmi nou t ap grandi, Jonathan te vin plis enterese nan sa nou t ap fè. Envitasyon nou te fè l pou fèt pou konje yo, anivèsè, evenman lekòl ak aktivite Legliz yo te vin enkli envitasyon nan sware familyal ak batèm timoun tou.

“Yon jou, Jonathan te rele m nan telefòn. Li te bezwen èd. Li te gen maladi dyabèt epi li te devlope yon gwo enfeksyon nan pye li ki t ap oblije fè yo koupe pye a pou yo te ka sove lavi li. Fanmi m ak manm pawas yo nan katye a te akonpaye l nan moman eprèv sa a. Nou chak te pran tou pa nou nan lopital la, epi li te resevwa benediksyon prètriz. Pandan Jonathan te nan lopital la, avèk èd sè Sosyete Sekou yo, nou te netwaye apatman l lan. Frè prètriz yo te enstale yon ranp devan pòt la avèk ba fè ki te mennen nan twalèt la. Lè Jonathan te retounen lakay li, emosyon te anvayi li.

“Jonathan te kòmanse pran leson misyonè yo ankò. Semèn avan Premye Janvye a, li te rele m epi l te mande: ‘Kisa n ap fè pou Lavèy Premye Janvye?’ Mwen te raple l fèt nou te toujou genyen an. Men li te reponn, ’M ta renmen w vin nan batèm mwen! M ta renmen byen kòmanse nouvèl ane a.’ Apre 20 ane ap envite l pou l ’vini, epi wè,’ ‘vini, epi ede,’ ak ’vini epi rete,’ nanm presye sa a te pare pou l te batize.”9

An 2018, lè yo te aple nou pou n te prezide misyon Samoa a, sante Jonathan t ap deteryore. Nou te sipliye l pou l te rete solid jiskaske nou te retounen. Li te kenbe pandan prèske ennan, men Senyè a t ap prepare l pou l te retounen lakay li. Li te mouri pezibleman an Avril 2019. Pitit fi m yo te asiste antèman ‘Tonton Jonathan’ epi yo te chante menm kantik nou te chante nan batèm ni an.”

M ap prezante nou yon dezyèm kondisyon pou nou gen siksè nan pataje mesaj Retablisman an avèk kesyon sa a: kisa ki pral rann envitasyon w lan atiran pou yon moun? Èske se pa oumenm, egzanp lavi ou? Anpil nan moun ki te tande ak resevwa mesaj Retablisman an te atire toudabò pa sa yo te wè nan yon manm oubyen nan plizyè manm nan Legliz Jezikri a. Se petèt fason yo te trete lòt moun, sa yo te di oubyen sa yo pa t di, pèseverans yo te demontre nan sitiyasyon difisil oubyen senpleman atitid yo.9

Kèlkeswa sa l ta ka ye a, nou pa ka chape anba lefèt ke nou bezwen konprann ak viv prensip levanjil retabli yo pi byen nou kapab pou envitasyon nou yo kapab atiran. Se pafwa sa yo souvan rele otantisite jodia. Si lanmou Kris la demere nan nou, lòt moun ap konnen ke lanmou nou pou yo sensè. Si limyè Sentespri a reyone nan nou, l ap relimen limyè Kris la nan yo.10 Sa nou ye a, se sa k ap fè envitasyon nou pou yo pou vin fè eksperyans lajwa plenitid levanjil Jezikri a otantik.

Twazyèm kondisyon m pral site a se totalman itilize enstriman konvèsyon Senyè a prepare pou dènye dispansasyon levanjil sa a, Liv Mòmon an. Li se prèv otantik sou apèl Joseph Smith kòm pwofèt la ak prèv ki ka konvenk moun de divinite ak Rezirèksyon Jezikri a. Fason li ekspoze plan redanmsyon Pè Selès la san parèy. Lè nou pataje Liv Mòmon an, se Retablisman an nou pataje.

Lè Jason Olsen te adolesan, manm fanmi l ak lòt moun te toujou ap avèti li pou l pa t vin yon Kretyen. Men, li te gen de bon zanmi ki te manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi yo te souvan diskite sou relijyon ansanm. Zanmi l yo, Shea ak Dave, te respektyezman kontredi tout agiman lòt moun te bay Jason kont lafwa nan Jezikri yo. Finalman, yo te ba l yon Liv Mòmon, epi yo te di l “Liv sa a ap reponn kesyon w yo. Tanpri, li li.” Li te aksepte liv la ak retisans epi li te mete l nan valiz li, kote l te rete pou plizyè mwa. Li pa t vle kite l lakay li kote fanmi l te ka wè l, epi li pa t vle remèt Shea ak Dave liv la pou l pa t fè yo desi. Finalman, li te deside ke solisyon an sete boule liv la.

