Istwa—Joseph Smith
Yon Ekstrè ki soti nan Istwa Joseph Smith, Pwofèt la
Chapit 1
Joseph Smith pale konsènan zansèt la, manm fanmi l yo, ak ansyen abitasyon yo—Yon eksitasyon ki pa abitye fèt konsènan relijyon te pran pye nan lwès New York—Li te deside pou l chèche lasajès jan Jak te montre nou an—Papa a ak Pitit Gason an te parèt, epi Joseph te resevwa apèl pou ministè pwofetik li a. (Vèsè 1–20.)
1 Kòm repons pou anpil rapò moun ki mal dispoze yo epi ki gen plan malen yo te mete an sikilasyon, nan relasyon avèk devlopman epi pwogrè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap fè, tout bagay sa yo moun ki te planifye pou goumen kont karaktè legliz la ak pwogrè legliz la nan mond lan—m te redui pou m oblije ekri istwa sa a, pou m dezabize panse pèp sa a, epi pou m klase tout kesyon yo nan laverite, an relasyon avèk reyalite, jan yo te fèt la, toutotan m gen reyalite sa yo nan men mwen.
2 Nan istwa sa a, m pral prezante diferan evènman yo ki gen relasyon avèk legliz la, nan laverite ak lajistis, jan yo te pase a, oubyen jan yo egziste nan tan prezan sa a menm, ki se ane [1838], yuityèm ane depi lè òganizasyon Legliz la.
3 M te fèt nan ane Senyè nou an mil yuisan senk, nan venntwazyèm jou mwa Desanm nan, nan vil Sharon, Konte Windsor, Eta Vermont. … Papa m, Joseph Smith, papa a, te kite Eta Vermont lan epi l te bwote ale rete nan Palmyra, Konte Ontario (kounyeya Konte Wayne), nan Eta New York la, lè m te nan dizyèm ane mwen, oubyen anviwon lè sa a. Nan anviwon dezan apre papa m te fin rive nan Palmyra, li te bwote avèk fanmi l pou l ale nan Manchester nan menm Konte Ontario a—
4 Fanmi an te gen onz manm, ki se papa m, Joseph Smith; manman m, Lucy Smith (siyati li te Mack anvan l te marye, pitit fi Solomon Mack); frè m yo, Alvin (ki te mouri 19 Novanm 1823, nan 26èm ane laj li), Hyrum, mwen menm, Samuel Harrison, William, Don Carlos; ak sè m yo, Sophronia, Catherine, ak Lucy.
5 Yon epòk nan dezyèm ane apre nou te deplase ale nan Manchester a, te gen yon eksitasyon san parèy sou sijè relijyon. Li te kòmanse avèk Metodis yo, men lamenm, li te vin jeneral nan pami tout sèk yo ki te nan rejyon sa a, nan peyi a. Anverite, sa te afekte tout distri a nan peyi a, epi anpil anpil moun te rasanble nan diferan pati relijye yo, ki te kreye pa sèlman yon ti kras soulèvman ak divizyon nan pami pèp la; kèk t ap rele vin bò isit! epi kèk lòt t ap rele bò lòtbò! Kèk t ap fè chirepit pou lafwa Metodis la, kèk pou Presbiteryen an, epi kèk pou Batis la.
6 Paske, malgre gwo lanmou moun ki konvèti nan diferan lafwa sa yo te eksprime lè yo tap konvèti a, ak gwo devouman chak pastè yo manifeste, ki te aktif nan leve pou yo bay sèn ekstraòdinè santiman relijye sa a, pou yo te kapab konvèti tout moun, jan yo te kontan pou rele sa, kite yo vin nan nenpòt sèk ki fè yo plezi; sepandan, lè moun ki konvèti yo te kòmanse aliye yo, kèk nan yon pati, kèk lòt nan yon lòt pati, sanble santiman ni prèt yo ak moun ki te konvèti yo te plis yon pretèks pase reyalite; paske yon sèn ki te bay konfizyon ak move santiman te leve—prèt t ap fè chirepit avèk prèt, moun ki konvèti t ap fè chirepit avèk prèt, epi moun ki konvèti te kont moun ki te konvèti; konsa tout santiman youn te gen pou lòt, si yo te janm gen santiman vre, te pèdi nèt nan yon batay pakèt pawòl ak konkou konsènan opinyon.
7 Se te nan epòk sa a, lè m te gen kenzan. Moun lakay papa m yo te aktif nan lafwa presbiteryen an, epi kat ladan yo te antre nan legliz sa a, se te manman m, Lucy, frè m yo, Hyrum ak Samuel Harrison; ak sè m nan Sophronia.
8 Pandan peryòd gwo eksitasyon sa a, panse m te panche sou refleksyon serye ak gwo malèz; malgre santiman m yo te pwofon epi yo te pèse m, m te toujou kenbe kò m lwen tout pati sa yo, malgre m te asiste plizyè reyinyon yo te fè osi souvan okazyon te pèmèt mwen. Plis tan an t ap pase, se plis panse m te vin patizan sèk metodis la, epi m te santi yon anvi pou m ale jwenn yo; men, tèlman konfizyon ak diskisyon negatif te gwo nan pami diferan denominasyon yo, li te enposib pou yon moun ki te jèn tankou m, epi ki te si tèlman pa konnen lèzòm ak panse yo, pou fè konklizyon sou kiyès ki gen rezon ak tò.
9 Kèk fwa, panse m te chofe anpil, bri yo ak eskandal yo te san rete. Presbiteryen yo te plis deside kont Batis yo ak Metodis yo, epi yo te itilize pouvwa rezònman ansanm avèk riz pou montre yo antò, oubyen pou fè pèp la panse yo te nan erè. An menm tan an tou, Batis yo ak Metodis yo te devwe pou tabli rezon pa yo epi pou dezapwouve tout lòt yo.
10 Nan mitan lagè pawòl anpil ak batay opinyon sa yo, m te di tèt mwen souvan: Kisa ki te dwe fèt? Kiyès nan tout pati sa yo ki gen rezon; oubyen èske yo tout antò ansanm? Si nenpòt ladan yo te gen rezon, kiyès ladan yo, epi kòman m ap fè konnen?
11 Pandan m t ap travay anba difikilte grav anpil pati relijyon sa yo te lakòz la, yon jou m te li Epit Wa Jak la, nan premye chapit la ak senkyèm vèsè a, ki di: Si nenpòt nan pami nou manke lasajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l.
