Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 42


Seksyon 42

Revelasyon Joseph Smith te resevwa an de pati, nan Kirtland Ohio, 9 ak 23 Fevriye 1831. Premye pati a, ki se vèsè 1 rive 72, pwofèt la te resevwa l nan prezans douz ansyen, kòm akonplisman pwomès Senyè a te fè anvan pou l ba yo “lalwa” a nan Ohio (gade nan seksyon 38:32). Dezyèm pati a kòmanse nan vèsè 73 rive nan vèsè 93. Pwofèt la presize revelasyon sa a kòm yon revelasyon ki “anbrase lalwa Legliz la.”

1–10, Ansyen yo resevwa apèl pou yo preche levanjil la, pou yo batize moun ki konvèti yo, epi pou yo bati Legliz la; 11–12, Yo dwe resevwa apèl epi yo dwe òdone yo epi yo dwe ansenye prensip levanjil yo ki nan ekriti yo; 13–17, Yo dwe ansenye epi yo dwe pwofetize avèk pouvwa Lespri a; 18–29, Sen yo resevwa kòmandman pou yo pa touye, pou yo pa manti, pou yo pa anvi, pou yo pa fè adiltè, oubyen pou yo pa pale mal kont lòt moun; 30–39, Lalwa ki gouvène konsekrasyon pwopriyete yo tabli; 40–42, Bondye kondane lògèy ak parès; 43–52, Moun malad yo dwe geri pa mwayen enpozisyon men epi avèk lafwa; 53–60, Ekriti yo gouvène Legliz la epi yo dwe pwoklame devan mond lan; 61–69, Plas Nouvo Jerizalèm nan ak mistè wayòm nan yo pral revele; 70–73, Pwopriyete ki konsakre yo dwe itilize pou sipòte ofisye Legliz yo; 74–93, Lalwa ki gouvène fònikasyon, adiltè, touye moun, vòlè, ak konfesyon peche yo tabli.

1 Koute, O, noumenm ansyen yo ki nan Legliz mwen an, ki rasanble tèt nou ansanm nan non mwen, Jezikri menm, Pitit Gason Bondye vivan an, Sovè mond lan; toutotan nou kwè nan non mwen epi nou respekte kòmandman m yo.

2 M di nou ankò, koute epi tande epi obeyi alalwa m pral ba nou an.

3 Paske anverite m di, kòm nou te rasanble tèt nou ansanm daprè akòmandman m te ba nou an, epi kote nou dakò bkonsènan bagay sa a, epi nou te mande Papa a nan non mwen, se konsa n ap resevwa.

4 Gade, an verite m di nou, m ba nou premye kòmandman sa a, pou nou ale nan non mwen, chak moun, eksepte sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon.

5 Epi m ba yo yon kòmandman pou y ale pou yon ti tan, epi apouvwa Lespri a ap fè yo konnen ki lè pou yo retounen.

6 Epi nou prale avèk pouvwa Lespri m nan, pou preche levanjil mwen an, ade moun ansanm, nan non mwen, pou nou leve vwa nou tankou son yon twonpèt, pou nou deklare pawòl mwen an tankou zanj Bondye yo.

7 Epi nou dwe ale pou nou batize moun nan dlo, pou nou di: Repanti, repanti, paske wayòm Bondye a ap pwoche.

8 Epi nan kote sa a, nou dwe ale nan rejyon ki nan direksyon lwès yo; epi, toutotan nou jwenn moun ki resevwa nou, nou dwe bati legliz mwen an nan chak rejyon—

9 Jistan lè a rive pou nou resevwa revelasyon ki soti anlè, lè avil bNouvo Jerizalèm nan prepare, pou nou kapab crasanble fè youn, pou nou kapab dpèp mwen epi m ap Bondye nou.

10 Epi ankò, m di nou, pou sèvitè m nan aEdward Partridge rete nan ofis m te nonmen l la. Epi se pral konsa, si l transgrese, yon blòt moun pral nonmen nan plas li. Se konsa sa ye. Amèn.

11 Epi ankò m di nou, pa gen moun k ap gen dwa ale pou apreche levanjil mwen an, oubyen pou bati legliz mwen an, san yon moun ki gen botorite pa còdone l, epi pou legliz la konnen moun nan gen otorite epi tèt legliz la te òdone l regilyèman.

12 Epi ankò, aansyen yo, prèt yo, ak enstriktè yo ki nan legliz sa a dwe bansenye prensip levanjil mwen yo ki nan cBib la ak nan dLiv Mòmon an, ki gen plenitid elevanjil la.