Yon jou swa, avèk yon brikè nan yon men ak Liv Mòmon an nan lòt men an, li ta pral mete dife nan liv la lè l te tande yon vwa nan lespri l ki te di, “Pa boule liv mwen an.” Li te rete, byen etone. Apresa, an pansan ke l te imajine vwa a, li te eseye limen brikè a ankò. Epi vwa a te vin nan lespri l ankò: “Al nan chanm ou epi li liv mwen an.” Jason te depoze brikè a, li te mache retounen nan chanm ni, li te ouvri Liv Mòmon an, epi l te kòmanse li. Li te kontinye jou apre jou, souvan byen bonè nan maten. Lè Jason te rive nan fen liv la epi l te priye, li te ekri, “M te ranpli avèk Lespri a soti nan tèt rive nan pwent pye mwen. … M te santi m ranpli ak limyè. … Sete pi bèl eksperyans m te janm fè nan lavi m.” Li te chèche batize epi nan apre li te vin sèvi yon misyon.

Petèt nou kapab di ke, malgre lanmou otantik nou ak senserite nou, n ap jwenn refi pou anpil, si se pa pou pifò, nan envitasyon nou pou nou pataje levanjil la. Men sonje sa a: tout moun merite pou nou fè yo envitasyon sa a—“tout moun se menm pou Bondye”;11 Senyè a kontan avèk tout efò nou fè, kèlkeswa rezilta a; se pa paske yon moun refize yon envitasyon pou nou pa byen avèk li ankò; yon mank enterè jodia gen dwa vin transfòme an enterè yon jou alavni. Kèlkilanswa, lanmou nou dwe rete konstan.

Annou pa janm bliye ke Retablisman an fèt anba gwo toumant ak sakrifis. Sa se yon sijè pou yon lòt jou. Nou rejwi jodia nan fwi Retablisman yo, youn fwi sa yo ki depase lòt se pouvwa nou genyen yon fwa ankò pou lye sou tè a sa k lye nan syèl la.12 Jan Prezidan Gordon B. Hinckley te eksprime sa gen kèk ane a: “Si pa t gen ankenn lòt bagay ki te soti nan tout tristès, tout travay ak doulè retablisman an pase pouvwa sèlman sent prètriz la pou lye fanmi yo ansanm pou tout tan an, sa t ap kanmèm vo tout pri a.”13

Pwomès Retablisman an se redanmsyon atravè Jezikri. Rezirèksyon Jezikri a se prèv ke, anfèt, Li posede pouvwa pou L rachte tout moun k ap vin jwenn ni—pou rachte yo anba doulè, enjistis, regrè, peche, e menm lanmò. Jodia se Dimanch Ramo; nan yon semèn se Pak. Nou sonje, nou toujou sonje soufrans ak lanmò Kris la pou ekspye peche nou yo, epi nou selebre dimanch ki pi mèveye sa a nan tout dimanch yo, jou Senyè a, kote li te resisite anba lanmò. Gras ak Rezirèksyon Jezikri a, Retablisman an gen sans, lavi nou nan mòtalite a gen sans, e definitivman, egzistans nou gen yon sans.

Joseph Smith, gran pwofèt Retablisman an, ofri temwayaj prensipal li pou epòk pa nou an konsènan Kris resisite ak vivan an.14 Paske nou te wè l, bò kote dwat Bondye menm.”14 Mwen enbleman ajoute temwayaj pa m sou pa Joseph la ak sou pa tout apot ak pwofèt anvan l yo ak tout apot ak pwofèt ki te vini apre l yo, ke Jezi, Moun Nazarèt la, se Mesi yo te pwomèt la, Sèl Pitit Gason Literal Bondye a, ak Redanmtè resisite tout limanite.

Nou temwaye ke moun ki etidye mesaj Retablisman an nan yon espri lapriyè epi ki aji ak lafwa yo, y ap jwenn benediksyon pou yo akeri pwòp temwayaj pa yo konsènan divinite li ak objektif li pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ki pwomèt la.”15 Rezirèksyon Kris la rann pwomès Li yo asire. Nan non Jezikri, Amèn.