12 Okenn pasaj nan ekriti yo pa janm vini avèk plis pouvwa nan kè lòm pase jan sa te fèt lè sa a. Sanble sa te antre avèk anpil fòs nan chak kwen kè mwen. M te reflechi sou sa plizyè fwa, m te konnen si yon moun ta bezwen lasajès nan men Bondye, se mwen; paske m pa t konnen kòman pou m aji, epi eksepte si m ta jwenn plis lasajès pase sa m te genyen an, m pa t ap janm konnen; paske enstriktè relijyon ki te nan diferan sèk yo te konprann menm pasaj ekriti yo nan fason tèlman diferan, sa te detwi tout konfyans mwen pou m ta ale nan Bib la pou m ta regle kesyon sa a.
13 Alafen, m te fè konklizyon pou m rete nan tenèb ak konfizyon, oubyen m dwe oblije fè tankou Jak te di a, ki vle di, mande Bondye. M te vin pran dispozisyon pou m “mande Bondye,” m te vin wè, si l bay moun ki nan bezwen yo lasajès liberalman, epi l pa repwoche yo, m dwe pran chans mwen.
14 Konsa, daprè dispozisyon m te pran pou m mande Bondye, m t ale nan yon forè pou m eseye. Se te nan maten yon bèl jou klè, bonè, nan prentan mil ywisan ven. Se te premye fwa nan lavi m mwen te eseye yon bagay konsa, paske, malgre tout enkyetid mwen, m pa t janm ko eseye priye awotvwa.
15 Apre m te fin ale kote m te planifye pou m ale a, m te gade alantou mwen, epi m te wè m te pou kont mwen, m te ajenou epi m te kòmanse ofri sa kè m te vle a bay Bondye. Pandan m te apèn fè sa, imedyatman te gen yon pouvwa ki te sezi m epi ki te anvlope m totalman, epi li tèlman te gen yon pouvwa etonan sou mwen, se kòmsi l te mare lang mwen epi m pa t kapab pale. Yon tenèb epè te rasanble alantou m, epi pou yon ti tan, se kòmsi m te tonbe anba yon destriksyon imedyat.
16 Men, m te egzèse tout pouvwa m pou m priye Bondye pou l delivre m anba ènmi sa a ki te sezi m nan, epi nan menm moman an, lè m te preske pral nwaye nan dezespwa epi abandone tèt mwen nan destriksyon—pa yon destriksyon m te imajine, men, se te anba pouvwa yon èt reyèl ki soti nan yon mond envizib, ki te gen yon kalite pouvwa ekstraòdinè m pa t janm santi nan okenn èt—imedyatman nan moman gwo detrès sa a, m te wè yon kolòn limyè ki te egzakteman anlè tèt mwen, ki te pi klere pase solèy la, epi ki te desann tikras pa tikras jistan l te tonbe sou mwen.
17 Sa pa t pran anpil tan pou m te wè m delivre anba ènmi ki te mare m nan. Lè limyè a te repoze sou mwen, m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, padan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!
18 Objektif mwen lè m ta pral mande Senyè a se pou m te konnen kiyès nan tout sèk yo ki te gen rezon, pou m te kapab konnen kiyès mwen ta dwe ale jwenn. Sito m te rekonèt tèt mwen, epi m te vin kapab pale, m te mande pèsonaj ki te sispandi anlè nan limyè a, kiyès nan tout sèk yo ki te gen rezon (paske nan pwen sa a m pa t janm gen okenn santiman nan kè m ki te fè konnen yo tout te antò)—epi kiyès m dwe ale jwenn.
19 Li te reponn mwen m pa t dwe ale jwenn okenn ladan yo, paske yo tout te antò; Epi pèsonaj ki t ap pale avèk mwen an te di kwayans yo te yon abominasyon devan l; li te di konsa tout pwofesè sa yo te kòwonpi; “yo apwoche pre mwen avèk bouch yo, men, kè yo lwen m, kòm doktrin, yo preche kòmandman lèzòm, yo gen yon aparans sentete, men, yo nye pouvwa ki ladan l nan.”
20 Li te defann mwen ankò pou m ale jwenn okenn ladan yo; epi l te di m anpil lòt bagay m pa t kapab ekri kounyeya. Lè m te vin rekonèt tèt mwen ankò, m te jwenn mwen lonje sou do, m t ap gade anlè nan syèl la. Lè limyè a te pati, m pa t gen fòs; men, byento m te yon jan refè, epi m t ale lakay mwen. Epi pandan m te apiye sou chemine a, manman m te mande m ki pwoblèm mwen. M te reponn, “Pa deranje w, tout bagay byen—m ase byen.” Epi apre sa, m te di manman m, “M te aprann pou tèt pa m presbiteryen pa vre.” Sanble advèsè a te konnen, depi nan peryòd kòmansman lavi m, m te destine pou m pwouve tèt mwen kòm yon moun ki pral deranje ak annwiye wayòm li a; san sa, poukisa pouvwa tenèb yo ta konbine kont mwen? Poukisa opozisyon ak pèsekisyon leve kont mwen prèske nan anfans mwen an?
Kèk predikatè ak lòt pwofesè relijyon rejte istwa Premye Vizyon an—Pèsekisyon anpile sou Joseph Smith—Li temwaye konsènan reyalite vizyon an. (Vèsè 21–26.)
21 Kèk jou apre m te fin fè vizyon sa a, m te vin rankontre youn nan predikatè Metodis yo, ki te aktif anpil nan eksitasyon relijye ki te mansyone anvan an; epi pandan m t ap pale avèk li sou zafè relijyon, m te pwofite okazyon an pou m rakonte l vizyon m te fè a. M te etone anpil lè m te wè konpòtman l; non sèlman li te trete enfòmasyon m nan vagman, men tou, avèk anpil opozisyon, li te di sa te soti nan dyab, epi pa t gen zafè vizyon oubyen revelasyon nan dènye jou sa yo; li te di, tout bagay konsa te sispann avèk apot yo, epi pa t ap janm genyen yo ankò.