13 Epi yo va obsève aalyans ak atik legliz yo, epi se pral ansèyman yo, jan Lespri a dirije yo.

14 Epi n ap resevwa Lespri a avèk apriyè ki fèt avèk lafwa; epi si nou pa resevwa bLespri a nou pa dwe ansenye.

15 Epi nou dwe obsève tout bagay sa yo jan m kòmande a konsènan ansèyman nou, jistan nou resevwa aekriti m yo toutantye.

16 Epi lè nou va leve vwa nou pa mwayen aKonsolatè a, nou va pale epi nou va pwofetize jan lide m di m;

17 Paske, gade, Konsolatè a konnen tout bagay, epi li rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an.

18 Epi kounyeya, gade, m ap pale avèk legliz la. Nou pa dwe atouye; epi yon moun ki btouye li p ap gen padon nan mond sa a, ni nan mond k ap vini an.

19 Epi ankò, m di, nou pa dwe touye; men, yon moun ki touye, l ap amouri.

20 Nou pa dwe avòlè; epi yon moun ki vòlè epi ki pa vle repanti, y ap chase l.

21 Nou pa dwe bay amanti; yon moun ki bay manti epi ki pa vle repanti, y ap chase l.

22 Nou dwe arenmen madanm nou avèk tout kè nou epi nou dwe batache avèk li sèlman epi pa avèk okenn lòt.

23 Epi yon moun ki gade yon fi avèk aanvi, li nye lafwa a, epi li p ap gen Lespri a; epi si l pa repanti, y ap chase l.

24 Nou pa dwe fè aadiltè; epi yon moun ki fè adiltè epi ki pa repanti, y ap chase l.

25 Men, yon moun ki fè adiltè epi ki arepanti avèk tout kè l, epi ki sispann sa, epi ki pa fè l ankò nou dwe bpadone l;

26 Men, si l fè sa aankò, li p ap jwenn padon, epi, y ap chase l.

27 Nou pa dwe apale pwochen nou mal, ni tou nou pa dwe fè l okenn mal.

28 Nou konnen lalwa m yo konsènan bagay sa yo nan ekriti yo; yon moun ki fè peche epi ki pa repanti, y ap achase l.

29 Si nou arenmen m nou dwe bsèvi m epi crespekte tout kòmandman m yo.

30 Epi gade, nou dwe sonje apòv yo, pou nou bkonsakre nan pwopriyete nou yo pou csipòte yo, sipò sa a nou dwe pataje avèk yo, avèk yon alyans epi avèk yon siyati ki pa kapab vyole.

31 Epi toutotan nou apataje byen nou avèk bpòv yo, n ap fè sa pou mwen; epi n ap mete byen nou yo devan cevèk legliz mwen an ak de konseye l yo, de nan ansyen yo, oubyen gran prèt yo daprè jan m pral lonmen oubyen te lonmen epi dmete yo apa pou objektif sa a.

32 Epi se pral konsa, apre yo fin depoze devan evèk legliz mwen an, epi apre l fin resevwa temwayaj sa yo konsènan akonsekrasyon pwopriyete sa yo pou legliz mwen an, pou moun pa kapab wete yo nan men legliz la, daprè kòmandman m nan, chak moun ap bresponsab devan mwen, yon cresponsablite sou pwopriyete pa li, oubyen sou sa li te resevwa nan konsekrasyon kantite ki ase pou limenm ak dfanmi l.

33 Epi ankò si gen pwopriyete nan men legliz la, oubyen nan men nenpòt moun legliz la, plis pase sa ki nesesè pou bezwen l apre premye konsekrasyon sa a, ki se yon arès ki dwe konsakre pou evèk la, y ap kenbe l pou yo bay moun ki pa genyen yo, tanzantan, pou chak moun ki bezwen kapab mande epi pou l resevwa daprè bezwen l.

34 Se poutèt sa, rès la ap rete nan magazen m, pou yo ka distribye bay moun ki pòv ak sa ki nan bezwen, jan gran konsèy legliz la fikse sa, ak evèk la, ak konsèy li;

35 Epi se nan objektif pou achte tè pou byen piblik legliz la, epi pou bati kay adorasyon, ak bati aNouvo Jerizalèm ki pral revele apre a—

36 Pou pèp alyans mwen an kapab rasanble fè youn nan jou sa a, lè m avini nan btanp mwen an. Epi m fè sa pou sali pèp mwen an.

