Scripture Stories
Chapit 54: Yon Revelasyon sou Maryaj: Jiyè 1843


“Chapit 54: Yon Revelasyon sou Maryaj: Jiyè 1843,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 198

“Chapit 54,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 198

Chapit 54

Yon Revelasyon sou Maryaj

(Jiyè 1843)

Imaj
married couple in front of temple

Joseph Smith te poze Senyè a kesyon sou maryaj. Jezi te di l se yon mesye ki gen prètriz la kapab marye yon gason ak yon fi. Yo ta dwe marye nan yon tanp. Yo ta dwe obeyi kòmandman Bondye yo. Epi y ap marye pou tout tan.

Imaj
family in celestial kingdom

Moun jis ki marye pou tout tan ap viv nan wayòm selès syèl la. Pitit yo ki obeyi Bondye ap rete ansanm avèk yo. Y ap fòme yon fanmi. Y ap viv avèk Bondye. Y ap tankou l.

Imaj
Joseph envisioning ancient prophets

Jezi te di pafwa Bondye di pwofèt li yo gason ka gen plis pase yon madanm. Men gason ta dwe fè sa sèlman lè Bondye ba yo kòmandman pou sa.