22 Sepandan, m te wè pita, poutèt m te rakonte istwa a, sa te eksite anpil prejije kont mwen nan pami pwofesè relijyon yo, epi sa te lakòz anpil pèsekisyon, ki te kontinye grandi; epi malgre m te yon ti gason san enpòtans, ki te sèlman gen ant katòz ak kenzan, epi sitiyasyon lavi m te fè m yon ti gason san konsekans nan mond lan, malgre sa, moun ki te gen gwo pozisyon te remake m ase pou yo soulve klamè piblik la kont mwen, epi pou kreye yon pi move pèsekisyon; epi bagay sa a te yon abitid nan pami tout sèk yo—yo tout te reyini pou pèsekite m.
23 Sa te lakòz mwen fè refleksyon ki serye lè sa a, epi souvan ankò depi lè sa a tou, ala sa te etranj pou yon ti gason san enpòtans, ki te gen yon ti kras plis pase katòzan, epi yon ti gason tou ki te kondane pou mennen ti lavi mizerab li anba travay jounalye, ta konsidere kòm yon pèsonaj tèlman enpòtan pou l atire atansyon moun ki gran ak legliz ki pi popilè nan epòk sa a, epi nan yon fason pou kreye pi move lespri pèsekisyon ak chirepit nan yo. Men, malgre sa te etranj, se konsa sa te ye, epi sa te souvan lakòz anpil tristès pou mwen.
24 Sepandan, se te yon reyalite, m te fè yon vizyon. Depi lè sa a, m panse m te santi m tankou Pòl, lè l te defann tèt li devan Wa Agripa a, epi l te rakonte istwa vizyon l te fè lè l te wè limyè a, epi lè l te tande vwa a; malgre sa, te gen sèlman kèk moun ki te kwè l; kèk moun te di konsa, li te malonèt, lòt moun te di konsa li te anraje; yo te pase l nan betiz epi yo te toumante l. Men, tout bagay sa yo pa t detwi reyalite vizyon an. Li te fè yon vizyon, li konnen se te vre, epi tout pèsekisyon anba syèl la pa t ap kapab fè sa diferan; epi menm si yo ta pèsekite l jiskalamò, li te konnen, epi l t ap toujou konnen jistan dènye souf li koupe li te wè yon limyè epi l te tande yon vwa pale avèk li, epi tout mond lan pa t ap kapab fè l panse oubyen kwè otreman.
25 Se konsa sa te ye pou mwen tou. M te wè yon limyè an reyalite, epi nan mitan limyè sa a, m te wè de Pèsonaj, epi yo te pale avèk mwen toutbon vre; epi malgre moun te rayi m epi yo te pèsekite m paske m te di m te fè yon vizyon, se te laverite; epi pandan yo t ap pèsekite m, toumante m, epi pale tout kalite mal kont mwen fosman paske m di sa, m te vin di nan kè mwen: Poukisa pou yo pèsekite m paske m di laverite? M te gade fè yon vizyon; m te konnen sa, epi m te konnen Bondye te konnen sa, epi m pa t kapab nye sa, ni tou m pa pran chans fè sa; omwen m te konnen si m fè sa, m t ap ofanse Bondye, epi m t ap tonbe anba kondanasyon.
26 M te satisfè panse m jiska prezan konsènan mond relijye a—m te konnen se pa t devwa m pou m ale jwenn okenn ladan yo, men, pou m te kontinye jan m te ye a jistan m te resevwa lòt direksyon. M te vin konnen temwayaj Jak la se verite—li te fè konnen yon moun ki manke lasajès kapab mande Bondye, li kapab resevwa, epi Bondye p ap desevwa l.
Mowoni parèt devan Joseph Smith—Non Joseph pral popilè an byen ak mal pami tout nasyon yo—Mowoni pale l konsènan Liv Mòmon an ak jijman Senyè a ki pral vini epi l site anpil ekriti—Plas kote plak lò yo kache a revele—Mowoni kontinye enstwi Pwofèt la. (Vèsè 27–54.)
27 M te kontinye pousuiv aktivite òdinè mwen nan lavi a jistan nan venteyen Septanm, mil ywisan venntwa, pandan tout tan sa a, m t ap soufri pèsekisyon rèd anba men tout kalite moun, relijye ak sa ki pa relijye, poutèt m te kontinye di m te fè yon vizyon.
28 Nan espas tan ki te separe lè m te fè vizyon an avèk ane mil ywisan venntwa a—paske Senyè a te defann mwen pou m ale jwenn okenn pami sèk relijye yo nan epòk sa a, epi paske m te jèn, epi moun ki te sipoze zanmi m yo epi ki pou ta trete m byen yo te pèsekite m, epi ki ta dwe trete m avèk jantyès si yo te sipoze m te nan erè, pou yo ta aji nan yon fason apwopriye epi avèk afeksyon pou yo ta fè m retounen—m te rete pou kont mwen ekspoze anba tout kalite tantasyon; epi m te melanje avèk tout kalite sosyete, souvan m te tonbe nan anpil erè anfanten, epi m te demontre feblès kòm yon jèn moun, ak enpèfeksyon nati lòm; ki fè m regrèt pou m di, ki te kondi m nan plizyè tantasyon, ki se ofans pou Bondye. Poutèt m fè konfesyon sa a, pèsonn pa dwe sipoze m te komèt okenn peche grav oubyen ki te malsen. Pa t janm gen dispozisyon nan nati mwen pou m komèt okenn kalite peche konsa. Men, m te komèt kèk neglijans epi kèk fwa m te asosye nan konpayi derezonab, eksetera, ki pa mache ak karaktè yon moun Bondye aple, jan m te aple a. Men, sa pa t parèt twò etranj pou moun ki te konnen lè m te jèn, epi ki te konnen tanperaman jovyal mwen.
29 Kòm konsekans pou bagay sa yo, souvan m te santi m kondane poutèt feblès ak enpèfeksyon m yo; pandan, nan sware venteyinyèm Septanm m te mansyone anvan an, apre m te fin monte kabann mwen, m te lage tèt mwen nan la priyè ak siplikasyon devan Bondye Toupuisan an pou padon tout peche m yo ak foli m yo, epi pou ban mwen yon manifestasyon, pou m te kapab konnen konsènan eta m ak pozisyon m devan l; paske m te gen konfyans total pou m jwenn yon manifestasyon diven, jan m te jwenn youn anvan an.