37 Epi se pral konsa, yon moun ki fè peche epi ki pa repanti, y ap achase l nan legliz la, epi li p ap resevwa bagay li te bkonsakre pou pòv yo ak moun ki nan nesesite yo ankò nan legliz la, ki vle di, pou mwen—

38 Paske, toutotan nou a l pou sa ki pi piti pami moun sa yo, nou fè l pou mwen.

39 Paske se pral konsa, sa m pale nan bouch pwofèt mwen yo ap akonpli; paske, m ap konsakre kèk nan richès moun yo ki anbrase levanjil mwen an pami Janti yo pou pòv yo ki nan pèp mwen an ki fè pati kay Izrayèl la.

40 Epi ankò, nou pa dwe gen alògèy nan kè nou; se pou brad nou senp, epi yo dwe bèl tankou travay pwòp men nou;

41 Epi se pou tout bagay fèt nan pwòpte devan m.

42 Nou pa dwe gen aparès; paske yon moun ki parese pa dwe manje pen ni mete rad moun k ap travay.

43 Epi nenpòt moun pami nou ki amalad, epi ki pa gen lafwa pou l geri, men, ki kwè, yo dwe nouri l avèk anpil tandrès avèk fèy epi avèk manje lejè, epi sa pa dwe fèt pa mwayen men yon ènmi.

44 Epi yo dwe rele de oubyen plis nan ansyen legliz yo pou priye pou li epi pou enpoze amen sou li nan non mwen; epi si li mouri, l ap bmouri nan mwen, epi si li viv l ap viv nan mwen.

45 Nou dwe aviv ansanm avèk bamou, pou nou menm ckriye pou moun ki mouri, espesyalman pou moun ki pa despere yon rezirèksyon gloriye.

46 Epi se pral konsa moun ki mouri nan mwen yo p ap goute alanmò, paske l ap bgou pou yo;

47 Epi moun ki pa mouri nan mwen, malè pou yo, paske lanmò yo anmè.

48 Epi ankò se pral konsa, yon moun ki gen alafwa nan mwen pou l bgeri, si cjou lanmò l poko rive, l ap geri.

49 Yon moun ki gen lafwa pou l wè, l ap wè.

50 Yon moun ki gen lafwa pou l tande, l ap tande.

51 Yon moun ki brete ki gen lafwa pou l sote, l ap sote.

52 Epi moun ki pa gen lafwa pou yo fè bagay sa yo, men, ki kwè nan mwen, yo gen pouvwa pou yo vin tounen apitit mwen; epi toutotan yo pa vyole lwa m yo nou dwe baksepte enfimite yo.

53 Nou dwe rete nan domèn aentandans nou.

54 Nou pa dwe pran rad frè nou; nou dwe peye pou sa nou resevwa nan men frè nou.

55 Si nou aresevwa plis pase sa ki ase pou sipòte nou, nou dwe bay bmagazen m nan li, pou tout bagay kapab fèt daprè sa m te di a.

56 Nou dwe mande, epi n ap resevwa aekriti m yo jan m te tabli l la, epi y ap bprezève an sekirite;

57 Epi se nesesè pou nou pa devwale yo, epi pou nou pa ansenye yo jistan nou resevwa yo toutantye.

58 Epi m ba nou yon kòmandman, nou kapab ansenye tout moun yo apre sa; paske atout nasyon, fanmi, lang ak pèp dwe aprann yo.

59 Nou dwe pran bagay nou te resevwa yo, bagay yo te ba nou nan ekriti m yo kòm yon lalwa, kòm lalwa pou mwen pou gouvène legliz mwen an;

60 Epi yon moun ki aaji daprè bagay sa yo l ap sove, epi yon moun ki pa fè yo l ap bdane si l kontinye konsa.

61 Si nou mande, n ap resevwa arevelasyon sou revelasyon, bkonesans sou konesans, pou nou kapab konnen cmistè ak bagay dpezib—ki pote elajwa, ki pote lavi etènèl.

62 Nou dwe mande, epi m ap revele nou li nan tan pa mwen pou nou konnen ki kote aNouvo Jerizalèm nan pral bati.

63 Epi gade, se pral konsa m pral voye sèvitè m yo nan lès ak nan lwès, nan nò ak nan sid.

64 Epi kounyeya menm, se pou moun ki ale nan lès la ansenye moun ki pral konvèti yo pou yo sove ale nan alwès, poutèt sa ki pral rive sou tè a, ak bkonbinezon sekrè.

65 Gade, nou va obsève tout bagay sa yo, epi rekonpans nou va gran anpil; paske m akòde nou pou nou konnen mistè wayòm nan, men, m pa akòde mond lan pou l konnen yo.

