Scripture Stories
Chapit 27: Travay Pwofèt Joseph Smith la: Mas 1832


“Chapit 27: Travay Pwofèt Joseph Smith la: Mas 1832,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 104–7

“Chapit 27,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 104–7

Chapit 27

Travay Pwofèt Joseph Smith la

(Mas 1832)

Imaj
Joseph and Emma with twins

Joseph Smith ak madanm li Emma te gen de ti marasa. Tibebe yo te malad epi yo te mouri. Zanmi Joseph yo te gen de ti marasa tou, men manman marasa yo te mouri. Joseph ak Emma te adopte tibebe yo epi yo te pran swen yo.

Imaj
Joseph reading Bible

Jezi te di Joseph pou l li Bib la. Lèzòm te chanje kèk mo nan Bib la. Jezi te di Joseph vrè mo ki dwe nan Bib la. Sidney Rigdon te ede Joseph ekri mo Jezi te vle ki pou nan Bib la.

Imaj
Joseph translating Bible

Joseph Smith pa t konprann kèk pati nan Bib la. Li te poze Bondye kesyon. Senyè Jezikri a te reponn kesyon yo. Joseph te ekri repons yo pou Sen yo ka li yo.

Imaj
Joseph writing at desk

Jezi te satisfè ak travay Joseph la. Joseph se te yon gwo pwofèt. Men Satan pa t kontan. Satan te vle bloke travay Joseph la. Satan te vle pou moun fache kont Joseph.

Imaj
mob taking Joseph

Yon nuit, yon popilas moun ki te an kòlè te ale kay Joseph. Yo te kraze pòt la pou yo antre. Yo te antre anndan. Joseph te kenbe youn nan tibebe yo. Bebe a te malad anpil.

Imaj
Joseph being dragged outside

Mechan yo te met men sou Joseph. Bebe a te rete poukont li. Annapre bebe a te mouri. Mesye yo te trennen Joseph deyò nan nuit frèt livè a. Mesye yo te peze kou Joseph.

Imaj
men trying to kill Joseph

Gen kèk mesye ki te vle fè Joseph soufri. Gen lòt ki te vle touye l. Yo te eseye vide pwazon nan gòj li. Yo te kase youn nan dan l. Pwazon an te boule l.

Imaj
men tarring and feathering Joseph

Mesye yo te dechire rad Joseph e yo te badijonnen l ak goudwon. Yo te kouvri l ak plim. Plim yo te kole nan goudwon an.

Imaj
Joseph tarred and feathered

Apre sa, popilas la te ale. Yo te panse Joseph tap mouri. Joseph te eseye kanpe. Li pa t kapab. Li te pran yon ti repo pandan yon ti tan. Apre sa, li te mache sou kat pat pou l tounen nan kay la.

Imaj
Emma crying

Zanmi Joseph yo te retire goudwon an sou kò l. Goudwon an te difisil pou soti. Po te boule e li te irite. Sa te fè mal.

Imaj
Joseph teaching

Joseph Smith pa t kite popilas la bloke travay li a. Nan demen se te yon dimanch. Joseph te al legliz. Kèk nan mesye yo ki te nan popilas la te vin nan reyinyon an. Yo te sezi wè Joseph. Joseph te fè yon diskou nan Legliz la. Satan pa t bloke travay Pwofèt la.