30 Pandan m te an aksyon m t ap priye Bondye a, m te remake yon limyè ki t ap parèt nan chanm mwen an, ki te kontinye grandi jistan chanm nan te vin pi klere pase midi, epi imedyatman, yon pèsonaj te parèt devan kabann mwen an, li te kanpe sispandi anlè, paske pye l yo pa t touche planche a.
31 Li te abiye avèk yon wòb ki te pi blanch pase tout lòt. Se te yon blanchè ki te depase nenpòt bagay terès m pa t janm konn wè; ni tou m pa kwè okenn moun ta kapab fè okenn bagay terès vin parèt byen blanch ak briyan konsa. Men li pa t kouvri, ak bra li tou, yon ti jan anwo ponyèt li; pye li tou, ak janm li, yon ti jan anwo jwenti yo. Tèt li ak kou l pa t kouvri tou. M te kapab dekouvri li pa t gen okenn lòt rad sou li eksepte wòb sa a, kòm li te louvri, konsa m te kapab wè lestomak li.
32 Non sèlman wòb sa a te blanch anpil, men, tout kò li te pi glorifye pase tout deskripsyon, epi aparans li te gade tankou zèklè. Chanm nan te klere anpil, men, li pa t osi klere menm jan tankou alantou pre kò li. Lè m te gade l pou premye fwa a, m te pè; men, lakrent la te kite m lamenm.
33 Li te site non mwen, epi l te di m konsa li se yon mesaje ki te soti nan prezans Bondye vin kote m, epi li te rele Mowoni; li te di konsa, Bondye gen yon travay pou mwen fè; epi non mwen ta pral site pou byen ak mal pami tout nasyon, fanmi, ak lang, oubyen yo t ap pale pou ni byen ak mal pami tout pèp.
34 Li te di konsa te gen yon liv ki te antere, ki te ekri sou plak lò, ki rakonte istwa ansyen abitan yo ki te sou kontinan sa a, ak sous orijin yo. Li te di tou, plenitid levanjil etènèl la nan liv la tou, jan Sovè a te bay ansyen abitan yo li;
35 Epi tou te gen de wòch kristal ki mare nan sèk an ajan—epi wòch kristal sa yo te tache sou yon boukliye ki te fòme sa ki rele Ourim ak Toumim nan—ki te antere avèk plak yo; epi posede wòch sa yo epi itilize yo te konn fè moun vin tounen “vwayan” nan ansyen tan oubyen tan anvan yo; epi Bondye te prepare yo nan bi pou tradui liv la.
36 Apre l te fin di m bagay sa yo, li te kòmanse resite pwofesi yo ki nan Ansyen Testaman an. Li te resite yon pati nan twazyèm chapit Malachi a premyèman; epi tou li te resite katriyèm oubyen dènye chapit menm pwofesi a, malgre l te gen yon ti varyasyon avèk jan nou li l nan Bib nou yo. Tan pou l ta resite premye vèsè a jan nou li l nan liv nou yo, li te resite l konsa:
37 Senyè tout Lame yo di konsa, paske gade, jou a ap vini ki pral boule tankou yon founo, epi tout ògeye yo, wi, epi tout moun ki fè mechanste yo pral boule tankou pay; paske sa ki pral vini yo pral tèlman boule yo, yo p ap kite ni rasin ni branch.
38 Epi ankò, li te resite senkyèm vèsè a konsa: Gade, m pral revele ou Prètriz la, pa lantremiz Eli, pwofèt la, anvan aparisyon gran jou tèrib Senyè a.
39 Li te site vèsè apre a nan yon fason diferan tou: Epi li pral plante nan kè pitit yo, pwomès Bondye te fè papa yo, epi kè pitit yo pral retounen sou papa yo. Si se pa t sa, tout tè a t ap devaste nèt lè aparisyon li a.
40 An plis bagay sa yo, li te site onzyèm chapit Ezayi a, epi l te di konsa li prèske akonpli. Li te site twazyèm chapit Liv Travay yo tou, venndezyèm e venntwazyèm vèsè yo, egzakteman jan yo te ye nan Nouvo Testaman nou an. Li te di konsa, pwofèt sa a se Kris la; men, jou a pa t ko rive pou “moun ki pa t vle koute vwa l yo ta retranche soti pami pèp la,” men, talè jou a pral rive.
41 Li te site dezyèm chapit Jowèl la, depi nan ventuityèm vèsè a jouk nan dènye a tou. Li te di konsa, pati sa a pa t ko akonpli, men, li t ap fèt talè. Epi ankò l te di tout Janti yo pral rantre talè. Li te site anpil lòt pasaj ekriti, epi li te ofri anpil eksplikasyon ki pa kapab mansyone la a.
42 Epi, li te di m konsa, lè m jwenn plak sa yo li te pale a—paske lè pou m te jwenn yo a pa t ko akonpli—m pa dwe montre pèsonn moun yo; ni boukliye ki gen Ourim ak Toumim nan; se sèlman moun m gen kòmandman pou m montre yo; si m ta fè sa, m t ap detwi. Pandan li t ap konvèse avèk mwen konsènan plak yo, vizyon an te louvri nan panse m epi m te kapab wè plas kote plak yo te antere a, epi sa te tèlman klè, tèlman presize, m te deja konnen plas la lè m te vizite l.
43 Apre kominikasyon sa a, m te wè limyè nan chanm nan te kòmanse rasanble dirèkteman alantou moun ki t ap pale avèk mwen an, epi l te kontinye fè sa jistan chanm nan te vin fènwa ankò, eksepte dirèkteman alantou li; epi menm moman an, m te wè kòmsi yon ouvèti te louvri dwat anlè nan syèl la, epi l te monte jistan l te disparèt totalman, epi chanm nan te vin tounen menm jan l te ye anvan limyè selès sa a te fè aparisyon l nan.
44 M te kouche ap reflechi sou jan sèn sa a te etranj, epi m te etone anpil pou bagay mesaje ekstraòdinè sa a te di m yo; pandan m te nan mitan meditasyon m nan, menm moman, m te dekouvri chanm mwen an te kòmanse limen ankò, epi nan yon moman, kòm sa te sanble, menm mesaje selès la te bò kote kabann mwen ankò.
45 Li te kòmanse, epi li te rakonte menm bagay egzat li te di nan premye vizit li a ankò, san menm yon tikal chanjman; lè l te fin fè sa, li te enfòme m konsènan gran jijman ki te gen pou vini sou tè a, avèk gran dezolasyon anba grangou, epe, ak lapès; epi gran jijman sa yo ta pral vini sou tè a nan jenerasyon sa a. Lè l te fin rakonte bagay sa yo, li te monte ankò jan l te fè anvan an.
