Scripture Stories
Chapit 29: Yon Revelasyon sou Prètriz la: Septanm 1832


“Chapit 29: Yon Revelasyon sou Prètriz la: Septanm 1832,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 113–16

“Chapit 29,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 113–16

Chapit 29

Yon Revelasyon sou Prètriz la

(Septanm 1832)

Imaj
missionaries leaving missions

Anpil gason nan Legliz te al fè misyon. Yo te al wè Joseph Smith nan Kirtland lè yo te tounen lakay yo.

D&A 84:Prefas

Imaj
Joseph welcoming missionaries home

Mesye yo te pale Joseph apwopo misyon yo. Yo te batize anpil moun. Yo te satisfè ak misyon yo. Pwofèt Joseph te satisfè tou.

D&A 84: Prefas

Imaj
Joseph speaking with priesthood bearers

Tout misyonè yo te gen prètriz la. Prètriz la se pouvwa Bondye. Misyonè yo te vle konnen plis sou prètriz la.

Imaj
prophet Adam

Jezi te bay Joseph yon revelasyon pou yo. Jezi te pale Joseph apwopo kèk mesye ki te gen Prètriz Mèlkisedèk la. Adam te gen prètriz la. Se te premye moun ki te viv sou tè a.

Imaj
Melchizedek giving priesthood to Abraham

Tout pwofèt Ansyen Testaman an te gen prètriz la. Kèk nan pwofèt yo se te Enòk, Noye, Moyiz, Mèlkisedèk, ak Abraam. Se Mèlkisedèk ki te bay Abraam prètriz la.

Imaj
priesthood bearers performing their duties

Jezi te di se gason ki gen prètriz la ki tap dirije Legliz li a. Yo tap kapab fè batèm epi bay moun don Sentespri a. Yo tap kapab beni sentsèn. Yo tap kapab bay moun malad yo benediksyon. Tout bagay sa yo ede Sen yo prepare yo pou yo ka wè Bondye.

Imaj
Saints raising hands to sustain

Jezi te di Joseph mesye yo fèt pou yo jis. Se apre sa yo ka gen prètriz la. Bondye fè alyans avèk yo. Yon alyans se yon pwomès. Bondye pwomèt pou li beni mesye ki gen prètriz yo. Mesye yo pwomèt pou yo sèvi ak pouvwa prètriz la pou yo ede lòt moun. Mesye ki gen prètriz yo kapab vin tounen pitit gason espesyal Bondye. Yon jou, Papa ki nan Syèl la ap pataje tout sa l genyen avèk yo.

Imaj
priesthood bearer giving blessing

Jezi te di Joseph kijan pou gason nan Legliz la sèvi ak prètriz yo a. Se sèlman gason ki jis yo ki ka sèvi ak prètriz la. Mesye yo pa ta dwe janm sèvi ak prètriz la pou montre yo se chèf ni pou fè mechanste. Bondye p ap bay mesye ki mechan yo pouvwa prètriz la.

Imaj
priesthood bearers performing ordinance

Gason yo ta dwe itilize prètriz la avèk lanmou ak jantiyès. Yo ta dwe koute Sentespri a. Lè sa a, y ap toujou gen pouvwa prètriz la. Sentespri a ap avèk yo pou tout tan.

Imaj
missionaries preaching to the world

Jezi te di Joseph Smith plis gason ta dwe al fè misyon. Yo ta dwe preche tout mond lan levanjil la. Yo ta dwe anseye Bondye ap jije tout moun. Yo ta dwe anseye moun yo pou yo repanti. Yo ta dwe batize moun epi ba yo don Sentespri a.

Imaj
angels helping missionaries

Jezi te di misyonè yo ap beni si yo travay di. Gen anj k ap ede yo. Papa ki nan Syèl la ap ba yo sa yo bezwen.

Imaj
Joseph speaking to priesthood bearers

Revelasyon an te fini. Joseph ak misyonè yo te kontan konnen plis sou prètriz la. Yo te vle sèvi ak pouvwa prètriz yo a jan ki kòrèk la. Yo te vle bay moun enfòmasyon sou Legliz la.