Ekriti yo
Atik Lafwa 1


Atik Lafwa yo
Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chapit 1

1 Nou akwè nan bBondye, Papa Etènèl la, ak cPitit Gason li a, Jezikri, ak dSentespri a.

2 Nou kwè lèzòm pral resevwa pinisyon pou apwòp peche pa yo, men, pa pou transgresyon bAdan an.

3 Nou kwè, akoz aEkspyasyon Kris la, tout limanite kapab bsove, si yo cobeyi dlalwa ak òdonans eLevanjil la.

4 Nou kwè premye prensip ak aòdonans Levanjil yo se: premyèman, bLafwa nan Senyè a Jezikri; dezyèmman, cRepantans; twazyèmman, dBatèm pa imèsyon pou eremisyon peche yo; katriyèmman, Enpozisyon fmen pou gdon Sentespri a.

5 Nou kwè yon nonm dwe resevwa aapèl nan men Bondye, pa mwayen bpwofesi, epi pa enpozisyon cmen, nan men moun ki gen dotorite, pou epreche Levanjil la epi pou administre fòdonans Levanjil yo.

6 Nou kwè nan menm aòganizasyon ki te egziste nan epòk Legliz Primitif la, ki vle di, bapot, cpwofèt, dpastè, enstriktè, eevanjelis, eksetera.

7 Nou kwè nan adon blang, cpwofesi, drevelasyon, evizyon, fgerizon, gentèpretasyon lang, eksetera.

8 Nou kwè aBib la se bpawòl Bondye toutotan li tradui ckòrèkteman; nou kwè dLiv Mòmon an se pawòl Bondye tou.

9 Nou kwè tout bagay Bondye te arevele, ak tout bagay li revele kounyeya, epi nou kwè li pral brevele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a.

10 Nou kwè nan arasanbleman literal Izrayèl ak restorasyon bdis tribi yo; ki vle di, cSiyon (Nouvo Jerizalèm nan) pral bati sou kontinan Ameriken an; Kris la pral drenye pèsonèlman sou tè a; epi tè a pral erenouvle epi l pral resevwa flaglwa gparadi li a.

11 Nou reklame aprivilèj pou nou adore Bondye Toupisan an daprè blide pwòp ckonsyans pa nou, epi nou akòde tout moun menm privilèj sa a, se pou yo dadore nan fason, nan kote, oubyen sa yo kapab.

12 Nou kwè nou dwe soumèt nou devan wa, prezidan, dirijan, ak majistra, pou obeyi, onore, epi soutni alalwa.

13 Nou kwè nou dwe aonèt, vrè, bchas byenveyan, gen vèti, epi nan cfè byen pou tout moun; gade, nou kapab di konsa, nou suiv dkonsèy Pòl la—Nou kwè tout bagay, nou eespere tout bagay, nou te pèsevere nan anpil bagay, epi nou espere fsipòte nan tout bagay. Si gen nenpòt bagay ki gen gvèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj, nou chèche bagay sa yo.

Joseph Smith.