46 Apre tout tan sa a, enpresyon ki te fèt sou panse m yo te tèlman pwofon, m pa t gen dòmi ankò, epi m te kouche anvayi anba etònman pou sa m te wè ak tande. Men, m te gen sipriz lè m te wè menm mesaje a bò kabann mwen an ankò, epi m te tande l reprann oubyen repete m menm bagay anvan yo; epi li te ajoute yon avètisman pou mwen, li te di m konsa, Satan ta pral eseye tante m (kòm konsekans poutèt povrete fanmi m), pou m ale pran plak yo nan objektif pou m kapab vin rich. Li te defann mwen fè bagay sa a, li te di konsa, m pa dwe gen okenn lòt objektif nan tèt mwen lè m ap pran plak yo, eksepte pou m glorifye Bondye, epi tou m pa dwe kite okenn lòt motif enfliyanse m eksepte pou m bati wayòm li a; si se pa sa, m p ap kapab jwenn yo.
47 Apre twazyèm vizit sa a, li te remonte nan syèl la jan l te fè anvan an, epi m te rete pou kont mwen ap reflechi sou jan eksperyans m te fèk fè a te etranj; epi prèske imedyatman apre mesaje selès la te fin monte kite m pou twazyèm fwa a, kòk la te chante, epi m te wè jou a t ap pwoche, konsa konvèsasyon nou an te pran tout nuit la.
48 M te reveye sou kabann mwen yon ti tan apre sa, epi kòm dabitid, m t ale nan travay ki nesesè pou jounen an; men, lè m t ap eseye travay jan m te konn fè lòt fwa yo, m te tèlman fèb sa te fè m pa kapab ditou. Papa m ki t ap travay avèk mwen te dekouvri yon bagay ki pa t nòmal nan mwen, epi l te di m pou m ale lakay. M te pati nan entansyon pou m ale lakay; men, lè m te eseye travèse lantouraj nan limit chan kote nou te ye a, m te pèdi fòs nèt, epi m te tonbe san sekou atè a, epi pou kèk tan, m te san konesans.
49 Premye bagay m kapab sonje se te yon vwa ki t ap pale avèk mwen, ki te site non m. M te gade anlè, epi m te wè menm mesaje a ki te kanpe anlè tèt mwen, ki te antoure avèk limyè menm jan avèk anvan an. Li te rakonte m tout bagay li te rakonte nan nuit anvan an, epi l te kòmande m pou m ale kote papa m pou m rakonte l vizyon an ak kòmandman m te resevwa yo.
50 M te obeyi; m te retounen kote papa m nan chan an, epi m te rakonte l tout bagay. Li te di m konsa, se zafè Bondye, epi li te di m pou m ale fè jan mesaje a te kòmande m nan. M te kite chan an epi m ale kote mesaje a te di m plak lò yo te depoze a; epi granmèsi klète vizyon m te fè a, m te konnen plas la menm moman m te rive a.
51 Nan vilaj Manchester a, Konte Ontario, New York, te gen yon kolin men gwosè konsiderab, epi ki te pi wo nan tout vwazinaj la. Sou kote lwès kolin sa a, pa twò lwen tèt la, anba yon wòch men gwosè konsiderab, plak yo te kouche, yo te depoze nan yon bwat an wòch. Bwat la te epè, epi l te won nan mitan sou fas ki pi wo a, epi li te pi plat sou kote yo, konsa pati ki nan mitan an te vizib anlè tè a, men, kote alantou yo te kouvri anba tè a.
52 Lè m te fin wete tè yo, m te jwenn yon levye m te foure anba kote wòch la, epi avèk yon ti efò, m te leve l. M te gade andedan l, epi gade m te wè plak yo, Ourim ak Toumim nan, ak boukliye a, jan mesaje a te di a. Bwat kote yo te ye a te fòme avèk wòch ki te kole ansanm avèk yon kalite siman. Anba bwat la te gen de wòch ki te kwaze youn sou lòt travèse andedan bwat la, epi se sou wòch sa yo plak yo ak lòt bagay ki te avèk yo a te depoze.
53 M te eseye wete yo, men, mesaje a te defann mwen, epi li te fè m sonje lè pou yo pibliye a patko rive, ni tou li pako ap rive anvan katran apati lè sa a; men, li te di m konsa m dwe retounen nan kote sa a presizeman nan yon ane apati lè sa a, epi li t ap rankontre m nan kote sa a, epi m te dwe kontinye fè sa jistan lè a te rive pou m resevwa plak yo.
54 Daprè jan l te kòmande m nan, m te ale nan finisman chak ane, epi chak fwa, m te jwenn menm mesaje a nan kote sa a, epi m te resevwa enstriksyon ak enfòmasyon nan men l nan chak konvèsasyon nou yo, konsènan kisa Senyè a ta pral fè, kòman epi nan ki fason wayòm li a ta dwe dirije nan dènye jou yo.
Joseph Smith marye avèk Emma Hale—Li resevwa plak lò yo nan menm Mowoni epi l tradui kèk nan karaktè yo—Martin Harris montre Pwofesè Anthon karaktè yo ak tradiksyon an, epi Pwofesè a di konsa, “m pa kapab li yon liv ki sele.” (Vèsè 55–65.)
55 Kòm sitiyasyon materyèl papa m te limite anpil, nou te oblije pou nou travay avèk men nou, angaje nan ti travay jounalye oubyen nenpòt jan nou te kapab jwenn opòtinite. Kèk fwa, nou te lakay, epi kèk fwa nou te deyò, epi paske nou t ap travay tout tan, nou pa t kapab gen yon vi konfòtab.
56 Nan ane 1823, fanmi an te vin gen anpil afliksyon akoz lanmò pi gran frè m nan, Alvin. Nan mwa Oktòb 1825, yon jantiyòm aje ki te rele Josiah Stoal, epi ki te rete nan Konte Chenango, Eta New York te anplwaye m. Li te tande te gen yon min lajan Espayòl yo te louvri nan Harmony, Konte Susquehanna, nan Eta Pennsylvania an; epi anvan l te anplwaye m nan, li t ap fouye pou l te kapab, si se posib, dekouvri min nan. Apre m t al rete lakay li, li te pran m, avèk rès moun li yo, pou nou fouye min lajan an, kote nou te kontinye travay pou yon mwa, san siksè nan travay la, epi finalman, m te deside avèk jantiyòm aje a pou m sispann fouye. Se la istwa ki te fè konnen m t ap mache fouye dèyè lajan an te soti.