66 Nou va obsève lalwa nou te resevwa a yo epi nou dwe fidèl.

67 Epi apre sa nou pral resevwa aalyans legliz la, ki pral ase pou tabli nou, ni bò isit la ak nan Nouvo Jerizalèm nan.

68 Se poutèt sa, yon moun ki manke alasajès, se pou l mande m, epi m ap ba li an kantite san repwòch.

69 Leve kè nou epi rejwi, m te ba nou awayòm nan, oubyen bkle legliz la. Se konsa sa ye. Amèn.

70 aPrèt yo ak benstriktè yo pral gen pwòp centandans yo menm jan avèk manm yo.

71 Epi ansyen yo ak gran prèt yo ki nonmen pou ede evèk la kòm konseye nan tout bagay, yo dwe sipòte fanmi yo avèk pwopriyete ki te akonsakre pou evèk la, pou byen pòv yo epi pou lòt objektif, jan m te mansyone anvan an.

72 Oubyen yo dwe resevwa yon pèyman ki jis pou tout sèvis yo, pou responsablite yo oubyen lòt bagay, jan sa ta kapab pi byen prezante, oubyen jan konseye yo ak evèk la deside.

73 Epi evèk la tou dwe resevwa sipò pa li, oubyen yon pèyman ki jis pou tout sèvis li nan legliz la.

74 Gade, an verite m di nou, nenpòt moun pami nou ki mete konpayon yo sou kote poutèt afònikasyon, oubyen ki vle di, si yo temwaye devan nou avèk tout imilite nan kè li sou sitiyasyon an, nou pa dwe chase yo nan pami nou;

75 Men, si nou jwenn nenpòt moun ki kite konpayon yo poutèt aadiltè, epi yo menm poutèt pa yo, yo se ofensè a, epi konpayon yo vivan, nou dwe bchase yo nan pami nou.

76 Epi ankò m di nou, nou dwe aveye epi nou dwe fè atansyon, nan tout fason, pou nou pa resevwa moun konsa pami nou si yo marye.

77 Epi si yo pa marye, yo dwe repanti pou tout peche yo oubyen nou pa dwe resevwa yo.

78 Epi ankò tout moun ki nan legliz Kris sa a, dwe obsève tout kòmandman an yo ak alyans legliz la.

79 Epi se pral konsa, si nenpòt moun pami nou atouye, y ap lage yo pou yo trete yo daprè lalwa peyi a; paske, sonje li pa gen padon; epi lalwa peyi a ap pwouve sa.

80 Epi si nenpòt gason oubyen fi fè adiltè, y ap jije l devan de ansyen nan legliz la, oubyen plis, epi chak pawòl dwe tabli kont li devan de temwen legliz la, epi se pa devan ènmi. Men, si gen plis pase de temwen li pi bon.

81 Men, se bouch de temwen ki dwe kondane l, epi ansyen yo dwe mete sitiyasyon an devan legliz la, epi legliz la dwe leve men yo kont moun nan, pou yo trete l daprè lalwa Bondye a.

82 Epi si sa kapab fèt, li nesesè pou evèk la prezan tou.

83 Epi se konsa nou dwe fè nan tout sitiyasyon ki vini devan nou.

84 Epi si yon gason oubyen yon fi vòlè, yo dwe lage l anba lalwa peyi a.

85 Epi si l avòlè, yo dwe lage l anba lalwa peyi a.

86 Epi si l amanti, yo dwe lage l anba lalwa peyi a.

87 Epi si l fè nenpòt kalite inikite, yo dwe lage l anba lalwa a, lalwa Bondye a menm.

88 Epi si afrè nou oubyen sè nou bofanse nou, nou dwe regle sa ant limenm avèk nou sèlman; epi si l ckonfese, nou dwe rekonsilye.

89 Epi si l pa konfese, nou dwe lage l nan men legliz la, non pa nan men manm yo, men, nan men ansyen yo. Epi sa dwe fèt nan yon reyinyon, men, pa devan mond lan.

90 Epi si frè nou an oubyen sè nou an ofanse anpil moun, yo dwe areprimande l devan anpil moun.

91 Epi si nenpòt moun ofanse lòt an piblik, yo dwe reprimande l an piblik, pou l kapab wont. Epi si l pa konfese, yo dwe lage l nan men lalwa Bondye a.

92 Si nenpòt moun ofanse lòt an prive, li dwe gen opòtinite pou l konfese an prive devan moun li te ofanse a epi devan Bondye, pou legliz la pa pale l pawòl repwochab.

93 Epi se konsa nou dwe dirije tout bagay.