Scripture Stories
Chapit 34: Bondye Bay Pèp Siyon an Avètisman: Jiyè–Out 1833


“Chapit 34: Bondye Bay Pèp Siyon an Avètisman: Jiyè–Out 1833,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 128–31

“Chapit 34,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 128–31

Chapit 34

Bondye Bay Pèp Siyon an Avètisman

(Jiyè–Out 1833)

Imaj
Saints building stores in Missouri

Bondye te kòmande plis Sen pou yo ale Jackson County, Misouri. Anpil te al viv lòtbò a. Yo te bati kay, magazen ak yon enprimri.

Imaj
angry men

Satan pa t vle Sen yo viv nan Jackson County. Li pa t vle yo bati vil Siyon an. Li te vle pou lòt moun yo te di avèk yo. Satan te vle pou mechan yo fè Sen yo kite Jackson County. Mechan yo te fè sa Satan te vle a. Yo te eseye fè Sen yo kite zòn nan.

Imaj
mob gathering against Saints

Yon popilas moun an kòlè te reyini. Popilas la te voye kèk mesye al wè dirijan Legliz yo. Mesye yo te di Sen yo dwe kite Jackson County. Men dirijan Legliz yo te konnen se nan Jackson County Bondye te vle pou yo bati vil Siyon an. Yo te di popilas la Sen yo pa t ka kite zòn nan.

Imaj
mob destroying print shop

Mechan yo te retounen kote popilas la. Popilas la te fache anpil. Yo te kraze pòt enprimri an pou yo antre. Yo te detwi l. Sen yo pa t ka enprime ni liv ni jounal.

Imaj
mob preparing to tar and feather

Popilas la te pran Evèk Partridge ak Frè Allen epi yo te dezabiye yo. Yo te mete goudwon cho ak plim sou po yo. Popilas la te jwenn lòt Sen epi yo te bat yo.

Imaj
mob with guns

Twa jou apre sa, mechan yo te sikile nan tout vil la. Yo te tire sou kay. Yo te rele sou Sen yo epi yo te joure yo. Yo te di yo tap kale nenpòt moun yo te pran. Yo t ap chèchè jwenn dirijan Legliz yo. Dirijan Legliz yo te kache pou popilas la.

Imaj
Olivery Cowdery going to Kirtland

Youn nan dirijan yo te Oliver Cowdery. Li te kite Jackson County. Li te al wè Joseph Smith nan Kirtland.

Imaj
Joseph greeting Oliver

Oliver te di Joseph sa mechan yo t ap fè nan Siyon. Sen nan Jackson County yo te vle konnen kisa pou yo fè.

Imaj
Saints bringing food to storehouse

Joseph te pale Oliver apwopo revelasyon Jezi te ba li yo. Senyè a te di Sen yo ta dwe bati yon tanp nan Siyon. Sen yo ta dwe peye dim. Se lajan dim nan ki tap sèvi pou fè tanp lan. Jezi te di Joseph Siyon tap vin gwo si Sen yo te obeyi Bondye. Sen yo tap pran pinisyon si yo pa t obeyi Bondye.

Imaj
group of people voting

Jezi te di Sen yo ta dwe obeyi lwa peyi a. Sen yo ta dwe vote pou moun jis ka vin dirijan peyi a. Pafwa mechan yo rive dirije peyi a. Sa rann moun jis yo malere.

Imaj
family waiting for mob to leave

Senyè a te kòmande Sen yo pou yo sispann fè move bagay. Jezi te di Sen yo pa ta dwe bay tèt yo pwoblèm pou popilas yo. Yo pa ta dwe rayi mechan yo. Sen yo ta dwe padone lenmi yo. Yo ta dwe batay sèlman lè Bondye kòmande yo pou yo batay. Bondye ap pini mechan yo.

Imaj
Saints framing buildings

Apre sa, Jezi te di Sen Siyon yo tap gen pwoblèm pandan yon ti tan. Yo pa t obeyi kòmandman yo. Yon jou, Jezi tap ede Sen yo bati Siyon. Epi, Jezi tap beni yo.