57 Pandan epòk m te anplwaye a, yo te abite m ansanm avèk yon sèten Mr. Isaac Hale ki te moun nan zòn sa a; se kote sa a m te rankontre madanm mwen (pitit fi li a), Emma Hale, pou premye fwa. Nan 18 Janvye 1827 nou te marye, pandan m te toujou anplwaye nan sèvis Mr. Stoal.
58 Poutèt m te kontinye di konsa, m te fè yon vizyon, pèsekisyon te kontinye suiv mwen, epi papa madanm mwen ak fanmi l te kont maryaj nou an anpil. Se poutèt sa, m te anba obligasyon pou m mennen l yon lòt kote; konsa, nou t ale epi nou te marye lakay Squire Tarbill, nan Sid Bainbridge, Konte Chenango, New York. Imedyatman apre maryaj mwen an, m te kite lakay Mr. Stoal, epi m t ale lakay papa m, epi m te fè jadinaj avèk li pou sezon an.
59 Alafen, lè a te rive pou m te jwenn plak yo, Ourim ak Toumim nan, ak boukliye a. Nan venndezyèm jou mwa Septanm mil ywisan vensèt la, pandan m te ale kòm dabitid kote yo te depoze a, menm mesaje selès la te livre yo ban mwen avèk responsablite sa a: pou m responsab yo; si m ta kite yo san pwoteksyon, oubyen poutèt nenpòt neglijans m ta lakoz yo pèdi, m t ap retranche; men, si m ta fè tout efò m pou m prezève yo, jistan li menm, mesaje a ta vin chèche yo, y ap pwoteje.
60 La a menm, m te vin wè rezon ki te fè m te resevwa yon avètisman sevè konsa pou m kenbe yo an sekirite a, epi poukisa mesaje a te di konsa lè m te fin fè sa li te mande m nan li t ap retounen vin pran yo. Paske pa lontan apre moun te vin konnen m te genyen yo, efò ki pi mètdam posib te fèt pou wete yo nan men m. Yo te mete an plas tout fent yo te ka envante plas nan objektif sa a. Pèsekisyon an te vin pi rèd, pi di pase anvan, epi anpil anpil moun t ap siveye tout tan pou yo te pran yo nan men m si sa ta posib. Men, avèk lasajès Bondye, yo te rete an sekirite nan men m. Lè, daprè aranjman, mesaje a te vin chèche yo, m te ba li yo; epi li genyen yo sou responsablite li jouk jodi a, ki se dezyèm jou mwa Me mil ywisan trantuit.
61 Sepandan, eksitasyon an te toujou kontinye, epi bri t ap kouri nan sikile avèk tout kalite kont lang ki asosye avèk li yo pou denigre moun lakay papa m ak mwen. Si pou m ta rakonte yon milyèm pami yo, sa ta ranpli anpil liv. Sepandan, tèlman pèsekisyon an te vin entolerab, m te oblije kite Manchester, epi m t ale nan Konte Susquehanna avèk madanm mwen, nan eta Pennsylvania an. Pandan m t ap prepare pou m kòmanse—paske m te pòv anpil, epi pèsekisyon an te tèlman lou sou nou pa t gen okenn mwayen pou sitiyasyon nou ta diferan—nan mitan afliksyon nou yo nou te jwenn amitye ak jantiyès nan men yon jantiyòm ki te rele Martin Harris, ki te vin kote nou epi ki te ban mwen senkann dola pou ede nou nan vwayaj nou an. Mr. Harris te yon rezidan nan vil Palmyra, Konte Wayne, nan eta New York la, epi l te yon fèmye moun respekte.
62 Avèk èd sa ki te byen rive a, m te kapab rive nan destinasyon m t ap ale nan Pennsylvania an; epi imedyatman apre m te fin rive kote sa a, m te kòmanse li karaktè yo ki te sou plak yo. M te kopye yon bon kantite konsiderab ladan yo, epi avèk Ourim ak Toumim nan, m te tradui kèk ladan yo, m te fè sa pandan espas tan m te rive lakay papa madanm mwen nan mwa Desanm nan, ak mwa Fevriye apre a.
63 Yon lè nan mwa Fevriye sa a, Mr. Martin Harris sa a m te mansyone a te vini lakay nou, li te pran karaktè m te tire sou plak yo, epi l te pran direksyon vil New York la avèk yo. Konsènan sa ki te pase limenm ak karaktè yo, m te fè referans nan pwòp istwa pa li kanta sikonstans yo, jan l te rakonte m yo apre l te retounen, ki se istwa sa a:
64 “M t ale nan vil New York la, epi m te prezante karaktè ki te tradui yo ansanm avèk tradiksyon yo bay Pwofesè Charles Anthon, yon jantiyòm ki te gen renome pou konesans literè li nan literati. Pwofesè Anthon te di konsa tradiksyon an te pi korèk pase nenpòt lòt li te wè nan tradiksyon lang Ejipsyen an. Epi apre sa, m te montre l sa ki pa t tradui yo, epi l te di konsa yo se Ejipsyen, Kaldeyen, Asiriak, ak Arabik; epi l te di konsa yo se vrè karaktè. Li te ban m yon sètifika pou sètifye pèp Palmyra a yo se vrè karaktè, epi tradiksyon ki te fèt nan karaktè sa yo te kòrèk tou. M te pran sètifika a epi m te mete l nan pòch mwen, epi m ta pral kite kay la lè Mr. Anthon te rele m tounen, epi l te mande m kòman jèn gason an te fè konnen te gen plak lò nan kote l te jwenn yo a. M te reponn li yon zanj Bondye te revele l sa.
