Scripture Stories
Chapit 44: Dim: Jiyè 1838


“Chapit 44: Dim: Jiyè 1838,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 165–66

“Chapit 44,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 165–66

Chapit 44

Dim

(Jiyè 1838)

Imaj
Joseph praying

Sen yo te nan Far West, Misouri. Senyè a te di Joseph Smith pèp li a ta dwe peye dim. Joseph te priye Papa ki nan Syèl la. Li te mande ki kankite dim Sen yo ta dwe peye. Li te jwenn yon revelasyon nan men Senyè. Senyè a te di Sen yo ta dwe peye yon dizyèm nan tout sa yo genyen kòm dim.

D&A 64:23; 119: Prefas

Imaj
members paying tithing

Si yo fè dis santim, yo ta dwe peye yon santim kòm dim. Si yo fè san goud, yo ta dwe peye di goud.

Imaj
Saints paying tithing on crops

Sen yo ta kapab peye dim lòt jan. Sen yo te peye dim sou rekòt yo. Yo te bay yon dizyèm nan pwodui jaden yo. Yo te bay yon dizyèm nan poul ak lòt zannimo yo. Yo te peye dim sou lèt ak legim.

Imaj
women delivering goods

Yo sèvi ak lajan dim nan pou yo ede manm Legliz la. Dim nan pèmèt yo achte manje ak rad pou moun ki nan bezwen.

Imaj
missionaries at temple

Yo sèvi ak dim nan pou bati tanp epi pou ede travay misyonè a. Yo sèvi avèk li tou pou ede moun ki bay tout tan yo pou travay Senyè a.

Imaj
young girl paying tithing

Se evèk la nou bay dim nou. Evèk la bay dirijan Legliz la dim nan. Yomenm deside kijan pou yo sèvi avèk li.

Imaj
family standing before temple

Papa ki nan Syèl la bay Sen ki peye dim yo gwo benediksyon. Sen ki pa peye dim pa ka jwenn tout benediksyon sa yo. Bib la di Sen ki pa peye dim yo ap vòlè kòb Bondye.