65 “Lè sa a li te di m konsa, ‘Ban m wè sètifika sa a.’ M te wete l nan pòch mwen epi m te ba li l. Lè l te pran l, li te dechire l fè plizyè mòso, epi l te di konsa, zafè ministè zanj la pa egziste kounyeya, epi l te di konsa, si m ta pote plak yo ba li, li ta tradui yo. M te di l konsa, yon pati nan plak yo te sele, epi se te entèdi pou m ta pote yo. Li te reponn mwen, ‘m pa kapab li yon liv ki sele.’ M te kite l epi m te ale kote Dr. Mitchell, ki te konfime sa Pwofesè Anthon te di konsènan ni karaktè yo ak tradiksyon an.”
· · · · · · ·
Oliver Cowdery sèvi kòm grefye nan tradiksyon Liv Mòmon an—Joseph ak Oliver resevwa Prètriz Aawon an nan men Janbatis—Yo batize, òdone, epi yo resevwa lespri pwofesi a. (Vèsè 66–75.)
66 Nan senkyèm jou mwa Avril 1829 la, Oliver Cowdery te vin lakay mwen, epi m pa t janm konnen l anvan sa. Li te di m konsa, paske l t ap fè lekòl nan katye kote papa m rezide a, li te retounen lakay li pou kèk tan, epi pandan l te lòtbò a fanmi an te rakonte l sikonstans ki te fè m resevwa plak yo, epi se poutèt sa li te vin chèche enfòmasyon kote m.
67 De jou apre Mr. Cowdery te fin rive a (ki te 7 Avril) M te kòmanse tradui Liv Mòmon an, epi l te kòmanse ekri pou mwen.
· · · · · · ·
68 Nou te kontinye ap fè tradiksyon an, lè nan mwa apre a (Me 1829), nou t ale nan forè a pou nou priye Senyè a konsènan batèm pou remisyon peche yo nou te jwenn mansyone nan plak yo. Pandan nou te angaje tèt nou nan priye Senyè a konsa, yon mesaje Senyè a te desann soti nan syèl la nan yon nyaj limyè, li te poze men l sou tèt nou, epi l te òdone nou, li te di konsa:
69 Sou nou menm sèvitè parèy mwen yo, nan non Mesi a, m konfere Prètriz Aawon an, ki gen kle ministè zanj yo, ak levanjil repantans la, ak batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo; epi bagay sa a p ap janm soti sou tè a jistan pitit gason Levi yo ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis ankò.
70 Li te di konsa, Prètriz Aawon sa a pa gen pouvwa enpozisyon men pou don Sentespri a, men, li ta pral konfere sou nou pita; epi l te kòmande nou pou n ale batize, epi l te ban m direksyon pou m batize Oliver Cowdery, epi apre sa pou l batize m.
71 Jan l te di a, nou t ale epi nou te batize. M te batize l anvan, epi apre sa, li te batize m—epi apre sa m te mete men sou tèt li epi m te òdone l nan Prètriz Aawon an, epi apre li te mete men l sou mwen epi l te òdone m nan menm Prètriz la—paske se sa yo te kòmande nou.*
72 Mesaje ki te vizite nou nan okazyon sa a, epi ki te konfere Prètriz sa a sou nou an, te di konsa non li se Jan, limenm ki te rele Janbatis nan Nouvo Testaman, epi l t ap aji sou direksyon Pyè, Jak, ak Jan ki gen kle Prètriz Mèlkisedèk la, Prètriz sa a, li te di konsa, yo t ap konfere l sou nou kou lè a rive, epi m t ap vin tounen premye ansyen nan Legliz la, epi li (Oliver Cowdery) t ap vin tounen dezyèm nan. Se te nan 15èm jou mwa Me 1829 la nou te òdone anba men mesaje sa a, epi nou te batize.
73 Imedyatman lè nou te fin soti nan dlo a apre nou te fin batize a, nou te eksperimante gwo benediksyon gloriye nan men Papa nou ki nan syèl la. Pa lontan apre m te fin batize Oliver Cowdery, Sentespri a te tonbe sou li, epi l te kanpe epi l te pwofetize anpil bagay ki te gen pou reyalize nan yon ti tan pwòch. Epi ankò sito li te fin batize m, m te gen lespri pwofesi a tou. Epi lè m te kanpe, m te pwofetize konsènan monte Legliz la pral monte a, ak anpil lòt bagay ki te konekte avèk Legliz la, avèk jenerasyon pitit lèzòm sa a. Nou te ranpli avèk Sentespri a, epi nou te rejwi nan Bondye pou sali nou an.
74 Kòm panse nou te vin eklere kounyeya, ekriti yo te kòmanse louvri devan konpreyansyon nou, epi vrè siyifikasyon ak entansyon pasaj ki te plen mistè ladan yo a te vin revele devan nou nan yon fason nou pa t janm kapab jwenn anvan sa, ni tou yon fason nou pa t janm panse anvan sa. Nan entèval sa a, nou te oblije kache sikonstans nou te resevwa Prètriz la ak batèm nou an, akoz yon lespri pèsekisyon ki te deja manifeste tèt li nan zòn nan.
75 Nou te resevwa menas pou popilas tonbe sou nou tanzantan, epi pwofesè relijyon yo te menase nou konsa tou. Epi se sèlman enfliyans fanmi papa madanm mwen ki te kontrekare entansyon pou popilas yo tonbe sou nou an (sou pwoteksyon diven), ki te vin amikal ak mwen epi ki te opoze kont popilas yo, epi ki te vle pou m ta kontinye travay tradiksyon an san nwizans; epi se poutèt sa, yo te ofri epi yo te pwomèt nou pwoteksyon kont tout dewoulman ilegal, otan yo te gen pouvwa.
-
Oliver Cowdery te dekri evènman sa yo konsa: “Jou sa yo se jou pou nou pa janm bliye—lè m te chita pou resevwa son yon vwa enspirasyon syèl la te dikte, sa te reveye gratitid pi pwofon ki te kapab genyen nan zantray li! Jou apre jou m te kontinye, san rete, pou m ekri anba bouch li, pandan l t ap tradui avèk Ourim ak Toumim nan, oubyen jan Nefit yo ta di, avèk ‘entèprèt’ yo, istwa oubyen rejis yo ki te rele ‘Liv Mòmon an.’
“Lè m te remake, nan kèk mo, istwa enteresan Mòmon ak pitit gason fidèl li a, Mowoni te rakonte a, konsènan yon pèp syèl la te renmen epi l te favorize yon fwa, sa depase konpreyansyon m kounyeya; se poutèt sa, m ap ranvwaye bagay sa a pou yon lòt lè, epi, jan m te di nan entwodiksyon an, kite m pase pi dirèkteman nan kèk ensidan ki konekte dirèkteman avèk devlòpman Legliz sa a, ki kapab atiran pou anpil milye moun ki avanse, malgre pyèj malfektè, ak tripotaj ipokrit yo, ki te anbrase Levanjil Kris la.
“Pa gen okenn lòt moun, ki gen tèt klè, ki ta kapab tradui epi ekri direksyon Nefit yo te resevwa ki te soti nan bouch Sovè a, konsènan manyè egzat lòm ta dwe bati Legliz Li a, espesyalman lè koripsyon te gaye yon dout sou tout kalite sistèm ki pratike pami lèzòm, san yo pa anvi privilèj pou montre nan kè yo, pou yo ta antere nan tonb likid la, pou yo kapab reprezante ‘rezirèksyon Jezikri a avèk yon bon konsyans.’
“Apre m te fin ekri istwa ki te rakonte Ministè Sovè a devan rès desandan Jakòb yo, sou kontinan sa a, se te fasil pou m te wè, jan pwofèt la te di sa t ap ye a, kòman tenèb te kouvri tè a, epi tenèb epè te kouvri panse pèp la. Lè m te reflechi pi lwen, se te fasil pou m te wè tou malgre tout goumen ak bri ki te genyen konsènan relijyon, yo youn pa t gen otorite nan men Bondye pou administre òdonans Levanjil la. Paske nou ta kapab poze kesyon an, pou konnen èske lèzòm gen otorite pou administre nan non Kris la, moun ki nye revelasyon, alòske temwayaj li se mwens pase lespri pwofesi a menm, epi revelasyon imedyat se baz dirèk kote relijyon li a bati, soutni, nan tout epòk nan mond lan lè Li gen moun sou tè a? Si reyalite sa yo te antere, epi nèg mètdam kache yo avèk swen, pou enterè malfezan yo pa dekouvri lè bagay sa yo briye devan fas lèzòm, yo pa t sekrè pou nou ankò; epi nou te sèlman ap rete tann pou nou resevwa kòmandman an ‘Leve epi batize.’
“Nou pa t ka tann sa pou lontan avan l te reyalize. Senyè a ki rich nan mizèrikòd la, epi ki toujou vle reponn priyè konsistan moun ki gen imilite yo, lè nou te fin priye L avèk gran efò, lwen kote lèzòm abite, li te desann pou manifeste nou volonte L. Soudènman, kòmsi se te nan mitan letènite, vwa Redanmtè a te pale nou lapè, pandan vwal la te separe epi zanj Bondye a te desann abiye avèk laglwa, epi l te remèt mesaj nou t ap tann avèk enpasyans la, ak kle Levanjil repantans la. Gade yon lajwa! Gade yon mèvèy! Gade yon etònman! Pandan mond lan te dechire epi l te distrè—pandan milyon moun t ap tatonnen tankou men avèg sou miray, epi pandan lèzòm t ap repoze sou sa ki pa sèten, tankou yon makòn kabrit, je nou te wè, zòrèy nou te tande, tankou se te gran lajounen; wi, plis pase reyon limyè solèy mwa Me, ki te layite limyè sou fas lanati a! Epi apre sa, malgre vwa l te trankil, li te pèse andedan nou, epi pawòl li yo, ‘M se sèvitè konpayon nou yo,’ te fè disparèt tout lakrent. Nou te koute, nou te kontanple, nou te admire! ‘Se te vwa yon zanj glorifye,’ se te yon mesaj ki soti kote Bondye Ki Pi Wo a! Epi pandan nou t ap tande nou te rejwi, pandan lanmou l t ap briye sou nanm nou, epi nou te vlope nan vizyon Toupisan an! Èske te gen yen plas pou dout! Okenn kote; Dout te vole gagè, dout te nwaye pou l pa leve ankò, pandan lafiksyon ak desepsyon te krazerak pou tout tan!
“Men, frè byenneme m nan, panse, panse pi lwen pou yon moman, ki lajwa ki te ranpli kè nou, epi avèk ki sipriz nou te koube, (paske, kiyès ki pa t ap pliye jenou pou yon benediksyon konsa?) lè nou te resevwa anba men l la Prètriz ki Sen an jan l te di a, ‘Sou nou sèvitè konpayon m yo, nan non Mesi a, m konfere la Prètriz sa a ak otorite sa a, ki pral rete sou tè a, pou Pitit gason Levi yo kapab ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis ankò!’
“M p ap eseye dekri santiman nan kè sa a pou nou, ni belte ak laglwa san parèy ki te antoure nou nan okazyon sa a; men, n ap kwè mwen lè m di konsa ni tè a ak lèzòm avèk elokans tan an ap pote, pa kapab menm kòmanse pale langaj nan yon fason ki osi sakre ak ekselan tankou pèsonaj sen sa a. Non; ni tou, tè a pa gen pouvwa pou l bay lajwa, pou l delege lapè, oubyen pou l konprann lasajès ki te nan chak fraz jan pouvwa Lespri Sen an te bay yo a! Lòm kapab twonpe moun parèy li, riz kapab suiv riz, epi pitit malen yo kapab gen pouvwa pou yo sedui moun ki sòt epi ki pa enstwi, jistan anyen, eksepte lafiksyon nouri anpil moun, epi fwi manti pote moun ki san sans nan tonbo yo; men, yon sèl ti touche avèk dwèt lanmou li, wi, yon reyon laglwa ki soti nan mond siperyè a, oubyen yon sèl mo nan bouch Sovè a, ki soti nan zantray letènite, frape tout bagay kòm san siyifikasyon, epi l efase yo nan panse moun pou tout tan. Asirans ki te fè nou konnen nou te nan prezans yon zanj, sètitid la ke nou te tande vwa Jezi ak la verite ki t ap devide soti nan pèsonaj san tach la, bagay sa yo volonte Bondye te dikte yo, daprè mwen sa te depase tout deskripsyon, epi m ap toujou gade ekspresyon bonte Sovè a ak mèvèy epi avèk remèsiman pandan m gen pèmisyon pou m rete sou tè a; epi nan wayòm sa yo kote pèfeksyon abite epi peche yo pa janm vini, m espere adore nan jou sa a ki p ap janm fini an.” Messenger and Advocate, vol. 1 (Oktòb 1834), pp. 14–15.